2010–2019
Kowòm ansyen an
Avril 2018


Kowòm ansyen an

Lè nou gen yon sèl kowòm Prètriz Mèlkisedèk nan yon pawas, sa ap ini detantè prètriz yo pou ede yo akonpli tout aspè nan travay sali a.

Pa lontan apre Legliz la te fin òganize nan dènye dispansasyon sa a, Senyè a te deklare nan yon revelasyon: “Epi, avèk priyè lafwa nou, n ap resevwa lalwa mwen an, pou nou kapab konnen kouman pou nou dirije Legliz mwen an epi pou nou fè tout bagay byen devan mwen.”1 Nou toujou suiv prensip sa a nan Legliz la—epi Senyè a toujou onore pwomès sa a—depi lè sa a. Modèl òganizasyon ak sèvis nan prètriz la te revele tanzantan, kòmanse avèk Pwofèt Joseph Smith lè ofis ak kowòm prètriz yo te premye etabli nan epòk nou an. Te gen ajisteman enpòtan ki te revele ak aplike pandan prezidans Brigham Young, John Taylor, Spencer W. Kimball, pami kèk lòt, konsènan Kolèj Douz yo, Swasanndis yo, granprèt, ak lòt ofis ak kowòm nan Prètriz Mèlkisedèk ak Prètriz Aawon an.2 Jodia, nan yon deklarasyon istorik, sa gen jis kèlke minit, Prezidan Russell M. Nelson sot anonse yon lòt chanjman enpòtan.

Si m ka repete kèk pati nan deklarasyon l lan: “Aswè a, nou anonse yon reyòganizasyon enpòtan nan kolèj Prètriz Mèlkisedèk yo pou akonpli travay Senyè a pi efikasman. Nan nivo pawas, gwoup granprèt yo ak kowòm ansyen an pral konbine ansanm pou yo vin fè yon sèl kowòm ansyen … [epi] konpozisyon kowòm [granprèt pieu a] pral baze sou apèl prètriz yo genyen aktyèlman yo.”

Prezidan Nelson te ajoute:

“Sa fè plizyè mwa depi n t ap etidye chanjman sa yo. Nou te santi yon bezwen ijan pou amelyore fason n ap pran swen manm nou yo. … Pou n fè sa pi byen, nou bezwen fòtifye kowòm prètriz nou yo pou bay yon direksyon pi efikas nan sèvis lanmou ak sipò Senyè a vle pou Sen l yo.

“Mwen temwaye ke chanjman sa yo, se Senyè a ki enspire yo. Si nou mete yo an pratik, n ap vin pi efikas pase jan n te janm ye anvan.”3

Sou direksyon Premye Prezidans lan, Èldè Ronald A. Rasband avèk mwen pral ajoute kèk detay nou panse ki pral reponn kesyon nou ka genyen yo.

Kowòm Ansyen ak Kowòm Gran Prèt yo

Toudabò, pou raple nou, ki chanjman ki genyen pou gwoup granprèt ak kowòm ansyen nan pawas yo? Nan pawas yo, manm kowòm ansyen yo ak manm gwoup granprèt yo pral konbine kounyeya pou yo vin fòme yon sèl kowòm Prètriz Mèlkisedèk avèk yon prezidans kowòm. Kowòm sa a, ki ogmante an kantite ak nan inite, pral rele “kowòm ansyen.” Gwoup Gran Prèt yo pa p egziste ankò. Kowòm ansyen an ap gen ladan l tout ansyen yo ak tout moun ki gen pou vin ansyen yo nan pawas la ansanm avèk tout granprèt ki p ap sèvi aktyèlman nan episkopa, nan prezidans pieu, nan gran konsèy, oswa kòm patriyach an fonksyon. Kowòm Gran Prèt nan pieu a ap konpoze pa gran prèt ki ap sèvi aktyèlman nan prezidans pieu yo, nan episkopa yo, nan gran konsèy, ak kòm patriyach an fonksyon yo.

Prezidans Kowòm Ansyen an

Kijan prezidans kowòm ansyen an pral òganize? Prezidans pieu a pral relve dirijan gwoup granprèt aktyèl yo ak prezidans kowòm ansyen aktyèl yo epi l pral aple yon nouvo prezidan kowòm ansyen ak konseye nan chak pawas oswa branch. Nouvo prezidans kowòm ansyen an ka konpoze pa ansyen ak granprèt, nan tout laj ak eksperyans, ki pral sèvi ansanm nan yon sèl prezidans kowòm. Yon ansyen oubyen yon granprèt ka sèvi kòm prezidan kowòm oubyen kòm konseye nan prezidans lan. Se pa yon koudeta kowòm ansyen yo bay granprèt yo. Nou espere ke ansyen yo ak granprèt yo pral travay ansanm nan nenpòt kote nan prezidans kowòm nan ak nan sèvis kowòm nan. Chanjman sa yo nan kowòm nan dwe aplike osito sa posib.

