Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 138


Seksyon 138

Yon vizyon Prezidan Joseph F. Smith te resevwa nan Salt Lake City, Utah, 3 Oktòb 1918. Nan Ouvèti mesaj li a pandan 89èm Konferans Jeneral Semi Anyèl Legliz la, 4 Oktòb 1918, Prezidan Smith te deklare li te resevwa plizyè kominikasyon diven pandan mwa pase yo. Youn ladan yo konsènan vizit Sovè a te fè lespri mò yo pandan kò L te nan tonb la, Prezidan Smith te resevwa l jou anvan an. Li te ekri imedyatman apre konferans lan te fini. Nan 31 Oktòb 1918, yo te soumèt li devan konseye yo ki nan Premye Prezidans lan, Konsèy Douz yo, ak Patriyach la, epi yo te aksepte l an jeneral.

1–10, Prezidan Joseph F. Smith medite sou ekriti Pyè yo ak vizit Senyè nou an nan mond dèzespri yo; 11–24, Prezidan Smith wè mò moun ki jis yo rasanble nan yon paradi ak Kris la pami yo; 25–37, Li wè kòman predikasyon levanjil la te òganize nan mond dèzespri yo; 38–52, Li wè Adan, Èv, ak anpil nan pwofèt sen yo nan mond dèzespri a ki te konsidere sitiyasyon lespri yo anvan rezirèksyon yo a kòm yon esklavaj; 53–60, Mò jis yo, jouk kounyeya, ap kontinye travay yo nan mond dèzespri a.

1 Jou twa Oktòb, nan ane mil nèfsan disyuit la, m te chita nan chanm mwen ap medite sou ekriti yo;

2 Epi m t ap reflechi sou gran sakrifis ekspyatwa Pitit Gason Bondye a te fè pou redanmsyon mond lan;

3 Ak gran amou mèveye Papa a ak Pitit Gason an te montre nan vini Redanmtè a nan mond lan;

4 Pou, lagras ak ekspyasyon li a, epi nan obeyisans prensip levanjil la, limanite kapab sove.

5 Pandan m te angaje konsa, panse m te vire sou ekriti apot pyè yo, pou sen nan epòk primitif ki te rasanble toupatou nan Pon, Galasi, Kapadosi ak lòt pati an Azi, kote levanjil la te preche apre krisifiksyon Senyè a.

6 M te louvri Bib la epi m te li twazyèm ak katriyèm chapit ki nan premye epit Pyè a, epi pandan m t ap li, m te enpresyone anpil, plis pase sa te janm rive m anvan, avèk pasaj sa a yo;

7 “Paske Kris la te soufri yon fwa pou peche yo, limenm ki jis la pou moun ki pa jis yo, pou l kapab mennen nou bay Bondye, paske yo te touye l nan kò fizik la, men li te vivan nan Lespri a;

8 “Avèk lespri a tou li te preche lespri ki nan prizon yo;

9 “Lespri sa yo ki te dezobeyisan kèk fwa, lè pasyans Bondye te pwolonje yon fwa nan epòk Noye a, pandan bato a t ap prepare, kote sèlman kèk moun, ki vle di yuit nanm te sove nan dlo a.” (1 Pyè 3:18–20.)

10 “Se pou rezon sa a levanjil la te preche devan moun mouri yo, pou yo kapab jije tankou moun ki gen kò fizik, epi pou yo viv tankou Bondye nan lespri a.” (1 Pyè 4:6.)

11 Pandan m t ap medite sou bagay sa yo ki te ekri yo, je konpreyansyon m te louvri, epi Lespri Senyè a te repoze sou mwen, epi m wè pakèt yo, ni piti yo ni gran yo.

12 Epi te gen yon kantite konpayi lespri moun ki jis enkalkilab, ki te fidèl nan temwayaj Jezi pandan yo t ap viv nan mòtalite;

13 Epi ki te ofri sakrifis nan resanblans gran sakrifis Pitit Gason Bondye a, epi ki te soufri tribilasyon nan non Redanmtè yo a.

14 Tout moun sa yo te kite vi mòtèl la, fèm nan esperans yon rezirèksyon gloriye, pa lagras Bondye ki se Papa a, ak Sèl Pitit Gason Literal li a, Jezikri.

15 M te wè yo ranpli avèk lajwa ak kontantman, epi yo t ap rejwi ansanm, paske jou delivrans yo a t ap pwoche.

16 Yo te rasanble ap rete tann Pitit Gason Bondye a ki t ap vini nan mond dèzespri a, pou deklare redanmsyon yo anba kòd lanmò.

17 Pousyè kò yo ki t ap dòmi an ta pral restore nan fòm pafè li, zo pou zo, jwenti pou jwenti ak chè ki sou yo a, lespri ak kò a ki pral reyini pou yo pa janm divize ankò, pou yo kapab resevwa yon lajwa toutantye.

