2010–2019
Rapò Depatman Odit Legliz la, 2017
Avril 2018


Rapò Depatman Odit Legliz la, 2017

Pou Premye Prezidans Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo

Chè Frè yo: Jan sa preskri pa revelasyon nan seksyon 120 Doktrin ak Alyans yo, se Konsèy dispozisyon Dim nan—ki konpoze pa Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, ak Episkopa Prezidan an—ki otorize depans ki fèt nan fon Legliz yo. Depatman yo nan Legliz la depanse fon yo selon bidjè ki apwouve konfòmeman avèk prensip ak pwosedi Legliz la.

Depatman Odit Legliz la, ki fòme avèk pwofesyonèl sètifye e ki endepandan de tout lòt depatman yo nan Legliz la, gen responsablite pou fè odit nan objèktif pou founi yon asirans rezonab konsènan kontribisyon ki resevwa, depans ki fèt, epi pou pwoteje byen Legliz yo.

Baze sou odit ki te fèt, Depatman Odit Legliz la estime ke, nan tout aspè siyifikatif yo, kontribisyon ki te resevwa, depans ki te fèt, ak byen Legliz yo pou ane 2017 la te anrejistre epi administre selon bidjè, prensip, ak pratik kontablite ki apwouve nan Legliz la. Legliz la suiv pratik li anseye manm li yo sou viv selon yon bidjè, evite dèt, epi fè rezèv lajan pou tan difisil.

Soumèt avèk rèspè

Depatman Odit Legliz la

Kevin R. Jergensen

Direktè Jeneral