2010–2019
Pouvwa Prètriz la
Avril 2018


Pouvwa Prètriz la

Mayifye sent Prètriz la nou detni an esansyèl pou travay Senyè a nan fanmi nou ak nan apèl nou nan Legliz la.

Frè byeneme m yo, nou sot tande yon anons Prezidan Russell M. Nelson sot fè ki se pwodui revelasyon. Nou sot tande kèk eksplikasyon enpòtan nan men Èldè Christofferson ak Èldè Rasband ak Prezidan Eyring. Sa nou pral tande la yo, enkli nan bouch Prezidan Nelson, pral elabore sa noumenm, dirijan ak detantè Prètriz Senyè a, pral fè nan responsablite nou kounyeya. Pou ede avèk sa, m pral repase kèk prensip fondamantal ki gouvène prètriz nou detni an.

I. Prètriz la

Prètriz Mèlkisedèk la se otorite divin Bondye delege pou akonpli travay li pou “reyalize … lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39). An 1829, Apot Pyè, Jak, ak Jan te konfere l sou Joseph Smith ak Oliver Cowdery (gade D&A 27:12). Nati sakre li ak pouvwa li endeskriptib.

Kle prètriz yo se pouvwa pou dirije egzèsis otorite prètriz la. Konsa, lè Apot yo te konfere Prètriz Mèlkisedèk la sou Joseph ak Oliver, yo te bayo kle pou yo dirije egzèsis li tou. (gade D&A 27:12–13). Men se pa tout kle prètriz yo yo te konfere nan moman sa a. Tout kle ak konesans nesesè yo pou “dispansasyon plenitid tan ” (D&A 128:18) sa a, nou resevwa yo “liy apre liy” (vèsè 21). Gen kle adisyonèl yo te bay nan Tanp Kirtland nan setan apre tou (gade D&A 110:11–16). Yo te bay kle sa yo pou dirije otorite prètriz la nan tach adisyonèl yo te konfye yo nan epòk sa a, tankou batèm pou mò yo.

Prètriz Mèlkisedèk la se pa yon pozisyon ni yon etikèt. Li se pouvwa diven yo ba nou pou n itilize pou benefis travay Bondye a pou pitit li yo. Nou dwe toujou sonje ke gason ki detni prètriz yo, se pa prètriz la yo ye. Li pa apwopriye pou nou itilize ekspresyon “prètriz la ak fi yo.” Nou dwe di detantè prètriz yo ak fi yo.

II. Yon ministè sèvis

Kounyeya, ann egzamine sa Senyè , Jezikri, atann nan men moun ki detni prètriz li yo—kijan nou dwe mennen nanm ba li.

Prezidan Joseph F. Smith te anseye: “Nou byen fèt di Legliz la pafètman òganize. Sèl pwoblèm nan sèke òganizasyon sa yo pa totalman konsyan de obligasyon ki repoze sou yo yo. Lè yo vin vrèman konprann kisa yo egzije nan men yo, yo pral ranpli devwa yo pi fidèlman, epi travay Senyè a pral vin pi solid, ak pi puisan, e l ap gen plis enfliyans nan mond lan.”1

Prezidan Smith te bay avètisman sa a tou:

“Tit plen onè Bondye banou yo … ki asosye avèk plizyè ofis ak lòd nan Sent Prètriz la, nou pa dwe itilize yo ni konsidere yo kòm tit lòm bay; yo pa la kòm dekorasyon ni pou montre kiyès ki se mèt, men pito yo la pou aple nou nan enb sèvis nan travay sèl Mèt nou di n ap sèvi a. …

“… N ap travay pou sali nanm moun, epi nou dwe santi sa se pi gwo tach nou genyen. Se poutèt sa, nou dwe dispoze pou n sakrifye tout bagay, si nesesè, pou lanmou Bondye, pou sali lèzòm, ak triyonf wayòm Bondye a sou tè a.”2

III Ofis nan Prètriz la

Nan Legliz Senyè a, ofis nan Prètriz Mèlkisedèk yo gen diferant fonksyon. Doktrin ak Alyans yo fè referans a gran prèt yo kòm “prezidan sou plas oubyen sèvitè sou tèt diferan pieu ki dispèse tout kote” (D&A 124:134). Li fè referans a ansyen yo kòm “minis ki sou plas nan legliz [Senyè] a” (D&A 124:137). Men lòt ansèyman sou fonksyon separe sa yo.

