2010–2019
Atire pouvwa Jezikri nan lavi nou
Avril 2017


Atire pouvwa Jezikri nan lavi nou

Levanjil Jezikri a ranpli ak pouvwa Li, ki disponib pou chak pitit fi ak pitit gason Bondye k ap chèche sensèman.

Chè frè m ak sè m yo, n ap viv nan yon dispansasyon difisil anpil. Pwoblèm, kontwovès ak konpleksite antoure nou toupatou. Sovè a te predi moman twouble sa yo. Li te avèti nou ke nan epòk nou an, advèsè a ta pral pwovoke kòlè nan kè lèzòm pou fè yo peri.1 Men, Pè Selès nou an pa t janm te gen entansyon pou l kite nou nan labirent pwoblèm pèsonèl ak twoub sosyal yo poukont nou.

Bondye sitèlman renmen nou ke L te voye Sèl Pitit Gason Byeneme L la2 pou ede nou.3 Epi, Pitit Gason L lan, Jezikri, te bay lavi L pou nou. Tout sa pou nou kapab gen aksè nan pouvwa divinite a—pouvwa ki sifizan pou n ka afwonte fado, obstak, ak tantasyon epòk nou yo.4 Jodia, m ta renmen pale sou fason nou ka rale pouvwa Senyè nou an vin nan lavi nou.

Nou kòmanse pa aprann konnen Li.5 “Li enposib pou [nou] sove nan inyorans.”6 Plis nou konnen osijè ministè Sovè a ak misyon Li7 — se plis n ap konprann doktrin ni an8 ak sa L te fè pou nou — se plis n ap konnen Li ka ba nou pouvwa nou bezwen pou lavi nou an.

Nan kòmansman ane sa a, m te mande jèn adilt yo nan Legliz la pou yo te konsakre yon pòsyon nan tan yo chak semèn pou etidye tout sa Jezi te di ak fè jan yo ekri nan liv kanonik yo.9 M te envite yo pou yo te fè pasaj ekriti osijè Jezikri yo nan Gid Ekriti yo vin tounen esans pwogram etid pèsonèl yo.10

M te ba yo defi sa a paske m te deja aksepte l mwen menm. M te li e souliyen chak vèsè yo site sou Jezikri, jan nou jwenn yo nan antèt prensipal yo ak nan 57 referans nan Gid Ekriti yo.11 Lè m te fini egzèsis pasyonan sa a, madanm mwen te mande m ki enpak sa te fè sou mwen. M te di l: “M se yon moun diferan!”

M te santi yon renouvo nan devosyon m anvè Li pandan m t ap reli pwòp deklarasyon Sovè a osijè misyon Li nan mòtalite a nan Liv Mòmon an. Li te deklare:

“M te vini nan mond lan pou m fè volonte Papa m, paske Papa m te voye m.

“Epi Papa m te voye m pou yo te kapab leve m sou kwa a.”12

Noumenm, Sen Dènye Jou yo, nou fè referans ak misyon L la kòm Sakrifis Ekspyatwa Jezikri, ki te fè rezirèksyon vin yon reyalite pou tout moun epi ki te rann lavi etènèl posib pou moun ki repanti pou peche yo e ki resevwa e kenbe òdonans ak alyans esansyèl yo.

Doktrinalman, sa enkonplè si lè n ap pale de sakrifis ekspyatwa Senyè a, nou itilize ti bout ekspresyon tankou “Ekspyasyon an,” oubyen “pouvwa abilitan Ekspyasyon an,” oubyen “aplike Ekspyasyon an,” oubyen “fòtifye pa Ekspyasyon an.” Ekspresyon sa yo riske pou vrèman egare lafwa nou pou fè nou trete evenman an kòmsi li gen yon egzistans apa poukont li ak kapasite ki endepandan de Pè Selès la ak Pitit Gason L lan, Jezikri.

