2009
Kòmantè
Oktòb 2009


Kòmantè

Repons pou kesyon m yo

Mwen rekonesan anpil pou revi ekstraòdinè sa a ak pou temwayaj yo, nouvèl enfòmasyon yo, eksplikasyon ekriti yo, ak materyèl pou anseye leson yo ki ladan yo. Anpil fwa lè m poze Papa nou ki nan Syèl la kesyon, mwen dirije pa Sentespri a pou al nan Lyawona a, kote mwen jwenn repons pou kesyon m yo. Mwen resevwa chak nimewo avèk jwa.

Evgenija Samarskaja, Risi

Kontan pou jwenn Lyawona a

Mwen renmen Lyawona a epi mari m avèk mwen te gen senk abònman yon fwa. Nou itilize revi anplis yo kòm kado pou vwazen nou yo. Youn nan vwazen m yo te di m yon lè li te retounen lakay li fatige ak dekouraje soti nan travay, sa te fè l plezi pou l te jwenn magazin nan nan bwat kote l resevwa lèt yo. Mwen konnen ke tout bagay nan magazin nan enspire—soti nan mesaj Otorite Jeneral yo rive nan istwa manm yo—epi li li pote konesans ak benediksyon pou mwen epi li enspire m pou m gen lanmou ak konpreyansyon pou pwochen mwen.

Bertha Viola Rétiz Espino, Meksik