2010–2019
Dou ak enb nan kè
Avril 2018


Dou ak enb nan kè

Ladousè se yon yon kalite ki defini Redanmtè a epi li karakterize pa yon reyaksyon jis, yon soumisyon volontè, ak yon bon metriz tèt.

Mwen kontan pou okazyon sakre pou n soutni dirijan Legliz nou yo, epi ak tout kè m, mwen swete byenveni a Èldè Gong ak Èldè Soares nan Kolèj Douz Apot yo. Sèvis mesye fidèl sa yo pral yon benediksyon pou moun ak fanmi nan tout mond lan, e mwen pa ka tann pou m sèvi avèk yo ak aprann nan men yo.

M priye pou Sentespri a anseye nou ak eklere nou pandan n ap aprann ansanm apwopo yon aspè enpòtan nan nati divin Sovè a1 nou chak ta dwe efòse nou pou n imite.

M pral prezante nou plizyè egzanp ki souliyen kalite kretyèn sa a anvan m di nou ki kalite m ap pale a apre nan mesaj mwen an. Tanpri, koute chak egzanp atantivman epi egzamine avèk mwen ki repons ki genyen pou kesyon m pral poze yo.

Egzanp #1. Jenòm rich la ak Amilèk

Nan Nouvo Testaman an, nou aprann istwa yon jenòm rich ki te mande Jezi: “Bon Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m ka jwenn lavi etènèl?”2 Sovè a te toudabò egzòte l pou l te respekte kòmandman yo. Apresa, Mèt la te bay jenòm sa a yon kondisyon siplemantè ki te adapte a bezwen ak sitiyasyon pèsonèl li.

“Jezi di li: Si w vle pafè, ale vann tou sa w genyen, separe lajan an bay pòv yo epi wa va gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vini, suiv mwen.

“Men lè jennonm nan tande pawòl sa yo, li vin tou tris, li vire do l, l ale: paske li te gen anpil byen.”3

Konpare repons jenòm rich la avèk eksperyans Amilèk la, jan l dekri nan Liv Mòmon an. Amilèk sete yon mesye k te travay di, ki te rich epi l te gen anpil fanmi ak zanmi.4 Li te dekri tèt li kòm yon moun ki te aple plizyè fwa men li pa t vle tande; yon moun ki te konnen bagay Bondye yo men ki pa t vle konnen.5 Amilèk, yon moun ki te vrèman bon, te preyokipe pa bagay mond lan tou kòm jenòm rich la yo dekri nan Nouvo Testaman an.

Malgre li te andisi kè l toudabò, Amilèk te obeyi vwa yon zanj, li te resevwa pwofèt Alma lakay li, epi li te nouri li. Li te vin gen yon revèy spirityèl pandan vizit Alma a epi yo te aple l pou l t al preche levanjil la. Apresa, Amilèk te abandone “tout lò ak lajan ak tout bagay presye li … pou pawòl Bondye a, [epi] moun ki te zanmi l yo, papa l ak fanmi l yo te repouse l.”6

Kisa nou panse k eksplike diferans ant reyaksyon jenòm rich la ak reyaksyon Amilèk la?

Egzanp #2. Paoran

Pandan yon peryòd lagè danjere yo dekri nan Liv Mòmon an, te gen yon echanj lèt ki te fèt ant Mowoni, kòmandan anchèf lame Nefit yo, ak Paoran, gran jij ak gouvènè peyi a. Mowoni, ke lame l la t ap soufri akoz mank sipò nan men gouvènman an, te ekri Paoran “pou kondane li”7 ak pou akize limenm ak lòt dirijan parèy li yo de mank konsiderasyon, parès, neglijans e menm trayizon.8

Paoran te ka fasilman an kòlè kont Mowoni pou fos akizasyon l yo, men li pa t fè sa. Li te reponn avèk konpasyon epi l te dekri yon rebelyon kont gouvènman an Mowoni pa t te okouran. Epi apresa Paoran te deklare:

“Gade, m ap di w, Mowoni, m pa pran plezi nan gwo afliksyon w yo, wi, sa blese nanm mwen. …

“Nan lèt ou a, ou kondane m, men, sa pa fè anyen; m pa fache, men m rejwi poutèt grandè kè w.”9

Kisa nou panse k eksplike repons tanpere Paoran te voye pou akizasyon Mowoni yo?

