2009
Tanpri sove papa m
April 2009


Tanpri sove papa m

Se papa m ki te chèche laverite epi k te jwenn misyonè yo. Yo te anseye nou levanjil la, epi pa lontan apresa, nou—paran m yo ak senk frè ak sè—te batize. Temwayaj nou te grandi vin pi solid. Nou te aprann tèlman anpil bagay, espesyalman konsènan Sovè a ak konsènan fanmi.

An 1992, pandan l t ap sèvi kòm evèk pawas nou nan Filipin, papa m te gen yon kriz kadyak. Yo te kouri soti nan biwo l avèk li pou mennen l lopital. Lè nouvèl te rive ke li te nan swen entasif, tout fanmi m te anba gwo chòk. Laperèz te anvayi kè nou. Chans pou papa m te siviv te piti anpil. Manman m t ap kriye epi l te mande nou tout pou n priye.

M pa sonje sa k te pase apresa—sitèlman anpil souvni remonte nan memwa mwen. Avèk dlo nan je m, m te ajenou pou priye. Kè m te lou anpil, epi lestomak mwen te prèt pou eklate. M te anvi rele anmwe poum te ka kalme doulè a ak retire laperèz ki te anvayi m jou sa a. Olyesa m te fè priyè senp sa a, “Tanpri sove papa m.” Sete yon priyè sensè, ki te merite yon repons.

Jou swa sa a yo te otorize m antre nan inite swen entasif la. Papa m te antre nan koma, epi manman ak frè m ak sè m yo avèk mwen te oblije prepare nou pou pi mal. Sete yon eksperyans chaje doulè pou fanmi nou. Lavni an te parèt sonb ak ensèten. Pandan ke an silans m t ap mimire l orevwa, m te sonje premye sware familyal nou. Nou te gade yon fim legliz la, Families Are Forever.

Anvan m te al dòmi jou swa sa a, papa terès mwen an te retounen an silans al jwenn Papa Selès li.

Lanmò papa m, lè m te gen 22 zan, te make kòmansman dè santèn chanjman nan lavi mwen. Nan absans li m te vin aprann ke m te gen fòs mwen pa t panse m te genyen. Poutèt chanjman ak kwasans ki te tonbe sou mwen an, m te fè plis bagay avèk lavi mwen ke otreman m pa t ap kapab fè.

Lè Pè Selès la pa t reponn priyè m nan, m pa t janm te panse ke l pa t tande mwen. M konnen li t ap koute m. Li te konnen egzakteman kisa m t ap travèse. Li te konnen egzakteman kisa fanmi m te bezwen nan moman an, epi se sa li te ba nou—fòs pou simonte pwoblèm lavi yo, fòs pou afwonte reyalite a. Li te anseye nou kijan pou n afwonte eprèv yo avèk lafwa.

Plis pase 15 zan pase depi jou penib sa a. M toujou ap aprann, epi m toujou ap grandi nan levanjil la. Kounyeya m genyen pwòp fanmi pa mwen, epi mwen rekonesan anpil paske nou sele nan tanp. M pa janm detache je m sou wout papa m te trase pou nou an.

Atravè Ekspyasyon Jezikri a ak Rezireksyon li, m konnen ke yon jou fanmi m ap ansanm ankò. M ankò gen yon vwayaj long devan mwen, men m kontan panse ke m pral wè papa m nan fen vwayaj sa a.