2010–2019
Kè yon pwofèt
Avril 2018


Kè yon pwofèt

Nou ka rejwi dèske  pwofèt Senyè a anplas epi travay Senyè a ap fèt nan fason li divinman preskri a.

Mwen priye ak tout kè m pou Sentespri a avèk nou chak jodia nan okazyon selès sa a. Sa nou sot temwen ansanm nan se yon bagay trè enpresyonan kote nou sot soutni 17tyèm pwofèt dispansasyon sa a nan asanble solanèl.

Pandan m t ap chèche gidans pou m te konn ki sijè Senyè a ta renmen m adrese nou jodia, lespri m te retounen nan yon konvèsasyon m te genyen avèk nouvo Premye Prezidans ki fèk aple a. Nan diskisyon sa a, youn nan konseye yo te pataje pawòl sa yo apwopo bagay sa a: “Mwen espere vrèman ke manm Legliz yo ka konprann grandè sa k pase avèk apèl nouvo pwofèt nou an, Prezidan Russell M. Nelson, ak siyifikasyon ak karaktè sakre asanble solanèl la ki pral fèt nan konferans jeneral la.” Apresa l te di: “Sa fè 10 zan, epi anpil ladan yo, espesyalman jèn yo nan Legliz la, pa sonje eksperyans sa a oubyen yo poko patisipe nan yon eksperyans konsa.”

Imaj
Prezidan David O. McKay

Sa te fè m panse ak eksperyans m te fè yo. Premye pwofèt m sonje se Prezidan David O. McKay. M te gen 14 zan lè l te mouri. M sonje santiman pèt ki te akonpaye lanmò la, dlo nan je manman m, ak chagren tout fanmi m te santi. M sonje kijan pawòl sa yo: “Tanpri beni Prezidan David O. McKay” a te konn soti nan bouch mwen si natirèlman nan priyè m yo ke si m pa t veye, menm apre lanmò li, m t ap twouve m ap itilize menm pawòl sa yo. M te mande tèt mwen si kè m ak lespri m ta pral gen menm santiman ak konviksyon yo pou pwofèt ki t ap vin apre l yo. Men, prèske tankou paran ki renmen chak nan pitit yo, m te vin santi yon lanmou, yon koneksyon, ak yon temwayaj pou Prezidan Joseph Fielding Smith, ki te suiv Prezidan McKay a, ak pou chak pwofèt ki te suiv apre yo: Harold B. Lee, Spencer W. Kimball, Ezra Taft Benson, Howard W. Hunter, Gordon B. Hinckley, Thomas S. Monson, epi jodia, Prezidan Russell M. Nelson. Mwen te totalman soutni chak pwofèt avèk men m leve—ak yon kè edifye.

Pou chak nan pwofèt byeneme nou yo ki mouri, se tou natirèl pou n santi yon santiman tristès ak pèt. Men, tristès nou an adousi pa lajwa ak lespwa ki vini lè nou fè eksperyans youn nan pi gwo benediksyon Retablisman yo: apèl ak soutyen yon pwofèt vivan sou tè a.

Pou fè sa, m pral pale de pwosesis divin sa a jan nou te obsève li pandan dènye 90 jou k sot pase yo. M pral dekri l nan kat pati: premyèman, desè pwofèt nou an ak disolisyon Premye Prezidans lan; dezyèmman, peryòt nou pase ap tann reyòganizasyon nouvo Premye Prezidans lan; twazyèmman, apèl nouvo pwofèt la; epi katriyèmman, soutyen nouvo pwofèt la ak Premye Prezidans lan nan asanble solanèl.

Desè yon pwofèt

Imaj
Antèman Prezidan Thomas S. Monson
Imaj
Prezidan Thomas S. Monson

2 Janvye 2018 la, chè pwofèt nou Thomas S. Monson te travèse lòtbò vwal la. L ap toujou gen yon plas nan kè nou. Prezidan Henry B. Eyring te eksprime santiman l apwopo lanmò Prezidan Monson nan ki byen dekri sa nou santi: “Mak fabrik lavi li, tankou lavi Sovè a, sete sousi l te genyen pou lonje lamen bay pòv yo, moun malad yo—e menm tout moun—nan tout mond la.”1

Prezidan Spencer W. Kimball te di:

“Tankou yon etwal ki tonbe dèyè orizon an, yon lòt vin nan peyizaj la, epi lanmò anjandre lavi.

