Konferans Jeneral
Lanmou Bondye: Sa ki bay nanm lan plis lajwa
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Lanmou Bondye: Sa ki bay nanm lan plis lajwa

Lanmou Bondye pa depann de sikonstans lavi nou men de prezans Li nan lavi nou.

Frè m ak sè m yo, èske nou konnen nan ki pwen Bondye, Papa nou ki nan Syèl la, renmen nou? Èske nou konn santi lanmou Li fon nan nanm nou?

Lè w konnen ak konprann kijan yo renmen w konplètman antanke yon pitit Bondye, sa chanje tout bagay. Sa chanje fason w santi w apwopo tèt ou lè w fè erè. Sa chanje jan w santi w lè bagay difisil ap pase. Sa chanje opinyon w sou kòmandman Bondye yo. Sa chanje opinyon w sou lòt moun, ak sou kapasite w pou w fè yon diferans.

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye: “Premye gwo kòmandman nan tout letènite a se renmen Bondye ak tout kè nou , tout pouvwa nou, tout lespri ak tou fòs nou—se premye gwo kòmandman an. Men premye gran verite nan tout letènite a sèke Bondye renmen nou ak tout Limenm , tout kè, panse, lespri, ak fòs Li.”1

Kòman pou nou chak konnen nan fon nanm nou gwo verite letènite sa a?

Nan yon vizyon, yo te montre Pwofèt Nefi prèv ki pi puisan sou lanmou Bondye. Lè l te fin gade pyebwa lavi a, Nefi te mande pou l te konn entèpretasyon li. Kòm repons, yon zanj te montre Nefi yon vil, yon manman ak yon ti bebe. Pandan Nefi te gade vil Nazarèt la ak Mari, manman fidèl la, ki te kenbe Jezi tibebe nan bra li, zanj lan te deklare: “Gade ti Mouton Bondye a, wi, Pitit Gason Papa Etènèl la!”2

Nan moman sakre sa a, Nefi te konprann ke nan nesans Sovè a, Bondye t ap montre lanmou pur ak konplè Li. Lanmou Bondye, Nefi temwaye, “antre nèt nan kè pitit lèzòm.”3

Imaj
Liv lavi a.

Nou ka imajine lanmou Bondye tankou yon limyè ki soti nan pyebwa lavi a, ki koule sou tout tè a antre nan kè pitit lèzòm. Limyè ak lanmou Bondye penetre tout kreyasyon L yo.4

Pafwa, nou panse pa erè ke nou ka sèlman santi lanmou Bondye apre nou fin suiv bafè a ak manje nan fwi a. Sepandan, lanmou Bondye non sèlman vini pou moun ki rive nan pyebwa a men lanmou sa a se pouvwa menm ki motive nou pou nou chèche pyebwa sa a.

Nefi te anseye, “Se poutèt sa, li pi dezirab pase tout bagay,” epi zanj lan te di: “Wi, pa gen anyen ki kapab fè yon moun pi kontan pase sa.”5

Sa gen ventan, yon manm fanmi ke nou renmen anpil te kite Legliz la. Li te gen anpil kesyon ki pa t jwenn repons. Madanm ni, yon konvèti, te rete fidèl a lafwa li. Yo te travay di pou yo te prezève maryaj yo nan diferans ki te leve yo.

Ane pase, li te ekri twa kesyon osijè Legliz la ki te difisil pou l te rekonsilye avèk yo epi li te voye yo bay de koup ki te zanmi pwòch li depi plizyè ane. Li te envite yo pou yo te reflechi sou kesyon sa yo epi pou yo te vin dine pou yo te di sa yo te panse.

Apre vizit sa a avèk zanmi l yo, li te ale nan chanm li epi li te kòmanse travay sou yon pwojè. Konvèsasyon jou swa sa a a ak lanmou zanmi l yo te montre l la te rete nan tèt li. Nan apre li te ekri ke l te santi l pouse pou l te sispann travay li t ap fè a. Li di: “Yon limyè briyan te ranpli nanm mwen. … Mwen te abitye avèk santiman klète pwofon sa a, men nan ka sa a, li te kontinye grandi vin pi fò pase tout tan anvan epi li te dire plizyè minit. Mwen te chita tou dousman avèk santiman an, ke mwen te vin konprann kòm yon manifestasyon lanmou Bondye pou mwen. … Mwen te santi yon enpresyon espirityèl ki te di m mwen te ka retounen legliz la epi eksprime lanmou Bondye sa a nan sa m ap fè ladan.”

Apre sa li te reflechi sou kesyon l yo. Santiman li te resevwa a sèke Bondye te onore kesyon l yo, epi lefèt ke l pa gen repons klè a pa ta dwe anpeche l avanse pou pi devan.6 Li ta dwe pataje lanmou Bondye avèk tout moun pandan ke l t ap kontinye reflechi a. Lè li te aji sou enpresyon sa a, li te santi l pwòch de Joseph Smith, ki di apre Premye Vizyon l lan, “Nanm mwen te ranpli avèk lanmou, e pandan anpil jou mwen te kapab rejwi avèk anpil kè kontan.”7

Sa k remakab, sèke kèk mwa apre, li te resevwa menm apèl li te genyen 20 an oparavan an. Premye fwa li te gen apèl la, li te ranpli responsablite l kòm yon manm plen konsyans nan Legliz la. Kounyea, kesyon l te vin genyen se pa t “Kòman m ka ranpli apèl sa a?” men sete “Kòman m ka montre lanmou Bondye atravè sèvis mwen?” Avèk nouvo apwòch sa a, li te santi gwo lajwa, yon gwo sans ak objektif nan tout aspè nan apèl li a.