Ofis Prètriz yo nan Kowòm Ansyen an

Èske chanjman sa a nan konpozisyon kowòm nan chanje ofis prètriz manm kowòm yo detni an? Non, chanjman sa a pa elimine okenn ofis nan prètriz la nenpòt manm nan kowòm nan te òdone nan lepase yo. Jan nou konnen, yon gason ka òdone nan diferant ofis nan prètriz la pandan lavi li, epi, li pa pèdi okenn nan òdinasyon l te resevwa anvan yo lè l òdone nan nouvo ofis la. Nan kèk ka, yon detantè prètriz gen dwa sèvi nan plis pase yon ofis alafwa, pa egzanp, lè yon granprèt ap sèvi kòm patriyach oswa kòm evèk, men, li òdinèman pa fonksyone nan tout ofis li genyen nan prètriz la an menm tan. Paregzanp, Evèk yo ak Swasanndis yo p ap sèvi aktivman nan ofis sa yo ankò lè yo fin relve oubyen lè yo aple yo kòm manm emerit. Konsa, kèlkeswa ofis yon gason ka genyen nan prètriz la, lè l se manm kolèj ansyen an, li sèvi antanke yon ansyen.

Sa gen kèk ane, Prezidan Boyd K. Packer te di ke “prètriz la pi gran pase nenpòt nan ofis li yo. … Prètriz la pa divizib. Yon ansyen detni otan prètriz ke yon Apot. (Gade D&A 20:38.) Lè yo konfere prètriz la sou yon gason, li resevwa tout prètriz la. Sepandan, andedan prètriz la, gen ofis—divizyon otorite ak responsablite.… Pafwa, yo konn di ke yon ofis “pi elve” oubyen “mwen elve” pase yon lòt ofis. Men, ofis nan Prètriz Mèlkisedèk yo pa ofis ki ni “pi elve” ni “pi ba”, men yo sèlman reprezante domèn sèvis diferan.”4 Frè m yo, mwen sensèman espere ke nou pa pral pale de “avansman” nan yon lòt ofis nan Prètriz Mèlkisedèk la ankò.

Y ap toujou kontinye òdone yon ansyen kòm granprèt lè yo aple l nan yon prezidans pieu, nan gran konsèy, oswa nan yon episkopa—oubyen nan lòt ka k ap detèmine pa prezidan pieu a atravè bonjan konsiderasyon ak enspirasyon nan lapriyè. Lè yo rive nan fen sèvis yo nan yon prezidan pieu, kòm manm gran konsèy, oubyen nan yon episkopa, gran prèt sa yo ap retounen al nan kowòm ansyen nan pawas yo a.

Direksyon pou Prezidan Kowòm Ansyen yo

Kimoun k ap dirije travay prezidan kowòm ansyen an? Prezidan pieu a prezide sou Prètriz Mèlkisedèk la nan pieu l la. Se poutèt sa, prezidan kowòm ansyen an dirèkteman sou responsablite prezidan pieu a, ki ba l fòmasyon ak direksyon prezidans pieu a, palentèmedyè manm gran konsèy yo. Evèk la, antanke gran prèt k ap prezide nan pawas la, dwe rankontre regilyèman avèk prezidan kowòm ansyen an tou. Evèk li ap chita ansanm avèk li pou ba l direksyon apwopriye konsènan ki pi bon fason pou sèvi ak beni manm pawas yo, pandan y ap travay ansanm an amoni avèk tout lòt òganizasyon yo nan pawas la.5

Bi chanjman sa yo

Ki bi chanjman sa yo nan kowòm Prètriz Mèlkisedèk yo? Lè gen yon sèl kowòm Prètriz Mèlkisedèk nan yon pawas, sa ap ini detantè prètriz yo nan akonplisman tout aspè travay sali a, enkli travay tanp ak istwa familyal (jeneyaloji) ki te kowòdone anvan pa gwoup gran prèt yo. Sa ap pèmèt manm kowòm tout laj ak tout orijin benefisye nan pèspektiv ak eksperyans youn lòt ak sa ki nan etap diferan nan lavi yo. Sa ap bay plis posiblite pou detantè prètriz ki gen plis eksperyans yo oryante lòt, enkli sa k pral vin èldè yo, nouvo manm yo, jèn adilt yo, ak moun ki retounen aktif nan legliz yo. M pa gen mo pou m ta dekri kijan m eksite lè m reflechi sou wòl plis anplis enpòtan kowòm ansyen yo pral jwe nan lefiti. Sajès, eksperyans, kapasite, ak fòs nou pral jwenn nan kowòm sa yo ba nou yon apèsi sou yon nouvo jou ak yon nouvo règ nan sèvis prètriz la nan tout Legliz la.

Sa gen ventan nan yon konferans jeneral, m te rakonte yon istwa Èldè Vaughn J. Featherstone nan Swasanndisyo te rakonte anvan sa, e ki sanble l bon pou m ta rakonte ankò jodia.