“Travay Senyè a san fen. Menm lè yon dirijan puisan mouri, Legliz la pa rete menm pou yon moman san direksyon, gras ak Pwovidans byeveyan an ki te bay wayòm ni an yon pèmanans etènèl. Jan sa te deja konn fèt … anvan dispansasyon sa a, yon pèp fèmen yon tonbo avèk reverans, li siye dlo nan je li, epi li vire gade lefiti.”2

Entèval apostolik la

Peryòd tan ant moman lanmò yon pwofèt ak reyòganizasyon Premye Prezidans lan, nou fè referans avèk li kòm yon “entèval apostolik.” Pandan peryòd sa a, Kolèj Douz Apot yo, sou direksyon prezidan kolèj la, detni kle pou administre direksyon Legliz la. Prezidan Joseph F. Smith te anseye: “Toujou gen yon chèf nan Legliz la, epi, si Prezidans Legliz la anlve pa lanmò oubyen pou lòt rezon, enben, pwochen tèt Legliz la se Douz Apot yo, jiskaske yon prezidans òganize ankò.”3

Imaj
Kolèj Douz Apot yo

Entèval apostolik ki pi resan an te kòmanse lè Prezidan Monson te mouri 2 Janvye a epi l te fini 12 jou apre, nan Dimanch 14 Janvye a. Nan jou maten Saba sa a, Kolèj Douz Apot yo te reyini nan sal wot Tanp Salt Lake la nan yon espri jèn ak lapriyè, sou direksyon Prezidan Russell M. Nelson, Apot Senyò ak Prezidan Kolèj Douz yo.

Apèl yon nouvo pwofèt

Nan reyinyon sakre memorab sa a, selon yon modèl byen etabli nan inite ak inanimite, Frè yo te chita an nan lòd senyorite yo sou 13 chèz an demi sèk, epi yo te leve men yo pou soutni òganizasyon yon Premye Prezidans toudabò epi apresa yo te soutni Prezidan Russell Marion Nelson kòm Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Soutyen sa a te suiv pa Kolèj Douz yo rasanble nan yon sèk, ki te mete men yo sou tèt Prezidan Nelson pou yo te òdone l e mete l apa, avèk pwochen Apot senyò a kòm pòtpawòl.

Apresa Prezidan Nelson te nonmen konseye l yo, Prezidan Dallin Harris Oaks, Prezidan Henry Bennion Eyring, avèk Prezidan Oaks kòm Prezidan Kolèj Douz Apot yo ak Prezidan Melvin Russell Ballard kòm Prezidan Sipleyan Kolèj Douz Apot yo. Apre menm kalite vòt soutyen yo, Prezidan Nelson te mete chak Frè sa yo apa pou ofis respektif yo. Sete yon eksperyans pwofondeman sakre, avèk yon devèsman Lespri a. Mwen ba nou temwayaj absoli mwen ke volonte Senyè a, nou te priye ak tout kè nou pou n te konnen an, te manifeste avèk puisans nan aktivite ak evenman sa yo nan jou sa a.

Imaj
Premye Prezidans lan

Avèk òdinasyon Prezidan Nelson an ak reyòganizasyon Premye Prezidans lan, entèval apostolik la te fini, epi, nouvo Premye Prezidans ki fèk konstitiye a te kòmanse opere san menm yon segond entèripsyon nan gouvène wayòm Senyè a sou tè a.

Asanble solanèl

Maten an, pwosesis divin sa a atenn pwen ki pi wo li annakò avèk manda you souliyen nan Doktrin ak Alyans yo: “Paske tout bagay dwe fèt nan lòd, avèk konsantman tout moun legliz la, avèk priyè lafwa,”4 epi “twa Gran Prèt Prezidan yo, … soutni pa konfyans, ak lafwa, ak priyè legliz la, fòme kowòm Prezidans Legliz la.”5

Èldè David B. Haight te dekri yon bagay ki te rive anvan konsènan nou te viv jodia:

“Nou temwen epi nou patisipe nan yon okazyon ki trè sakre—yon asanble solanèl pout rete bagay selès. Tankou nan ansyen tan yo, Sen toupatou nan mond lan te jene ak priye pou yo te ka resevwa yon devèsman Lespri Senyè a, ki si an evidans … nan okazyon sa a maten an.

