2010–2019
Annou avanse
Avril 2018


Annou avanse

Dezi nou pou n obeyi a ap ogmante lè nou ap repanse ak reflechi sou sa nou te santi nan de dènye jou sa yo.

Frè ak sè byeneme m yo, pandan konferans istorik sa a ap fini an, mwen ini avèk nou pou remèsye Senyè a dèske l te dirije nou ak enspire nou. Mizik la te mayifik ak edifyan. Non sèlman mesaj yo te edifyan, men yo chanje lavi tou.

Nan asanble solanèl nou te soutni yon nouvo Premye Prezidans. De gwo gason pran plas yo nan Kolèj Douz Apot yo. Epi nou aple yuit nouvo Swasanndis Otorite Jeneral.

Gen youn nan kantik prefere m yo ki rezime detèminasyon renouvle nou, defi nou, ak responsablite nou pou n avanse a.

Mettons de l’ardeur au service du Seigneur,

C’est le seul vrai chemin qui conduise au bonheur.

Au divin combat marchons avec cœur,

Armés de vérité !

En garde, voici nos ennemis !

Courage, nous avons Jésus-Christ !

Devant eux jamais nous ne cèderons,

Au Seigneur seul, nous obéirons !1

Mwen egzòte nou pou n etidye mesaj konferans sa yo souvan—regilyèman menm—pandan sis pwochen mwa yo. Chèche ki pi bon fason nou ka enkòpore mesaj sa yo nan sware familyal nou, nan ansèyman levanjil nou, nan konvèsasyon nou avèk fanmi ak zanmi, e menm nan diskisyon avèk moun ki pa nan menm legliz avèk nou. Anpil bon moun ap kontan verite yo anseye yo nan konferans sa a lè nou prezante yo li ak lanmou. Epi dezi pou n obeyi a ap ogmante pandan n ap sonje ak reflechi sou sa nou te santi nan de jou k sot pase yo.

Konferans jeneral sa a make kòmansman yon nouvo chapit nan sèvis. Senyè a fè anpil modifikasyon enpòtan nan fason nou youn ap veye sou lòt la. Sè yo ak frè yo—ni sa k aje ni sa k jèn—pral sèvi youn lòt nan yon nouvo fason ki pi sakre. Kowòm ansyen yo pral ranfòse pou yo ka beni lavi gason, fi, ak timoun yo toupatou nan mond lan. Sè Sosyete Sekou yo pral kontinye sèvi nan fason eman ak san parèy yo, pandan y ap bay sè ki pi jèn yo opòtinite pou yo vin patisipe avèk yo nan tach yo pral ba yo.

Mesaj nou pou mond lan senp e sensè: nou envite tout pitit Bondye nan toulède bò vwal la pou yo vin jwenn Sovè a, resevwa benediksyon tanp sakre l yo, santi lajwa dirab epi kalifye yo pou lavi etènèl.2

Pou n resevwa egzaltasyon, sa mande depi kounyeya pou n gen fidelite total anvè alyans nou fè yo ak òdonans nou resevwa nan kay Senyè a. Aktyèlman, nou gen 159 tanp ki an fonksyon ak plis toujou ki ap bati. Nou vle mennen tanp yo pi pre manm yo paske kantite manm nan Legliz la ap grandi. Konsa, nou kontan pou n anonse plan pou bati sèt lòt tanp. Tanp sa yo pral bati nan kote sa yo: Salta, Ajantin; Bengaluru, End; Managua, Nicaragua; Cagayan de Oro, Filipin; Layton, Utah; Richmond, Virginie; ak yon gwo vil nan LaRisi ke nou poko detèmine.

Chè frè m ak sè m yo, konstriksyon tanp sa yo petèt p ap chanje lavi nou, men tan na pral pase ladan yo a ap asireman chanje lavi nou. Nan espri sa a, mwen beni nou pou nou ka idantifye ki bagay nou bezwen mete akote yo pou nou ka pase plis tan nan tanp yo. Mwen beni nou pou n ka gen pi gwo amoni ak lanmou nan fwaye nou ak yon pwofon dezi pou n pran swen relasyon fanmi etènèl nou. Mwen beni nou pou n ka gen yon pi gwo lafwa nan Senyè a, Jezikri, ak yon pi gwo kapasite pou n suiv li antanke vrè disip.

Mwen beni nou pou n ka leve vwa nou pou n temwaye, jan m ap fè kounyeya, ke nou angaje nan travay Bondye Toupuisan an! Jezi se Kris la. Sa a se Legliz li, ke l dirije palentèmedyè sèvitè li wen. Konsènan sa mwen temwaye, avèk ekspresyon lanmou m pou nou chak, nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Annou avanse,” Cantiques, no. 243.

  2. Gade Doktrin ak Alyans 14:7 comme « le plus grand de tous les dons de Dieu ».”