“An 1918, Frè George Goates te yon fèmye ki t ap kiltive bètrav pou sik nan Leyi nan Utah. Sezon Ivè a te rive bonè nan ane sa a epi li te jele pifò nan bètrav yo ki te plante nan tè a. Pou George ak jèn pitit gason l la, Francis, rekòt la te long e difisil. Pandan tan sa a, yon epidemi grip t ap fè raj. Maladi redoutab la te pran Charles, pitit George la, ak twa pitit Charles yo—de tifi ak yon tigason. Nan lespas sis jou, George, trè aflije, te fè twa vwayaj al nan Ogden, nan Utah pou l t al prank ò yo pou l te ka antere yo. Nan fen eprèv tèrib sa a, George ak Francis te pran charèt yo epi yo te retounen nan jaden bètrav la.

“[Sou wout la] yo te kwaze yon pakèt charèt bètrav fèmye nan vwazinaj yo t ap kondui pou pote al nan izin nan. Pandan yo t ap pase, chak moun ki t ap kondui charèt yo te salye yo, yo t ap di: “Alo, Tonton George,” “Mwen dezole, Tonton George,” “Bagay yo rèd, George,” “Ou gen anpil zanmi, George.”

“Nan dènye charèt la, te gen … Jasper Rolfe, figi l te tachte. Li te voye men epi l te di, “Sa a se dènye a, Tonton George.”

“‘[Frè Goates] te vire gade Francis epi l te di: “M ta byen renmen tout ta pou nou.”

“Lè yo te rive nan baryè fèm nan, Francis te vole desann sou gwo charèt wouj bètrav la epi l te louvri baryè a [pou papa l] te ka kondui antre nan jaden an. [George] te ralanti, li te kanpe charèt la, … epi l te gade jaden an. … Pa t gen yon grenn bètrav nan jaden an. Lè sa a, li te vin konprann kisa Jasper Rolfe te vledi lè l te dil “Sa a se dènye a, Tonton George!” la.

“[George] te desann charèt la, li te pran yon men bèl tè rich la li te si renmen an, epi apre … tèt yon bètrav, epi pou yon bon moman, li te gade senbòl travay li sa yo, kòmsi l pa t ka kwè sa je l te wè a.

“Epi lè sa a [li] te chita sou yon pil tèt bètrav—mesye sa a ki te mennen kat moun ki te chè pou li pou l t al antere nan lespas sis jou a; ki te fè sèkèy, fouye tonm, e menm ede abiye kò yo pou antèman an—mesye ekstraòdinè sa a ki pa t janm febli, ki pa t janm bwonche, ni faya atravè eprèv atwòs sa a—te chita sou yon pil tèt bètrav epi l te kriye tankou yon timoun piti.

“Epi li te leve, li te siye je li, … li te gade syèl la, epi l te di: “Mèsi, Papa, pou ansyen yo nan pawas nou an.”’”6

Wi, mèsi Bondye pou gason prètriz yo ak pou sèvis y ap gen pou rann toujou nan elve moun yo ak fanmi yo ak nan etabli Siyon.

Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, ak Prezidans Swasanndis yo te reflechi anpil sou chanjman sa yo pandan yon bon bout tan. Avèk anpil priyè, anpil etid sou fondasyon doktrinal kowòm prètriz yo, ak konfimasyon ke sa se volonte Senyè a, n ap avanse ansanm kounyeya nan sa ki se an reyalite yon etap anplis nan dewoulman Retablisman an. Direktyon Senyè a klè, e m kontan pou sa, pandan m ap rann temwayaj mwen konsènan limenm, prètriz li a, ak òdinasyon nou nan prètriz sa a, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Doctrine et Alliances 41:3.

  2. See, for example, William G. Hartley, “The Priesthood Reorganization of 1877: Brigham Young’s Last Achievement,” in My Fellow Servants: Essays on the History of the Priesthood (2010), 227–64; “To the Seventies,” in James R. Clark, comp., Messages of the First Presidency of The Church of Jesus Christ of Latter-day Saints (1965), 352–54; Hartley, “The Seventies in the 1880s: Revelations and Reorganizing,” in My Fellow Servants, 265–300; Edward L. Kimball, Lengthen Your Stride: The Presidency of Spencer W. Kimball (2005), 254–58; Susan Easton Black, “Early Quorums of the Seventies,” in David J. Whittaker and Arnold K. Garr, eds., A Firm Foundation: Church Organization and Administration (2011), 139–60; Richard O. Cowan, “The Seventies’ Role in the Worldwide Church Administration,” in A Firm Foundation, 573–93.

  3. Russell M. Nelson, “Introductory Remarks,” Liahona, May 2018, 54.

  4. Boyd K. Packer, “What Every Elder Should Know—and Every Sister as Well: A Primer on Principles of Priesthood Government,” Tambuli, Nov. 1994, 17, 19.

  5. Voir Manuel 2 : Administration de l’Église (2010), 7.3.1.

  6. Voir D. Todd Christofferson, “ Le collège de la prêtrise ,” L’Étoile, janvier. 1999, 47; voir aussi Vaughn J. Featherstone, “ Maintenant demeurent la foi, l’espérance et la charité ,” L’Étoile, novembre 1973, 36–37.