Sè m ak frè m yo, kijan nou ka resevwa pouvwa transfòmate amou Bondye a? Pwofèt Mòmon envite nou pou nou “priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou kapab chaje avèk lanmou l, li te devèse sou tout moun ki se vrè bdisip Pitit Gason li a, Jezikri.”8 Mòmon envite nou non sèlman pou nou priye pou nou ka santi lanmou Li pou lòt moun men pou nou priye pou nou ka konnen lanmou pur Bondye genyen tou pou noumenm.9

Pandan n ap resevwa lanmou Li, n ap jwenn pi gwo lajwa nan eseye renmen ak sèvi jan L te fè a, pandan n ap vin “vrè disip Pitit Gason L lan, Jezikri.”10

Lanmou Bondye pa chita sou sikonstans lavi nou, men, nan prezans Li nan lavi nou. Nou konnen amou Li lè nou resevwa fòs ki depase pa nou ak lè Lespri a pote lapè, rekonfò, ak direksyon. Pafwa li ka difisil pou nou santi amou Li. Nou ka priye pou je nou louvri pou n ka wè men Li nan lavi nou ak pou nou wè amou Li nan bote kreyasyon L yo.

Lè nou medite sou lavi Sovè a ak sakrifis enfini ak etènèl Li a, nou ka kòmanse konprann lanmou Li pou nou. Ak reverans, nou chante pawòl Eliza R. Snow sa yo: “San presye L la Li te devèse volontèman; Li te bay lavi Li volontèman”11 Imilite Jezi nan soufri pou nou an vide sou nanm nou, louvri kè pou nou chèche padon nan men Li epi ranpli nou avèk yon dezi pou nou viv menmjan avèk Li.12

Prezidan Nelson te ekri, “Plis nou angaje nan modle lavi nou sou pa Li, se plis lanmou nou ap vin pur ak diven.”13

Pitit gason m nan te di “Lè m te gen 11 zan, mwenmenm ak zanmi m yo te deside sote premye pati klas Primè nou an. Lè nou te rive finalman, pwofesè a te akeyi nou avèk chalè. Apresa , li te ofri yon priyè sensè kote li te eksprime rekonesans sensè li bay Senyè a dèske nou te deside pou nou te vini nan klas jou sa a pa pwòp volonte pa nou. Mwen pa sonje sou kisa leson an te ye ni menm non pwofesè nou an, men kounyea, trantan apre, mwen toujou touche pa lanmou pur li te montre m jou sa a.”

Senkan de sa, mwen te obsève yon egzanp lanmou diven pandan m t ale nan Primè nan Larisi. Mwen te wè yon sè fidèl ki te ajenou devan timoun yo epi l temwaye yo ke menmsi yo sete sèl moun ki t ap viv sou tè a, Jezi t ap soufri epi mouri jis pou yo.

Mwen temwaye ke Senyè nou ak Sovè nou an te mouri tout bon pou nou chak. Sete yon ekspresyon lanmou enfini Li pou noumenm ak pou Papa L.

“Mwen konnen Redanmtè m nan vivan. Ala konsolasyon bèl fraz sa a bay! … Li vivan pou beni [nou] avèk lanmou Li.”14

Se pou nou ouvri kè nou pou n resevwa amou pur Bondye genyen pou nou an epi apresa, demontre amou sa a nan tout sa n ap fè ak tout sa nou ye. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Jeffrey R. Holland, “Demen Senyè a Pral Akonpli Mèvèy nan Mitan Nou,” Liahona, Me 2016, 127.

  2. 1 Nefi 11:21.

  3. 1 Nefi 11:22; italik ajoute.

  4. Gade Doktrin ak Alyans 88:13.

  5. 1 Nefi 11: 22, 23.

  6. Gade 1 Nefi 11:17.

  7. Joseph Smith, nan Karen Lynn Davidson and others, eds., The Joseph Smith Papers, Histories, Volume 1: Joseph Smith Histories, 1832–1844 (2012), 13; ponktyasyon ak òtograf modènize.

  8. Mowoni 7:48.

  9. Gade Neill F. Marriott, “Demere nan Bondye epi Repare Brèch la,” Liahona, Nov. 2017, 11: “Petèt lavi nou nan yon mond premòtèl eman se sa k fè nou aspire a lanmou veritab ak dirab isit la sou tè a. Nou fèt divinman pou nou bay lanmou epi pou yo renmen nou, epi lanmou ki pi pwofon an vini lè nou fè yon sèl avèk Bondye.”

  10. Mowoni 7:48.

  11. “Oh, quel amour,” Cantiques, no. 113.

  12. Gade Linda S. Reeves, “Diy pou Benediksyon yo Pwomèt nou yo,” Liahona, Nov. 2015, 11: “Mwen kwè si chak jou nou ka sonje ak rekonèt pwofondè amou Pè Selès nou an ak Sovè nou an gen pou nou, nou t ap dispoze pou n fè tout sa yo mande nou pou n retounen nan prezans yo ankò, antoure pa amou yo etènèlman.”

  13. Russell M. Nelson, “Amou Diven,” Ensign, Fev. 2003, 17.

  14. “Je sais qu’il vit, mon Rédempteur,” Cantiques, no. 73.