Konferans Jeneral
Ala Gran Lajwa Ou Ap Gran
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Ala Gran Lajwa Ou Ap Gran

Kounyea mwen envite nou pou nou pran “savwa” nou an, mete l avèk temwayaj konsekrasyon tan nou, epi ale nan yon misyon.

Chè frè m ak sè m yo, jodi a m panse ak rasanbleman Izrayèl la, sa Prezidan Russell M. Nelson rele “bagay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a jodia. Pa gen anyen ki konparab avèk li nan grandè, pa gen anyen ki konparab avèk li nan enpòtans, pa gen anyen ki konparab avèk li nan majeste.”1

Rasanbleman an se rekonesans siprèm ke “nanm yo genyen yon gwo valè nan je Bondye.”2 Se osi senp ke sa. N ap rasanble pitit Bondye yo nan dènye jou sa yo pou yo kapab jwenn “benediksyon devèse sou tèt yo”3 ak pwomès “richès letènite yo.”4 Savledi ke pou rasanble Izrayèl, nou bezwen misyonè—anpil plis pase kantite k ap sèvi yo.5 Jodia, m ap pale avèk anpil moun aje eksperimante yo nan Legliz la ki ta kapab sèvi kòm misyonè yo. Senyè a renmen nou. Nou bezwen nou nan Nouyòk ak Chicago, nan Ostrali ak Afrik, nan Tayiland ak Meksik, e toupatou antreyo.

Kite m retounen avèk nou nan ane 2015 la. Yo te fèk aple m kòm manm Kolèj Douz Apot yo. Youn nan bèl responsablite nou kòm Apot se pou asiyen misyonè yo nan chan travay yo. Mwen te konn patisipe lè m te Swasanndis nan pwosesis la,6 men kounyea, kòm yon Apot, mwen te santi tout pwa tach la. Nan lapriyè, m te kòmanse plase yon gwo kantite èldè ak sè misyonè, youn pa youn, nan misyon toupatou nan mond lan. Apresa, mwen te vire sou koup moun aje yo. Te gen dis sou lis la. Pa twò anpil. Etone, mwen te mande kòlèg mwen an nan Depatman Misyonè a, “Konbyen nou bezwen semèn sa a pou reponn a demand yo?”

Li te reponn, “300.”

Moman sa a te rete avèk mwen: 10 koup pou ranpli 300 demann.

Prezidan Russell M. Nelson ankouraje koup yo pou yo “mete yo ajenou epi mande Pè Selès la si moman an rive pou yo ta sèvi yon misyon ansanm.”7 Li di, nan tout kalifikasyon yo, dezi pou sèvi Bondye a se ka sa ki pi enpòtan an.”8

Jan ekriti yo di, “Si ou gen dezi pou ou sèvi Bondye, ou resevwa apèl pou w travay.”9 Travay sa a gen pou wè ak lwa mwason an. Nou li nan Jan, “Se konsa, moun k ap simen an kontan; moun k ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li.”10

Mwen te wè lwa mwason an akonpli nan pwòp fanmi pa m.

Sa gen kèk ane, mwen t ap vizite fanmi m lè evèk la te mande m pou m te fèmen reyinyon sentsèn nan.11 Pandan m t ap desann soti sou estrad la, yon fi te pwoche bò kote m avèk sèt pitit li epi li te prezante tèt li kòm Sè Rebecca Guzman.

Li te mande, “Èldè Rasband, èske w konnen Rulon ak Verda Rasband?”

Mwen te reyone epi m te reponn, “Yo se paran mwen.”

Ou ka wè ki kote sa prale. Avèk pèmisyon Rebecca, ki la a avèk fanmi li nan Sant Konferans lan, m ap pataje yon istwa fanmi li sa gen 25 ane.12

Imaj
Sè Verda ak Èldè Rulon Rasband.

