Konferans Jeneral
Sou Chemen Devwa Yo
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Sou Chemen Devwa Yo

Oumenm ki jodi a ap mache annavan sou chemen devwa w la, ou se fòs Legliz retabli Sovè a.

M priye sensèman pou èd Sentespri a pandan kounyea, m ap eksprime amou m, admirasyon, ak gratitid pou manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye-jou yo nan tout mond la.

Moun Dènye Wagon yo

Ane 1947 la te make 100tyèm anivèsè premye pyonye Sen Dènye Jou yo ki te rive nan Vale Salt Lake la. Anpil selebrasyon memorab te fèt pandan ane sa a, epi moun te ofri pakèt ekspresyon gratitid kòm omaj pou disip devwe Jezikri ki te trase santye yo, bati kay, plante jaden nan dezè enfètil la, ak tabli kominote yo.

Prezidan J. Reuben Clark, Premye Konseye nan Premye Prezidans la, te rann youn nan omaj ki pi memorab ak pi touchan pou pyonye fidèl sa yo nan konferans jeneral Oktòb 1947 la.

Nan mesaj li a, Prezidan Clark te brèfman rekonèt dirijan byen-koni yo ki te gide migrasyon pou ale nan lwès la, tèlke Brigham Young, Heber C. Kimball, Wilford Woodruff, Parley P. Pratt, ak anpil lòt. Sepandan, objektif prensipal li se pa t pou rakonte akonplisman moun ki te diy pou louwanj sa yo. Depreferans, li te konsantre remak li yo sou nanm vanyan, ke moun pa t konn non yo, ni tou non yo pa anrejistre ofisyèlman nan istwa Legliz la. Tit enstriktif mesaj li a se, “Moun Dènye Wagon yo.”1

Prezidan Clark te dekri an gran detay karakteristik ak difikilte imigran ki te vwayaje nan dènye wagon kouvri yo te rankontre, nan chak wagon tren long yo, ki te travèse plèn yo. Li te louwe ewo anonim ke moun pat selebre sa yo, ki, jou apre jou, semèn apre semèn, epi mwa apre mwa, te sifoke anba pousyè tout wagon ki te devan yo t ap voye sou yo—epi ki te simonte obstak konstan yo te rankontre sou wout la.

Prezidan Clark te deklare, “Moun Dènye Wagon yo te mache annavan, ize ak fatige, doulè-nan -pye, kèkfwa, prèske kè brize, soutni avèk lafwa yo ke Bondye renmen yo, ke levanjil retabli a se verite, epi Senyè a t ap kondi ak dirije frè ki te devan yo.”2

Li te fini mesaj li a avèk omaj emouvan sa a: “A nanm plen imilite sa yo, ki gen gran nan lafwa, ki gran nan travay, gran nan viv avèk jistis, gran nan modle eritaj inestimab nou an, mwen enbleman eksprime lanmou mwen, respè mwen, omaj plen reverans mwen.”3

Pa Mwens Itil

An 1990, Prezidan Howard W. Hunter, ki te Prezidan Kowòm Douz Apot yo lè sa a, te delivre yon mesaj konsènan kontribisyon endispansab pakèt manm Legliz ki sèvi avèk dilijans fidèlman epi ki resevwa tikras oubyen okenn rekonesans oswa louwanj piblik.

Prezidan Hunter te eksplike:

“Moun te di [konsènan jèn kapitèn vanyan an, Mowoni]:

“‘Wi, an verite, an verite, m di nou, si tout moun te, e jamè ta tankou Mowoni, gade menm pouvwa lanfè yo t ap tranble pou tout tan; wi, dyab la pa t ap janm gen pouvwa sou kè lèzòm’ (Alma 48:17).

“Ala yon konpliman pou mesye selèb ak puisan sa a. … De vèsè apre gen yon deklarasyon konsènan Elaman ak frè l yo, ki te jwe yon wòl mwens vizib pase pa Mowoni an, ki di:

“‘Kounyeya gade, Elaman ak frè l yo pa t itil pèp la mwens pase Mowoni‘ (Alma 48:19).”

