Konferans Jeneral
Avèk Pouvwa Bondye nan Anpil Glwa
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Avèk Pouvwa Bondye nan Anpil Glwa

(1 Nefi 14:14)

Onore alyans nou yo ap ame nou avèk lajistis, epi avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa.

Mwen priye pou Sentespri a eklere ak edifye nou tout pandan n ap konsidere ansanm travay mèveye sali ak egzaltasyon an nan dispansasyon plenitid tan yo.

Premye Vizit Mowoni rann Joseph Smith

Apeprè twazan apre Premye Vizyon an, nan nuit 21 septanm 1823 a, jèn gason sa a ki se Joseph Smith t ap priye pou l te resevwa remisyon pou peche l yo epi pou l te ka konnen eta l ak pozisyon l devan Bondye.1 Yon pèsonaj te parèt bò kote kabann ni, li te site non Joseph, epi l te deklare ke “li se yon mesaje ki sòti nan prezans Bondye … epi non li se Mowoni.” Li te eksplike “ke Bondye te gen yon travay pou [Joseph] fè”2 epi apresa li te ba li enstriksyon konsènan Liv Mòmon an ki te gen pou vini an. Liv Mòmon an sete youn nan premye sijè Mowoni te abòde nan mesaj li a nan yon fason trè siyifikatif.

Liv Mòmon an se yon lòt temwayaj konsènan Jezikri epi l se gwo zouti konvèsyon nan dènye jou yo. Bi nou lè nou pataje levanjil la se envite tout moun pou vin jwenn Jezikri,3 resevwa benediksyon levanjil retabli yo, epi pèsevere jiskalafen atravè lafwa nan Sovè a.4 Ede moun fè eksperyans chanjman puisan nan kè5 yo epi lye tèt yo avèk Senyè a atravè alyans ak òdonans sakre se objektif fondamantal preche levanjil la.

Entwodiksyon Mowoni pou Joseph Smith sou Liv Mòmon an te demare travay sali ak egzaltasyon an pou moun sou bò sa a nan vwal la nan dispansasyon plenitid tan yo.

Pou kontinye enstwi Joseph, Mowoni te site apresa yon pasaj nan liv Malachi a nan Ansyen Testaman an, avèk yon ti varyasyon nan langaj yo itilize nan Vèsyon Wa Jak la:

“Gade, m pral revele ou Prètriz la, pa lantremiz Eli, pwofèt la, anvan aparisyon gwo jou terib Senyè a.

“… Epi li pral plante nan kè pitit yo, pwomès Bondye te fè papa yo, epi kè pitit yo pral retounen sou papa yo. Si se pa t sa, tout tè a t ap devaste nèt lè aparisyon l lan.”6

Objektif nou nan konstwi tanp yo se pou nou rann disponib andwa sakre sa yo kote alyans ak òdonans sakre ki nesesè pou sali ak egzaltasyon lòm yo kapab administre, pou ni vivan yo ni mò yo. Enstriksyon Mowoni pou Joseph Smith sou wòl vital Eli ak otorite prètriz la te etann travay sali ak egzaltasyon an sou bò sa a nan vwal la epi demare nan dispansasyon nou an travay pou mò yo sou lòt bò vwal la.

An rezime, ansèyman Mowoni te bay an Septanm 1823 a sou Liv Mòmon an ak misyon Eli a te etabli fondasyon doktrinal pou travay sali ak egzaltasyon an sou toulède bò vwal la.

Ansèyman Pwofèt Joseph Smith yo

Leson Joseph Smith te aprann nan men Mowoni yo te enfliyanse chak aspè nan ministè li. Pa egzanp, nan yon asanble solanèl ki te fèt nan Tanp Kirtland nan le 6 Avril 1837, Pwofèt la te di: “Apre tout sa ki te di yo, devwa ki pi gran ak pi enpòtan an se preche levanjil la.”7

Prèske egzakteman sèt ane apresa, le 7 Avril 1844, Joseph Smitht te bay yon diskou ke yo konnen jodia kòm Diskou King Follett la. Li te deklare nan diskou sa a: “Pi gwo responsablite Bondye plase sou nou nan mond sa a se chèche mò nou yo.”8

Men kijan preche levanjil la ak chèche mò nou yo se pi gwo devwa ak responsablite Bondye plase sou nou? Mwen kwè nan toulède deklarasyon sa yo, Pwofèt Joseph Smith, te mete aksan sou verite fondamantal ke alyans nou fè atravè òdonans prètriz otorize yo, kapab lye nou avèk Senyè a, Jezikri epi yo se pwen santral esansyèl nan travay sali ak egzaltasyon an sou toulède bò vwal la.

Travay misyonè, travay tanp ak istwa familyal se aspè konplemantè e ki makònen ansanm nan yon sèl gwo travay ki santre sou alyans ak òdonans sakre ki pèmèt nou resevwa pouvwa Divinite a nan lavi nou epi, finalman, retounen nan prezans Pè Selès la. Konsa, de deklarasyon Pwofèt la fè yo, ki kapab parèt kontradiktwa okòmansman, an reyalite, yo souliyen pwen santral gwo travay dènye jou sa a.

Lye avèk Sovè a atravè Alyans ak Òdonans

Sovè a te di:

“Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, na viv ak kè poze.

“Paske, jouk m ap ban nou an fasil pou pote, chay m ap ban nou an pa lou.”9

Nou pran jouk Sovè a mete sou do nou lè nou aprann alyans ak òdonans sakre yo, epi nou resevwa yo diyman, epi nou onore yo. Nou lye solidman avèk Sovè a lè nou sonje fidèlman epi nou fè sa nou kapab pou nou viv selon obligasyon nou te aksepte yo. Epi, lyen fèm sa a avèk Li a se sous fòs espirityèl nan chak epòk nan lavi nou.

