2009
Benediksyon tanp yo
Oktòb 2009


Benediksyon Tanp

Soti nan yon diskou devosyon ki te fèt nan Inivèsite Brigham Young jou 15 Novanm 2005. Pou tout tèks diskou a an Anglè, gade http://speeches.byu.edu.

Tanp lan se yon edifis sakre, yon kote sen kote seremoni ak òdonans esansyèl pou Sali yo akonpli pou prepare nou pou egzaltasyon.

Imaj
Elder Robert D. Hales

Benediksyon dotasyon tanp yo esansyèl pou nou chak menmjan ak batèm nou. Pou rezon sa a nou dwe prepare tèt nou pou nou kapab pwòp pou antre nan tanp Bondye a.

Opòtinite pou antre nan tanp lan ak pou pran sou tèt nou òdonans sakre ki ladan yo se youn nan pi gwo benediksyon ki disponib pou nou nan mòtalite a. Lè sa a, apre nou fin pran alyans sa yo sou tèt nou, obeyisans nou nan viv yo chak jou kanpe kòm yon demonstrasyon lafwa nou, devosyon nou, ak angajman espirityèl nou pou onore Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason l lan, Jezikri. Obeyisans nou prepare nou tou pou n al viv avèk yo nan etènite yo. Òdonans Sali nan tanp yo esansyèl pou—e yo menm se fokis santral—plan Sali a.

Doktrin tanp lan

Tanp lan se vrèman yon plas kote nou “nan mond lan men nou pa fè pati mond lan.” Lè nou twouble e nou gen desizyon enpòtan ki peze lou sou lespri nou ak nanm nou, nou ka pote sousi nou yo nan tanp lan epi resevwa gidans espirityèl.

Nou bezwen akeri yon temwayaj ak yon santiman reveran konsènan tanp lan kòm kay Senyè a. Pou prezève sentete tanp lan epi pou envite Lespri a pou beni moun ki antre nan tanp sen yo pou òdonans ak alyans yo, yo anseye nou ke okenn bagay ki pa pwòp pa dwe antre nan tanp lan. Reverans nan tanp lan se yon eleman vital nan envite Lespri a pou demere andedan li chak èdtan nan chak jounen.

Lè m te piti, papa m te mennen m soti Long Island, Nouyòk, pou m t al mache sou sòl Tanp Salt lake la, pou m te touche tanp lan, epi pale sou enpòtans tanp nan lavi mwen. Sete nan okazyon sa a ke m te fikse nan lespri mwen ke yon jou m t ap retounen pou resevwa òdonans tanp yo.

Atravè tout listwa, nan chak dispansasyon, Senyè a te toujou kòmande pwofèt yo ke tanp yo dwe bati pou ke pèp li a te kapab resevwa òdonans tanp yo. Moyiz ak Izrayelit yo te jwenn benediksyon yon tanp pòtab, tabènak la, kote travay òdonans sakre yo sou lwa Moyiz la te akonpli—epi kote, pafwa, Senyè a te konn vini pou pale avèk Moyiz. Wa Salomon te fini bèl tanp lan nan Jerizalèm nan, ki te vin detwi nan apre. Epi, pandan ministè Kris la, yon lòt tanp te bati nan Jerizalèm.

Nou aprann nan Liv Mòmon an ke Nefi te bati yon tanp “tankou tanp Salomon an” (2 Nefi 5:16). Lòt pwofèt Nefit, ladan yo Jakòb ak Wa Benjamen, te anseye pèp la sou tanp (gade Jakòb 1:17; Mozya 1:18).

Konsa tou, lè Senyè Jezikri resisite a te parèt devan Nefit yo nan ane 34 A.K. la, li te vini nan tanp lan (gade 3 Nefi 11:1–11).

Pwofèt Joseph Smith te anseye: “Legliz la pa totalman òganize, nan lòd kòrèk li, e li pa kapab, pazavan tanp lan fini, kote plas pral prepare pou administrasyon òdonans Prètriz yo.”1

Tanp Kirtland nan sete premye tanp nan dènye jou yo, epi li te jwe yon wòl enpòtan nan retablisman kle Prètriz yo. Joseph Smith, kòm rezilta yon priyè, te resevwa vizit Jezi nan Tanp Kirtland nan jou 3 Avril 1836 la (gade D&A 110). Sovè a te parèt an glwa epi li te aksepte Tanp Kirtland nan kòm kay li. Pou okazyon sa a, Moyiz, Elyas, ak eli te parèt tou pou remèt kle Prètriz yo te detni yo. Eli te retabli kle pouvwa sèlman yo, jan sa te pwomèt pa Malachi a, pou nou kapab jwi plenitid benediksyon tanp yo nan lavi nou.

Zansèt pyonye nou yo te fini Tanp Novou a epi yo te akonpli òdonans sakre ladan li. Tanp Novou a sete premye tanp kote dotasyon ak sèlman te akonpli, ki te vin yon gwo fòs pou pyonye yo pandan yo t ap andire difikilte travèse plèn yo pou ale Siyon nan Vale Salt Lake la. Yo te dote avèk pouvwa nan tanp sen an. Mari ak madanm te sele youn ak lòt. Timoun te sele avèk paran yo. Anpil nan yo te pèdi manm fanmi yo ki te mouri sou wout la, men yo te konnen ke se pa t fen an pou yo. Yo te sele nan tanp lan pou tout letènite. Nan apre, atravè revelasyon Prezidan Brigham Young te resevwa, Sen yo te bati plis tanp nan Lwès la.

