Konferans Jeneral
Èske W Vle Gen Lajwa?
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Èske W Vle Gen Lajwa?

Rete sou chemen alyans lan. Lavi w ap pi fasil, w ap gen plis kè kontan, epi w ap ranpli avèk lajwa.

Èske W Vle Gen Lajwa? Kisa ki fè w pa gen lajwa? Prezidan Nelson di: “Si w vle mizerab, kraze kòmandman yo—epi, pa janm repanti. Si w vle gen lajwa, rete sou chemen alyans lan.”1 Èske sa pa senp pou w gen kè kontan? Annik fè alyans yo epi kenbe yo nan lavi w. An nou gade kèk bagay ki kapab ede nou rete nan chemen alyans lan epi ba nou lajwa.

1. Kisa Chemen Alyans lan ye?

Dapre Èldè Dale G. Renlund: “Tèm chemen alyans lan fè referans avèk yon seri alyans kote nou vin jwenn Kris la epi nou konekte avèk Li. Atravè lyen alyans sa a, nou gen aksè nan pouvwa etènèl Li. Chemen an kòmanse avèk lafwa nan Jezikri ak repantans, epi apresa nou jwenn batèm ak resevwa Sentespri a.”2 Nou renouvle alyans sa a chak fwa nou pran sentsèn.

Nou kòmanse avèk òdonans batèm nan, epi nou fè plis òdonans pandan rès lavi nou. Yon lòt fwa ankò Èldè Renlund te di: “Chemen alyans lan mennen nan òdonans tanp yo, tankou dotasyon tanp lan. Dotasyon an se don alyans sakre Bondye ki konekte nou pi plis avèk Li.”3

2.Èske W nan Chemen Alyans Lan?

Pafwa lè nou fè alyans, nou konn pa kenbe yo. Lè sa rive kòman, nou kapab tounen nan chemen alyans lan? Banm pataje kèk egzanp sou fason pou nou kapab tounen nan chemen alyans lan.

Sa gen plis pase yon mwa, mwen te resevwa yon mesaj nan men yon misyonè ki retounen sot nan misyon ki te sèvi avèk nou. Li te di, “Dènye tan sa yo te difisil. Goumen avèk anksyete ak depresyon chak jou te fè m santi m gen yon fado, epi sa te difisil anpil. Mwen te santi m poukont mwen, epi m te mizerab. Mwen te priye pou Papa nou ki nan Syèl la ban mwen lapè ak rekonfò nan kisa mwen kapab fè pou lite kont difikilte a. … Pandan mwen t ap priye pou gidans lan, mwen te santi egzòtasyon lespri a ki te di m mwen dwe peye yon dim konplè. … Mwen te santi prezans Lespri a sitèlman fò, mwen te santi m te dwe fè sa tousuit. Avèk dezi pou m te fè sa, mwen te santi egzòtasyonLi ki te di m ‘Si w peye di m ou, tout bagay ap OKE.‘ Mwen ankò kontinye gen difikilte pou m jwenn lapè, men mwen gen yon temwanaj nan Sovè nou an, epi atravè obeyisans mwen, m kapab santi epi jwenn lapè m ap chèche pou kè m ak lespri m nan. Sa pa gen lontan, mwen te deside retounen legliz la epi chèche Lespri a nan tout sa m ap fè.”

Kounyea li anfòm. Ou menm tou ou kapab mande Papa nou ki nan Syèl la lapè, men repons lan ka diferan de sa ou prevwa a. Toutotan w ap chèche konnen Sovè a epi priye Papa nou ki nan Syèl la, L ap ba ou yon repons ki pèsonalize pou ou.

Prezidan Thomas S. Monson te anseye:

“Pi gran leson nou kapab aprann nan mòtalite a, sèke, lè Bondye pale epi nou obeyi, n ap toujou gen rezon.”4

Lè nou respekte kòmandman yo, lavi nou ap gen plis lajwa, l ap pi anrichisan, epi mwens konplike. Difikilte ak pwoblèm nou yo ap pi fasil pou nou sipòte, epi n ap resevwa benediksyon [Bondye] pwomèt yo.”5

Lè yo te aple m pou m te vin yon evèk, se te nan moman ki te pi difisil nan lavi m. Mwen te yon jèn papa nan kòmansman 30èn, men mwen te gen difikilte finansyè akoz difikilte nan fanmi a. Mwen pa t kapab jwenn okenn solisyon, epi mwen te panse difikilte yo pa t ap janm fini. Mwen te epuize finansyèman ak emosyonèlman. Mwen te kòmanse doute sou fòs espirityèl mwen tou. Se te nan moman difisil sa a prezidan pieu a te aple m. Mwen te aksepte apèl la kanmèm, malgre m te gen difikilte.