Pèp Alyans Senyè a

Mwen envite w pou w reflechi sou benediksyon yo pwomèt disip Jezikri k ap respekte alyans yo. Pa egzanp, Nefi “te wè legliz Ti Mouton Bondye a [nan dènye jou yo]; li pa gen anpil moun, … sen Bondye yo te sou tout sifas tè a tou; e yo pa gen anpil dominasyon … ”10

Li “te wè pouvwa Ti Mouton Bondye a te desann sou sen legliz Ti Mouton an tou, ak sou pèp alyans Senyè a, … epi yo te ame avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa.”11

Ekspresyon “ame avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa” a se pa senpleman yon bèl ide oswa yon egzanp bèl langaj ekriti. Okontrè, benediksyon sa yo fasil pou moun wè nan lavi yon kantite disip Senyè a nan dènye jou yo.

Tach mwen yo kòm manm Douz yo mennen m toupatou nan mond lan. E m gen benediksyon pou m rankontre anpil nan nou epi aprann leson memorab nan men nou. Mwen temwaye ke pèp alyans Senyè a ame jodia tout bon vre avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa. Mwen te temwen lafwa, kouraj, vizyon, pèseverans, ak lajwa ki grandman depase kapasite yon moun mòtèl—e ke sèl Bondye te kapab bay.

Mwen te temwen lajistis ak pouvwa Bondye nan anpil glwa, nan lavi yon jèn manm Legliz la ki te paralize pasyèlman nan yon aksidan machin tèrib te resevwa atravè fidelite l nan alyans ak òdonans yo. Apre plizyè mwa rekiperasyon penib ak adaptasyon a yon nouvo estil lavi avèk limitasyon nan mouvman l, mwen te rankontre nanm fidèl sa a epi m te pale avèk li. Pandan konvèsasyon nou an m te mande l: “Kisa eksperyans sa a ede w aprann?” Repons imedyat la se te: “Mwen pa tris. Mwen pa fache. E tout bagay ap OKE.”

Mwen te temwen lajistis ak pouvwa Bondye nan anpil glwa ki te resevwa atravè alyans ak òdonans, nan lavi manm ki fèk batize ak konfime nan Legliz la. Konvèti sa yo te enpasyan pou yo te aprann ak sèvi, dispoze men souvan ensèten sou fason pou yo mete ansyen abitid ak tradisyon pwofon akote, epoutan yo kontan pou yo vin tounen “konsitwayen sen yo, moun kay Bondye.”12

Mwen te temwen lajistis ak pouvwa Bondye nan anpil glwa, ki te resevwa atravè alyans ak òdonans, nan lavi yon fanmi ki, avèk tandrès, te pran swen yon konjwen ak paran ki gen yon maladi mòtèl. Disip vanyan sa yo te dekri moman kote fanmi yo te santi yo poukont yo—ak moman kote yo te konnen men Senyè a t ap elve yo ak fòtifye yo. Fanmi sa a te eksprime gratitid sensè pou eksperyans difisil mòtalite yo ki pèmèt nou grandi ak vin pi sanble avèk Pè Selès la ak Redanmtè nou an, Jezikri. Bondye te pote fanmi sa a sekou epi L te beni yo avèk konpayi Sentespri a epi Li te fè fwaye yo a tounen yon lye refij sakre menm jan avèk tanp lan.

Mwen te temwen lajistis ak pouvwa Bondye nan anpil glwa, atravè alyans ak òdonans, nan lavi yon manm Legliz la ki fè eksperyans doulè yon divòs. Detrès espirityèl ak emosyonèl sè sa a te entansifye pa yon santiman enjistis ki asosye avèk konjwen l ki te vyole alyans yo epi kraze maryaj yo a. Li te vle pou yo l te jwenn jistis.

Pandan fi fidèl sa a t ap lite avèk tout sa ki te rive l yo, li te etidye ak medite sou Ekspyasyon Sovè a avèk yon atansyon ak yon entansite pi pwofon pase jamè anvan nan lavi li. Gradyèlman, yon konpreyansyon pi pwofon sou misyon redanmsyon Kris la te vide sou nanm sè sa a—soufrans Li pou peche nou yo, ak lapenn, feblès, desepsyon, ak angwas nou yo tou. E li te l enspire pou l te poze tèt li yon kesyon penetran: puiske pri a deja fin peye pou peche sa yo, èske w ap egzije pou pri a peye de fwa? Li te rann ni kont ke sa l tap mande a pa t jis ni gen mizèrikòd ladan.

Fi sa a te aprann ke liye tèt li avèk Sovè a atravè alyans ak òdonans yo kapab geri blesi ki te koze pa egzèsis enjis libabit yon lòt moun epi sa ka pèmèt li jwenn kapasite pou l padone epi resevwa lapè, mizèrikòd, ak lanmou.

Pwomès ak Temwayaj

Pwomès ak benediksyon alyans yo posib sèlman gras avèk Sovè nou an, Jezikri. Li envite nou pou nou gade sou Li,13 vin jwenn Li,14 aprann nan men L,15 epi lye tèt nou avèk Li16 atravè alyans ak òdonans nan levanjil retabli L la. Mwen temwaye e m pwomèt ke onore alyans yo ap ame nou avèk lajistis ak pouvwa Bondye nan anpil glwa. Epi mwen temwaye ke Senyè Jezikri vivan an se Sovè nou. Mwen temwaye konsènan verite sa yo nan non sakre Jezikri a, amèn.