Konferans Jeneral
Se Pou Nou Disip Pezib Kris la
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Se Pou Nou Disip Pezib Kris la

Mwen temwaye ke “disip pezib Kris yo” ap jwenn lapè pèsonèl nan lavi sa a ak yon reyinyon gloriye nan syèl la.

N ap viv nan yon tan kote “disip pezib Kris yo”1 ap rankontre difikilte san parèy. Moun ki kwè nan Li, ki enbleman adore Li, epi ki temwaye de Jezikri yo, yo toujou fè eksperyans eprèv, tribilasyon, ak advèsite.2 Madanm mwen, Mary, avèk mwen pa diferan. Ane pase a nou te wè anpil nan zanmi lekòl pwòch nou yo ak kòlèg misyonè nou yo travèse, oubyen, jan Prezidan Russell M. Nelson di a, diplome pase nan lòtbò vwal la. Nou te wè kèk ki te elve nan lafwa ak kwayans ki elwanye kite chemen alyans lan.

Tristeman, nou te pèdi yon pitit pitit gason 23 an ki te mouri nan yon aksidan machin trajik. Kèk bon zanmi, manm fanmi, ak kòlèg te andire gwo pwoblèm sante tou.

Kèlkeswa lè eprèv rive, nou kriye ansanm epi nou efòse nou pou youn pote fado lòt.3 Nou lamante sou bagay ki p ap akonpli yo ak chan ki pa pral chante yo.4 Move bagay konn rive bon moun nan vwayaj mòtalite sa a. Dife devastan nan Maui nan Awayi, nan Lès Chili, ak nan Lès Kanada yo se egzanp sou evenman orib bon moun pafwa fè fas.

Nou li nan Pèl Gran Pri a ke Senyè a te revele bay Abraram nati etènèl espri yo. Abraram te aprann sou lavi nou anvan nou te vin sou tè a, sou preòdinasyon nou, sou Kreyasyon an, sou chwazi yon Redanmtè, ak sou lavi mòtèl sa a, ki se dezyèm eta lòm.5 Redanmtè a te deklare:

“Nou pral fè yon tè pou sila yo abite;

“Epi nou pral pase yo anba eprèv sou li, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo.”6

Pou kounyea, nou tout isit la nan dezyèm eta vwayaj pwogresyon nou pou n al nan yon wayòm laglwa kòm yon pati nan gran plan sali Bondye a. Nou gen benediksyon pou n gen libabit epi sijè anba eprèv mòtalite yo. Sa a se tan yo ba nou pou nou prepare pou n al rankontre Bondye.7 Nou gen benediksyon pou nou konn Jezikri ak wòl Li nan plan an. Nou gen privilèj pou nou vin manm Legliz retabli L la—Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Antanke disip pezib Kris la nou efòse nou pou nou viv kòmandman L yo. Sa pa t janm fasil pou disip Li yo. Ni tou li pa t fasil pou Sovè a te fidèlman akonpli misyon Li nan mòtalite a.

Ekriti yo klè, anpil moun ap sikonbe anba apwòch ki di “manje, bwè, epi rejwi nou, paske demen n ap mouri” a.8 Gen lòt kwayan ki rale kò yo epi y al tonbe anba moun ki pataje menm ide avèk yo k ap fè reklàm pou “pwochen bagay nouvo a”9 ak filozofi lèzòm.10 Yo pa konn kibò pou yo jwenn laverite.11

Disip pezib Kris yo pa suiv okenn nan chemen sa yo. Nou se manm plen chalè ki angaje nan kominote kote n ap viv yo. Nou renmen, nou pataje, epi nou envite tout pitit Bondye pou yo suiv ansèyman Kris la bay yo.12 Nou suiv konsèy pwofèt byeneme nou an, Prezidan Nelson: nou chwazi jwe wòl yon patizan lapè, kounyea e pou tout tan.13 Apwòch enspire sa a annakò avèk ekriti yo ak direksyon pwofèt yo bay.

An 1829, Legliz retabli a potko òganize, ni Liv Mòmon an potko pibliye. Yon ti gwoup moun ki te an difikilte, sou enspirasyon Lespri Bondye a, te suiv Pwofèt Joseph Smith. Senyè a te revele bay Joseph yon konsèy pou tan difisil yo: “Pa pè, ti twoupo; fè byen; kite tè a ak lanfè mete ansanm kont nou, paske si nou bati sou wòch mwen an, yo pa kapab gen viktwa.”14 Li te konseye yo tou:

“Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè.

