Èd pou Etid
Danyèl


Danyèl

Pèsonaj prensipal liv Danyèl la nan Ansyen Testaman an; yon pwofèt Bondye epi yon nonm ki gen anpil lafwa.

Nou pa konnen anyen sou paran l yo byenke li sanble li te desandan wa (Dan. 1:3). Yo te mennen l kaptif nan Babilòn kote yo te ba li non Bèltechaza (Dan. 1:6–7). Danyèl avèk twa lòt kaptif te refize manje manje wa a poutèt relijyon yo (Dan. 1:8–16).

Nebikadneza ak Dariyis te fanatik Danyèl poutèt pouvwa li te genyen pou l entèprete rèv (Dan. 2; 4; 6). Li te li epi li te entèprete ekriti sou mi an (Dan. 5). Ènmi l yo te fè konplo kont li, epi yo te voye l nan twou lyon yo, men Senyè a te proteje lavi l (Dan. 6).

Liv Danyèl la

Liv la gen de pati: chapit 1–6 se istwa Danyèl avèk twa konpayon l yo; chapit 7–12 se vizyon pwofetik Danyèl te fè yo. Liv la anseye kòman sa enpòtan lè yon moun klè devan Bondye epi li montre Senyè a beni moun ki kwayan.

Youn nan kontribisyon kapital liv la se entèpretasyon rèv wa Nebikadneza a. Nan rèv la, wayòm Bondye a nan dènye jou yo parèt tankou yon wòch ki rache soti nan yon mòn. Wòch l ap woule jistan li ranpli tout tè a (Dan. 2; gade tou nan D&A 65:2).