2010–2019
Pwofèt yo pale pa pouvwa Sentespri a
Avril 2018


Pwofèt yo pale pa pouvwa Sentespri a

Lefèt ke nou gen pwofèt se prèv amou Bondye pou pitit li. Yo fè nou konnen pwomès ak vrè nati Bondye ak Jezikri.

Chè frè m ak sè m yo, kèlkeswa kote nou ye, m ta renmen eksprime remèsiman sensè ak pwofon mwen pou vòt soutyen nou yè a. Menmjan ak Moyiz, mwen santi m manke elokans e m pa ka pale fasil men, mwen jwenn rekonfò nan pawòl Senyè a te di l yo:

“Kilès ki bay moun bouch pou yo pale? Kilès ki fè moun sa a bèbè, moun sa a soud? Kilès ki fè moun sa a wè, moun sa a avèg? Eske se pa mwen menm, Senyè a?

“Bon, ou mèt ale. M a ede w lè w gen pou w pale, m a montre w sa w gen pou w di. (Egzòd 4:11–12; gade vèsè 10) tou.

M pran fòs nan lanmou ak sipò madan mwen tou. Li se yon egzanp bonte, lanmou, ak devouman total anvè Senyè a epi pou mwenmenm ak pou fanmi an. Mwen renmen li ak tout kè m, e m rekonesan pou enfliyans pozitif li genyen sou nou.

Frè m ak sè m yo, mwen vle temwaye nou ke Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt Bondye sou tè a. M pa janm wè yon moun pi janti ak pi eman pase li. Malgre m te santi m pa alawotè pou apèl sakre sa a, pawòl li ak rega plen bonte k te nan je l pandan l t ap ban m responsablite sa a te fè m santi m vlope pa amou Sovè a. Mèsi anpil, Prezidan Nelson. Mwen soutni w e mwen renmen ou.

Eske se pa yon benediksyon pou n gen pwofèt, vwayan, ak revelatè sou tè a nan epòk n ap liv la, k ap chèche konn volonte Senyè a ak suiv li? Sa rekonfòtan pou n konnen nou pa poukont nou nan mond lan, malgre pwoblèm n ap rankontre nan lavi a. Prezans pwofèt se yon prèv lanmou Bondye pou pitit li. Yo fè pèp yo konnen pwomès ak vrè nati Bondye ak Jezikri. M te aprann sa pa pwòp eksperyans pèsonèl pa m.

Sa gen dizuitan, madanm mwen avèk mwen te resevwa yon apèl telefòn nan men Prezidan James E. Faust, ki te Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans lan lè sa a. Li te aple nou pou n sèvi kòm prezidan misyon nan Pòtigal. Li te di nou nou te gen sis semèn pou n te kòmanse misyon an. Malgre nou te santi n pa prepare ni pa alawotè, nou te aksepte apèl la. Sousi k te pi enpòtan nou nan moman an sete pou n te jwenn viza nou t ap bezwen pou n te sèvi nan peyi sa a paske, selon eksperyans nou te fè nan lepase, nou te konnen pwosesis la te pran sis a yuit mwa.

Apresa, Prezidan Faust te mande si nou te gen lafwa ke Senyè a t ap akonpli yon mirak epi l t ap pèmèt nou kapab rezoud pwoblèm viza a byen vit. Respons nou sete yon gwo “wi” epi nou te kòmanse fè demach yo imedyatman. Nou te prepare dokiman yo t ap mande nou pou viza yo, nou te pran fanmi nou, epi nou t al nan anbasad la osi vit nou te kapab. Yon dàm byen janti te resevwa nou. Li te gade papye nou yo epi lè l te aprann kisa nou ta pral fè nan Pòtigal, li te mande nou: “Èske nou vrèman pral ede moun nan peyi m yo?” Nou te reponn “wi” byen fèm epi nou te eksplike l ke nou ta pral reprezante Jezikri epi nou ta pral temwaye konsènan limenm ak konsènan misyon divin ni nan mond lan. Nou te retounen kat semèn apre, nou te resevwa viza nou yo, epi nou te rive nan chan misyon an nan lespas sis semèn, jan yon pwofèt Senyè a te mande nou pou n te fè a.

Frè m ak sè m yo, soti nan fon kè mwen, m temwaye ke pwofèt yo pale pa pouvwa Sentespri a. Yo temwaye konsènan Kris la ak misyon divin ni sou tè a. Yo eksprime lespri ak kè Senyè a epi yo aple pou reprezante li ak anseye nou sa nou dwe fè pou n retounen al viv nan prezans Bondye ak Pitit Gason l lan, Jezikri. Nou jwenn benediksyon lè nou egzèse lafwa nou epi nou suiv ansèyman yo. Si nou suiv yo, lavi nou ap vin pi bèl e mwens konplike, difikite ak pwoblèm nou yo ap vin pi fasil pou n andire, epi n ap kreye yon pwoteksyon spirityèl bò kote nou ki ap pwoteje nou kont atak enmi an nan epòk nou an.

Nan jou Pak sa a, mwen solanèlman temwaye ke Jezikri resisite, li vivan epi l ap dirije Legliz li a sou tè a palentèmedyè pwofèt, vwayan, ak revelatè. Mwen temwaye ke l se Sovè ak Redanmtè mond lan epi atravè li nou ka sove ak egzalte nan prezans Bondye nou an. Mwen renmen li, mwen adore li. Mwen vle suiv li ak fè volonte li epi vin plis menmjan avèk li. Mwen di bagay sa yo enbleman, nan non sakre Senyè nou an, Jezikri, amèn.