Konferans Jeneral
Tanp lan ak Fondasyon Spirityèl Ou
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Tanp lan ak Fondasyon Spirityèl Ou

Kèlkeswa lè nenpòt boulvèsman rive nan lavi nou, andwa ki gen plis sekirite pou nou ye spirityèlmanan an se viv andedan alyans tanp nou yo!

Chè frè m ak sè m yo, mwen rekonesan pou m avèk nou maten sa a pou m pataje santiman ki nan kè m avèk nou.

Jan nou konnen, n ap antreprann gwo renovasyon enpòtan nan Tanp Istorik Salt Lake la. Pwojè konplèks sa a enkli gwo ranfòsman enpòtan nan fondasyon orijinal li, ki te sèvi byen pandan plis pase yon syèk la. Men tanp sa a dwe kanpe pi lontan toujou. Nan fen mwa Me a, m t al enspekte pwogrè pwojè masif sa a. M panse nou t ap kontan wè sa madanm mwen Wendy avèk mwen te wè a. M panse nou pral wè poukisa kantik “Quel fondements fermes”1 nan vin gen yon nouvo siyifikasyon pou mwen.

Video sit renovasyon Tanp Salt Lake la: “Sa n ap gade la a se fondasyon orijinal Tanp Salt Lake la. Mwen kanpe nan yon zòn anba sa ki te Garden Room (Sal Jaden) an. Pandan m ap egzamine travay ki fèt nan tout edifis la, mwen emèveye devan sa pyonye yo te akonpli. Mwen totalman emèveye lè m konsidere ke yo te bati tanp mayifik sa a sèlman avèk zouti ak teknik ki te disponib pou yo alepòk la, sa gen plis pase yon syèk.

“Sepandan, plizyè deseni apre, si nou byen egzamine, nou ka wè efè ewozyon, twou nan travay wòch orijinal yo, ak nan diferan nivo stabilite nan masonri an.

“Kounyea, mwen temwen sa enjenyè, achitèk ak ekspè nan konstriksyon modèn yo kapab fè pou ranfòse fondasyon orijinal sa a, mwen absoliman etone. Travay yo ekstraòdinè!

“Fondasyon nenpòt edifis, patikilyèman youn lajè sa a, dwe solid ak rezistan ase pou l kapab kanpe devan tranbleman tè, lawouy, van vyolan, ak chanjman inevitab ki afekte tout batiman yo. Tach konplèks pou fòtifye l la kounyea ap ranfòse tanp sakre sa a pou mete fondasyon ki ka reziste epi ki pral kapab reziste devan tès tan yo.”

Nou pa epaye okenn efò pou bay tanp venerab sa a, ki te vin plis anplis frajilla, yon fondasyon ki pral reziste devan fòs lanati yo jiska Milenyòm nan. Menmjan tou, kounyea se moman pou nou chak mete anplas kèk desizyon ekstraòdinè—petèt desizyon nou pa t jann pran anvan—pou fòtifye fondasyon pèsonèl spirityèl nou. Tan san presedan mande mezi ki san presedan.

Chè frè m ak sè m yo, nou vrèman nan dènye jou yo. Si oumenm avèk mwen vle reziste devan danje ak presyon ki gen pou vini yo, li enperatif pou nou chak gen yon fondasyon spirityèl ki inebranlab ki bati sou wòch Redanmè nou an, Jezikri.2

Donk, m ap mande nou chak, “Nan ki pwen fondasyon nou fèm? Epi, ki ranfòsman nou bezwen nan temwayaj nou ak konpreyansyon nou de levanjil la?”

Tanp la chita nan sant ranfòsman lafwa ak kouraj spirityèl nou paske Sovè a ak doktrin Li a nan sant tanp lan. Tout sa yo anseye nan tanp lan, atravè enstriksyon e atravè Lespri a, ogmante konpreyansyon nou sou Jezikri. òdonans esansyèl Li yo liye nou avèk Li atravè alyans prètriz sakre yo. Epi, si nou kenbe alyans nou yo, L ap dote nou avèk pouvwa gerizon ak fòtifyan Li a.3 Epi, o, ala nou pral bezwen pouvwa Li nan jou k ap vini yo.