“Rete fidèl, respekte kòmandman m yo, epi n ap eritye wayòm syèl la.”15

Klèman, destine selès nou pa altere lè nou soufri anba advèsite. Nan Ebre, yo konseye nou pou nou “pwoche avèk konfyans devan fotèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la na jwenn padon pou peche nou yo, se la na jwenn pou gremesi sekou na bezwen lè nou nan nesesite.”16 Jezikri se “otè sali etènèl la.”17

Mwen renmen pawòl Mòmon yo, ke pitit gason l Mowoni site, ki felisite “disip pezib Kris yo… poutèt jan y ap mache pezib avèk pitit lèzòm.”18

Pou sila yo nan pami nou nan Legliz la k ap efòse yo pou yo vin disip pezib Kris la, gen yon pi bèl jou k ap tann nou pandan n ap konsantre nou sou Senyè ak Sovè nou an, Jezikri. Eprèv yo fè pati mòtalite a epi yo rive nan lavi tout moun nan mond lan. Sa enkli gwo konfli ant peyi ak moun yo.

Yo souvan konn mande dirijan yo nan Legliz la, “Poukisa yon Bondye ki jis kite move bagay rive, espesyalman a bon moun?” ak “Poukisa moun ki jis epi ki nan sèvis Senyè a pa egzan anba kalite trajedi sa yo?”

Nou pa konn tout repons yo; sepandan, nou konn prensip enpòtan ki pèmèt nou afwonte eprèv, tribilasyon, ak advèsite avèk lafwa ak konfyans nan yon pi bèl demen ki ap tann nou chak. Pa gen pi bon egzanp nan ekriti yo sou travèse tribilasyon pase pawòl Senyè a te di Joseph Smith, Pwofèt la, pandan l te yon prizonye nan Prizon Libète a.

Senyè a te deklare an pati:

“Si bouch lanfè a menm ta louvri laj kont ou, ou dwe konnen, pitit gason m nan, tout bagay sa yo ap ba w eksperyans, epi se ap pou byen w.

“Pitit Gason Lòm nan te desann pi ba pase yo tout. Èske ou pi gran pase Li?

“… Se poutèt sa, pa pè sa lòm kapab fè, paske Bondye ap avèk ou pou toujou e ajamè.19

Sa klè ke nou gen yon Papa nan Syèl la ki konnen nou epi ki renmen nou pèsonèlman epi ki konprann soufrans nou pafètman. Pitit Gason L lan, Jezikri, se Sovè ak Redanmtè nou.

Prezidan Russell M. Nelson ak Prezidan M. Russell Ballard mete gwo aksan sou siyifikasyon nouvo dezyèm edisyon Preche Levanjil Mwen an.20 Mwen pataje antouzyas yo. Nouvo edisyon sa a, ki mayifye ekriti sakre yo, deklare avèk puisans:

“Nan sakrifis ekspyatwa L la, Jezikri te pran sou tèt Li lapenn, afliksyon, ak enfimite nou yo. Gras ak sa, Li konnen selon lachè kijan pou L pote pèp li a sekou daprè enfimite yo’ (Alma 7:12; gade tou vèsè 21). Li envite nou, Vini Suiv Mwen, epi lè nou fè sa, Li ba nou repo, esperans, fòs, pèspektiv, ak gerizon (Matye 11:28; gade tou vèsè 22).

“Pandan n ap apiye sou Jezikri ak Ekspyasyon L lan, Li ka ede nou andire eprèv, maladi, ak lapenn nou yo. Nou ka ranpli ak lajwa, lapè, ak konsolasyon. Tout sa ki enjis konsènan lavi a kapab vin korèk atravè Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.”21

Nou ka jwayezman vin disip pezib Kris la.

Plan bonè Papa nou an pou pitit Li yo enkli non sèlman yon lavi premòtèl ak mòtèl men tou yon potansyalite pou lavi etènèl, ki enkli bèl reyinyon gloriye avèk moun nou te pèdi yo. Tout move bagay yo ap vin korije, epi nou pral wè avèk yon klète pafè ak yon pèspektiv ak konpreyansyon san fay.

Dirijan yo nan Legliz la konpare pèspektiv sa a avèk yon moun k ap mache rive nan mitan yon pyès teyat ki gen twa sèn.22 Sila yo ki san konesans sou plan Papa a p ap konprann sa ki te pase nan premye sèn nan oswa egzistans premòtèl la ak objektif ki te etabli ladan l yo; ni tou yo p ap konprann klarifikasyon ak rezolisyon ki vini nan twazyèm sèn nan, ki se akonplisman gloriye plan Papa a.

