Konferans Jeneral
Renmen Pwochen W
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Renmen Pwochen W

Konpasyon se yon kalite Kris la. Li soti nan lanmou pou lòt moun epi li pa gen limit.

Maten an, mwen envite nou akonpaye mwen nan yon vwayaj an Afrik. Ou pap wè ankenn lyon, zèb, oswa elefan, men petèt nan fen vwayaj la, w ap wè kijan dè milye manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ap reponn ak dezyèm gran kòmandman Kris la pou nou “renmen pwochen nou” (Mak 12:31).

Imajine pou yon moman, pousyè rouj nan lari an Afrik la. Ou ka wè sou tè sèk ki steril la ke lapli pa t tonbe an kantite sifizan pou anpil ane. Kèk grenn bèf ou kwaze sou chemen w yo gen plis zo pase vyann e bèje Karamajong ki t ap mennen yo a te kouvri ak yon lèn, ak sandal nan pye l, y ap mache deside nan lespwa pou yo jwenn zèb ak dlo.

Pandan w ap navige sou move wout wòch la, ou wè plizyè gwoup bèl timoun epi ou mande tèt ou poukisa yo pa lekòl. Timoun yo souri epi yo voye men ba ou, epi ou voye men ba yo tou avèk dlo nan je w epi yon souri. Katreven douz pousan timoun ki pi jèn ou wè nan vwayaj sa a ap viv nan povrete pou manje epi kè ou ap jemi anba doulè.

Pi devan, ou wè yon manman k ap pote yon bokit senk galon dlo yo byen balanse sou tèt li ak yon lòt nan men li. Li reprezante you nan chak 2 kay nan zòn sa a kote fi, kel te jèn oswa vye, mache plis pase trant minit ale retou, chak jou ale nan yon sous dlo pou fanmi yo. yon vag chagren anvayi ou.

Imaj
Fanm Afriken k ap pote dlo.

Dezèdtan pase epi ou rive nan yon ti kote apa nan yon ti lonbraj. Kote reyinyion an fèt la pa yon gran sal oswa menm yon tant men pito se anba yon gwo pyebwa pou abrite kont solèy cho a. Nan kote sa a, ou remake pa gen dlo k ap koule, ni kouran, ni flòch twalèt. Ou gade alantou a e ou konnen ou nan mitan yon pèp ki renmen Bondye e ou imedyatman santi lanmou Bondye pou yo. Yo te rasanble pou resevwa èd ak espwa, e ou te rive pou pataje li.

Sete sejou Sè Ardern avè m, an konpayi de Sè Camille Johnson, Prezidant Jeneral Sosyete Sekou nou an ak mari li Doug ak Sè Sharon Eubank, direktè Sèvis Imanitè Legliz la, pandan nou te vwayaje nan Uganda, yon peyi ki gen 47 milyon moun nan Afrik Santral Zòn Legliz la. Jou sa a, anba lafrèch pyebwa yo, nou te vizite yon pwojè sante kominotè ki finanse pa Sèvis Imanitè Legliz la ansanm ak Inisèf, ak Ministè Sante Gouvènman Uganda a. Yo se òganizasyon de konfyans, chwazi ak prekosyon pou asire ke fon imanitè yo bay pou manm Legliz yo itilize avèk pridans.

Imaj
Timoun Afriken k ap resevwa swen.

Malgre sa t ap dechire kè nou pou nou wè timoun malnouri sa yo ak efè tibèkiloz, malaria, ak dyare san rete yo, nou chak te vin gen plis espwa pou yon demen miyò pou moun nou rankontre yo.

Imaj
Manman k ap bay pitit li manje.

Espwa sa a te vini, anpati, gras ak jantiyès manm Legliz yo toupatou nan mond lan ki bay tan ak lajan nan efò imanitè Legliz la. Lè m te wè malad ak aflije yo jwenn èd ak rekonfò, mwen te koube tèt mwen an gratitid. Nan moman sa a, mwen te pi byen konprann kisa Wa tout wa yo te vledi, lè l te deklare:

“Vini, noumenm Papa m beni, vin eritye wayòm ki prepare pou nou an … :

“Mwen te grangou, epi w te ban m manje; mwen te swaf dlo, epi w te ban m bwè. Mwen te lwen peyi m, ou te resevwa m lakay ou” (Matye 25:34–35).

Rekòmandasyon Sovè a se pou nou “ Kite limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n ap fè yo, ya fè lwanj Papa nou ki nan syèl la” (Matthew 5:16; gade tou vèsè 14–15). Nan kwen byen lwen sa a sou latè, bon zèv ou yo te klere lavi yo epi te soulaje fado yon pèp nan bezwen dezespere epi Bondye te glorifye.

Jou cho chaje pousyè sa a, mwen te swete nou te ka tande priyè louwanj ak gratitid yo anvè Bondye. Yo ta renmen mwen di nou nan langaj natal Karnamajong yo, “Alakara.” Mèsi.

Vwayaj nou an te raple m parabòl Bon Samariten an, kote vwayaj li te mennen li sou yon chemen pousyè, ki pa diferan de sa mwen te dekri a, yon wout ki soti Jerizalèm pou ale Jeriko. Misyonè samariten sa a ansenye nou sa sa vle di pou “renmen vwazen ou.”

Li te wè “yon nonm … [ki] ta pral Jeriko. Kèk ansasen atake l, yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka mò” (Lik 10:30). Samariten an “te gen konpasyon pou li” (Lik10:33).

