2009
Nouvo Liv Imaj Levanjil la
Oktòb 2009


Nouvo Liv Imaj Levanjil la

Yon liv ki relye an spiral ke tout moun ka pwokire bay Sen Dènye jou yo aksè kounyeya nan 137 imaj koulè pou itilize nan aprann ak anseye levanjil la.

Nan biwo Prezidan Thomas S. Monson nan gen yon tablo Sovè a sou mi an ki fèt pa atis Heinrich Hofmann. Pwofèt la di ke tablo sa a raple li pou l fè sa Sovè a ta renmen l fè. Foto yo kapab gen yon gwo enfliyans sou nou chak, menmjan tablo sa a gen enfliyans sou Prezidan Monson nan.

Nan yon dezi pou bay manm yo foto abòdab pou yo itilize nan klas yo nan Legliz la ak nan fwaye yo, Legliz la mete aladispozisyon yo Liv Imaj Levanjil la avèk 137 tablo ak foto. Imaj sa yo kapab konplete leson k ap anseye tout kote soti nan Doktrin Levanjil rive nan Peryòd Echanj nan Primè. Yo kapab itilize nan sware familyal, etid ekriti pèsonèl, travay misyonè, ak ansèyman vizit nan fwaye tou.

Chak ilistrasyon nan liv sa a envite yon moman ansèyman—opòtinite pou rakonte yon istwa ekriti ak anseye yon prensip. Pou ede nou, Liv Imaj Levanjil la gen yon lis ki relye imaj yo avèk resi yo nan ekriti yo. Chèche ekriti sa yo ap apwofondi konpreyansyon nou sou evenman yo ak prensip levanjil yo dekri nan chak imaj yo.

Men twa fason Liv Imaj Levanjil la kapab itilize nan anseye yon leson:

  1. Panse envite moun yo pou chèche ekriti ki anrapò avèk yon imaj patikilye. Mande yo pou yo li ekriti a fò oubyen rezime li pandan n ap pale de imaj la ansanm.

  2. Panse pou mande moun yo pou dekri sa yo wè nan imaj la. Ki prensip levanjil imaj la anseye? Nan ki fason nou ka aplike prensip sa yo nan lavi nou jodi a?

  3. Apre w fin anseye yon prensip levanjil an patikilye, envite lòt moun yo pou yo chèche nan Liv Imaj Levanjil la, pandan y ap chèche imaj ki ilistre prensip sa a. Mande chak moun kijan yo santi yo lè y ap gade imaj la kounyeya ke yo sot pale sou siyifikasyon li.

Nan tout aprann ak anseye levanjil la, annou chèche enspirasyon nan espri lapriyè (gade D&A 42:14–17). Lè nou fè sa, Sentespri a ap pote nan lespri nou lòt ide ki ap reponn ak bezwen moun n ap anseye yo. Nouvo Liv Imaj Levanjil la se yon zouti enpòtan ki kapab ede nou pou nou youn ede lòt vin jwenn Kris la pou resevwa benediksyon lavi etènèl yo.

Soti agoch: Foto Kris la, pa Heinrich Hofmann, koutwazi C. Harrison Conroy Co.; foto ilistrasyon pa Matthew Reier, Hyun-Gyu Lee, ak Christina Smith