2010–2019
Sèvis pastoral
Avril 2018


Sèvis pastoral

Nou pral enplemante yon apwòch ki pi nouvo ak pi sen pou pran swen ak sèvi lòt yo.

Mèsi, Èldè Gong ak Èldè Soares, pou ekspresyon sensè lafwa nou. Nou vrèman rekonesan pou nou ak chè konpay nou yo.

Chè frè ak sè m yo, nou toujou ap chèche direksyon nan men Senyè a sou fason nou kapab ede manm nou yo kenbe kòmandman Bondye yo, espesyalman de gran kòmandman ki se renmen Bondye ak renmen pwochen nou yo.1

Depi kèk mwa, nou t ap chèche yon pi bon fason pou n reponn bezwen espirityèl ak tanporèl manm nou yo nan fason Sovè a.

Nou pran desizyon pou nou retire ansèyman ak vizit ofwaye yo jan nou te konnen yo a. Nan plas yo, nou pral enplemante yon apwòch ki pi nouvo ak pi sen pou pran swen ak sèvi lòt yo. Nou pral senpleman rele efò sa yo “Sèvis pastoral.”

Sèvis pastoral efikas la ap posib gras ak don ki natirèl kay sè yo epi gras ak pouvwa enkonparab prètriz la. Nou tout bezwen yon pwoteksyon konsa kont riz advèsè a.

Èldè Jeffrey  R. Holland nan Kolèj Douz Apot yo ak Sè Jean B. Bingham, Prezidant Jeneral Sosyete Sekou a, pral eksplike nou kòman frè yo nan prètriz la, sè Sosyete Sekou yo ak Jènfi ki deziyen yo pral travay kounyeya pou sèvi manm Legliz yo ak veye sou yo nan tout mond lan.

Premye Prezidans lan ak Douz yo ini ansanm pou apwouve mesaj yo pral bay yo. Avèk rekonesans epi nan lapriyè, nou ouvri nouvo chapit sa a nan istwa Legliz la. Nan non Jezikri, amèn.