2009
Elve jenerasyon k ap leve a
Oktòb 2009


Mesaj vizit nan fwaye

Elve jenerasyon k ap leve a

Anseye ekriti ak sitasyon sa yo oubyen, si nesesè, yon lòt prensip ki ap beni sè w ap vizite yo. Rann temwayaj ou sou doktrin nan. Envite moun w ap anseye yo pou yo pataje sa yo te santi ak aprann.

D&A 123:11: “Se yon devwa san kondisyon nou dwe tout jenerasyon ka p leve a.”

Ki responsablite mwen anvè jenerasyon k ap leve a?

Èldè Neal A. Maxwell (1926–2004) nan Kolèj Douz Apot yo:Rezève pa Senyè a pou tan sa a, [jenerasyon k ap leve a] dwe kounyeya prezève … ak prepare pou moman espesyal yo nan istwa imèn nan! Yo te rezève yo pou vini nan moman sa a menm, men kounyeya yo bezwen avanse pou reponn ak randevou yo a. …

Jèn yo pa diferan de fiti konvèti yo. Gen moman kritik kote nanm yo kòmanse panche—vè Senyè a oswa lwen li. Moman desizyon sa yo pa ka toujou kreye, men lè yo rive, yo pa dwe pèdi. Pi souvan, moman sa yo ap rive nan konvèsasyon trankil ak reveran avèk paran, granparan, yon evèk, yon dirijan adilt, oswa yon zanmi ki jis” (“Unto the Rising Generation,” Ensign, Avr. 1985, 8, 10).

Èldè Ronald A. Rasband nan Prezidans Swasanndis yo: “Jenerasyon k ap leve nou an vo pi bon efò nou pou sipòte yo ak fòtifye yo nan vwayaj yo pou rive nan laj adilt la … Nan chak aksyon n ap fè, nan chak kote nou ale, avèk chak jèn Sen Dènye Jou nou rankontre, nou bezwen gen yon konsyans ogmante sou bezwen pou fòtifye yo, nouri yo, ak rete yon enfliyans pou sa ki bon nan lavi yo” (“Our Rising Generation,” Liahona, Me 2006, 47).

Kijan m ka nouri jenerasyon k ap leve a?

Prezidan Gordon B. Hinckley (1910–2008): “Pa janm bliye ke timoun piti sa yo se pitit gason ak pitit fi Bondye epi nou se sèlman gadyen tanporè yo, ke li te yon paran anvan nou te paran epi li pa abandone dwa parental li oubyen enterè parantal li nan timoun piti sa yo. …Elve timoun nou yo nan lanmou, nan swen ak disiplin Senyè a. Pran swen timoun nou yo. Akeyi yo lakay nou, epi nouri yo epi renmen yo avèk tout kè nou. Nan ane k ap vini yo, yo gen dwa fè kèk bagay nou pa vle yo fè, men, pran pasyans, pran pasyans. Ou pa echwe osi lontan ke w eseye” (“Words of the Living Prophet,” Liahona, May 1998, 26–27).

Julie B. Beck, prezidant jeneral Sosyete Sekou: “Nouri vle di kiltive, pran swen, fè grandi. … Nouri mande òganizasyon, pasyans, lanmou, ak travay. Ede grandi ki reyalize atravè nouri a se yon wòl vrèman puisan ak enfliyan yo bay fi yo” (“Mothers Who Know,” Liahona, Nov. 2007, 76, 77).

Barbara Thompson,dezyèm konseyè nan prezidans jeneral Sosyete Sekou: “Antanke sè nan Sosyete Sekou nou youn kapab ede lòt fòtifye fanmi yo. Yo banou opòtinite pou nou sèvi nan anpil domèn. Nou toujou an kontak avèk timoun yo ak jèn yo ki gen dwa bezwen egzakteman sa nou kapab ofri a. Nou menm sè ki pi aje yo nou gen bon konsèy ak eksperyans pou n pataje avèk jèn manman yo. Pafwa yon dirijan Jènfi oswa yon enstriktè Primè di oubyen fè egzakteman sa ki nesesè pou ranfòse yon paran k ap eseye anseye a. Epi nou pa bezwen okenn apèl patikilye pou nou lonje lamen bay yon zanmi oswa yon pwochen” (“I Will Strengthen Thee; I Will Help Thee,” Liahona, Nov. 2007, 117).

Foto ilistrasyon ak fon an pa Craig Dimond