Konferans Jeneral
Au grand prophète
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Au grand prophète

Konbyen nou beni an abondans pou nou konnen tout sa nou konnen poutèt nou gen Joseph Smith, pwofèt dènye dispansasyon tan sa a.

Chè frè m ak sè m yo, m onore paske m avèk nou maten an. M priye pou Senyè a beni m.

Je m yo pa jan yo te konn ye anvan an. M t al wè doktè je a, epi m te di l, “M pa ka wè telepwonptè a.”

Epi l te di, “Ebyen, je w yo aje. Yo pap chanje.”

Konsa, m ap fè tout sa m kapab.

M ta renmen pataje avèk nou kèk bagay ki nan panse m. Se kòmsi mwen gen Pwofèt Joseph nan lespri m anpil nan dènye mwa sa yo. Mwen chita epi m medite sou responsablite gloriye li nan vin tounen pwofèt dispansasyon sa a, dispansasyon plenitid tan yo.

M panse kouman nou rekonesan kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jjou yo dèske Joseph Smith, yon tigason ki te vle konnen kisa pou l fè pou peche l yo te ka padone, te jwenn kouraj pou l te ale nan yon forè pyebwa pre lakay li nan Palmyra, New York, epi se la li te ajenou ap priye, epi—dapre deklarasyon pa l—li priye a vwa fò pou premye fwa (gade nan Istwa—Joseph Smith 1:14

Nan okazyon sa a, pandan Joseph te sou jenou l nan kote nou rele Boskè Sakre a, syèl la te ouvè. De pèsonaj, ki te pi klere pase solèy midi, te parèt devan l. Youn te pale avèk li epi l te di, “[Joseph,] sa se Pitit Gason Byenneme m nan. Koute l!” (Istwa—Joseph Smith 1:17). Se konsa Retablisman total levanjil etènèl Jezikri a te kòmanse.

Paske Jezi, Sovè ak Redanmtè nou an, te pale avèk tigason an, Joseph, epi L te ouvri dispansasyon tan n ap viv kounyea, nou chante, “Au grand prophète!” (“Au, grand prophète,” Cantiques, no. 16). Nou remèsye Senyè a pou Joseph Smith ak pou kouraj li pou l t ale nan boskè pyebwa sa a an 1820, pre lakay li nan Palmyra, New York la.

M ap panse a tout bagay mèveye ke nou konnen ak tout bagay nou genyen. Frè ak sè byenneme m yo, temwayaj mwen pou nou maten an se ala nou beni an abondans dèske nou konnen tout sa nou konnen yo akoz Joseph Smith, pwofèt dènye dispansasyon tan sa a.

Nou gen yon konpreyansyon sou objektif lavi a, sou kiyès nou ye.

Nou konnen kiyès Bondye ye; nou konnen kiyès Sovè a ye, paske nou gen Joseph, ki te ale nan boskè pyebwa a, kòm yon tigason, t al reyèlman chèche padon pou peche l yo.

M panse se yonn nan bagay ki pi glorye ak mèveye ke nenpòt moun nan mond sa a ka konnen, ke Papa nou ki nan Syèl la ak Senyè Jezikri te revele Tèt yo nan dènye jou sa a epi Joseph Smith te aple pou retabli plenitid levanjil etènèl Jezikri a.

Nou gen Liv Mòmon an. Ala yon kado mèveye ak mayifik Liv Mòmon an ye pou manm Legliz yo. Li se yon lòt temwen, yon lòt temwayaj ke Jezi se Kris la. Nou genyen l paske Joseph te diy pou l t al chèche plak yo, syèl la te enspire l pou l te tradui yo atravè don ak pouvwa Bondye epi pou l te bay mond lan liv la.

Malgre mesaj mwen an senp maten an, li pwofon, epi li ranpli avèk amou pou Pwofèt Joseph Smith ak tout moun sa yo, frè ak sè m yo, ki te soutni l epi ki te vdispoze soutni l lè l te jèn.

M ta renmen rann omaj maten an a manman l. M te toujou panse jan sa te mèveye lè Joseph te sòti nan eksperyans nan Boskè Sakre sa a epi l te di manman l sa k te pase, Lucy Mack Smith te kwè l.

M rekonesan pou papa l ak frè ak sè l yo ak fanmi l, ki te soutni l nan responsablite ekstraòdinè sa a, ke Senyè a te plase sou li pou l te vin tounen pwofèt pou retabli plenitid levanjil etènèl Jezikri a yon fwa ankò sou tè a.

Konsa, temwayaj mwen maten an sèke m konnen Jezikri se Sovè ak Redanmtè mond lan. Mwen konnen tou ke Papa nou ki nan SyèI la ak Senyè Jezikri te parèt epi yo te pale avèk Joseph epi yo te prepare l pou l te vin pwofèt.

Mwen emèveye, e mwen sèten ke anpil nan nou emèveye tou, pou fason nou beni pou nou konnen sa nou konnen konsènan okjektif nou nan lavi a, poukisa nou la a, kisa nou ta dwe eseye fè ak akonpli nan lavi nou chak jou. Nou nan pwosesis pou n eseye prepare nou, jou apre jou, pou n yon tijan pibon, yon tijan pi janti, yon tijan pi prepare pou jou sa a, k ap vini asireman, kote nou pral retounen nan prezans Papa nou ki nan Syèl la ak Senyè a, Jezikri.

Jou sa a ap pwoche yon tijan pipre pou mwen. Byento, m pral gen 95 zan. Pitit mwen yo di m ke gen jou kote yo panse m pi aje pase sa, men, pa gen pwoblèm. M ap fè tout sa m kapab.

Men, pandan 50 ane, frè m ak sè m yo, mwen te gen privilèj pou m te pakouri mond lan nan tach mwen kòm Otorite Jeneral nan Legliz la. Sete yon benediksyon mèveye. M panse ke m te ale nan prèske tout pati nan mond lan. Mwen te rankontre manm Legliz nan tout mond lan.

Oh, ala mwen renmen nou. Ala yon eksperyans mèveye sa te te—pou m te gade vizaj nou, pou m te nan prezans nou, pou m te santi amou nou genyen pou Senyè a ak retablisman levanjil Jezikri a.

Mwen swete pou Pè Selès veye sou nou kounyea epi pou L beni tout dewoulman konferans la. Epi pou nou gen Lespri Senyè a nan pwofondè kè nou, epi pou amou nou pou levanjil Jezikri a—Sovè byenneme nou an, Senyè Jezikri—ogmante pandan n ap eseye sèvi Li ak kenbe kòmandman L yo epi pou nou vin plis tankou Li kòm rezilta patisipasyon nou nan konferans jeneral la. Kèlkeswa kote nou ye nan mond sa a, se pou Bondye beni nou. Se pou Lespri Senyè a avèk nou. Se pou nou santi pouvwa syèl la pandan n ap adore ansanm nan sesyon konferans sa a.

Mwen kite temwayaj mwen kòm temwen ke m konnen Jezi se Kris la. Li se Sovè nou, Redanmtè nou. Li se pi bon zanmi nou. Nan non sakre Jezikri, amèn.