2010–2019
Asanble solanèl
Avril 2018


Asanble solanèl

Frè m ak sè m yo, Prezidan Nelson mande m pou m dirije asanble solanèl la nou reyini pou n patisipe jodia.

Okazyon sa a gen gwo siyifikasyon pou manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo atravè tout mond lan.

Date 10 Oktòb  1880, lè yo te soutni John Taylor pou l te siksede Brigham Young kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè e Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, chak okazyon sa yo deziyen kòm yon asanble solanèl kò Legliz la pou eksprime vwa Legliz la.

Nou pral vote pa kowòm e pa gwoup. Kèlkeswa kote nou ye, yo envite nou pou n kanpe sèlman lè yo mande nou, epi pa men nou leve, n ap eksprime ke nou chwazi soutni moun yo pral prezante nou la yo. Nou dwe vote sèlman lè yo mande nou pou n kanpe.

Otorite Jeneral yo ki nan Tabènak la ak nan Assembly Hall la nan Temple Square yo ap gade vòt la nan kote sa yo. Nan sant pieu yo, yon manm prezidans pieu a ap obsève vòt la. Si gen moun ki bay yon vòt kontrè, moun sa yo dwe kontakte prezidan pieu respektif yo.

Kounyeya, nou pral kòmanse. Ankò, tanpri, kanpe epi vote sèlman lè yo mande nou pou n fè sa.

Nou mande manm Premye Prezidans yo pou yo kanpe silvoupè.

Yo pwopoze pou nou Premye Prezidans lan soutni Russell Marion Nelson kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè e Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye you yo.

Manm Premye Prezidans lan ki dakò yo, tanpri manifeste sa.

Yo pwopoze pou Premye Prezidans lan soutni Dallin Harris Oaks kòm Premye Konseye ak Henry Bennion Eyring kòm Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans Legliz la.

Manm Premye Prezidans lan ki dakò yo, tanpri manifeste sa.

Yo pwopoze pou Premye Prezidans lan soutni Dallin Harris Oaks kòm Prezidan Kolèj Douz Apot yo ak Melvin Russell Ballard kòm Prezidan Sipleyan Kolèj Douz Apot yo.

Manm Premye Prezidans lan ki dakò yo, tanpri manifeste sa.

Yo pwopoze pou Premye Prezidans lan soutni kòm manm Kolèj Douz Apot yo: M. Russell Ballard, Jeffrey R. Holland, Dieter F. Uchtdorf, David A. Bednar, Quentin L. Cook, D. Todd Christofferson, Neil L. Andersen, Ronald A. Rasband, Gary E. Stevenson, Dale G. Renlund, , , Gerrit Walter Gong, ak Ulisses Soares.

Manm Premye Prezidans yo, tanpri manifeste sa.

Yo pwopoze pou Premye Prezidans lan soutni konseye yo nan Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè.

Manm Premye Prezidans yo, tanpri manifeste sa.

Premye Prezidans lan mèt chita kounyeya.

Nou envite Èldè Gong ak Èldè Soares pou yo vin pran plas yo avèk Kolèj Douz Apot yo.

Manm Kolèj Douz Apot yo sèlman, enkli Èldè Gong ak Èldè Soares, kanpe silvouplè.

Yo pwopoze pou Kolèj Douz Apot la soutni Russell Marion Nelson kòm Pwofèt, vwayan, ak revelatè e Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ansanm avèk konseye l yo ak manm Kolèj Douz Apot yo jan yo te prezante e soutni pa Premye Prezidans lan.

Manm Kolèj Douz Apot yo ki an favè yo, tanpri manifeste sa.

Nou mèt chita.

Nou mande pou Swasanndis Otorite Jeneral yo ak manm Episkopa Prezidan yo kanpe silvouplè.

Yo pwopoze pou tout Swasanndis Otorite Jeneral yo ak manm Episkopa Prezidan yo soutni Russell Marion Nelson kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè e Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ansanm ak konseye l yo ak manm Kolèj Douz Apot yo jan yo te prezante e soutni pa Premye Prezidans lan.

Tout Swasanndis Otorite Jeneral yo ak manm Episkopa yo ki dakò yo, tanpri manifeste sa.

Nou mèt chita.

Nou mande pou moun sa yo kanpe kèlkeswa kote yo ka ye atravè mond lan: tout Swasanndis Otorite Rejyonal, patriyach ki òdone, gran prèt ak ansyen.

Yo pwopoze pou nou soutni Russell Marion Nelson kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè e Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ansanm ak konseye l yo ak manm Kolèj Douz Apot yo jan yo te prezante e soutni an.

Tout moun ki dakò, tanpri manifeste sa.

Avi kontrè yo ka manifeste sa.

Nou mèt chita.

Nou mande tout manm Sosyete Sekou—ki se, tout fi nan laj 18 tan ak plis—tanpri kanpe.

Yo pwopoze pou nou soutni Russell Marion Nelson kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè e Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ansanm ak konseye l yo ak manm Kolèj Douz Apot yo jan yo te prezante e soutni an.

Tout moun ki an favè, tanpri endike sa pa men leve.

Avi kontrè ka endike sa.

Nou mèt chita.

Tout moun ki detni Prètriz Aawon yo sèlman---ki se, tout prèt, enstriktè, ak dyak òdone yo---tanpri leve kanpe.

Yo pwopoze pou nou soutni Russell Marion Nelson kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè e Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ansanm ak konseye l yo ak manm Kolèj Douz Apot yo jan yo te prezante e soutni an.

Tout moun ki an favè, tanpri endike sa pa men leve.

Avi kontrè ka endike sa pa menm siy nan.

Nou mèt chita.

Jènfi nan laj 12 rive 18 tan yo, tanpri leve kanpe.

Yo pwopoze pou nou soutni Russell Marion Nelson kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè e Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ansanm ak konseye l yo ak manm Kolèj Douz Apot yo jan yo te prezante e soutni an.

Tout moun ki an favè, tanpri endike sa pa men leve.

Avi kontrè ka endike sa pa menm siy nan.

Nou mèt chita.

Kounyeya nou mande tout manm legliz yo, kèlkeswa kote nou ye, enkli tout moun ki te deja kanpe yo, tanpri, leve kanpe.

Yo pwopoze pou nou soutni Russell Marion Nelson kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè e Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ansanm ak konseye l yo ak manm Kolèj Douz Apot yo jan yo te prezante e soutni an.

Tout moun ki an favè, tanpri endike sa pa men leve.

Avi kontrè ka endike sa pa menm siy nan.

Nou tout mèt chita.

Mèsi, frè m ak sè m yo, pou amou nou ak sipò nou.