Egzanp #3. Prezidan Russell M. Nelson ak Prezidan Henry B. Eyring

Sa gen sis mwa, nan jeneral konferans la, Prezidan Russell M. Nelson te dekri reyaksyon l lè Prezidan Thomas S. Monson te bay envitasyon pou nou te etidye, medite, ak aplike verite ki nan Liv Mòmon an. Li te di: “M te eseye suiv konsèy li a. Pami lòt bagay, m te fè yon lis sou sa Liv Mòmon an ye, sa l afime, sa l rejte, sa l akonpli, sa l klarifye, ak sa l revele. Gade Liv Mòmon an atravè optik sa yo te yon egzèsis revelatè ak enspiran pou mwen! Mwen rekòmande nou chak li.”10

Prezidan Henry B. Eyring te souliyen enpòtans demann Prezidan Monson nan te genyen nan lavi li. Li te di:

“M te konn li Liv Mòmon an chak jou pandan plis pase 50 tan. Konsa, petèt m te ka rezonabman panse ke pawòl Prezidan Monson yo sete pou yon lòt moun. Men, tankou anpil nan nou, m te santi ankourajman pwofèt la ak pwomès li a envite m pou te fè yon pi gwo efò. …

“Bèl rezilta a pou mwen, ak pou anpil nan nou, sete sa pwofèt la te pwomèt la.”11

Kisa nou panse k eksplike reyaksyon imedyat e sensè de dirijan sa yo nan Legliz Senyè a pou yo te suiv envitasyon Prezidan Monson nan?

M pa vle di ke reyakson spirityèl solid Amilèk, Paoran, Prezidan Nelson ak Prezidan Eyring nan eksplike pa yon sèl kalite kretyen. Se sèten ke anpil kalite ak eksperyans mete ansanm pou mennen nan matirite spirityèl ki reflete nan lavi kat sèvitè nòb sa yo. Men Sovè a ak pwofèt li yo souliyen yon kalite endispansab nou tout ta dwe pi totalman konprann e efòse n pou n enkòpore nan lavi nou.

Ladousè

Tanpri note karakteristik Senyè a itilize pou dekri tèt li nan ekriti sa a: “Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou epi pran leson nan men mwen; paske mwen dou ak enb nan kè mwen: epi konsa, na viv ak kè poze.”12

Sa enstriktif pou n wè Sovè a te chwazi pou l mete aksan sou ladousè nan pami tout kalite ak vèti li te ka potansyèlman seleksyone yo.

Nou wè menm chema a tou nan yon revelasyon l te bay Pwofèt Joseph Smith an 1829. Senyè a te deklare: “Aprann nan men m, epi koute pawòl mwen yo; mache nan dousè Lespri m nan, epi w ap gen lapè nan mwen.”13

Ladousè se kalite prensipal Redanmtè a epi li karakterize pa yon reyaksyon ki jis, yon soumisyon volontè, ak bonjan metriz. Kalite sa a ede nou pi totalman konprann reyaksyon Amilèk, Paoran, Prezidan Nelson, ak Prezidan Eyring nan.

Paregzanp, Prezidan Nelson ak Prezidan Eyring te rapidman suiv ankourajman Prezidan Monson nan pou li ak etidye Liv Mòmon an. Malgre de moun sa yo t ap sèvi nan pozisyon enpòtan ak vizib nan Legliz la epi yo te abitye etidye ekriti yo pandan dè dizèn ane, yo pa t demontre okenn ezitasyon ni santiman ògèy nan suiv konsèy sa a.

Amilèk te volontèman soumèt li anba volonte Bondye, li te aksepte apèl pou l te preche levanjil la, epi li te kite sitiyasyon konfòtab li ak relasyon familyal li dèyè. Epi Paoran te jwenn benediksyon pou l te konprann ak demontre yon gwo metriz pou l te aji olye ke l te reyaji lè l te eksplike Mowoni pwoblèm yon rebelyon kont gouvènman an te lakoz yo.

Yo souvan mal konprann kalite ki se ladousè a nan mond n ap viv la. Dousè se bagay ki solid, li pa fèb; li aktif e non pasiv; li kouraje, e non timid; li gen rezèv, li pa fè eksè; li modès, non pa grandizè; li byenveyan, non pa radi. Yon moun ki dou pa fasilman pran nan pwovokasyon, li pa pretansye, ni li pa otoritè epi li rekonèt akonplisman lòt moun san ezite.

Pandan ke imilite jeneralman demontre ke yon moun depann sou Bondye epi l toujou bezwen gidans li ak sipò l la, yon karakteristik ki distenge ladousè se yon akseptasyon spirityèl patikilye pou n aprann nan men Sentespri a ak nan men moun ki parèt yo mwens kapab, ki parèt yo gen mwens eksperyans, oswa mwens fòmasyon; moun ki gen dwa pa nan pozisyon enpòtan, oubyen ki bay enpresyon ke yo pa gen anpil pou ofri. Sonje Naaman, kapitèn lame wa Siri a, ki te simonte ògèy li pou l te aksepte avèk imilite konsèy sèvitè l la te ba li pou l te obeyi pwofèt Eli a pou l t al lave l sèt fwa nan rivyè Jouden an.14 Dousè se pwoteksyon prensipal kont avègleman ki souvan se rezilta grandè, pozisyon, pouvwa, richès, ak flatri.