Yo pwomèt nou ke “si [nou] prepare [nou] pa p pè.”4 Asirans sa a gen enplikasyon pwofon jodia. Senyè a deklare ke malgre difikilte san presedan yo jodia, moun ki bati fondasyon yo sou Jezikri, e ki aprann kijan pou yo jwenn nan pouvwa Li, yo pa bezwen sikonbe anba anksyete san parèy epòk sa a.

òdonans ak alyans tanp yo ansyen. Senyè a te enstwi Adan ak Eve pou yo te priye, fè alyans, epi ofri sakrifis.5 Anfèt, “kèlkeswa lè Senyè a te gen yon pèp sou tè a ki obeyi pawòl Li, Li te toujou kòmande yo pou yo bati tanp.”6 Liv kanonik yo ranpli avèk referans a ansèyman, vètman, ak langaj tanp, ak plis ankò.7 Tout sa nou kwè e chak pwomès Bondye fè pitit alyans Li yo reyini nan tanp lan. Nan chak epòk, tanp lan souliyen verite presye ke moun ki fè alyans avèk Bondye e ki kenbe yo, yo se pitit alyans.

Konsa, nan kay Senyè a, nou ka fè menm alyans avèk Bondye ke Abraram, Izaak, ak Jakòb te fè a. Epi nou ka resevwa menm benediksyon yo!

Imaj
Tanp Kirtland nan ak Tanp Nauvoo a

Tanp yo fè pati dispansasyon sa a depi nan premye jou l yo.8 Eli te remèt kle otorite sèlman yo bay Joseph Smith nan Tanp Kirtland nan. Plenitid prètriz la te retabli nan Tanp Novou a.9

Jiska asasina l la, Joseph Smith te kontinye resevwa revelasyon ki te avanse retablisman òdonans dotasyon ak sèlman yo.10 Men, li te rekonèt ke sa t ap bezwen plis pèfeksyonman. Apre l te fin administre dotasyon an sou Brigham Young an Me 1842, Joseph te di Brigham: “Sa pa t fèt kòrèkteman men, nou fè pi byen nou te kapab nan sikonstans nou ye yo epi mwen swete w pran bagay sa a an men epi òganize tout seremoni sa yo.”11

Apre lanmò Pwofèt la, Prezidan Young te sipèvize finisman Tanp Nauvoo a12 epi nan apre li te bati tanp nan Teritwa Uta yo. Nan konsekrasyon etaj anba yo nan Tanp St. George la, Brigham Young te deklare ijans travay tanp pa pwokirasyon an avèk vigè, kote l te di: “Lè m panse a sijè sa a, mwen vle pou lang sèt tonè yo reveye pèp la.”13

Apati moman sa a, òdonans tanp yo te gradyèlman rafine. Prezidan Harold B. Lee te eksplike poukisa, pwosedi, règleman, e menm administrasyon òdonans tanp yo kontinye chanje andedan Legliz retabli Sovè a. Li te di: “Prensip yo nan levanjil Jezikri a diven. Okenn moun pa ka chanje prensip ak [doktrin] yo nan Legliz la sof Senyè, pa revelasyon. Men, metòd yo chanje lè yo pote direksyon bay moun k ap prezide nan moman an.”14

Konsidere fason benediksyon sentsèn nan te chanje atravè ane yo. Nan premye tan yo, yo te konn ofri dlo sentsèn nan bay kongregasyon an nan yon gwo veso. Chak moun te bwè ladan l. Kounyea, nou itilize ti kèp endividyèl ke nou jete apre. Pwosedi a chanje, men alyans yo rete menm.