Anba gran plan etènèl Papa a, nou gen Sovè a ki te soufri. Se Sovè a ki te kase chenn lanmò yo. Se Sovè a ki te peye pri pou peche ak transgresyon nou yo epi efase yo a kondisyon pou nou repanti. Se Sovè a ki delivre nou anba lanmò fizik ak espirityèl.

Pa gen yon antite vàg yo rele “Ekspyasyon” ke nou ka envoke pou n resevwa sekou, gerizon, padon, oswa pouvwa. Jezikri se sous la. Tèm sakre tankou Ekspyasyon ak Rezirèksyon yo dekri sa Sovè a te fè, an konfòmite ak plan Papa a, pou nou ka viv nan esperans nan lavi sa a e akeri lavi etènèl nan mond k ap vini an. Konpreyansyon nou sou sakrifis ekspyatwa Sovè a — zak santral nan tout istwa limanite a — ka pi apwofondi e nou ka pi byen apresye li lè nou klèman e distenkteman konekte avèk Li.

Pwofèt Joseph Smith te mete aksan sou enpòtans misyon Sovè a, li te deklare klèman: “prensip fondamantal relijyon nou yo se temwayaj Apot ak Pwofèt yo konsènan Jezikri, ke Li te mouri, li te antere, epi li te leve ankò nan twazyèm jou a, epi li te monte nan syèl la; epi tout lòt bagay ki konsène relijyon nou an se sèlman anèks yo ye.”13

Sete deklarasyon klè sa a Pwofèt la te fè a ki te pouse 15 pwofèt, vwayan, ak revelatè pou yo te pibliye e siyen temwayaj yo pou te komemore 2.000 yèm anivèsè nesans Senyè a. Temwayaj istorik sa a rele “Kris Vivan an.”14 Anpil manm memorize verite ki landan l yo. Gen lòt ki apèn konnen ke l egziste. Si n ap chèche aprann plis sou Jezikri, m priye nou pou n etidye “Kris Vivan an.”

Lè nou envesti tan pou n aprann osijè Sovè a ak sakrifis ekspyatwa L la, nou santi n pouse pou n patisipe nan yon lòt eleman kle ki bay aksè nan pouvwa Li: nou chwazi gen lafwa nan Li epi suiv Li.

Vrè disip Jezikri yo dispoze pou yo kanpe, pou fè tande yo, epi pou yo diferan ak moun nan mond lan. Yo brav, yo devwe, yo plen kouraj. M te tande pale de kèk disip konsa nan yon tach m te genyen nan Meksik resamman, kote m te rankontre avèk reprezantan gouvènman yo osibyen ke dirijan lòt relijyon. Yo chak te remèsye m pou efò ewoyik manm yo fè pou pwoteje ak prezève fòs maryaj ak fanmi solid nan peyi yo a.

Pa gen anyen ki fasil ni otomatik nan vin kalite disip puisan konsa. Atansyon nou dwe konsantre sou Sovè a ak levanjil Li a. Sa mande anpil efò mantal pou n efòse n pou nou leve tèt gade Li nan chakpanse.15 Men lè nou fè sa, dout nou ak krent nou yo disparèt.16

Dènyèman m te aprann istwa yon jèn Loreyòl ki pa t pè anyen. Yo te envite l pou l te pasitipe nan yon konpetisyon nasyonal pou lekòl li nan menm jou swa li te gen angajman pou l te patisipe nan yon reyinyon Sosyete Sekou nan pieu a. Lè l te reyalize pwoblèm nan epi li te eksplike ofisyèl yo ke li t ap oblije kite konpetisyon an bonè pou l te ka al nan yon reyinyon enpòtan, yo te di l li t ap diskalifye si l te fè sa.

Kisa Loreyòl sa a te fè? Li te kenbe angajman l pou l te patisipe nan reyinyon Sosyete Sekou an epi, jan yo te di l la, yo te diskalifye li nan konpetisyon nasyonal la. Lè yo te poze l kesyon sou desizyon l te pran an, li te reponn senpleman: “Enben, Legliz la pi enpòtan, pa vre?”