18 Pandan gran miltitid sa a t ap rete tann epi yo t ap pale, yo t ap rejwi nan lè delivrans yo a anba chenn lanmò, Pitit Gason Bondye a te parèt, li te deklare libète pou prizonye ki te fidèl yo;

19 Epi se la li te preche yo levanjil etènèl la, doktrin rezirèksyon an ak redanmsyon limanite anba chit Adan an, epi anba peche endividyèl sou kondisyon repantans.

20 Men, li pa t ale kote mechan yo, epi pami ate yo ak moun ki pa repanti yo, ki te denigre tèt yo nan kò fizik la, vwa li pa t leve;

21 Ni tou rebèl yo ki te rejte temwayaj ak avètisman ansyen pwofèt yo pa t wè prezans li, ni tou yo pa t gade figi l.

22 Kote moun sa yo te ye a, tenèb te reye, men, kote moun ki jis yo te gen lapè;

23 Epi sen yo te rejwi nan redanmsyon yo a, yo te pliye jenou yo epi yo te rekonèt Pitit Gason Bondye a kòm redanmtè yo ak liberatè yo anba lanmò ak chenn lanfè.

24 Aparans yo te briye, epi limyè ki te soti nan prezans Senyè a te repoze sou yo, epi yo te chante chan pou non sen li a.

25 M te etone, paske m te konprann Sovè a te pase anviwon twazan nan ministè a pami Juif yo, ak moun ki fè pati nan kay Izrayèl yo, li t ap fè efò pou ansenye yo levanjil etènèl la epi pou l rele yo nan repantans;

26 Epi malgre travay pisan li yo, ak mirak yo, ak pwoklamasyon verite a avèk gwo pouvwa epi avèk otorite, te gen sèlman kèk moun ki te koute vwa l, epi ki te rejwi nan prezans li, epi ki te resevwa sali nan men l.

27 Men, ministè li pami moun ki te mouri yo te limite, akoz ti tan brèf ki te pase ant krisifiksyon ak rezirèksyon li a;

28 Epi m te poze tèt mwen kesyon sou pawòl Pyè yo—kote l te di konsa Pitit Gason Bondye a te preche lespri ki te nan prizon yo ki te dezobeyisan, lè pasyans Bondye te pwolonje pandan epòk Noye a—epi kòman sa te posib pou l preche lespri yo, epi pou akonpli devwa ki nesesè pami yo nan yon ti tan si kout.

29 Epi pandan m t ap poze tèt mwen kesyon, je m te louvri, epi konpreyansyon m te chanje, epi m te wè Senyè a pa t ale an pèsòn pami mechan yo ak dezobeyisan yo ki te rejte verite a, pou l preche yo;

30 Men gade, pami moun ki jis yo li te òganize fòs li epi l te chwazi mesaje, ki te abiye avèk pouvwa epi avèk otorite, epi l te otorize yo pou y ale epi pou yo pote limyè levanjil la pou moun ki te nan tenèb yo, menm pou tout lespri lèzòm; epi se konsa levanjil le te preche devan mò yo.

31 Epi mesaje ki te chwazi yo t ale deklare jou lagras Senyè a, epi yo te pwoklame libète pou prizonye ki te mare yo, sa vle di tout moun ki te vle repanti nan peche yo pou yo resevwa levanjil la.

32 Se konsa levanjil la te preche devan moun ki te mouri nan peche yo, san konesans verite a, oubyen nan transgresyon, ki te rejte pwofèt yo.

33 Yo te ansenye moun sa yo lafwa nan Bondye, repantans pou peche, batèm pa pwokirasyon pou padon peche yo, don Sentespri a anba enpozisyon men,

34 Ak tout lòt prensip levanjil la ki te nesesè pou yo konnen pou yo kapab kalifye tèt yo pou yo kapab jije tankou moun ki gen kò fizik epi pou viv tankou Bondye nan lespri a.

35 Epi se konsa nouvèl la te gaye pami mò yo, ni piti yo ni gran yo, enjis yo ak sa ki fidèl yo tou, pou fè konnen redanmsyon te vin reyalize pa mwayen sakrifis Pitit Gason Bondye a sou kwa a.

36 Konsa, nouvèl la te pibliye pou fè konnen, Redanmtè nou an te pase tan l pandan sejou li nan mond dèzespri a ap enstwi epi ap prepare lespri fidèl pwofèt li yo ki te temwaye konsènan li nan kò fizik la;

37 Pou yo kapab pote mesaj redanmsyon an bay tout mò yo, mò li pa t kapab vizite pèsonèlman yo, poutèt rebelyon ak transgresyon yo, pou yo kapab tande pawòl li yo pa mwayen ministè sèvitè li yo.