Paran mwen, Èldè Rulon ak Sè Verda Rasband, t ap sèvi kòm koup senyò nan Misyon Fort Lauderdale la nan Florid.13 Yo t ap mache preche epi atravè enspirasyon diven, yo te frape nan pòt kay Rebecca. Li te jis yon adolesan epi l te renmen koute mizik Osmonds yo, espesyalman zanmi m, Donney—ki la a jodia tou.14 Li te koute tout entèvyou yo nan medya epi l te aprann ke yo sete manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Li te santi ke te gen yon bagay diferan nan yo, epi paske l te panse ke sete petèt relijyon yo a, Rebecca te pase dezan ap etidye kwayans Legliz la nan bibliyotèk lekòl li a. Konsa, lè yon koup aparaman janti te vin frape nan pòt lakay fanmi li epi yo te prezante tèt yo kòm misyonè Sen Dènye Jou, li te retounen annaryè.

“Manman m te di m pou m fè yo ale,” Rebecca te ekri nan apre, “men, kè m te di ‘‘Non.’ Mwen te gade sou figi yo epi m te santi anpil chalè ak lanmou. Souvni sa a toujou fè dlo vini nan je m ak gwo emosyon nan kè m.”15

Rebecca te envite yo antre, epi paran misyonè m yo te pataje yon mesaj avèk li, ak de ti sè l yo, epi manman l, malgre objeksyon li.

Rebecca te dekri pou mwen, “Toulède paran w yo te ekstraòdinè nan eksplike tout kesyon nou te genyen. Mwen ka toujou wè vizaj yo kòmsi te gen limyè ki te antoure yo. Nou te toujou anbrase manman w lè l ta prale epi li te toujou eseye pou ede manman m santi l konfòtab ak respekte. Papa w te toujou gen je l ap briye pandan l t ap anseye nou osijè Jezikri a. Li te eseye enkli papa m nan diskisyon yo epi finalman li te konkeri li. Papa m sete yon chèf nan yon restoran nan lokalite a epi li te kòmanse prepare dine pou paran w yo, espesyalman fè tarte papa w te pi renmen an, tarte au citron.”16

Lè Èldè ak Sè Rasband te mande Rebecca ak fanmi li pou yo te li Liv Mòmon an, Rebecca te fè sa nan senk jou. Li te vle batize imedyatman, men lòt manm fanmi l yo potko pare. Apre kat mwa, Rebecca te ensiste pou l te batize epi antre nan vrè Legliz la. Li raple l, “Chak fib nan nanm mwen te konnen ke l te vrè.”17 Jou 5 Avril 1979, misyonè yo te batize Rebecca ki te gen 19 an, manman l, ak de sè l yo. Papa m te temwen nan batèm nan.

Lè m te rankontre Rebecca ak fanmi li nan legliz la, nou te pran yon foto avèk fanmi l avèk mwen. Mwen te pote l bay manman m ki te granmoun epi li te kenbe l sou kè li. Apresa li te di m, “Ronnie, sa se youn nan pi bèl jou nan lavi mwen.”

Imaj
Guzman yo, Rasband yo, ak Osmond yo.

Repons manman nan soulve yon kesyon pou koup aje nou yo, “Kisa w ap fè nan stad sa a nan lavi w?” Gen sitèlman anpil fason misyonè aje yo ka fè sa okenn lòt moun pa kapab fè. Nou se yon fòs remakab pou byen, plen eksperyans nan Legliz la, epi pare pou ankouraje ak sekouri pitit Bondye yo.

Kèk nan nou ka ap panse, “Men e pitit pitit mwen yo? Nou ap rate etap enpòtan fanmi nou yo, anivèsè yo, zanmi, e menm bèt nou yo. Si m te mande manman m poukisa limenm ak papa m t al fè yon misyon, mwen konnen li t ap reponn, “Mwen gen pitit pitit. Mwen vle yo konnen ke papa w avèk mwen te sèvi nan chan misyon an, nou te vle trase egzanp pou posterite nou, epi nou te beni, beni anpil.”

