2009
Kado Enstriksyon an
April 2009


Kado enstriksyon an

Pi gran pitit gason nou an te renmen jadendanfan epi li te anfòm nan lekòl. Men, nan premye ane a, sa te evidan pou nou ke l pa t ap li. Li te apèn ka li kèk mo pasi pala men li te gen gwo difikilte menm pou kòmanse tach lekti l yo. Mwa te pase, epi abilte pitit gason nou nan lekti pa t vrèman amelyore. Mari m avèk mwen te vin gen pi plis enkyetid.

Yon jou m te sonje yon bagay prezidan misyon mwen te anseye sa te gen plizyè ane. M te jwenn apèl pou misyon nan yon lang etranje. Aprann lang Ris la sete yon defi ki te pran diferan nivo pou chak misyonè, epi prezidan misyon nou an te konseye nou pou nou te li Liv Mòman an an Ris chak jou. Li te pwomèt nou ke pouvwa Liv Mòmon an t ap ede nou nan kapasite nou pou kominike an Ris. Li te gen rezon. Apre kèk tan m te vin amelyore ni nan pale ni nan konprann lang nan, epi temwayaj mwen te grandi.

Plizyè ane apre misyon mwen, m te kòmanse ap reflechi konsa, “Si sa te mache pou mwen nan lang Ris la, poukisa li pa t ap mache pou pitit gason m nan nan Anglè ?” Apre m te fin rakonte pitit gason nou an difikilte m te genyen pou m te aprann Ris ak konsèy prezidan misyon m nan, mari m avèk mwen nou te ba li yon defi pou l te li Liv Mòmon an chak jou poukont li. Li te gen pou pran tan pou souliyen mo Bondye ak Senyè lè l te jwenn yo nan paj yo. Yon ti tan apre li te fokis sou Jezi.Apre sa li te idantifye mo li te wè yo epi mande kisa yo te vledi. Li te dilijan nan lekti kotidyèn ni, epi nan fen ane a nivo li nan fè lekti te depase sa nou te atann.

Kounyeya pitit gason nou an nan sizyèm ane. Li se yon lektè eksepsyonèl epi li ede anseye senk ti frè l ak sè l yo sou don l te resevwa nan li Liv Mòmon an. Tout kat pitit nou yo devlope gwo talan nan lekti ak yon abitid pou li nan Liv Mòmon an. Yo kòmanse santi espri puisan verite a pandan temwayaj yo ap grandi.