2009
Plas lapè
Oktòb 2009


Plas lapè

Pou de jènfi sa yo nan Repiblik Dominikèn, tanp lan se plis pase yon bèl bilding. Se yon rapèl vivan de rèv ak espwa ki te pi chè pou yo.

Dilcia Soto, 16 an, toujou sonje jou tanp lan te konsakre a nan vil natal li Santo Domingo nan Repiblik Dominikèn: “Mwen te gen nevan sèlman lè sa a, men mwen te di ‘Waw! Yon tanp isit la!’ Mwen te konn wè moun aprale nan lòt peyi pou yo te sele ak fè alyans. Mwen te panse: ‘Kounyeya fanmi m avèk mwen pap bezwen ale nan yon lòt peyi paske nou gen pwòp tanp pa nou tou pre.’”

Jodi a tanp lan kanpe majestye ak wo nan kapital la, si frapan avèk flèch li ak lakou byen antreteni ke anpil moun k ap pase panse siman se yon katedral. Dilcia kontan pou l eksplike ke li menm pi sakre pase sa. Nan lakou tanp lan gen yon diyite trankil an gwo kontras avèk pil enèji ki nan lari yo ak mache yo anba lavi l la.

Se yon plas lapè kote Dilcia avèk zanmi li Kelsia St. Gardien, 14 an, te vini sa pa gen lontan. You toulède se manm nan Pawas Mirador nan Santo Domingo nan Pye Independencia a nan Repiblik Dominikèn. Men yo toulède te konn vin nan tanp lan anvan sa pou fè batèm pou mò yo. Men nan jou sa a yo te vini senpleman pou mache nan lakou a, pou pale, ak pou santi Lespri deyò bilding nan ke tanp lan pote andedan l lan.

Dezi Dilcia

Dilcia di: ”Mwen gen yon gwo lanmou pou Senyè a, e mwen rekonesan anpil pou sa l fè nan lavi mwen. Fanmi pwòch mwen se manm Legliz la, men matant mwen yo, tonton, ak kouzen m yo pa manm. Lè yo vin lakay mwen, mwen toujou gen yon Liv Mòmon pare paske ka petèt gen yon opòtinite pou pataje levanjil la avèk yo.” Li pataje levanjil la avèk zanmi tou epi “ak tout moun mwen ka rankontre ki vrèman enterese.” Epi chak fwa l fè sa, li di: “Mwen santi Lespri a si fò. Chak fwa m rann temwayaj mwen, mwen santi verasite Legliz la toutantye ankò.”

Li sonje yon leson seminè sou plan Sali a. Li di: “Anvan mond sa a te fèt, nou te nan yon gwo konsèy nan syèl la epi nou te chwazi suiv Papa nou ki nan Syèl la ak aksepte sakrifis Jezikri t ap vin fè pou nou an. Enstriktè nou an te eksplike ke nou kapab di nou te obeyi papa nou ki nan Syèl la lè sa a paske nou isit la sou tè a kounyeya avèk kò lachè ak zo. Lè l te di sa, mwen te konnen sete vre. Jou swa sa a nan priyè mwen, mwen te kriye epi mwen te di Bondye mèsi pou konesans sa a.”

Dilcia site 1 Korentyen 3:16: “Èske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou?” Li di: “Si nou menm tou nou se yon tanp, mwen bezwen osi pwòp ak bèl ke tanp lan. Ala yon benediksyon ekstraòdinè sa ye pou yon moun nan Legliz sa a epi pou w se yon jènfi vètye!”

Li di pi gwo dezi li se pou l viv avèk Papa nou ki nan Syèl la ankò yon jou. Li di: “Mwen rekonesan anpil paske li banou tanp lan pou nou kapab fè tout sa nou bezwen fè pou retounen al jwenn ni. Pi bon fòm pou remèsye li se viv fason li mande nou pou nou viv.”

Dilcia di: “Senyè a vle nou antre nan kay li a, pou n aprann sou li, epi pou n fè wout nou pou ale nan letènite avèk li.” Li di li kontan patisipe nan batèm pou mò yo paske “se yon fason pou ede moun k ap tann nan lòtbò vwal yo, pou fè yon bagay pou yo ke yo pa kapab fè pou tèt pa yo.”

Angajman Kelsia

Kelsia dakò. Li di: “Zansèt nou yo bezwen nou fè travay la, epi mwen konnen y ap rekonesan anvè nou. Mwen menm an patikilye, m ap tann avèk enpasyans pou m wè grann mwen ke m pa t janm te konnen nan lavi sa a. Nou pral fè si ke tout travay tanp yo fèt pou li.”

Pale osijè tanp pote gwo emosyon pou Kelsia. Li di: “Mwen angaje m pou m pran desizyon ki apral ede m sele avèk fanmi mwen. Nou dwe respekte levanjil la ak obsève kòmandman yo al pie de la letra [egzakteman jan yo ye a]. Nou dwe fè sa paske nou renmen Papa nou ki nan Syèl la, epi obeyisans se fason nou montre gratitid nou anvè li.”

Fanmi li te antre Legliz la an Desanm 2006, sizan apre papa l te bwote soti Ayiti pou vin Repiblik Dominikèn. Li di: “Mwen rekonesan anpil pou misyonè yo ki te vin frape pòt nou yo. Sa te bèl pou m te santi Lespri a epi aprann sou plan Papa nou ki nan Syèl la pou nou. Depi lè levanjil la vin nan lavi nou an, fanmi nou vin pi pwòch. Mwen rekonesan paske li te ban m yon fanmi ki si ini, menm nan moman pi difisil yo. Panse ke nou kapab gen privilèj pou n sele etènèlman an sanble tankou youn nan pi gwo benediksyon pami tout lòt yo.”

Paran li ap pran klas preparasyon pou tanp kounyeya, epi sa raple li pou l prepare pou jou kote li pral marye nan tanp. “Se objektif prensipal mwen, pou fiti mari mwen avèk mwen diy youn pou lòt epi diy pou n yon fanmi etènèl.”

Pataje serenite

De zanmi yo mache depase poto kote drapo peyi a deplwaye a nan yon bèl ti briz. Dilcia di: “Menm drapo a nan tanp lan raple nou pou nou fidèl. Li plis pase koulè sèlman. Li gen deviz Dios, patria, libertad [Bondye, patri, libète] epi li montre yon kwa kretyen ak Dis Kòmandman yo. Li raple nou ke peyi nou an te fonde pa moun ki te kwè nan Bondye epi Bondye toujou enpòtan isit la.”

Yo mache depase antre tanp lan tou, kote pawòl Santidad al Señor, la Casa del Señor (Sentete pou Senyè a, Kay Senyè a) ekri nan antre a, jan yo ekri nan tout tanp yo.

Dilcia di: “Chak fwa mwen li pawòl sa yo, mwen ranpli avèk yon temwayaj puisan ke yo vrè. Mwen sonje m te vin la a avèk gwoup Mityèl nou an yon jou swa, jis pou n te vizite jaden tanp yo. Lè nou te fin fè sa, evèk la te mande nou sa nou te santi nan kote sa a. nou te pale sou sa epi yon repons yon sèl mo te vini: lapè.”

Epi Kelsia ak Dilcia mache ale an pansan ak repons yon sèl mo pafè sa a … pafè paske tanp lan se yon plas lapè.

Foto pa Richard M. Romney