2010–2019
Kris la resisite
Avril 2018


Kris la resisite

Jodia se Dimanch Pak. Mwen temwaye solanèlman epi avèk reverans ke Kris la vivan—limenm ki “te mouri, ki te antere, epi ki te leve ankò nan twazyèm jou a.”

Chè frè m ak sè m yo, lè pitit gason m yo te piti, lè yo ta pral dòmi, m te te konn rakonte yo istwa ti chyen desen anime epi pafwa m te konn fredone kèk chan pou yo, tankou "Le Christ est rescusité, Alleluia!”1 Pafwa m te konn amize m ap chanje pawòl yo, tankou: Kounyeya li lè pou nou dòmi—alelouya. Abityèlman, yo te dòmi te konn pran yo tousuit; oubyen, omwen yo te konnen si m te wè  yo te dòmi, m t ap sispann chante.

Mo—omwen mo pa m—pa ka eksprime santiman m santi depi Prezidan Russell M. Nelson te pran menm nan men l avèk amou an, avèk Susan bò kote mwen, epi l te prezante m apèl sakre sa a Senyè a te ban mwen, ki te fè souf mwen prèske koupe epi k te fè m kriye anpil anpil nan jou k sot pase yo.

Nan jou Saba Pak sa a, mwen jwayezman chante “Alelouya.” Kantik lanmou redanmtè 2 Sovè resisite nou an selebre amoni alyans (ki konekte nou avèk Bondye epi youn ak lòt) yo ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a (ki ede nou debarase nou de gason ak fi natirèl la epi koute enspirasyon Sentespri a3).

Ansanm, alyans nou yo ak Sakrifis Ekspyatwa Sovè a fòtifye nou epi yo ba nou pouvwa. Ansanm, yo ede nou kenbe. Ansanm, yo adousi nou, prezève nou, sanktifye nou, ak rachte nou.

Pwofèt Joseph Smith te di: “Gen kèk moun ki siman ka gen enpresyon ke doktrin n ap pale a twò dirèk—yon pouvwa ki anrejistre oubyen ki lye sou tè a epi ki lye nan syèl la. Sepandan, nan tout epòk mond lan, nenpòt lè Senyè a bay nenpòt moun yon dispansasyon prètriz la pa mwayen revelasyon reyèl oubyen pa lantremiz yon gwoup moun, yo toujou resevwa pouvwa sa a.”4

E se konsa sa ye jodia. Nou resevwa alyans ak òdonans sakre ki pa disponib okenn lòt kote, nan 159 kay sakre Senyè a nan 43 peyi. Nou resevwa benediksyon yo pwomèt nou atravè kle prètriz, doktrin, ak otorite retabli yo, ki reflete lafwa nou, obeyisans nou ak pwomès Sentespri a pou noumenm nan jenerasyon nou an, nan letan ak letènite.

Chè frè m ak sè m yo, nan tout nasyon, pèp, ak lang, nan Legliz mondyal nou an, mèsi pou lafwa vivan nou, lesperans nou ak charite nou ke nou manifeste a chak pa. Mèsi pou efò nou pou nou nou vin fè pati yon asanble ranpli ak temwayaj ak eksperyans nan levanjil retabli a.

Chè frè m ak sè m yo, nou youn apatni a lòt. Nou ka “liye ansanm nan inite ak nan lanmou,5 nan tout tan, nan tout bagay, e tout kote.6.  Jan Senyè a, Jezikri, envite nou chak la, kèlkeswa kote nou ye, kèlkeswa sikonstans nou, tanpri “vini pou nou ka wè.” 7

Jodia, mwen pran angajman enbleman pou m konsakre “tout enèji ak fakilte nanm mwen,”8 kèlkeswa sa yo ye oubyen sa y ap devni, a Sovè m nan, a Frè m yo, ak nou chak.

Tout bagay ki diy ak etènèl santre sou reyalite vivan Bondye, Papa Etènèl eman nou an ak Pitit Gason l lan, Jezikri, ak Ekspyason l la, temwaye pa Sentespri a.9  Jodia se Dimanch Pak. Ak reverans, mwen temwaye solanèlman de Kris vivan an—Limenm ki te mouri, ki te antere, epi leve ankò nan twazyèm jou a epi monte nan syèl la.”10 Li se Alfa ak Omega a11—avèk nou nan kòmansman an, l ap avèk nou jiskalafen.

Mwen temwaye de pwofèt dènye jou yo, soti nan Pwofèt Joseph Smith rive nan Prezidan Russell M. Nelson, ke nou soutni ak lajwa jodia. Jan timoun nan Primè nou yo chante a: “Suiv pwofèt la, li konn chemen an.”12  Mwen temwaye ke, jan yo pwofetize nan ekriti yo, enkli Liv Mòmon an: Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri a, “wayòm Senyè a etabli sou tè a ankò, pou prepare Dezyèm Vini Mesi a.”13 Nan non sakre Jezikri, amèn.