38 Pami gran toupuisan ki te rasanble nan pakèt asanble moun jis sa yo, te gen Papa Adan, Nonm ansyen tan an ki se papa tout moun,

39 Ak Manman gloriye nou an, Èv, avèk anpil nan pitit fi fidèl li yo ki te viv nan tout epòk yo epi ki te adore vrè Bondye vivan an.

40 Abèl, premye moun ki te mouri matirize a te la tou, ak frè li a, Sèt, youn nan toupisan yo, ki te nan imaj egzat papa li, Adan.

41 Noye, ki te bay avètisman pou delij la; Sèm, gran gran prèt; Abraram, papa lafwa a; Izarak, Jakòb, ak Moyiz, gwo nèg ki te bay Izrayèl lalwa a;

42 Epi Ezayi ki te deklare pwofesi pou fè konnen Redanmtè a te resevwa onksyon pou soude kè brize yo, pou pwoklame libète pou kaptif yo, epi pou louvri prizon pou moun ki te mare yo, te la tou.

43 An plis, Ezekyèl, Bondye te montre gwo vale plen zo sèk yo nan vizyon an, ki te gen pou yo abiye avèk chè yo, epi ki te gen pou leve ankò nan rezirèksyon mò yo, kòm nanm vivan yo;

44 Danyèl ki te wè epi ki te predi etablisman wayòm Bondye a nan dènye jou yo, wayòm ki te gen pou l pa janm detwi ankò a ni tou Bondye pa t ap janm bay lòt moun nan;

45 Elyas ki te avèk Moyiz sou mòn transfigirasyon an;

46 Ak Malachi, pwofèt ki te temwaye aparisyon Eli a—Eli sa Mowoni te pale Pwofèt Joseph Smith la, ki te deklare li gen pou vini anvan kòmansman gran jou terib Senyè a—te la tou.

47 Pwofèt Eli te gen pou l plante nan pitit yo, pwomès ki te fèt pou zansèt yo,

48 Li t ap pale konsènan gwo travay yo ki te gen pou fèt nan tanp Senyè a nan dispansasyon toutantye tout tan yo, pou redanmsyon mò yo, ak sele pitit yo avèk paran yo, pou tout tè a pa frape anba malediksyon epi pou l pa detwi nèt lè l ap vini.

49 Tout moun sa yo ak anpil lòt, menm pwofèt ki te rete pami Nefit yo epi ki te temwanye konsènan vini Pitit Gason Bondye a, te melanje avèk pakèt asanble a epi yo t ap rete tann delivrans,

50 Paske mò yo te konsidere gran espas tan lespri yo te rete san kò a kòm yon esklavaj.

51 Se moun sa yo Senyè a te ansenye, epi l te ba yo pouvwa pou yo leve, apre rezirèksyon li pami mò yo, pou yo antre nan wayòm Papa li a, nan kote sa a, pou kouwone yo avèk imòtalite epi avèk lavi etènèl,

52 Epi pou yo kontinye travay yo depi lè sa a, jan Senyè a te pwomèt la, epi pou yo patisipe nan tout benediksyon ki te rezève pou moun ki renmen l yo.

53 Pwofèt Joseph Smith, ak papa m, Hyrum Smith, Brigham Young, John Taylor, Wilford Woodruff, ak lòt lespri espesyal ki te rezève pou vini nan tout tan yo, pou fè pati nan poze fondasyon gwo travay dènye jou sa a,

54 Ansanm avèk konstriksyon tanp yo ak akonplisman òdonans nan tanp yo, pou redanmsyon yo, te nan mond dèzespri a tou.

55 M te remake tou, yo te pami gwo mesye nòb ki te chwazi depi nan kòmansman yo, pou vin tounen dirijan nan Legliz Bondye a.

56 Menm anvan yo te fèt, ansanm avèk anpil lòt, yo te resevwa premye leson yo nan mond kote lespri yo te ye a, epi yo te pare pou yo leve nan tan ki apwopriye pou Senyè a, pou yo travay nan jaden li a pou sali nanm lèzòm.

57 M te wè ansyen yo ki fidèl nan dispansasyon sa a, lè yo te kite vi mòtèl la, yo te kontinye travay yo nan preche levanjil repantans ak redanmsyon an, pa mwayen sakrifis Sèl Pitit Gason Literal Bondye a, pami moun ki nan tenèb ak anba esklavaj peche yo, nan gran mond dèzespri mò yo.

58 Mò ki repanti yo pral rachte pa obeyisans òdonans ki nan kay Bondye a.

59 Epi apre yo fin peye chatiman pou transgresyon yo, epi yo lave pwòp, yo pral resevwa rekonpans yo daprè zèv yo, paske yo se eritye sali a.

60 Se konsa Bondye te revele m redanmsyon mò yo, epi m rann temwayaj, epi m konnen temwayaj sa a se verite, pa mwayen Benediksyon Senyè a ak Sovè nou an, Jezikri, se konsa sa ye. Amèn.