Pandan m ap vizite misyon nan tout mond lan, mwen wè sèvis remakab anpil anpil koup misyonè aje nou yo. Sa klè ke yo kontan pou yo fè “volonte Senyè” epi pou yo ap regle “biznis Senyè a.”18

Pou kèk nan yo, e nou espere pou dèmilye nan nou, sèvis misyonè aplentan nou nan yon lòt kwen nan mond lan se t ap bon plas la.19 Pou lòt moun, sèvi yon misyon sèvis Legliz lakay yo t ap preferab. Poutèt pwoblèm sante ak lòt sikonstans, gen moun ki pa kapab sèvi. Nou konprann sitiyasyon sa yo, epi mwen espere ke n ap jwenn mwayen pou nou pote sipò pou moun ki ap sèvi yo. Suiv konsèy pwofèt la epi priye pou w konnen kisa Senyè a ta renmen pou w fè.

Chan misyon toupatou nan mond lan ap mande èd nou. Prezidan Russell M. Nelson te di apwopo misyonè aje nou yo, “Yo jèn nan lespri, yo saj, epi dispoze pou travay.”20

Nan chan misyon an, ou gen yon pakèt posiblite: ou ka sèvi nan biwo misyon oubyen nan biwo tanp yo, fòtifye jèn misyonè yo, soutni ti branch yo, travay nan sant istwa familyal yo oubyen nan sit istorik yo, anseye enstiti, rann sèvis imanitè, travay avèk jèn adilt yo, ede nan sant danplwa oubyen nan fèm Legliz yo. Detay yo sou fason pou w sèvi, sa ki pi konvnab pou ou, ki kote yo bezwen ou, ak fason w ka prepare w pou w ale yo, nou adrese yo sou sit entènèt “Misyonè Aje” a.21 Ou ka pale avèk evèk ou oswa prezidan branch ou tou.

Mwen aple anpil koup pou yo sèvi epi mwen wè Limyè Kris la ki ranpli vizaj yo.22 Lè yo retounen, yo dekri kijan yo te rapwoche pi pre Senyè a ak pi pwòch youn ak lòt, yo te santi Lespri Senyè a devèse sou yo, epi yo te konnen ke yo t ap fè yon diferans.23 Kiyès ki pa ta renmen sa?

Yon misyon kapab se pi gwo chapit nan lavi yon koup. Yon bon tit se t ap “Senyè M Nan Ap Bezwen Mwen.”24 Ou gendwa sou yon teren enkoni, men, pouvwa Lespri a ap fè w santi ke w lakay ou.

Paran m yo, ak dè dizèn milye koup misyonè ki retounen sot nan misyon rann temwayaj sou lajwa yo te jwenn nan travay misyonè yo a. Senyè a di nan ekriti dènye jou yo, “Epi si ou travay pandan tout vi ou pou ou kriye repantans nan mitan pèp sa a, epi ou sèlman mennen yon sèl nanm ban mwen, ala lajwa w ap anpil avèk li nan wayòm Papa m nan!”25

Ezayi te ba nou yon deskripsyon powetik sou kisa sa vledi pou nou sèvi nan “chan” misyon an. Ekriti yo di nou ke “chan an se mond lan.”26 Gran ansyen pwofèt sa a te ekri. “Na kite lavil Babilòn ak kè kontan. Ya mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman ya kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou!”27 Nou ka konpare montay yo, kolin yo, jaden yo, ak pyebwa yo avèk prezidan misyon yo, evèk yo, dirijan distri yo, manm yo, ak moun k ap chèche verite yo men “yo pa konnen ki kote pou yo jwenn li.”28 Yo va temwaye ke misyonè aje yo chanje menm kalite temwayaj yo avèk temwayaj pa yo konsènan Sovè ak Redanmtè nou an, Jezikri.

Antanke yon Apot Senyè Jezikri, m ap mande nou pou nou sèvi kòm misyonè nan rasanbleman Izrayèl la epi petèt sèvi ankò. Nou bezwen nou——nou bezwen nou. Nou rekonesan pou noumenm moun aje yo, pou lavi nou te dirije ak egzanp nou te ye nan fwaye nou, nan pawas nou, ak pieu nou yo. Kounyea mwen envite nou pou nou pran “savwa” nou an, mete l avèk temwayaj konsekrasyon tan nou, epi ale nan yon misyon. Mwen priye pou ke pwochèn fwa m chita pou m asiyen koup moun aje yo, ap gen dè santèn nan nou k ap tann apèl nou avèk enpasyans.

