2009
Anseye sou priyè
Oktòb 2009


Anseye sou priyè

Connor M. laj 7 ane, Kalifònya, Etazini, avèk èd manman li

Ti sè m nan, Lily, pa renmen fè priyè li. Li kriye ak plenyen lè se moman pou priye. Yon jou swa Lily te wè m ajenou pou fè priyè m anvan m dòmi. Li te vle fè priyè a avèk mwen. M te di li kijan li enpòtan pou fè pwòp priyè nou pou remèsye Pè Selès la pou tout benediksyon nou yo. Jou swa sa a Lily te kontan anpil pou l fè priyè li.