Madanm mwen te gen yon entèvyou avèk prezidan pieu a tou, men li pa t ka reponn wi lè yo te mande l si li te kapab sipòte m nan apèl la. Li te kriye pandan tout semèn nan, epi li te mande Papa nou Ki nan Syèl la, “Poukisa se kounyea?” epi “Èske ou vrèman konnen chak grenn moun?” Li pa t jwenn yon repons, men yo te soutni m kòm yon evèk nan Dimanch aprè a. Li pa t poze Papa nou ki nan Syèl kesyon sa yo ankò, men li te sipòte m nan apèl mwen an pandan sis lane.

Nan jou Dimanch kote yo t ap relve m nan apèl la, madanm mwen te tande yon vwa pandan l t ap pran sentsèn nan. Vwa a te mimire l, “Paske li te twò difisil pou w mache, mwen te aple l kòm yon evèk pou li te kapab soutni w epi mache pou ou.” Lè l gade dèyè pandan sis lane ki pase yo, li te reyalize ke anpil nan pwoblèm ki te sanble yo p ap janm fini yo te rezoud pandan pakou a.

Nou te aprann ke lè nou panse se pa bon moman pou nou pou resevwa yon apèl, se ka moman nou bezwen apèl la pi plis. Nenpòt lè Senyè a aple nou pou sèvi nan yon apèl, keseswa yon apèl ki pa gen gwo responsabilite oubyen ki gen gwo responsabilite, Li wè bezwen nou yo. Li ba nou fòs nou bezwen an epi Li gen benediksyon ki pare deja pou L devèse sou nou pandan n ap sèvi L fidèlman.

Gen anpil lòt bagay ki distrè nou epi ki fè nou pa ka rete nan chemen alyans lan. Kèlkeswa sa li ye, li pa janm twò ta pou nou tounen kè nou bay Papa nou ki Nan Syèl la pou nou jwenn èd Li. Èldè Paul V. Johnson anseye nou: “Lè nou suiv Satan, nou ba li pouvwa. Lè nou suiv Bondye, Li ba nou pouvwa.”6

Wa Benjamen nan Liv Mòmon an di: “Epi ankò, m ta vle nou konsidere benediksyon ak bonè moun sa yo ki respekte kòmandman Bondye yo. Gade, yo beni nan tout bagay, ni tanporèl ni espirityèl; e si yo rete fidèl jiskalafen, y ap jwenn akèy nan syèl la, pou yo kapab rete avèk Bondye nan yon bonè ki p ap fini.”7

3. Kòman lè nou Kenbe Alyans nou avèk Bondye Sa Kapab Ba nou Lajwa?

Madanm mwen di maryaj nou an lye nou ansanm, epi akoz sa, li kapab fè bagay li pa t kapab fè anvan. Pa egzanp, depi lè l te piti, li te gen difikilte pou l te soti deyò lè l fènwa, men kounyea sa pa difisil ankò pou li paske mwen la avèk li. Li se yon moun kout epi li pa kapab rive kote ki wo sou etajè yo, li itilize yon chèz oswa yon nechèl, men mwen kapab pran bagay ki anwo sou etajè yo pou li paske m pi wo pase l. Se konsa sa ye lè nou lye avèk Sovè a. Lè nou lye ansanm avèk Li, nou kapab fè nenpòt bagay nou pa t kapab fè poukont nou paske Li kapab fè bagay ke nou pa kapab fè pou tèt nou yo.

Èldè David A. Bednar di: “Lè nou fè ak kenbe alyans sakre yo, sa lye nou avèk Senyè a, Jezikri. Pratikman, Sovè a envite nou pou nou apiye sou Li epi rale chay la ansanm avèk Li, menmsi pi bon efò nou yo pa menm egal ni pa ka konpare avèk pa Li. Lè nou mete konfyans nou nan Li epi nou rale chay nou avèk Li pandan vwayaj nou nan mòtalite a, jouk Li vin vrèman fasil e chay Li lejè.”8

Prezidan Nelson te ansenye:

“Men jouke tèt nou avèk Sovè a vledi ke nou gen aksè nan fòs ak pouvwa redanmtè Li.”9

Rekonpans ki genyen nan kenbe alyans nou fè avèk Bondye yo se pouvwa selès—pouvwa ki fòtifye nou pou n pi byen reziste devan eprèv yo, tantasyon yo, ak chagren yo. Pouvwa sa a fasilite wout nou. Moun k ap viv lwa siperyè Jezikri yo gen aksè nan pouvwa siperyè Li.”10

Lè nou kenbe alyans yo sa rann lavi nou pi fasil! Chak moun ki fè alyans nan fon batismo yo ak nan tanp yo—epi ki kenbe yo—ogmante aksè yo nan pouvwa Jezikri.”9

Chè frè ak sè m yo, èske nou vle gen kè kontan? Rete sou chemen alyans lan. Lavi nou ap pi fasil, n ap gen plis kè kontan, epi n ap ranpli avèk lajwa. Sovè nou an envite nou, “Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m a soulaje nou.”12 Li se Kris vivan an. Li pote fado nou yo epi Li fè lavi nou vin pi fasil. Nan non Jezikri, Amèn.