Medite sou twa verite sa yo:

  1. Retablisman an se yon pwosesis, non pa yon evenman, epi l ap kontinye jiskaske Senyè a vini ankò.

  2. Objektif prensipal rasanbleman Izrayèl la15 se pou pote benediksyon tanp yo bay pitit fidèl Bondye yo.

  3. Si nou chèche kijan pou nou atenn objektif sa a pi efikasman, Senyè a ap revele nou plis ide. Retablisman k ap fèt la bezwen revelasyon kontinyèl.

Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo souvan mande Senyè a si gen pi bon mwayen pou pote benediksyon tanp yo bay pitit fidèl Li yo. Nou chèche direksyon regilyèman sou fason pou nou asire egzaktitid ak konsistans nan enstriksyon, alyans, ak òdonans tanp yo nan tout mond lan, malgre diferans nan lang ak kilti yo.

Sou direksyon Senyè a epi kòm repons a priyè nou, gen chanjman ki te fèt nan pwosedi yo. SeLi ki vle nou konprann byen klè kisa n ap fè alyans pou nou fè. SeLi ki vle nou fè eksperyans totalman avèk òdonans sakre Li yo. SeLi ki vle nou konprann privilèj, pwomès, ak responsablite nou yo. SeLi ki vle nou gen panse ak revèy spirityèl nou pa t janm gen anvan. Sa se dezi Li pou tout moun ki pral nan tanp, kèlkeswa kote y ap viv.

Chanjman aktyèl nan pwosedi tanp yo, ak lòt ki pral suiv yo, se prèv kontinyèl ke Senyè a ap dirije Legliz Li a aktivman. Li bay opòtinite pou nou chak ranfòse fondasyon spirityèl nou pi efikasman nan santre lavi nou sou Limenm ak sou òdonans ak alyans tanp Li yo. Lè nou pote rekòmandasyon tanp nou, yon kè kontri, ak yon lespri k ap chèche konesans nan mezon aprantisaj Senyè a, Li ap anseye nou.

Si distans, pwoblèm sante, ak lòt kontrent anpeche w ale nan tanp pou yon sèten tan, mwen envite w pou w fikse yon lè pou w repase alyans ou te fè yo nan tèt ou.

Si w poko renmen al nan tanp, ale pi souvan—pa mwen souvan. Kite Senyè a anseye w ak enspire w atravè Lespri Li ladan l. Mwen pwomèt ou ke, avèk letan, tanp lan ap vin yon lye sekirite, rekonfò, ak revelasyon pou ou.

Si l te posib pou m ta pale an tètatèt avèk chak jèn adilt, mwen t ap sipliye nou pou nou chèche yon konpayon ki ka sele nan tanp avèk nou. Nou petèt ap mande ki diferans sa pral fè nan lavi nou. Mwen pwomèt nou ke sa pral fè tout diferans lan! Si nou marye nan tanp epi nou retounen regilyèman, n ap fòtifye epi gide nan desizyon nou yo.

Si m te ka pale avèk chak mari ak chak madanm ki poko sele nan tanp, mwen t ap sipliye nou pou nou fè etap nesesè yo pou nou ka resevwa òdonans siprèm ki chanje lavi sa a.16 èske sa pral fè yon diferans? Sèlman si nou vle pwogrese ajamè epi rete ansanm ajamè. Swete pou nou ansanm pou tout tan p ap fè sa rive. Okenn lòt seremoni oubyen kontra p ap fè sa fèt.17

Si m te ka pale avèk chak gason oswa chak fi ki anvi marye men ki poko jwenn konpayon etènèl yo, mwen ta priye nou pou nou pa tann jistan nou marye pou nou dote nan kay Senyè a. Kòmanse kounyea pou n aprann ak santi kisa sa vle di pou nou ame avèk pouvwa prètriz la.

