Èd pou Etid
Ezekyèl


Ezekyèl

Yon pwofèt ki te ekri liv Ezekyèl la nan Ansyen Testaman an. Se te yon prèt nan fanmi Zadòk la epi youn nan Juif Nebikadneza te mennen kaptif yo. Li te tabli avèk Juif ekzile yo nan Babilòn epi li te pwofetize pandan yon peryòd 22 ane, depi nan 592 jis nan 570 anvan Jezikri.

Liv Ezekyèl la

Liv Ezekyèl la kapab separe fè kat divizyon. Chapit 1–3 rakonte vizyon Bondye ak apèl Ezekyèl te resevwa pou l sèvi; chapit 4–24 pale konsènan jijman ki te tonbe sou Jerizalèm epi poukisa yo te tonbe; chapit 25–32 pwoklame jijman sou; epi chapit 33–48 anrejistre vizyon konsènan Izrayèl nan dènye jou a.