Yon gran prèt ofisye nan bagay spirityèl epi l administre yo (gade D&A 107:10, 12). Epitou, jan Prezidan Joseph F. Smith te anseye a: “Lè l òdone kòm yon gran prèt, [li] ta dwe santi l oblije … pou l tabli yon egzanp ki diy pou imite devan granmoun yo ak jèn yo, epi pou l plase tèt li nan yon pozisyon kote l ka yon enstriktè lajistis, non sèlman pa presèp men pi patikilyèman pa legzanp—pandan l ap bay sa k pi jèn yo benefis eksperyans laj li, epi konsa, l ap vin yon fòs nan mitan kominite kote l abite a.”3

Konsènan devwa yon ansyen, Èldè Bruce R. McConkie nan Kolèj Douz Apot yo te anseye: “Yon ansyen se yon minis Senyè Jezikri. … Li gen tach pou l kanpe nan plas Mèt li a … nan sèvi pwochen li. Li se ajan Senyè a.”4

Èldè McConkie te kritike ide ke yon moun se “sèlman yon ansyen” an. Li te di: “Chak ansyen nan Legliz la detni menm prètriz avèk Prezidan Legliz la… ,” “Kisa yon ansyen ye? Li se yon bèje, yon bèje k ap sèvi nan bèjri Bon Bèje a.”5

Nan responsablite enpòtan sa a pou sèvi nan bèjri Bon Bèje a, pa gen oken diferans ant ofis gran prèt ak ofis ansyen nan Prètriz Mèlkisedèk la. Nan gwo seksyon 107 Doktrin ak Alyans yo, Senyè a deklare: “Gran prèt dapre lòd Prètriz Mèlkisedèk yo gen dwa pou yo ofisye pou kont yo, sou direksyon prezidans la, pou yo administre bagay espirityèl, epi nan ofis yon ansyen [oubyen nan nenpòt ofis nan Prètriz Aawon an] tou” (D&A 107:10; gade tou vèsè 12).

Prensip ki pi enpòtan pou tout detantè Prètriz yo se prensip pwofèt Jakòb anseye nan Liv Mòmon an. Apre limenm ak frè li, Joseph, te fin konsakre kòm prèt ak enstriktè pèp la, li te deklare: “Epi, nou te byen mayifye apèl nou devan Senyè a; nou te pran responsablite pou nou pran peche pèp la sou tèt pa nou si nou pa preche yo pawòl Bondye a avèk anpil dilijans” (Jakòb 1:19).

Frè m yo, responsablite nou kòm detantè prètriz se sijè ki enpòtan. Gen lòt òganizasyon ki ka kontante yo avèk nivo pèfòmans mond lan fikse yo pou yo transmèt mesaj yo ak ranpli fonksyon yo. Men, noumenm ki detni prètriz Bondye a, nou gen pouvwa diven pou n gouvène menm antre nan wayòm selès Bondye a. Nou gen objektif ak responsablite Senyè a defini nan prefas revele Doktrin ak Alyans yo. Nou dwe pwoklame bay mond lan:

“Pou chak moun kapab pale nan non Senyè Bondye a, Sovè mond lan menm;

“Pou lafwa kapab ogmante sou tè a tou;

“Pou alyans etènèl mwen an kapab tabli;

“Pou moun ki fèb yo ak moun ki senp yo kapab pwoklame plenitid levanjil mwen an jis nan bout tè a. ” (D&A 1:20–23).

Pou nou ranpli tach divin sa a, nou dwe fidèl nan “mayifye” apèl nou ak responsablite nou nan prètriz la (gade D&A 84:33). Prezidan Harold B. Lee te eksplike kisa savle di pou mayifye prètriz la: “Lè yon gason vin yon detantè prètriz, li vin yon ajan Senyè a. Li dwe konsidere apèl li kòmsi l te nan yon misyon pou Senyè a. Se sa mayifye prètriz la vledi.”6

Se poutèt sa, frè m yo, si Senyè a Limenm ta mande nou pou n ede youn nan pitit gason owas pitit fi l yo—e se sa l fè palentèmedyè sèvitè l yo—èske nou t ap fè sa? Epi, si nou t ap fè l, èske nou t ap aji kòm ajan li, “nan travay li” pandan n ap repoze nou sou èd li pwomèt nou an?

Prezidan Lee te bay yon lòt ansèyman osijè mayifye prètriz la: “Lè nou kenbe yon loup pou n gade yon bagay, li fè bagay sa a parèt pi gwo pase si nou t ap gade l ak je nou; se yon loup ki mayifye bagay la. Kounyeya … si yon moun vle mayifye prètriz li—kivledi, rann ni pi gwo pase jan yo te panse l te ye toudabò e pi enpòtan pase jan nenpòt lòt moun ka panse l te ye—sa se fason nou mayifye prètriz nou.”7

Men yon egzanp sou yon detantè prètriz k ap mayifye responsablite prètriz li. M te tande Èldè Jeffrey D. Erekson, konpayon m nan yon konferans pieu nan Idaho, rakonte eksperyans sa a. Lè l te yon jèn marye, ki te dezespereman pòv e santi ke l pa t kapab fini dènye ane inivèsite li, Jeffrey te deside kanpe etid li pou l te aksepte yon òf travay enteresan. Kèk jou apre, prezidan kowòm ansyen an te vin vizite li. Li te mande: “Èske w konprann siyifikasyon kle prètriz ou detni yo?” Lè Jeffrey te di wi, prezidan an te di li, depi l te fin aprann entansyon l pou l te kanpe etid li a, Senyè a te toumante l pandan plizyè nuit san somèy pou l te vin bay Jeffrey mesaj sa a: “Antanke prezidan kowòm ansyen ou, mwen konseye w pou w pa kanpe etid ou. Sa se yon mesaj Senyè a di pou m ba ou.” Jeffrey te rete lekòl. Dèzane apre m t rankontre li. Li te vin yon gwo biznismann plen siksè epi m te tande l di yon asanble detantè prètriz: “Konsèy sa a te fè tout diferans la nan lavi m.”