Jodi a nou gen 130 tanp k ap fonksyone, sa ki pèmèt manm fidèl yo nan Legliz la toupatou sou tè a ale nan kay Senyè a pou resevwa òdonans tanp yo ak fè alyans avèk li.

Òdonans tanp yo

Objektif prensipal tanp se pou founi òdonans nesesè yo pou egzaltasyon nou nan wayòm selès la. Òdonans tanp yo gide nou vè Sovè a epi yo ba nou benediksyon ki vini atravè Ekspyasyon Jezikri a. Tanp yo se pi gwo inivèsite aprantisaj koni pa lèzòm, ki ba nou konesans ak sajès sou Kreyasyon mond lan. Enstriksyon dotasyon yo bay gidans pou n konnen kijan nou dwe kondui lavi nou isit la nan mòtalite a. Siyifikasyon mo dotasyon an se “don.” Òdonans lan se yon seri enstriksyon sou fason nou dwe viv ak alyans nou fè pou viv nan lajistis nan suiv Sovè nou an.

Yon lòt òdonans enpòtan se sele pou letènite nan maryaj selès. Alyans maryaj sa a pèmèt pitit yo sele avèk paran yo epi timoun ki fèt nan alyans yo vin fè pati yon fanmi etènèl.

Doktrin ak Alyans yo anseye nou: “Nenpòt bagay ou sele sou tè a ap sele nan syèl la; epi nenpòt bagay ou lye sou tè a nan non mwen epi avèk pawòl mwen, ap lye etènèlman nan syèl la” (D&A 132:46).

Lè yon koup mete ajenou sou lotèl la, antanke selè mwen konsyan de wòl mwen kòm reprezantan Senyè a. Mwen konnen ke sa k sele sou tè a literalman sele nan syèl la—li pap janm kase si moun k ap sele yo rete fidèl epi Pèsevere jiskalafen.

Pandan ane yo, mwen obsève anpil koup ki vin kapab kenbe maryaj yo solid ak vital pandan yo rete vrè nan alyans yo te pran sou tèt yo nan tanp lan. Koup ki gen siksè sa yo gen plizyè bagay an komen.

Premyèman, koup sa yo konnen kiyès yo ye endividyèlman—pitit gason ak pitit fi Bondye. Yo fikse bi etènèl pou y al viv avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason l lan, Jezikri, yon fwa ankò. Yo efòse yo pou yo kite fason lòm natirèl yo dèyè (gade Mozya 3:19).

Dezyèmman, yo konnen doktrin nan ak enpòtans òdonans Sali tanp yo ak alyans tanp yo ak nesesite yo nan atenn bi etènèl yo.

Twazyèmman, yo chwazi pou jwenn benediksyon wayòm Bondye yo olye posesyon tanporè mond lan.

Katriyèmman, koup sa yo reyalize ke lè yo sele pou letan ak letènite, yo chwazi yon konpayon etènèl—koutize lòt moun fini pou yo! Yo pa bezwen gade pi lwen!

Senkyèmman, koup sa yo panse youn ak lòt anvan tèt yo. Egoyis toufe santiman espirityèl. Pandan y ap kominike avèk Senyè a nan lapriyè, yo grandi ansanm e non pa apa. Yo pale youn ak lòt, konsa yo pa janm kite ti bagay piti vin tounen gwo pwoblèm. Yo pale bonè sou “ti blese” avèk tikras pè pou pa ofanse. Nan fason sa a, lè presyon an monte epi yo pataje avèk lòt, pa gen okenn eksplozyon santiman amètim. Li sitèlman pi fasil pou kite yon ti vapè sòti anvan nou eksploze pa kòlè. Yo dispoze pou fè ekskiz epi mande padon si yo blese moun yo renmen an. Yo eksprime lanmou yo youn pou lòt epi yo vin pi pwòch. Youn edifye ak fòtifye lòt.

Benediksyon tanp yo

Tanp lan se yon edifis sakre, yon plas sen, kote seremoni ak òdonans esansyèl pou Sali yo akonpli pou prepare nou pou egzaltasyon. Li enpòtan pou nou akeri yon konesans sèten sou lefèt ke preparasyon nou pou antre nan kay sen an ak patisipasyon nou nan seremoni ak òdonans sa yo se kèk nan evenman pi enpòtan nou pral fè eksperyans nan lavi mòtèl nou.

Nou volontèman vini nan prezans Bondye Papa a nan jou eprèv mòtèl sa a an tout libète, konesan ke n ap gen “opozisyon nan tout bagay” (2 Nefi 2:11). Objektif nou se pou ame nou avèk tout zam Bondye yo pou nou kapab kanpe devan “flanm dife mechan an yo” avèk boukliye lafwa a ak epe Lespri a (gade D&A 27:15–18), pou andire jiskalafen, epi diy pou kanpe epi viv nan prezans Bondye Papa a ak Pitit Gason l lan, Jezikri, pou tout letènite—pou atenn sa ki rele lavi etènèl la.

Nòt

  1. History of the Church, 4:603.

Foto Tanp Salt Lake la pa Welden C. Andersen; adwat: foto ilistrasyon pa John Luke

Moyiz ak Izrayelit yo te jwenn benediksyon yon tanp pòtab, tabènak la, kote travay òdonans sakre yo sou lwa Moyiz la te akonpli—epi kote, pafwa, Senyè a te konn vini pou pale avèk Moyiz.

Ilistrasyon pa Ted Henninger