Konpasyon se yon kalite Kris la. Li soti nan lanmou pou lòt moun epi li pa gen limit. Jezi, Sovè mond lan, se pi gwo egzanp konpasyon. Lè nou li ke “Jezi te kriye” (Jan 11:35), nou se temwen, menmjan ak Mary ak Martha, de konpasyon Li ki te koz anpremye, kè l tap fann epi Li te twouble (gade Jan 11:33). Nan yon egzanp nan Liv Mòmon an sou konpasyon Kris la, Jezi te parèt devan yon miltitid epi l te di:

Èske nou gen moun ki paralize, oubyen avèg, obyen k ap bwate … oubyen ki soud, oubyen ki aflije nan nenpòt fason? Mennen yo vini e m ap geri yo, paske m gen konpasyon pou nou; zantray mwen chaje avèk mizèrikòd. …

“. … Epi li te geri yo tout” (3 Nefi 17:7, 9).

Malgre tout efò nou, oumenm ak mwenmenm pap geri tout moun men nou chak kapab tounen moun ki ka fè yon diferans positif nan lavi yon moun. Sete yon sèl moun, jis yon ti gason, ki te ofri senk pen ak de pwason ki te nouri 5 mil moun yo. Yo ka mande nou ofrann nou yo, jan Andre disip la te fè pou pen ak pwason yo, “Kisa yo ye pami anpil lòt?” (Jan 6:9). Mwen asire nou, li sifi pou bay oswa fè sa w kapab epi apresa pèmèt Kris la fè rès la.

Sou pwen sa a, Èldè Jeffrey R. Holland te envite nou, “rich oubyen pòv, … pou ‘fè sa nou kapab‘ lè lòt moun nan bezwen.” Epi Li te temwaye, e mwenm tou, ke Bondye “ap ede w epi gide w nan aksyon disip konpatisan [w] yo” (“Èske Nou Tout Pa Mandyan?,” Liahona, Nov. 2014, 41).

Nan tè byen lwen sa a, nan jou inoubliyab sa a, mwen te kanpe lè sa a epi mwen kanpe kounyea kòm temwen sou konpasyon emouvan ak salitè manm yo nan Legliz la, ni rich ni pòv.

Parabòl Bon Samariten an kontinye pandan li “te panse blesi mesye a…epi pran swen li” (Lik 10:34). Efò èd imanitè Legliz nou an pèmèt nou aji rapidman nan dezas natirèl yo epi panse blesi mond la toutan ki se maladi, grangou, lafen, malnitrisyon, deplasman, ak blesi nou souvan pa wè yo ki se dekourajman, desepsyon ak dezespwa.

Apresa, Samariten an “te pran de santim, li te bay mèt kay la, li di li: Pran swen li” (Lik 10:35). Antanke Legliz, nou rekonesan pou kolabore ak lòt “Dirijan” oswa òganizasyon tankou Catholic Relief Services (Sèvis Antrèd Katolik), UNICEF, ak Lakwa Wouj/Croix Rouge, pou ede nan efò imanitè nou yo. Nou egalman rekonesan pou “de santim” ou oswa de ero, de peso, oswa de shilling, ki ap soulaje fado twòp moun atravè mond lan ap pote. Li pa fasil pou w konnen moun ki resevwa tan w, dola, ak santim ou, men konpasyon pa mande pou nou konnen yo, li sèlman mande pou nou renmen yo.

Mèsi, Prezidan Nelson, paske w fè nou sonje ke “lè nou renmen Bondye ak tout kè nou, Li vire kè nou sou byennèt lòt moun” (“Dezyèm Gran Kòmandman an,” Liahona, Mwen temwaye ke nou chak ap gen plis lajwa, lapè, imilite ak lanmou pandan n ap reponn apèl Prezidan Nelson nan pou nou vire kè nou vè byennèt lòt moun ak demann Joseph Smith te fè nou pou nou “bay moun ki grangou yo manje, abiye moun ki toutouni yo, bay moun ki vèv yo, seche dlo nan je yo òfelen an, [epi] rekonfòte aflije yo, kit se nan Legliz sa a, oswa nan nenpòt lòt, oswa nan okenn legliz ditou, kèlkeswa kote [nou jwenn] yo” (Joseph Smith, Times and Seasons15 Mas, 1842.)

Imaj
Èldè Ardern ak Prezidant Camille N. Johnson avèk timoun afriken yo.

Tout mwa pase sa yo, nou te jwenn moun ki te grangou ak moun ki aflije yo sou yon plenn ki sèk ak pousyè e nou te temwen rega siplikasyon yo pou èd. Nan pwòp fason pa nou, nou te plenn nan lespri e nou te boulvèse (gade Jan 11:33), e poutan santiman sa yo te apeze lè nou te wè konpasyon manm Legliz yo an aksyon pandan moun ki te grangou yo te jwenn manje, vèv yo te jwen swen, aflije yo te rekonfòte e dlo nan je yo te seche.

Se pou nou toujou veye sou byennèt lòt moun epi montre nan pawòl ak aksyon nou ke nou “gen dezi pou youn pote fado lòt” (Mozya 18:8), pou nou“panse moun ki gen kè brize yo” (Doktrin ak Alyans 138:42), epi pou nou respekte dezyèm gwo kòmandman Kris la pou “renmen pwochen w” lan (Mak 12:31). Nan non Jezikri, amèn.