Ladousè—yon vèti kretyen ak yon don spirityèl

Dousè se yon kalite nou devlope lè n gen dezi a, nan byen egzèse libabit nou, ak nan eseye pou n toujou konsève yon padon pou peche nou.15 Se yon don spirityèl tou, ke nou ka toujou chèche.16 Sepandan, nou dwe sonje nan ki bi nou resevwa benediksyon sa a, ki se pou pwofi pitit Bondye yo ak pou n sèvi yo.17

Amezi n ap vin jwenn Sovè a epi suiv li, kapasite pou n vin sanblab avèk li a ap plis anplis ogmante san rete. Lespri a ap vin fè nou kapab gen metriz tèt nou ak yon konpòtman byen poze e kalm. Konsa, dousè se kalite nou vin genyen antanke disip Mèt la e se pa yon bagay nou senpleman fè.

Moyiz “te vin gen tout konesans moun peyi Lejip yo, epi sou jan l te pale ak sa l t ap fè, yo te wè l fò anpil.”18 Men, li “te trè dou, plis pase tout moun ki te sou sifas tè a.”19 Konesans li ak konpetans li te ka fè l vin yon moun ògeye. Men, olyesa, vèti ak don spirityèl ladousè l te genyen an te kraze awogans nan lavi li e te fè l vin tounen enstriman pou akonpli objektif Bondye.

Mèt la se yon egzanp ladousè

Nou jwenn egzanp ki pi majestye ak pi elokan sou ladousè yo nan lavi Sovè a limenm.

Gran Redanmtè a, ki te “desann pi ba pase tout bagay”20 epi ki te soufri, senyen, ak mouri “pou pwòpte nou anba tou enjistis,”21 la te tandreman lave pye plen pousyè disip li yo.22 Kalite dousè sa a se mak fabrik Senyè a kòm yon sèvitè ak yon dirijan.

Jezi bay egzanp siprèm reyaksyon jis ak soumisyon volontè a lè l te soufri gwo agoni nan Jetsemani an.

“Lè l te rive, li te di [disip] li yo: Lapriyè pou n pa tonbe anba tantasyon.

“Epi li … te mete ajenou, li pran lapriyè.

“Li di: Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa ou.”23

Dousè Sovè a te manifeste nan eksperyans atwòs men ki te gen enpòtans etènèl sa a demontre nou chak enpòtans pou n mete sajès Bondye anlè pwòp sajès pa nou.

Konsistans nan soumisyon volontè Senyè a ak gwo metriz li te gen sou tèt li a enpresyonan ak enstriktif pou nou tout. Lè yon lame gad tanp lan ak sòlda Women te rive nan jaden Jetsemani an pou yo te vin arete Jezi, Pyè te rale epe l epi l te koupe zòrèy sèvitè granprèt la.24 Sovè a te touche zòrèy sèvitè a epi l te geri l.25 Tanpri note ke li te lonje lamen pou beni moun ki ta pral arete l la avèk menm pouvwa divin li ta ka itilize pou anpeche yo arete l ak krisifye l la.

Epitou, egzanmine ki fason yo te akize Mèt la ak kondane l devan Pilat pou l krisifye a.26 Lè yo te trayi l la, Jezi te deklare: “Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m vin ede mwen epi menm lè a, li ta voye plis pase douz lame zanj ban mwen?”27 Men okontrè, “Jij etènèl vivan yo ak mò yo”28 te pase anba jijman devan yon òm politik yo te aple tanporèman. “Men [Jezi] pa t ba l repons sou anyen; e sa te fè Pilat etone anpil.”29 Sovè a te demontre dousè li nan reyaksyon disipline, plen metriz li ak retisans li pou l te egzèse pouvwa enfini l te genyen an pou pwofi pèsonèl li.

Pwomès ak Temwayaj

Mòmon idantifye dousè kòm fondasyon kote tout kalite ak tout don spirityèl soti.

“Se poutèt sa, si yon moun gen lafwa, li dwe gen esperans; paske san lafwa pa kapab gen okenn esperans.

“Epi ankò, gade, m ap di nou, li pa kapab gen lafwa, si l pa dou epi si kè l pa bon.

“Si se sa, lafwa l ak esperans li pa gen valè, paske pèsonn pa akseptab devan Bondye, eksepte si li dou e gen bon kè poze; e si yon moun dou e poze nan kè, e li konfese Jezi se Kris la avèk pouvwa Sentespri a, li dwe gen charite; paske si l pa gen charite, li pa anyen; se poutèt sa li dwe gen charite.”30

Sovè a te deklare: “Benediksyon pou moun ki dou yo, paske y ap eritye tè a.”31 Dousè se yon aspè esansyèl nan nati divin nan epi nou ka resevwa l ak kiltive l pèsonèlman nan lavi nou gras ak Sakrifis Ekspyatwa Sovè a.

Mwen temwaye ke Jezikri se Redanmtè resisite ki vivan an. Epi m pwomèt ke l ap gide nou, pwoteje nou ak fòtifye nou si nou mache nan dousè Lespri li. Mwen deklare temwayaj sèten mwen konsènan verite ak pwomès sa yo, nan non sakre Senyè a, Jezikri, amèn.