Mwen pwomèt tou ke pandan n ap sèvi a, n ap santi lanmou Senyè a nan lavi nou, n ap konnen Li, L ap konnen nou, epi “ala gran lajwa nou ap gran.”29 Sèvis devwe nou pou Jezikri ap enspire ak beni fanmi nou, pitit pitit nou, ak pitit pitit pitit nou. “Lapè, ak lanmou [pral] miltipliye”30 nan lavi yo pou ane k ap vini yo. M pwomèt Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Russell M. Nelson, “Hope of Israel” (worldwide youth devotional, June 3, 2018), Gospel Library.

  2. Doktrin ak Alyans 18:10.

  3. 3 Nefi 10:18.

  4. Doktrin ak Alyans 78:18.

  5. Legliz la genyen 62.544 misyonè nan 411 misyon nan mond lan soti nan Amerik diNò ak diSid rive nan Ewòp ak Afrik, Azi, ak Ostrali/Oseyani. Gen 27.000 misyonè aje k ap sèvi kòm misyonè sèvis nan Legliz la. (enfòmasyon Depatman Misyonè a, Sept. 2023.)

  6. Gade Ronald A. Rasband, ”Apèl Divin Misyonè a,” Liahona, Me 2010, 52–53.

  7. Russell M. Nelson, “Senior Missionary Moments,” Liahona, Avr. 2016, 27.

  8. Russell M. Nelson, “Misyonè Aje yo ak Levanjil la,” Liahona, Nov. 2004, 81.

  9. Doktrin ak Alyans 4:3.

  10. Jan 4:36.

  11. Mwen te nan Nouyòk, Etazini, ap asiste batèm pitit pitit fi Brooklyn ak benediksyon pitit pitit fi Ella, an Avril 2006.

  12. Lèt Rebecca Guzman te voye bay Èldè Ronald A. Rasband, 8 Sept 2009.

  13. Paran m yo te sèvi nan Misyon Fort Lauderdale nan Florid la an 1979.

  14. Fanmi Osmond te yon gwoup mizik Ameriken trè popilè ki te koni pou mizik pòp yo. Gwoup la te atenn gwo renome nan mitan ane 1970 yo, yo te konn jwe nan cho televizyon. Donny ak Marie te kontinye avèk televizyon avèk karyè sou sèn yo pandan ke frè yo t ap bay pèfòmans pandan dè deseni kòm chantè mizik country nan Branson, Missouri.

  15. Lèt Rebecca Guzman, 8 Sept 2009.

  16. Lèt Rebecca Guzman, 8 Sept 2009.

  17. Lèt Rebecca Guzman, 8 Sept 2009.

  18. Doktrin ak Alyans 64:29.

  19. Opòtinite pou misyon pou moun aje yo gen anpil fòm, epi koup aje yo oubyen sè aje yo ka endike preferans yo osibyen ke yon tach aplentan oubyen yon tach pou sèvis nan Legliz la. Finalman, pwofèt Legliz la lanse apèl pou sèvis aplentan. Prezidan pieu yo bay tach sèvis ki genyen nan Legliz la. Sèvis la ka soti nan sis mwa ale nan 23 mwa, epi misyonè aje yo gen plis fleksiblite, mwens aktivite pase jèn misyonè yo. Gade seniormissionary.ChurchofJesusChrist.org.

  20. Russell M. Nelson, “Senior Missionaries and the Gospel,” Liahona, Nov. 2004, 79.

  21. Gade seniormissionary.ChurchofJesusChrist.org.

  22. Gade Alma 5:14 Ekspresyon vizaj ka dekri kòm refleksyon atitid spirityèl ak eta despri.

  23. Gade Jid 1:22; Mozya 4:20.

  24. Gade See “I’ll Go Where You Want Me to Go,” Hymns, no. 270.

  25. Doktrin ak Alyans 18:15

  26. Senyè a te eksplike, “Jaden an se mond la; … mwason an se fen mond lan” (Matye 13:38–39

  27. Ezayi 55:12

  28. Doktrin ak Alyans 123:12

  29. Doktrin ak Alyans 18:15

  30. Jid 1:2