Yon detantè prètriz te mayifye prètriz li ak apèl li, epi sa te “chanje lavi” yon lòt pitit Bondye.

IV. Prètriz la nan fanmi an

Jiskela, mwen pale de responsablite prètriz la nan Legliz la. Kounyeya, m pral pale de prètriz la nan fanmi nou. M ap kòmanse avèk kle yo. Prensip ke otorite prètriz la ka egzèse sèlman sou direksyon moun ki detni kle pou responsablite sa a fondamantal nan Legliz la men, li pa aplike pou egzèsis prètriz la nan fanmi an.8 Yon papa ki detni prètriz prezide nan fanmi li pa otorite prètriz li detni an. Li pa bezwen gen direksyon ni apwobasyon kle prètriz yo pou l konseye manm fanmi li, pou l fè reyinyon familyal, bay madanm ni ak pitit li benediksyon prètriz, oubyen pou bay manm fanmi l ak lòt moun benediksyon gerizon.

Imaj
Fanmi k ap li ekriti ansanm

Si papa yo ta mayifye prètriz yo nan pwòp fanmi yo, sa t ap fè misyon Legliz la avanse tou kòm nenpòt lòt bagay yo ta ka fè. Papa ki detni Prètriz Mèlkisedèk yo dwe respekte kòmandman yo pou yo ka gen pouvwa prètriz la pou yo bay manm fanmi yo benediksyon. Papa yo dwe egalman kiltive relasyon familyal eman pou manm fanmi yo ka anvi mande yo benediksyon. Epi paran yo dwe ankouraje manm fanmi yo pou yo pran plis benediksyon prètriz.

Imaj
Benediksyon Prètriz

Papa yo dwe fonksyone antanke “patnè egal ego” avèk madanm yo, jan pwoklamasyon sou fanmi an anseye a.9 Epi, noumenm papa, lè nou gen privilèj pou n egzèse pouvwa ak enfliyans otorite prètriz la, fè l “nan pèsyade, avèk pasyans, avèk jantiyès, dousman, epi avèk amou enfayib” (D&A121:41). Prensip elve sa a pou egzèse otorite prètriz la enpòtan anpil nan fanmi an. Prezidan Harold B. Lee te bay pwomès sa a jis apre l te vin Prezidan Legliz la: “Pouvwa prètriz ou detni a pa janm osi mèveye ke lè gen difikilte nan fwaye a, yon maladi grav, oubyen kèk gwo desizyon ki pou pran. … Andedan pouvwa prètriz la, ki se pouvwa Bondye Toupuisan an, genyen pouvwa pou akonpli mirak si se volonte Senyè a, men, pou itilize prètriz sa a, nou dwe diy pou n egzèse li. Si nou pa konprann prensip sa a, nou pa ka resevwa benediksyon ki genyen nan detni gwo prètriz sa a.”10

Frè byeneme m yo, mayifye sent prètriz nou detni an esansyèl pou travay Senyè a nan fanmi nou ak nan apèl nou nan Legliz la.

Mwen temwaye konsènan limenm ki mèt prètriz la. Atravè soufrans ak sakrifis ekspyatwa l la ak rezirèksyon l lan, tout gason ak tout fi gen asirans imòtalite ak opòtinite pou lavi etènèl. Nou chak dwe fidèl ak Dilijan nan fè pati pa nou an nan gran travay Bondye, Papa Etènèl nou sa a, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Enseignements des présidents de l’Église : Joseph F. Smith (1998), 343.

  2. Enseignements des présidents de l’Église : Joseph F. Smith 340, 343.

  3. Joseph F. Smith, Doktrin ak Alyans, 5e éd., (1939), 182.

  4. Bruce R. McConkie, “Only an Elder,” Ensign, juin 1975, 66; emphasis in original not preserved.

  5. Bruce R. McConkie, “Only an Elder,” 66; emphasis in original not preserved.

  6. Enseignements des présidents de l’Église : Harold B. Lee  (2000), 93.

  7. Enseignements des présidents de l’Église : Harold B. Lee, ed. Clyde J. Williams (1996), 499.

  8. Voir Dallin H. Oaks, “ L’autorité de la prêtrise dans la famille et dans l’Église ,” Le Liahona, nov. 2005, 24–27.

  9. Voir “ La famille : Déclaration au monde</,” Liahona, May 2017, 145.

  10. Enseignements des présidents de l’Église , 97.