Konferans Jeneral
Rann Temwanyaj konsènan Jezikri nan Pawòl ak Aksyon
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Rann Temwanyaj konsènan Jezikri nan Pawòl ak Aksyon

Pandan n ap fè efò pou nou viv yon lavi an amoni avèk levanjil Jezikri a, konduit nou pral vin yon temwayaj vivan de Redanmtè nou an.

Pandan batèm nan, youn nan pwomès nou fè se pou nou dispoze pou pran non Jezikri sou tèt nou. Objektif mwen jodia se pou raple nou ke nou ka montre Bondye ke nou pran non Pitit Gason Li a sou tèt nou nan rann temwayaj nan pawòl ak nan aksyon nou, pi souvan ke nou kapab, ke Jezi se Kris la.

Pandan li t ap sèvi ak ansenye moun yo ki nan Amerik yo aprè Rezirèksyon Li a, Sovè a te deklare:

“Èske yo pa t li ekriti yo, ki di, nou dwe pote non Kris la, ki se non mwen? Paske se non sa yo pral rele nou nan dènye jou a;

“Epi nenpòt moun ki pote non m, ki pèsevere jiska lafen, moun sa a ap sove nan dènye jou a.”1

Prezidan Russell M. Nelson te ansenye nou ke “Pran non Sovè a sou nou se tankou lè nou deklare ak temwaye bay lòt moun—atravè aksyon nou ak pawòl nou yo—ke Jezi se Kris la.”2

Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou gen benediksyon ak privilèj pou n kanpe kòm temwen Senyè a ak nan non Li tout kote nou ye.3 Pandan n ap fè efò pou viv lavi nou an amoni avèk levanjil Jezikri a, konduit nou pral vin yon temwayaj vivan sou Redanmtè nou an ak non Li. Anplis, nou temwaye konsènan Kris la an pawòl lè nou pataje ak lòt moun sa nou kwè, santi, oubyen sa n konnen konsènan Kris la.

Lè nou pataje avèk imilite temwayaj nou konsènan Senyè a atravè pawòl ak aksyon nou, Sentespri a konfime4 bay moun ki gen entansyon reyèl yo, kè ouvè, ak lespri dispoze, ke Jezi se Kris la menm.5

Mwen ta renmen pataje de nouvo egzanp enspire sou kèk manm ki montre Bondye ke yo pran non Jezikri sou tèt yo nan pale de Li ak nan rann vrè temwayaj konsènan Senyè a nan reyinyon Legliz yo.

Premye egzanp: Lè madanm mwen, Elaine, ansanm avèk mwen te ale an Espay nan lane 2022 a, nou te asiste reyinyon Dimanch yo nan yon ti inite nan Legliz la nan kote sa a. Pandan m te chita sou chè a epi madanm mwen te nan kongregasyon an, mwen te remake li te chita bò kote yon granmoun fi. Lè reyinyon Sentsèn nan te fini, mwen te mache al jwenn Elaine epi mwen te mande l pou l prezante m nouvo zanmi l lan. Li te fè sa epi li te di ke fi sa a, ki pa t yon manm Legliz la, t ap vin Legliz la pandan anviwon dezan. Lè m te tande sa, m te mande fi sa a ki te gen krentif pou Bondye kisa ki te fè l retounen vin asiste reyinyon nou yo pandan yon peryòd tan ki osi long konsa. Fi a te reponn avèk lanmou, “Mwen renmen vin isit la paske nou pale konsènan Jezikri nan reyinyon nou yo.”

Li klè, manm Legliz nan inite sa a nan peyi Espay lan te pale, anseye ak temwaye konsènan Kris la nan reyinyon yo.

Dezyèm egzanp: Aprè mwen te fin sèvi nan Entèrejyon Brezil la, mwen te resevwa yon nouvo asiyasyon ki te vini pou m te sèvi nan katye jeneral Legliz la. Lè nou te demenaje pou n te ale Salt Lake City, nan fen Jiyè nan menm ane sa a, nou te asiste reyinyon Dimanch yo nan nouvo ak bèl pawas nou an. Youn nan reyinyon sa yo sete yon reyinyon jèn ak temwanyaj. Aprè yo te fin pran Sentsèn nan avèk reverans, manm yo te kanpe epi yo te pataje temwayaj sensè yo konsènan Sovè a youn aprè lòt. Reyinyon an te santre sou Jezikri, epi nou te kapab santi Lespri a te manifeste. Nou te edifye epi lafwa nou te ogmante. Si zanmi Legliz yo, k ap chèche laverite onètman, te nan reyinyon sa a, yo ta ka rekonèt se Legliz Jezikri a.