“Yon asanble solanèl, jan non an enplike a, siyifi yon okazyon sakre, serye e plen reverans kote Sen yo reyini sou direksyon Premye Prezidans lan.”6

Frè m ak sè m yo, nou ka rejwi—menm rele, “Ozana!”—dèske pòtpawòl Senyè a, yon pwofèt Bondye, anplas epi Senyè a kontan dèske travay li ap fèt nan fason li te divinman preskri a.

Prezidan Russell M. Nelson

Pwosesis dekrè diven sa a m to dekri a abouti nan yon lòt pwofèt ki divinman aple. Tou kòm Prezidan sete youn nan pi gwo moun ki te viv sou tè a, se konsa Prezidan Nelson ye tou. Li te byen prepare e patikilyèman fòme pa Senyè a pou dirije nou nan moman sa a. Se yon gwo benediksyon pou, kounyeya, nou gen chè Prezidan Russell M. Nelson kòm pwofèt eman ak devwe nou---17tyèm Prezidan Legliz la nan dispansasyon final sa a.

Imaj
Prezidan Russell M. Nelson

Prezidan Nelson se yon moun vrèman remakab. M te gen privilèj pou te sèvi nan Kolèj Douz Apot yo avèk li kòm prezidan kowòm mwen pandan jis plis pase dezan. M konn vwayaje avèk li e m etone pou enèji li, paske yon moun oblije mache rapid pou w ka suiv li! Ototal, li vizite 133 peyi pandan lavi li.

Li enterese nan nou tout, jèn kou granmoun. Li sanble l konn tout moun e li espesyalman gen don pou l sonje non moun. Tout moun ki konnen l santi ke yo se moun prefere li. Epi se konsa sa ye pou nou chak—gras ak amou sensè li ak sousi sensè li pou nou chak.

Premye asosyasyon m avèk Prezidan Nelson sete nan wòl eklezyastik nou, men m vin familye avèk lavi pwofesyonèl Prezidan Nelson te mennen anvan yo te aple l kòm Otorite Jeneral la. Jan anpil nan nou konnen, Prezidan Nelson sete yon chirijyen renome nan mond lan spesyalize nan zafè kè epi, nan kòmansman karyè medikal li, li te yon pyonye nan devlope machin enpòtan poumon-kè a. Li te travay avèk ekip rechèch ki te akonpli premye operasyon a kè ouvè sou yon kretyen vivan an, an 1951, kote yo te itilize yon operasyon kè-poumon. Prezidan Nelson te fè yon operasyon kè pou Prezidan Spencer W. Kimball pa lontan avan Prezidan Kimball te vin pwofèt.

Imaj
Prezidan Nelson kòm chirijyen

Sa k enteresan, sèke lè apèl Prezidan Nelson nan Douz yo, sa gen 34 tran an, te mete fen a karyè pwofesyonèl medikal li pou fòtifye ak repare kè a, li te kòmanse yon ministè kòm yon Apot devwe nan fòtifye ak repare kè dè dizèn milye moun nan mond lan, chak ki te edifye ak geri pa pawòl li ak aksyon sajès, sèvis ak lanmou li.

Imaj
Prezidan Nelson kòm yon Apot
Imaj
Prezidan Nelson k ap akeyi manm yo
Imaj
Prezidan Nelson avèk aryè pitit pitit li

Yon kè kretyen

Lè m ap imajine aksyon yon kè kretyen chak jou, m wè Prezidan Nelson. M pa janm rankontre yon moun ki bay egzanp trè sa a nan yon pi wo nivo pase li. Sa te yon aprantisaj remakab pou m te nan pozisyon pou m te pèsonèlman wè manifestasyon kè kretyen Prezidan Nelson.