Prezidan Hunter te kontinye, “Otreman di, malgre Elaman pa t otan remakab ak vizib tankou Mowoni, li te itil; ki vle di, li te otan itil ak otan nesesè ke Mowoni.”4

Prezidan Hunter te konseye nou tout pou nou pa mwens itil. Li te di: “Si w santi ke majorite sa w fè ane sa a oubyen nan ane k ap vini yo pa fè w trè popilè, pran kouraj. Majorite nan pi bon moun ki te janm viv yo pa t popilè anpil nonplis. Sèvi epi pwogrese, fidèlman epi trankilman.”5

Sou Chemen Devwa Yo

Mwen rekonesan pou dèmilyon manm Legliz la k ap vin jwenn Sovè a jodia6 epi k ap mache annavan sou chemen alyans la nan dènye wagon tren kontanporen nou yo—epi ki reyèlman pa mwens itil. Lafwa solid nou nan Pè Selès ak nan Senyè Jezikri ak lavi san pretansyon ak konsakre nou enspire m pou m vin yon pibon moun ak yon pi bon disip.

Mwen renmen nou. Mwen admire nou. Mwen remèsye nou. Epi mwen felisite nou.

Yon deklarasyon Samyèl, Lamanit la nan Liv Mòmon an.

“Reyèlman, majorite ladan yo ap mache nan chemen devwa yo, epi y ap mache nan lòd devan Bondye, yo eseye respekte kòmandman li yo ak règleman li yo. …

“Wi, m ap di nou konsa, majorite ladan yo fè sa, e y ap fè efò ak dilijans, san yo pa fatige, pou yo kapab mennen rès frè yo nan konesans verite a”7

M kwè ke fraz “sou chemen devwa yo a” dekri frè ak sè ki, avèk disènman, ap chèche jwenn epi chita bò kote moun ki poukont yo nan reyinyon Legliz yo, ak nan yon varyete lòt sitiyasyon. Yo konstamman efòse yo pou “rekonfòte moun ki nan bezwen rekonfò,”8 san rete tann rekonesans oubyen louwanj.

Fraz “sou chemen devwa yo a” dekri konjwen ak pitit ki soutni yon konpayon, paran, oubyen pitit k ap sèvi nan pozisyon dirijan nan Legliz retabli Senyè a. Soutyen trankil ak, konstan yo, ke moun pa rekonèt, rann posib pou pakèt moun ak fanmi resevwa benediksyon nan fason ki pral sèlman rekonèt nan letènite.

Fraz “sou chemen devwa yo a” dekri moun ki, te vire do bay bondye, k ap re-tounen vin jwenn Li yon fwa ankò avèk imilite,9 k ap repanti pou peche yo, epi k ap chèche pouvwa Ekspyasyon Sovè a pou lave ak geri yo. Vin jwenn Kris la10 nan retounen sou chemen alyans lan, apre nou soti nan detou peche ki sou “chemen defandi yo”11 se yon bagay ki espirityèlman esansyèl epi ki egzijan nan lajistis. Pandan y ap mache annavan avèk lafwa, epi san yo pa fatige fè byen an, y ap poze fondasyon yon gran travay nan lavi endividyèl yo,12 “pou tout jenerasyon epi pou tout letènite.”13

Fraz “sou chemen devwa yo a” dekri moun ki jis, ki aspire a pran jouk Sovè a atravè alyans ak òdonans otorize yo nan levanjil Li a—men, ki pa kapab akoz faktè ki depase kontwòl yo, ki anpeche yo. Mwen pwomèt, ke tristès pèsonèI ou a pral soulaje epi obeyisans ak fidelite w pou w soumèt ou a volonte Bondye pral rekonpanse nan “tan pa Senyè a.”14 “Kriye ka dire pou yon nuit, men lajwa vini nan maten.”15

Fraz “sou chemen devwa yo a” dekri tradiktè ak entèprèt enspire yo nan tout mond lan k ap sèvi Senyè a nan ede zanmi yo ak manm yo “tande plenitid levanjil la nan lang [pa] yo, ak nan langaj [pa] yo.”16 Vwa yo, jès yo, ak dokiman yo tradui yo transmèt verite etènèl, men se sèlman kèk nan nou ki konnen non yo oubyen ki janm eksprime yo apresyasyon nou. Atravè don lang Bondye beni yo a, tradiktè yo ak entèprèt yo sèvi avèk dilijans, nan fason dezenterese, epi pi souvan, yo anonim nan ede moun resevwa don espirityèl lafwa a atravè li ak koute pawòl Bondye a.17

