2010–2019
Sèvi nan fason Sovè a
Avril 2018


Sèvi nan fason Sovè a

Se pou nou montre rekonesans nou ak amou nou pou Bondye nan sèvi frè ak sè etènèl nou yo avèk amou.

Ala yon bèl benediksyon sa ye pou n viv nan yon tan revelasyon kontini nan men Bondye! Pandan n ap tann avèk enpasyans epi anbrase “retablisman tout bagay,”1 ki te kòmanse epi k ap kontinye atravè evenman yo pwofetize sou epòk nou yo, n ap prepare nou pou Dezyèm Vini Sovè a.2

E ki pi bon fason pou n prepare nou pou n rankontre li pase eseye vin menmjan avèk li atravè sèvis youn ap rann lòt avèk amou! Jan Jezikri te anseye disip li yo nan kòmansman dispansasyon sa a: “Si nou renmen m nou dwe sèvi m.”3 Lè n ap sèvi lòt moun, nou demontre kalite disip nou ansanm ak rekonesans nou pou Bondye ak Pitit Gason l lan, Jezikri.

Pafwa nou panse nou dwe fè yon gwo bagay grandyoz pou l “konte” kòm sèvis pou pwochen nou. Men, ti senp zak sèvis kapab gen pwofon efè sou lòt moun—osibyen sou tèt pa nou. Kisa Sovè a te fè? Atravè don diven Ekspyasyon an ak Rezirèksyon an—ke n ap selebre nan bèl Dimanch Pak sa a— “Okenn lòt moun pa gen yon enflyians si gran pase limenm sou tout moun ki te viv, e ki ap gen pou viv sou tè a.”4 Men, li te konn souri ak moun, pale avèk yo, mache avèk yo, koute yo, fè tan pou yo, ankouraje yo, anseye yo, nouri yo ak padone yo. Li te sèvi fanmi l ak zanmi l, vwazen l ak etranje menmjan an, epi i te envite moun li konnen yo ak moun ki chè pou li pou yo te pwofite bèl benediksyon levanjil li yo. “Senp” zak sèvis ak lanmou sa yo se yon modèl pou nou suiv jodia nan sèvis nou.

Lè n gen privilèj pou n reprezante Sovè a nan sèvis nou, mande tèt nou: “Kijan m ka pataje limyè levanjil la avèk moun sa a oubyen fanmi sa a? Kisa Lespri a enspire m pou m fè?

Sèvi pastoral la kapab fèt nan yon pakèt fason pèsonèl varye. Konsa, a kisa l sanble?

Sèvis pastoral se kapab prezidans kowòm ansyen ak prezidans sosyete Sekou k ap fè konsèy ansanm nan lapriyè apwopo tach yo. Olye de dirijan k ap kontante yo lonje timoso papye bay moun, se kapab chita ansanm pou fè antretyen osijè moun yo ak fanmi yo an pèsòn lè y ap bay frè ak sè sèvis pastoral yo tach. Sèvis pastoral se gen dwa al fè yon ti mache ansanm, reyini ansanm pou yon sware amizman, ofri sèvis, oubyen menm sèvi ansanm. Se kakapab rann yon moun yon vizit an pèsòn oubyen pale nan telefòn oubyen pale sou entènèt oubyen voye tèks. Se kapab voye yon kat anivèsè oubyen al ankouraje yon jèn nan yon match foutbòl. Sa kapab pataje yon ekriti oubyen yon pasaj nan yon diskou konferans ki ka enpòtan pou moun nan. Se kapab yon diskisyon sou yon kesyon levanjil ak rann temwayaj pou pote klarifikasyon ak lapè. Se kapab patisipe nan lavi yon moun ak sousye pou moun sa a. Se kapab yon entèvyou sèvis pastoral kote nou diskite sou bezwen ak pwen fò moun nan avèk diskresyon e nan fason apwopriye. Se kapab konsèy pawas la ki òganize yo pou reponn yon bezwen ki pi enpòtan.

Kalite sèvis pastoral sa a te fòtifye yon sè ki te demenaje al abite lwen lakay li lè mari l t ap fè etid li. Li pa t ka rele okenn moun paske telefòn ni pa t fonksyone epi l te gen yon ti bebe pou l te pran swen, li te santi l dezoryante nan nouvo vil sa a, totalman pèdi e poukont li. San avèti, yon sè Sosyete Sekou te vin nan pòt lakay li e l te pote yon ti pè soulye pou tibebe a, li te pran manman an ak tibebe a, epi l te mennen yo al nan makèt. Sè rekonesan sa a te di: “Li te sove lavi m!”

Vrè sèvis pastoral la ilistre pa yon sè aje an Afrik yo te bay tach pou l t al chèche wè si l te ka jwenn yon sè ki pa t vin nan reyinyon Legliz yo pandan yon bon bout tan. Lè l te rive kay sè a, li te dekouvri ke vòlè te pase lakay li epi yo te bat li, epi yo te vòlè tout sa l te genyen; li pa t gen manje, epi li pa t gen okenn rad li te santi k te apwporiye pou l t al Legliz jou Dimanch. Sè yo te bay tach pou sèvi l la te pran tan pou koute li, li te pote manje k te sot nan jaden l ba li, ak ekriti pou l te li, ak amitye li. Sè k te “absan” sa a te byen vit retounen legliz la e kounyeya li gen yon apèl paske li konnen yo renmen l e yo apresye li.