Epi, a nou chak ki deja fè alyans tanp yo, mwen sipliye nou pou nou chèche—nan lapriyè e konstamman—pou nou konprann òdonans ak alyans tanp yo.18 Pòt spirityèl yo va louvri. Nou va aprann kijan pou nou separe vwal ant syèl la ak tè a, kijan pou nou mande zanj Bondye yo pou yo akonpaye nou, ak kijan pou nou pi byen resevwa direksyon soti nan syèl la. Efò dilijan nou pou nou fè sa ap ranfòse ak fòtifye fondasyon spirityèl nou.

Chè frè m ak sè m yo, lè renovasyon yo nan Tanp Salt Lake la fini, p ap gen yon kote ki pral gen plis sekirite si gen yon tranblemandtè nan Vale Salt Lake la pase andedan tanp sa a.

Menmjantou, chak fwa yon boulvèsman rive nan lavi nou, andwa ki gen plis sekirite pou nou ye spirityèlman an se viv andedan alyans tanp nou yo!

Tanpri, kwè mwen lè m di nou ke si fondasyon spirityèl nou bati solidman sou Jezikri, nou pa bezwen pè. Si nou rete fidèl nan alyans nou fè nan tanp yo, n ap fòtifye pa pouvwa Li. Lè sa a, lè tranblemandtè spirityèl yo rive, n ap kapab kanpe solid paske fondasyon spirityèl nou solid ak inebranlab.

Mwen renmen nou, chè frè m ak sè m yo. Verite sa yo mwen konnen: Bondye, Papa nou ki nan Syèl la, vle pou nou chwazi retounen lakay al jwenn Li. Plan pwogresyon etènèl Li a pa konplike, e li respekte libabit nou. Nou lib pou nou chwazi kiyès nou pral ye—epi avèk kiyès nou pral ye—nan mond k ap vini an!

Bondye vivan! Jezi se Kris la! Sa a se Legliz retabli Li a pou ede nou akonpli destine divin nou. Konsènan sa mwen temwanye nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade “Quels fondements fermes,” Cantiques,, no. 42.

  2. Konsa pou “lè dyab la … [voye] gwo [van] puisan li, … li pap gen pouvwa sou [nou] … poutèt sou wòch [nou] bati a, ki se yon bon fondasyon, yon fondasyon kote lèzòm pa kapab tonbe” (Elaman 5:12; italik ajoute).

  3. Gade Doktrin ak Alyans 109:15, 22.

  4. Doktrin ak Alyans 38:30; gade tou Doktrin ak Alyans 10:55.

  5. Gade Moyiz 5:5–6.

  6. Diksyonè Bib la, “Tanp.”

  7. Paregzanp, gade Egzòd 28; 29; Levitik 8. Tabènak Moyiz la rekonèt kòm “tant temwayaj la” (Resansman 9:15) e kòm yon “tabènak temwayaj” (Egzòd 38:21). Tanp Salomon an te detwi an 578 AK., kèk ane apre fanmi Leyi te kite Jerizalèm. Restorasyon tanp sa a pa Zerubabèl te fèt prèske 70 zan apre. Li te detwi anba dife an 37 AK. Ewòd te agrandi tanp lan apeprè an 16 AK. Apresa, tanp sa a, ke Jezi te konnen, te detwi an 70 A.K. Nan Amerik yo, Nefi te fè eksperyans sanblab ak pa tanp yo lè l “te ale sou montay la” pou l te priye a (1 Nefi 18:3) epi nan apre, yo te bay yon tan “daprè modèl tanp Salomon an,” malgre li te gen mwens dekorasyon (gade 2 Nefi 5:16).

  8. Gade Doktrin ak Alyans 88:119; 124:31.

  9. Gade Doktrin ak Alyans 110:13–16; 124:28. Yo te poze wòch fondasyon pou Tanp Nauvoo a 6 Avril 1841, jis kèk mwa apre Joseph Smith te resevwa revelasyon pou bati l la. Tanp Nauvoo a te ogmante fonksyon. Paregzanp, Senyè a te eksplike ke yon fon batèm te nesesè pou Sen yo te ka batize pou moun ki te mouri yo (gade Doktrin ak Alyans 124:29–30).