Fraz “sou chemen devwa yo a” dekri gason ak fi fidèl ki marye, ki onore responsablite alyans yo pou yo miltipliye ak ranpli latè a, epi ki beni avèk fòs ak enèji pou lite avèk ti pitit yo nan reyinyon sentsèn yo. Nan yon mond k ap ogmante nan konfizyon ki chaje anba kalamite ak priyorite malplase, nam kouraje sa yo pa koute vwa monden sa yo k ap aklame konfyans nan tèt yo; yo gen reverans pou sentete ak enpòtans lavi nan plan kèkontan Papa Nou Ki Nan Syèl pou Pitit Li yo.

Anpil koup marye kwè nan Bondye tou lè dezi jis yo gen nan kè yo pa reyalize nan fason ak nan lè yo te espere ak reve a. Yo “apiye yo sou Senyè a”18 epi yo pa egzije pou L respekte delè kondisyon mòtèl yo. “Paske depi nan kòmansman mond lan lèzòm pa t tande ni tou yo pa t aprann avèk zòrèy yo, ni tou okenn je pa t wè, O Bondye, eksepte ou menm, ki gran bagay ou pare pou [moun] k ap rete tann ou.”19

Fraz “sou chemen devwa yo a” dekri dèmilye ak dèmilye dirijan gadri timoun ak enstriktè Primè ki renmen epi ki enstwi timoun yo nan Legliz la chak jou Saba.

Konsidere enpak etènèl sèvis disip devwe sa yo ap rann yo—ak benediksyon mèveye Senyè a pwomèt moun k ap sèvi timoun yo.

“Epi [Jezi] te pran yon timoun piti, epi l te mete l nan mitan yo: epi lè l te fin mete l nan bra l, li te di yo,

“Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa nan non mwen, li resevwa m, epi nenpòt ki resevwa m, li resevwa moun ki te voye m nan.”20

Fraz “sou chemen devwa yo a” dekri pitit devwe k ap pran swen paran yo ki aje, yon manman san somèy k ap rekonfòte yon pitit ki pè, pandan l ap fè patwouy devan “pòt manman lyon an” lakay li,21 Manm Legliz ki rive bonè epi yo rete ta pou depliye ak pliye chèz, ak moun enspire ki envite fanmi, zanmi ak asosye vin wè, vin ede, epi vin rete.22

Mwen dekri sèlman kèk egzanp sou disip Jezikri devwe, k ap respekte alyans yo, tankou oumenm, k ap mache annavan “sou chemen devwa [w] la.” Nou jwenn dèmilyon egzanp adisyonèl konsènan Sen Dènye Jou ki ofri “tout nanm yo”23 bay Bondye nan fwaye ki santre sou Kris la ak nan inite Legliz yo toupatou nan mond la.

Nou renmen epi nou sèvi, nou koute ak aprann, nou pran swen ak konsole, epi nou anseye ak temwaye pa pouvwa Sentespri a. Nou jene ak priye souvan, nou vin gen plis fòs nan imilite, epi nou vin pi fèm nan lafwa Kris la “jistan nanm [ou] ranpli ak lajwa ak konsolasyon, wi, menm jistan kè [ou] te pirifye epi li te sanktifye; sanktifikasyon sa a te fèt paske … ou te lage kè [ou] bay Bondye”24

Pwomès ak Temwayaj

Moun dènye wagon yo, tout moun ki pa mwens itil yo, epi noumenm ki jodia ap avanse annavan sou santye devwa w yo, nou se fòs Legliz retabli Sovè a. Epi, jan Senyè a pwomèt la, “tout twòn ak dominasyon yo, otorite ak pouvwa yo, pral revele epi yo pral tabli sou tout moun ki te pèsevere avèk vanyans pou levanjil Jezikri a.”25

Avèk lajwa, m temwaye ke Pè Selès la ak Pitit Gason Byenneme Li a vivan, epi pwomès Yo asire, nan non sakre Senyè Jezikri, amèn.