2009
Ti kana lèd oswa zwa elegan? Sa depann de ou!
Oktòb 2009


Ti kana lèd oswa zwa elegan? Sa depann de ou!

Lè m te jèn timoun , m sonje manman m te konn li pou mwen istwa “The Ugly Duckling (ti kana lèd la)” pa Hans Christian Andersen. Petèt sete akoz mwen te timid epi m te santi m pa entegre, men souvni ak leson moral istwa sa a toujou rete avèk mwen.

Nan vèsyon m sonje a, yon manman kana te tann avèk pasyans pou ze l yo te kale vin bay ti kana. Anvan lontan, kana kouvri ak plim, jòn te soti sa ki te fè manman kana a plezi. Sepandan, te gen yon ze lejèman pi gwo ki pa t ko kale. Manman an ak ti kana li yo t ap gade epi yo t ap tann. Lè ze a te finalman kase pou ouvè, kana jòn yo te remake ke nouvo manm sa a nan fanmi an te diferan. Yo te rasanble alantou li epi yo te deklare bay manman yo ak papa yo: “Li pa sanble avèk nou. Li lèd.” Yo te kite l poukont li nan nich la epi yo te naje ale. Kana lèd la te deplase kite nich la pou l al eseye kache. Chak rankont li te fè te negatif e dekourajan. Li te souvan panse de li konsa, “Tout moun rayi m paske mwen lèd.”

Epi yon mirak te fèt nan lavi li. Li te wè lòt ki te sanble ak aji menm jan avèk li! Li te vin fè zanmi avèk yo, epi yo te pran li mennen bay manman yo epi yo te di: “Manman, manman, nou jwenn yon ti frè! Eske li ka rete avèk nou pou tout tan?” Bèl manman zwa elegan an te vlope ti kana lèd la anba zèl blan li yo epi li te di li ak yon ti vwa dous, “Ou pa yon kana ditou! Ou se yon ti zwa, epi yon jou se ou ki pral wa lak la.”

M te renmen tande istwa sa a lè m te piti. Mwen pa t reyalize ke leson m te aprann nan li a t ap ede m travèse ane difisil adolesans mwen yo. M te batize kòm manm legliz la lè m te nan laj yuitan, men tikal pa tikal fanmi m te vin inaktif.

Nan ti bouk nan Idaho kote m te grandi a, te gen yon sal sinema ki te ofri yon pwogram espesyal chak Samdi maten. M te toujou konn ale avèk de oswa twa nan zanmi m yo. Sal sinema a te prezante yon fim tou kout sou espò epi yon lòt sou evenman ki t ap pase yo. Presipal prezantasyon an sete dabitid yon fim kòbòy chaje aksyon.

Yon Samdi pandan entèmèd la, anplwaye yo te pouse soti yon bisiklèt 10-vitès. Li te wouj, li te bèl, epi yo ta pral fè kado l ak moun nan asistans la ki te gen moso tikè gànyan an! O, M te vrèman anvi bisilkèt la!

Prezantatè a te plonje men l nan bwat la epi rale yon tikè. Lè li te li nimewo sou tikè a, m te dekouvri ke m te genyen tikè gànyan an. Men m pat deplase ni di anyen. M te twò timid ak anbarase. M pa t gen konfyans ase nan tèt mwen pou kanpe epi fè tout moun konnen ke m te genyen tikè gànyan an. Li te anonse nimewo gànyan an de lòt fwa, epi chak fwa m te kenbe tikè a byen ba pou pèsonn pa t wè li. Finalman, prezantatè a te li yon lòt nimewo. Se youn nan zanmi ki te vini nan sinema avèk mwen yo ki te genyen nouvo nimewo a. Li te sote, rele fò, epi monte sou podyòm lan pou reklame bisiklèt li. Bisiklèt sa a te kapab vin pa m!

Pandan m t ap mache al lakay mwen pou kont mwen soti nan sinema jou samdi sa a, m te reflechi ak istwa ti kana lèd la. M te santi m tankou ti zwa sa a anpil. M te santi tankou m t ap mache pasi pala nan raje ap eseye kache epi pèsonn pa t renmen m. M pa t reyalize kiyès mwen te ye ni kisa m te ka devni. Nan moman m te rive lakay mwen, m te konnen yon bagay te dwe chanje. M sonje m te panse konsa, “Se moman pou m grandi. Sa pa p janm rive m ankò.”

M te kòmanse dekouvri ke te gen lòt moun bò kote mwen ki te renmen m e sousye pou mwen. Episkopa pawas mwen te enterese nan mwen, menm jan ak prezidan pye mwen, ki te rete pi ba nan ri lakay mwen an. Yo te anseye m levanjil la. Yo te rann mwen temwayaj yo sou reyalite Sovè a ak Ekspyasyon presye li a ak sa li te ka fè pou mwen. Yo te li istwa Joseph Smith la ak vizyon li a nan boskè sakre a plizyè fwa. Apati eksperyans sa a m te devlope abitid mèvèye pou li nan Joseph Smith—Istwa chak semèn. Konsa, m konnen ke m ka gen fòs pou simonte nenpòt bagay ki parèt devan m nan semèn sa a.

