2009
Eske m ta dwe abandone lekòl pou yon misyon?
April 2009


Eske m ta dwe abandone lekòl pou yon misyon?

M te gradye lekòl segondè an 1992 epi imedyatman m te voye papye m pou sèvi yon misyon aplentan. Nan moman apèl mwen te vini, yo te fèk aksepte m nan youn nan pi bon inivèsite Nijerya yo pou m etidye medsin.

Nan Nijerya se gwo konpetisyon pou antre nan lekòl medsin epi se yon bagay ou pa ka senpleman abandone. Lè m te anba presyon kèk zanmi ak manm fanmi m pou m te abandone apèl misyon an, m te eksplike yo ke m te gen yon responsablite pou sèvi e m t ap tann pou m fè sa depi lè m te vin manm legliz la sa gen sizan. M te si ke yo t ap aksepte m ankò nan lekòl medsin nan apre misyon mwen, men anpil moun te panse m tapral regrèt desizyon m nan.

Mwen rekonesan pou enstriktè nan fwaye m yo, manm fanmi mwen, ak zanmi legliz la ki te sipòte desizyon m pou sèvi a. Ale nan seminè, etidye ekriti yo, ak viv levanjil la te pèmèt mwen kanpe fèm nan konviksyon mwen.

Pandan m te misyonè m te fikse bi pèsonèl epi m te travay di. Vennkat mwa apre m te resevwa yon relèv onorab. Senyè a beni ansyen misyonè yo men li pa t pwomèt ke yo pa p gen eprèv. Pou ansyen misyonè Nijeryan yo, eprèv sa yo enkli pa gen travay ak manke lajan pou peye lekòl.

Pandan twa premye ane apre misyon m yo, m te pran twa egzamen admisyon e m te pase, men yo pa t readmèt mwen nan lekòl medsin. Pandan twa ane sa yo m pa t ka jwenn travay. M te tante pou m te kwè ke kèk nan zanmi m yo ak manm fanmi mwen te gen rezon e sete yon erè pou m te renonse ak admisyon mwen nan lekòl medsin nan.

Nan misyon mwen m te aprann lage fado mwen bay Senyè a, konsa m te kite l dirije lavi m dapre volonte Li. Osito ke m te fè sa, bagay yo te kòmanse mache pou mwen— men pa jan m te planifye a.

Yon jou Dimanch jèn m te deside jene epi priye Senyè a anpil pou l ede m. Jou swa sa a m te tande frape nan pòt la. Lè m te louvri pòt la, m te sezi wè yon zanmi m te rankontre nan yon fòmasyon m t ap pran pou sekirite sis mwa anvan sa. Li te di m ke yon opòtinite nan sèvis sekirite a te disponib nan yon konpayi gran frè l la t ap travay la epi konpayi an te bezwen moun pou pozisyon an rapidman. Mwen sete sèl moun ki te vin nan panse li.

Nan demen konpayi an te anplwaye m. Eksperyans senp sa a te konfime pou mwen ke Papa nou ki nan Syèl la la pa t abandone m epi ke m te bezwen fè l konfyans. Finalman travay sa a sete yon wout pou lòt travay.

Benediksyon divin pa mezire pa akonplisman tanporèl sèlman. M te redi anpil ane apre misyon m yo pou m te jwenn estabilite tanporèl, men Senyè a te beni m espirityèlman. Benediksyon patriyakal mwen te oryante mwen pou m te marye epi di mwen ke opòtinite pou pi plis edikasyon t ap vini. Sa te fèt.

Malgre m pa t janm ale lekòl medsin nan, m te vin pran diplòm menm nivo a nan kontablite ak matematik. Senyè a finalman te beni m avèk estabilite materyèl sifizan pou m te kapab marye.

Si nou sèvi yon misyon onorab, Senyè a nan obligasyon pou l beni nou pandan n ap chèche opòtinite pou pran pi gwo fòmasyon nan lekòl apresa. Anyen nan lavi yon jènjan oswa yon jènfi pa ka sipase eksperyans, aprantisaj ak benediksyon ki genyen nan sèvi yon misyon aplentan.