  10. Gade Doktrin ak Alyans 131; 132. Doktrin ak Alyans 128 gen yon epit Joseph Smith te ekri Sen yo konsènan batèm pou mò yo. Ladan l li te deklare ke sali mò yo “nesesè ak esansyèl pou sali nou, … [paske] san noumenm yo pa ka vin pafè—ni noumenm nou pa ka vin pafè sa yo” (vèsè 15).

  11. Joseph Smith , nan Les Saints: Histoire de l Eglise de Jésus-Christ dans les derniers jours, vol. 1, L Etandard de la vérité, 1815–1846 (2018), 454.

  12. “Istoryen Legliz la, George A. Smith te konkli ke 5.634 frè ak sè te resevwa dotasyon yo nan Tanp Nauvoo a ki te prèske fini an, an Desanm 1845 ak Janvye 1846. Sèlman koup yo te kontinye fèt rive jis 7 Fev. [1846,] kote rive nan dat sa a, plis pase 2.000 koup te ini pa pretriz la pou letan ak pou letènite” (Bruce A. Van Orden, “Temple Finished before Exodus,” Deseret News, 9 Des. 1995, deseret.com; gade tou Richard O. Cowan, “Endowments Bless the Living and Dead,” Church News, Aug. 27, 1988, thechurchnews.com).

  13. “Kisa w sipoze zansèt yo t ap di si yo te ka pale avèk ou? èske yo pa t ap di, Nou kouche la a depi milye ane, isit la nan prizon sa a, ap tann pou dispansasyon sa a vini? Poukisa, si yo te gen pouvwa tonè yo nan syèl la t ap nan zòrèy nou, si nou te ka reyalize enpòtans travay nou angaje ladan l lan. Tout zanj yo nan syèl la ap gade ti gwoup moun sa a, epi ankouraje yo pou sali fanmi imen an. … Lè m panse a sijè sa a, mwen vle lang sèt tonè yo reveye pèp la” (Diskou Brigham Young, sel. John A. Widtsoe [1954], 403–4).

  14. Harold B. Lee, “God’s Kingdom—a Kingdom of Order,” Ensign, Jan. 1971, 10. Gade yon deklarasyon Prezidan Wilford Woodruff te fè an 1896, kote l te deklare: “M vle di, antanke prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ke nou ta dwe avanse ak pwogrese kounyea. Nou pa [fini] avèk revelasyon. … Prezidan [Brigham] Young ki te suiv Prezidan Joseph Smith te mennen nou la a. Li te òganize tanp sa yo epi l te reyalize bi apèl ak ofis li a. … Li pa t resevwa tout revelasyon ki pou travay sa a; ni Prezidan Taylor, ni Wilford Woodruff. P ap gen fen nan travay sa a jiskaske li vin pafè” (The Discourses of Wilford Woodruff, sel. G. Homer Durham [1946], 153–54).

  15. Gade 3 Nefi 29:8–9.

  16. Gade Doktrin ak Alyans 131:2, 4.

  17. Gade Doktrin ak Alyans 132:7.

  18. Elder John A. Widtsoe te ekri: “Pou gason oswa fi ki ale nan tanp, ak je louvri, ap koute senbòl yo ak alyans yo, epi ki fè efò san rete pou yo konprann tout siyifikasyon li, Bondye pale pawòl li, epi revelasyon vini. Dotasyon an si richman senbolik ke sèl yon ensanse t ap eseye pou dekri li; li si ranpli ak revelasyon pou moun ki egzèse fòs yo pou yo chèche ak wè, ke okenn mo imen pa ka eksplike ni rann klè posibilite ki andedan sèvis tanp yo. Dotasyon an ki te bay pa revelasyon kapab pi byen konprann pa revelasyon” (nan Archibald F. Bennett, Saviors on Mount Zion [Manyèl Lekòldidimanch, 1950], 168).