Konbinezon efò Sosyete Sekou ak kowòm ansyen yo fèk restriktire sa a kounyeya pral kreye yon inite ki ka pote rezilta etonan. Sèvis pastoral la vin yon efò kowòdone k ap pèmèt nou ranpli devwa prètriz pou “vizite kay chak manm” ak pou “toujou veye sou Legliz la, rete avèk yo e fòtifye yo”5 a, osibyen pou akonpli bi Sosyete Sekou pou youn ede lòt prepare pou benediksyon lavi etènèl yo.6 Pandan y ap travay ansanm sou direksyon evèk la, prezidans kowòm ansyen an ak prezidans Sosyete Sekou a ka resevwa enspirasyon lè y ap chèche ki pi bon mwayen pou yo veye sou chak moun ak chak fanmi ak pou satisfè bezwen yo.

Kite m banou yon egzanp. Yon manman te aprann li te gen kansè. Tousuit li te kòmanse tretman yo epi, imedyatman, sè Sosyete Sekou yo te pase alaksyon, ap planifye kijan pou yo te pi byen ede avèk manje, transpò pou randevou doktè yo, ak pote lòt sipò. Yo te vizite l regilyèman, yo te eseye ede l kenbe moral li. An menm tan tou, kowòm Prètriz Mèlkisedèk la te pase alaksyon. Yo te travay pou transfòme yon chanm ak yon saldeben pou yo te ka fasilite bagay yo pou sè k te malad la. Jènjan yo te ofri men yo ak do yo pou yo te patisipe nan gwo travay sa a. Epi jènfi yo te òganize yo tou epi yo te fè aranjman pou yo te mennen chyen an al mache chak jou. Amezi tan t ap pase, pawas la te kontinye sèvis yo a, yo te ajoute ak adapte lè sa te nesesè. Sete klèman yon travay lanmou, kote chak manm te bay tèt yo, pou montre solidarite yo ansanm nan yon fason pèsonalize ki te fè byen non sèlman pou sè k t ap soufri a men pou chak manm fanmi l tou.

Apre yon konba vanyan, sè sa a te finalman sikonbe anba kansè a epi yo te antere li. Èske pawas la te pouse yon soupi soulajman epi yo te estime ke yo te byen fè travay yo epi sa te fini? Non. Jènfi yo te kontinye al fè chyen an mache chak jou, kowòm prètriz yo te kontinye sèvi papa a ak fanmi an, epi sè Sosyete Sekou yo te kontinye lonje lamen nan lanmou pou evalye fòs yo ak bezwen yo. Frè m ak sè m yo, sa se sèvis pastoral---sa se renmen jan Sovè a te renmen an!

Yon lòt benediksyon nan anons enspire sa yo se opòtinite pou jènfi nan laj 14 a 18 tan yo patisipe nan sèvis pastoral la kòm konpay sè Sosyete Sekou yo, menmjan jènjan nan menm laj yo ap sèvi kòm konpayon sèvis pou frè Prètriz Mèlkisedèk yo. Jèn yo ka pataje don san parèy yo ak grandi spirityèlman pandan y ap sèvi ansanm avèk adilt yo nan travay sali a. Si nou enplike jèn yo nan tach sèvis pastoral nou, sa ap ogmante kapasite Sosyete Sekou ak kowòm ansyen an pou pran swen lòt moun yo paske sa ap ogmante kantite manm k ap patisipe yo.

Lè m panse a jènfi ekstraòdinè m te konnen yo, m santi m kontan pou sè Sosyete Sekou sa yo ki pral gen privilèj pou yo benefisye antouzyas, talan, ak sansiblite spirityèl jènfi yo pandan y ap sèvi kòtakòt oubyen pandan jènfi sa yo ap pote sèvis yo a. Epi m egalman kontan pou chans jènfi yo ap genyen pou yo fòme, enstwi ak fòtifye pa sè Sosyete Sekou yo. Opòtinite sa a pou patisipe nan bati wayòm Bondye a pral yon gwo byenfè pou jènfi yo, pou ede yo pi byen prepare pou yo ranpli wòl yo kòm dirijant nan Legliz la ak nan kominote yo epi kòm patnè k pral kontribye nan fanmi yo. Jan Sè Bonnie L. Oscarson te di yè a, jènfi yo “vle sèvi. Yo bezwen konnen nou apresye yo epi yo endispansab nan travay sali a.”7

An reyalite, jènfi yo deja ap sèvi, san yo pa mande yo epi san bri. Yon fanmi m konnen te demenaje al abite byen lwen nan yon lòt zòn kote yo pa t konn pèsòn. Nan premye semèn nan, yon jènfi 14zan nan nouvo pawas yo a te vin lakay yo avèk yon plato bonbon pou l te swete yo byenveni nan zòn nan. Manman l, ki te kanpe dèyè l ap souri, sete chofè k te dispoze pou l te sipòte pitit fi l la nan dezi l pou sèvi a.