Nan lespas kèk semèn nan apèl mwen nan Douz yo an Oktòb 2015 la, m te gen opòtinite pou m te gen yon apèsi sou lavi pwofesyonèl Prezidan Nelson te genyen an. Yo te envite m pou m t al nan yon evenman kote yo te onore l kòm pyonye nan operasyon kè. Lè m te antre nan sal la, m te etone wè gwo kantite pwofesyonèl ki te prezan pou onore ak rekonèt travay Prezidan Nelson te fè pandan pil ane anvan yo kòm doktè ak chirijyen medikal la.

Jou swa sa a, anpil kantite pwofesyonèl te kanpe pou eksprime respè yo ak admirasyon yo pou kontribisyon eksepsyonèl Prezidan Nelson te pote nan espesyalite medikal li a. Osi enpresyonan sa te ye pandan chak nan oratè yo t ap dekri pil akonplisman Prezidan Nelson yo, me te ankò pi enpresyone pa yon konvèsasyon m te genyen avèk yon mesye ki te chita bò kote mwen. Li pa t konn kiyès m te ye, men li te konn Prezidan Nelson kòm Doktè as. Nelson, direktè pwogram rezidan an chiriji torasik yo nan inivèsite medsin nan an 1955.

Mesye sa a sete yon ansyen etidyan Prezidan Nelson. Li te pataje souvni l avèk mwen. Sa k te pi enteresan an sete deskripsyon l te fè sou stil ansèyman Prezidan Nelson, ki, selon limenm, te kontribye anpil nan renome li. Li te eksplike ke anpil nan ansèyman rezidan nan chiriji kadyak yo te fèt nan sal operasyon an. La, rezidan yo te obsève epi yo te fè operasyon sou sipèvizyon manm fakilte yo, tankou nan yon klas laboratwa. Mesye sa a te di m ke, atmosfè sal operasyon an ki te dirije pa chirijyen inivèsite yo plen konfizyon, konpetisyon, ranpli ak presyon, e menm yon ti jan egoyis. Mesye sa a te dekri l kòm yon anviwonman difisil, pafwa menm imilyan. Kòm rezilta, rezidan nan chiriji yo te konn menm santi karyè yo te menase.

Epi li te pale de atmosfè san parèy ki te genyen nan sal operasyon Prezidan Nelson an. Li te pezib, kalm, plen diyite. Yo te trete rezidan yo avèk respè. Men, apre l te fin demontre yo yon operasyon, Doktè. Nelson te atann pou chak rezidan te byen egzekite l nan pi wo nivo a. Mesye sa a te eksplike m kijan pi bon rezilta yo ak pi bon chirijyen yo te soti nan sal operasyon Doktè. Nelson an.

Sa pa t etone m ditou. Se sa m konn obsève pèsonèlman, ki te yon benediksyon pou mwen nan Kolèj Douz Apot yo. M te santi, nan yon sans, ke m sete youn nan “rezidan an fòmasyon” l yo.

Prezidan Nelson gen yon fason ekspesyonèl pou l anseye moun ak korije yo nan yon fason pozitif, plen respè, ak edifyan. Li se egzanp yon kè kretyen ak yon egzanp pou nou tout. Nan men li, nou aprann ke, nan nenpòt sikonstans nou ka twouve nou, conduit nou ak kè nou ka rete annakò avèk prensip levanjil Jezikri yo.

Kounyeya, nou gen gwo benediksyon pou n soutni pwofèt nou, Prezidan Russell M. Nelson.. Pandan tout lavi li, li te jwe anpil wòl kòm etidyan, papa, pwofesè, mari, doktè, dirijan prètriz, granpapa, ak Apot. Li te ranpli wòl sa yo lè sa a—e l ap kontinye ranpli yo—avèk kè yon pwofèt. Nan non Jezikri, amèn.

Frè m ak sè m yo, sa nou te temwen ak patisipe jodia, yon asanble solanèl, mennen nan temwayaj mwen ke Prezidan Russell M. Nelson se pòtpawòl vivan Senyè a pou tout limanite. Mwen ajoute temwayaj mwen konsènan Bondye Papa a, konsènan Jezikri, ak wòl li kòm Sovè ak Redanmtè nou. Nan non Jezikri, amèn.