Lafwa nan Jezikri pouse nou fè bagay nou pa t ap fè otreman. Lafwa ki motive nou al fè aksyon an ba nou plis aksè nan pouvwa Li.

Nou ogmante pouvwa Sovè a nan lavi nou tou lè nou fè alyans sakre epi nou kenbe alyans sa yo ak presizyon. Alyans yo lye nou avèk Li epi yo ba nou pouvwa diven. Antanke disip fidèl, nou repanti epi nou suiv Li nan dlo batèm. Nou mache sou chemen alyans la pou n resevwa òdonans esansyèl yo.17 Epi, plan Bondye a pèmèt benediksyon sa yo etann sou zansèt nou ki te mouri san yo pa t gen opòtinite pou yo te fè yo pandan lavi yo nan mòtalite a.18

Gason ak fi k ap kenbe alyans yo chèche mwayen pou yo kenbe tèt yo pwoteje kont salte mond lan pou anyen pa bloke aksè yo nan pouvwa Sovè a. Yon fi ki se yon manman fidèl te ekri dènyèman: “Tan sa yo se tan difisil ak danjere. Ala nou beni pou n gen konesans nou ogmante sou plan sali a ak konsèy enspire pwofèt, apot, ak dirijan eman pou ede nou navige an tout sekirite sou lanmè danjere sa yo. Nou sispann abitid pou n ouvri radyo nou chak maten an. Olyesa, kounyea, nou koute yon diskou konferans jeneral nan selilè nou chak maten pandan n ap prepare nou pou yon nouvo jounen.”

Yon lòt eleman ki ede nou atire pouvwa Sovè a nan lavi nou se lonje lamen ba Li ak lafwa. Sa mande yon efò Dilijan ak konsantrasyon.

Imaj
Yon fi k ap touche rad Sovè a

Èske nou sonje istwa nan Bib la sou fi ki t ap soufri pandan 12 zan avèk yon maladi devastan ak anbarasan an?19 Li te egzèse gwo lafwa nan Sovè a, li te di: “Si m ka touche rad Li, m ap geri.”20

Fi fidèl e konsantre sa a te bezwen lonje men li osi lwen l te kapab pou l te ka gen aksè nan pouvwa Li. Efò fizik li pou lonje lamen an sete senbòl lonje lamen espirityèl li.

Anpil nan nou, nan pwofondè kè nou, konn lanse yon kri menmjan ak pawòl fi sa a te di yo tou: “Si m ta ka espirityèlman lonje men m ase pou m atire pouvwa Sovè a nan lavi m, m t ap konn kijan pou m jere sitiyasyon difisil sa a. M t ap konn kisa pou m fè. Epi m t ap gen pouvwa pou m fè li.”

Lè nou lonje lamen pou n rale pouvwa Senyè a nan lavi nou avèk menm entansite yon moun k ap nwaye fè lè l ap chèche reprann souf li, pouvwa Jezikri a ap pa nou. Lè Sovè a konnen nou vrèman vle lonje lamen ba Li—lè L ka santi ke pi gwo dezi kè nou se rale pouvwa L vini nan lavi nou—n ap jwenn direksyon Sentespri a pou n konnen egzakteman kisa nou bezwen fè.21

Lè nou espirityèlman lonje lamen nou plis pase nou janm te konn fè anvan, lè sa a, pouvwa Li ap devèse nan nou.22 Epi lè sa a, nou va konprann sans pwofon pawòl nou chante yo nan kantik “L’Esprit du Dieu Saint” an:

Des saints le Seigneur accroît l’intelligence (Senyè a ogmante entèlijans Sen yo). …

Et tout se ressent de sa pure influence (Konesans ak pouvwa Bondye ap elaji;)

Le voile commence à s’ouvrir à nos yeux (Vwal la kòmanse louvri devan je nou).23

Levanjil Jezikri a ranpli ak pouvwa Li, ki disponib pou chak pitit fi oswa pitit gason Bondye k ap chèche sensèman. Mwen temwaye ke, lè nou atire pouvwa Li nan lavi nou, ni Limenm ni noumenm ap rejwi.24