Yon lòt manman te enkyè yon jou paske pitit fi 16 zan l lan pa t ko rive lakay li nan lè abityèl la. Lè pitit fi a te finalman rantre, manman an, ki te tou kontrarye, te kesyone l sou ki kote l te ye. Jènfi 16 zan sa a te reponn tou jennen ke l te pote yon flè bay yon vèv ki te abite tou pre a. Li te remake ke sè aje sa a te sanble l byen solitè epi li te santi l pouse pou l t al vizite li. Avèk total apwobasyon manman li, jènfi a te kontinye al vizite granmoun nan. Yo te vin bon zanmi, epi yo te rete bon zanmi pandan dèzane.

Chak nan jènfi sa yo, e anpil lòt tankou yo, te remake bezwen yon moun epi yo te travay pou satisfè bezwen an. Jènfi yo gen yon dezi tou natirèl pou yo pran swen moun ak yon dezi pou yo pataje ki ka byen oryante atravè sèvis yo ansanm avèk yon sè adilt.

Kèlkeswa laj nou, lè nou reflechi sou fason pou n sèvi pi efikasman, nou mande tèt nou: “Kisa l bezwen?” Si nou asosye kesyon sa a avèk yon dezi sensè pou n sèvi, Lespri a ap ba nou direksyon pou n fè sa k ka edifye ak fòtifye moun nan. M konn tande yon kantite iswa sou frè ak sè ki te beni pa yon senp jès akèy ak byenveni nan legliz la, yon mesaj email oubyen yon tèks, yon kontak pèsonèl nan yon moman difisil, yon envitasyon pou patisipe nan yon aktivite, oubyen yon pwopozisyon pou ede nan yon sitiyasyon difisil. Paran selibatè, nouvo konvèti, vèv ak vèf, oubyen jèn ki an difikilte ka bezwen plis atansyon ak èd an priyorite nan men frè ak sè ansèvis yo. Kowòdinasyon ant prezidans kowòm ansyen ak prezidans Sosete Sekou yo ap pèmèt yo byen distribye tach ki genyen yo.

Apre tou sa nou kapab di, vrè sèvis pastoral la akonpli lè nou pran swen yon moun alafwa, avèk lanmou kòm motivasyon. Valè ak merite ak mèvèy sèvis sensè a sèke li vrèman chanje lavi! Lè kè nou ouvri e dispoze pou renmen ak entegre moun, pou ankouraje ak rekonfòte, pouvwa sèvis nou an ap irezistib. Avèk lanmou kòm motivasyon nou, mirak ap fèt, epi n ap jwenn mwayen pou n mennen sè ak frè “absan” nou yo retounen vin anbrase levanjil Jezikri a.

Sovè a se egzanp nou nan tout bagay—non sèlman nan sa nou dwe fè men nanpouki rezon nou dwe fè l.8 “Lavi l sou tè a se yon envitasyon pou nou—pou n leve nou yon ti jan pi wo, bliye pwòp pwoblèm pa nou epi lonje lamen bay lòt.”9 Si nou aksepte opòtinite pou n sèvi frè n ak sè n yo ak tout kè nou an, n ap vin pi spirityèlman rafine, n ap vin pi ann amoni avèk volonte Bondye, epi n ap vin pi kapab konprann plan l pou ede chak moun retounen al jwenn ni an. N ap vin pi pare pou n rekonèt benediksyon l yo epi n ap vin gen plis dezi pou n etann benediksyon sa yo bay lòt moun. Kè nou ap chante nan inison avèk vwa nou:

Je voudrais aimer mon frère

ainsi que tu m’as aimé

Et puiser en toi ma force,

Pour te server à jamais.

Je voudrais aimer mon frère

Seigneur, je te suivrai.10

Se pou nou montre gratitid nou ak lanmou nou pou Bondye nan sèvi frè ak sè etènèl nou yo avèk amou.11 Rezilta a se ap yon inite santiman tankou jan pèp nan ansyen Amerik la te genyen pandan 100 tan apre Sovè a te parèt nan peyi yo a.

“Epi, se te konsa, pa t gen chirepit … paske lanmou Bondye te nan kè pèp la.

“… Pa t gen anvi, ni mètdam, … e reyèlman pa t ap kapab gen yon pèp ki pi kontan nan pami tout pèp men Bondye te kreye.”12

Se ak lajwa m ap rann temwayaj pèsonèl mwen ke chanjman revele sa yo, se Bondye ki enspire yo epi, si nou anbrase yo avèk yon kè byen dispoze, n ap vin pi byen prepare pou n rankontre Pitit Gason l lan, Jezikri, lè l ap vini. N ap vin pi pare pou n vin yon pèp Siyon epi n ap santi yon lafwa imans avèk moun n ap ede sou chemen disip nou yo. Mwen priye ak tout kè m e enbleman pou nou fè sa, nan nan Jezikri, amèn.