Ala yon benediksyon lè nou wè ke reyinyon Legliz nou yo vin yon bèl opòtinite pou nou temwaye konsènan Kris la epi siyale bay Bondye ke nou kontan lè nou pran non Pitit Li a sou tèt nou.

Kounye a, kite m mansyone yon egzanp puisan sou pran non Jezikri sou tèt nou nan rann temwayaj konsènan Limenm atravè aksyon nou.

Mwa Out ki sot pase a, mwen te akonpaye Èldè Johnathan Schmitt nan Pòt ouvè Tanp Kalifòni an nan Feather River ki nan vil Yuba. La, mwen te gen benediksyon pou m te gide plizyè gwoup ki te nan yon toune nan tanp lan. Youn nan gwoup sa yo te gen yon manm Legliz la, Virgil Atkinson, avèk sèt zanmi lòt relijyon. Prèske nan fen vizit la, nan yon sal sèlman nan tanp lan, Frè Atkinson te emosyone lè l te eksprime lanmou li pou zanmi l yo ki te vin nan tanp jou sa a. Prèske imedyatman aprè li te fin fè sa, yon fi nan gwoup la te leve kanpe epi li di: “Nou tout renmen Virgil. Li pa janm enpoze lafwa li sou nou. Men, li pa timid konsènan li non plis. Li jis viv sa l kwè a.”

Atravè ane yo, lavi kretyen frè Atkinson te sèvi kòm yon temwayaj puisan pou zanmi l yo. Egzanp li se yon prèv solid ke li te pran non Kris la sou tèt li.

An konklizyon, kite m pataje leson mwen te aprann sou kijan pou pran non Kris la sou tèt nou epi temwaye konsènan Li pandan n ap itilize non kòrèk Legliz la.

Prezidan Nelson, pwofèt vivan Bondye a, nan yon diskou konferans jeneral an 2018 ki rele “Non Kòrèk Legliz la” te di: “Li se yon koreksyon. Sa se kòmandman Senyè a. Joseph Smith pa t bay Legliz retabli a non pa pa li; ni Mòmon non plis. Se Sovè a menm ki te di: “Paske se konsa legliz mwen an pral rele nan dènye jou yo, ki vle di Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.’ (Doktrin ak Alyans 115:4.”6

Nou tout te kite konferans jeneral la jou sa a angaje epi detèmine pou nou suiv pwofèt la epi itilize non ki te revele pou Legliz la depi lè sa a. Mwen te vrèman siveye tèt mwen pou m asire m ke m te itilize non Legliz la kòrèkteman. Nan premye fwa yo, mwen te oblije trè konsyan epi mwen pa t pèmèt tèt mwen retounen nan ansyen fason yo. Aprè premye tantativ yo, mwen te santi m pi alèz pandan m ap itilize non ki te revele pou Legliz la. Mwen admèt ke anpil fwa, mwen te konn di non Legliz la byen vit. Mwen te santi m enkyete paske moun yo pa t ap prete atansyon ak non konplè Legliz la, epi yo ta kapab petèt panse li yon ti jan long.

Sepandan, nan apre, mwen te reyalize ke lè m di non konplè Legliz la avèk entansyon, sa ban m plis opòtinite valab pou m pale de non Jezikri epi anfèt pou m rann temwayaj konsènan Sovè a nan deklare non Li nan non Legliz Li a. Mwen te remake tou ke lè m te repetenon kòrèk Legliz la avèk lòt moun, mwen te sonje Jezikri pi souvan epi m te santi enfliyans Li nan lavi m.

Lè nou suiv pwofèt la, nou tout kapab aprann pou nou temwaye plis konsènan Jezikri pandan n ap itilize non kòrèk Legliz la, konsa n ap pran non Senyè a davantaj sou tèt nou.

Nan maten Saba sa a, mwen kontan pou m temwaye ke Prezidan Nelson se pwofèt vivan Bondye a e ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se Legliz retabli Kris la. Mwen temwaye avèk imilite konsènan Pitit Bondye a ak divinite Li. Li se Premye Pitit Gason Bondye epi Sèl Pitit Gason an, Sovè ak Redanmtè nou an, Emanyèl la.7 Nan non Jezikri, amèn.