Anpil moun pa apresye ke selon plan eman ak konplè Li a, moun ki parèt dezavantaje, san ke yo pa responsab sa yo, p ap afekte alafen.23

Ekriti yo klè: disip pezib Kris ki jis yo, ki suiv Sovè a, epi ki kenbe kòmandman L yo ap beni. Youn nan ekriti ki pi enpòtan pou moun ki jis yo, kèlkeswa sikonstans yo nan lavi a, n ap jwenn li nan diskou Wa Benjamen te bay pèp li a. Li pwomèt ke moun ki kenbe kòmandman yo fidèlman ap beni nan tout bagay nan lavi sa a epi “y ap jwenn akèy nan syèl la, pou yo kapab rete avèk Bondye nan yon bonè ki p ap fini.”24

Nou rekonèt ke prèske nou tout konn travèse tanpèt fizik ak espirityèl nan lavi nou, kèk pafwa devastan. Yon Papa plen lanmou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Li, Jezikri, ki alatèt Legliz retabli L la, ba nou ekriti yo ak pwofèt pou prepare nou, pou avèti nou kont danje, ak ba nou direksyon pou prepare nou ak pwoteje nou. Gen kèk direksyon ki mande aksyon imedyat, epi gen kèk ki bay pwoteksyon pou anpil ane nan lefiti. Prefas Senyè a pou Doktrin ak Alyans yo, seksyon 1, egzòte nou pou nou “koute pawòl pwofèt yo.”25

Seksyon 1 an avèti nou tou, “Pare nou, pare nou pou sa ki pral rive a.”26 Senyè a bay pèp Li a yon chans pou yo prepare yo pou sa ki gen pou vini yo.

Senyè a te bay Prezidan Brigham Youn yon revelasyon puisan le 14 Janvye 1847, nan Winter Quarters.27 Revelasyon sa a se yon egzanp klasik sou Senyè a k ap prepare moun yo pou sa ki gen pou vini yo. Sen fidèl yo te kòmanse egzòd yo pou t ale nan sanktyè nan montay Vale Salt Lake la. Yo te reyisi konstwi Tanp Novou a epi yo te resevwa òdonans sakre sali yo. Yo te mete yo deyò nan Missouri, epi pèsekitè yo te mete yo deyò nan Novou nan yon sezon ivè terib. Revelasyon Brigham te resevwa a te bay konsèy pratik sou fason pou yo te prepare yo pou egzòd la. Senyè a te mete yon aksan espesyal sou pran swen pòv yo, vèv yo, òfelen yo, ak fanmi moun ki t ap sèvi nan Batayon Mòmon yo pandan gwoup prensipal Sen yo t ap deplase al nan vwayaj periye yo a.

Anplis lòt konsèy pou yo te mennen yon lavi jis yo, Senyè a te mete aksan sou de prensip ki kontinye aplikab jodia.

Premyèman, Li te ankouraje yo pou yo te “louwe Senyè a avèk chante, avèk mizik, avèk danse, epi avèk yon priyè louwanj ak remèsiman.”28

Dezyèmman, Senyè a te konseye yo si yo te “tris, rele non Senyè Bondye nou an avèk siplikasyon, pou nanm nou kapab gen lajwa.”29

De egzòtasyon sa yo se gwo konsèy pou epòk pa nou an. Lavi ki ranpli ak lwanj, mizik, ak remèsiman se benediksyon san parèy. Rete jwaye epi apiye sou èd selès atravè lapriyè se yon fason puisan pou nou disip pezib Kris la Toujou fè efò pou nou pran kouraj ap ede evite pou nou santi lespri nou kraze.

Gen yon dènye liy nan yon kantik ki gen sans pwofon ki pote repons final la nan yon fason siblim: “Il n est de maux qu il ne puisse guérir (Tè a pa ge doulè ke syèl la pa ka geri).”30

Antanke yon Apot Senyè Jezikri, mwen temwaye ke “disip pezib Kris yo ap jwenn lapè pèsonèl nan lavi sa a ak yon reyinyon gloriye nan syèl la. Mwen rann temwayaj konsènan divinite Sovè a ak reyalite Ekspyasyon L lan. Li se Sovè nou ak Redanmtè nou. Nan non Jezikri, amèn.