Nan moman sa yo nan lavi mwen, lè m te bezwen yon moun anpil anpil la, Papa m ki nan syèl la te beni m. Li te konnen kiyès mwen ye, epi li te voye sèvitè l yo pou te ede m dekouvri sa pou tèt mwen. Yo te antoure m avèk bra yo epi yo te di m pa aksyon yo ke mwen se pa t yon kana lèd ditou epi si mwen te diy epi respekte kòmandman Bondye yo, m te ka vin tounen “wa lak la.” Benediksyon ak konpreyansyon sou Ekspyasyon an te kòmanse ban m plis fòs ak konfyans.

Lè m te rive nan laj 16 an, bon gason sa yo te ankouraje m pou m te resevwa yon benediksyon patriyakal. Apre m te fin resevwa rekòmandasyon mwen, m te monte sou ansyen bisiklèt mwen an epi m te pedale sou plizyè kilomèt pou rive lakay patriyach la. Li te eksplike kisa yon benediksyon patriyakal ye ankò epi kijan li ta p beni lavi m. Li te mete men li sou tèt mwen. Apre ekperyans sa a, lavi m te chanje nèt.

Mwen te aksepte yon apèl misyon pou Ekòs epi m te fè yon ekseryans mèvèye. Kèk semèn apre m te retounen lakay men, m te rankontre fiti madanm mwen nan yon reyinyon legliz la. Nou te soti ansanm, epi m te pwopoze l maryaj. Nou te marye nan tanp Salt Lake la.

Yon fraz nan benediksyon patriyakal mwen endike ke m t ap gen pèmisyon pou viv nan mòtalite a avèk yon zanj. Nan moman patriyach la te ban m benediksyon sa a, mwen pa t konnen kisa yon zanj te ye, ni sa fraz la te vledi. Lè m t ap kite tanp la jou m te sele avèk madanm mwen an, m te konnen kisa l te vledi. Li te vin tounen limyè lavi m. Gras avèk li, m te jwenn opòtinite pou m te viv nan yon anviwonman limyè. Li te pote jwa ak bonè pou 8 pitit nou yo, 25 pititpitit, epi 2 pitit pititpitit. Pitit mwen yo te reyalize ke li se yon benediksyon. M di Bondye mèsi pou benediksyon yo nan levanjil la ak benediksyon etènèl nan alyans ak òdonans yo nan tanp sakre a.

Satan ta vle nou kwè ke nou se kana lèd ki pa gen okenn chans vin tankou Papa nou ki nan syèl la ak Pitit Gason li a. Mwen rann temwayaj ke Bondye renmen nou chak nan fason espesyal. Jan Eldè Neal A. Maxwell (1926–2004) nan Kowòm Douz Apot yo te souvan di, “Enfliyans pèsonèl Bondye pou fòme nou evidan nan ti detay yo nan lavi nou.” Nou se pitit Bondye. M te vin konnen ke nou ka leve pi wo pase anviwònman aktyèl nou epi vin tounen “wa ak rèn nan lak la” nan suiv kòmandman yo nan levanjil la.

Mwen konnen yon lòt bagay tou. Mwen konnen kiyès nou ye ak kikote nou soti. Revelasyon yo fè nou sonje fidelite nou nan lavi premòtèl la (gade Revelasyon 12:7–11; D&A 138:56; Abraam 3:22–23). Pandan n ap mare temwayaj nou ak gwo verite sa a, chak jou vin tounen yon benediksyon mèvèye pou nou chak.

Rete nan kan Senyè a sou bò pa l la. Si li ka pran swen yon tigason rezève, timid tankou mwen, l ap pran swen ou kounyeya ak nan lavni. Ou se yon pitit gason oswa pitit fi chwazi Bondye. Chwazi pou viv nan nivo potansyalite divin ki chita andedan w lan.

Nòt

  1. Neal A. Maxwell, “Becoming a Disciple,” Ensign, Jen 1996, 17

Ou se yon pitit fi oswa pitit gason chwazi Bondye Chwazi pou viv nan nivo potansyalite divin ki chita andedan w lan.

Diminye tèt ou?

Reflechi sou sa: Ou se yon pitit Bondye. Avèk èd li ou ka reyalize gwo bagay. (Gade Women 8:16–17.)

Anplwaye yo te pouse soti yon bisiklèt 10-vitès. Li te wouj, li te bèl, epi yo ta pral fè kado l. O, M te vrèman anvi bisiklèt la!

M te dekouvri ke m te genyen tikè gànyan an. Men m pat deplase ni di anyen. M te twò timid ak anbarase.

Benediksyon ak konpreyansyon sou Ekspyasyon an te kòmanse ban m plis fòs ak konfyans.

Ilistrasyon pa Jerry Harston, sof si lekontrè; foto zèl yo nan © Getty Images; foto zwazo pa Graham Ford © Getty Images

Detay apati Kris nan Jetsemani, pa Heinrich Hofmann, koutwazi C. Harrison Conroy Co.