Atanke youn nan temwen espesyal Li yo, m deklare Bondye vivan! Jezi se Kris la! Legliz Li a retabli sou tè a! Pwofèt Bondye sou tè a jodia se Prezidan Thomas S. Monson, ke m soutni ak tout kè m. M temwaye konsa, avèk ekspresyon lanmou m ak benediksyon m pou nou chak, nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade 2 Nefi 28:19–30.

  2. Gade Jan 3:16.

  3. Jezi sete Wen an—ke Pè Selès la te wen pou vin reprezantan pèsonèl li nan tout bagay ki anrapò avèk sali limanite. Jezi te wen pou l te Sovè nou ak Redanmtè nou. Anvan mond lan te fòme, Jezi te wen pou l te fè imòtalite vin yon reyalite ak lavi etènèl yon posiblite pou tout pitit Bondye (gade Jan 17:24; 1 Pyè 1:20). Konsa, Jezi gen de tit inik: se Mesi (Ebre) epi se Kris (Grèk)—yo chak vledi “wen.” (Gade Diksyonè Bib la, “Wen an.”)

  4. Nou ka pwoteje tèt nou nan konnen ak respekte pawòl Bondye a (gade Efezyen 6:17–18; Doktrin ak Alyans 27:18).

  5. Sou direksyon Papa Li, Jezi sete Kreyatè tè a (gade Jan 1:2–3) ak lòt mond san fen (gade Moyiz 1:33). Lontan anvan nesans li nan mòtalite a, Jezi sete gran Jewova a—Bondye Ansyen Testaman an. Sete Jewova ki te kominike avèk Moyiz sou Mòn Sinayi a. Sete Jewova ki te fè yon alyans avèk Abraram ke tout nasyon sou tè a t ap beni atravè posterite Abraram. Epi sete Jewova ki te fè alyans avèk fanmi nan kay Izrayèl yo. Jezi sete Emanyèl yo te pwomèt la tou, jan Ezayi te pwofetize a (gade Ezayi 7:14).

  6. Doktrin ak Alyans 131:6.

  7. Gade Doktrin ak Alyans 76:40–41.

  8. Gade 2 Nefi 31:2–21.

  9. Bib la, Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans yo, ak Pèl Gran Pri a.

  10. Gade Gid pa Sijè a: “Jezikri.” Anplis sa k ekri anba referans prensipal la, gen 57 soutit osijè Kris la. Pou edisyon ekriti ki pa an Anglè yo, itilize Gid Ekriti yo.

  11. Gen plis pase 2.200 sijè yo site nan 18 paj sa yo nan Gid pa Sijè a.

  12. 3 Nefi 27:13–14.

  13. Ensignements des presidents de l’église: Joseph Smith (2007), 49.

  14. Gade “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo,” Liahona, Avr. 2000, 2–3.

  15. Gade Elaman 8:15.

  16. Gade Doktrin ak Alyans 6:36.

  17. Jezikri te anseye nou enpòtans òdonans sakre, tankou batèm (gade Jan 3:5), sentsèn (gade Doktrin ak Alyans 59:9), and the endowment and sealing ordinances of the temple (see Doctrine and Covenants 124:39–42).

  18. Gade Doktrin ak Alyans 124:29–32.

  19. Gade Lik 8:43–44.

  20. Mak 5:28.

  21. Gade Doktrin ak Alyans 88:63.

  22. Lè fi fidèl la te touche rad Sovè a, Li te imedyatman reponn: “Mwen konnen ke yon fòs [soti nan mo Grèk dunamis, kivledi “pouvwa”] soti nan mwen” (Lik 8:46; italik ajoute).

  23. “L’Esprit du Dieu saint,” Cantiques, no. 2.

  24. Gade 3 Nefi 17:20.