2010–2019
Sesyon Samdi aprèmidi
Avril 2018


Òdonans sali yo ap pote bèl limyè pou nou

Patisipe nan òdonans yo ak onore alyans asosye avèk yo ap pote bèl limyè mèveye ak pwoteksyon nan mond k ap grandi nan fènwa sa a.

Frè m ak sè m yo, m rejwi avèk nou nan levanjil la, oubyen doktrin Kris la.

Yon jou, yon zanmi te mande Èldè Neil L. Andersen, ki te yon swasanndis lè sa a, kòman l santi l lè l ap pale devan 21.000 moun nan sant Konferans la. Èldè Andersen te reponn, “Se pa 21.000 moun yo ki fè w pè, se 15 Frè yo ki chita dèyè w yo.” Sa te fè m souri lè sa a, men, kounyeya a m santi sa l te vledi. Mwen renmen 15 frè sa yo anpil epi m soutni yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè.

Senyè a te di Abraram konsa, atravè desandan l yo epi atravè prètriz la, tout fanmi ki sou tè a ap beni “avèk benediksyon Levanjil yo… menm avèk lavi etènèl” (Abraram 2:11; gade tou nan vèsè 2–10).

Benediksyon levanjil yo pwomèt yo ak prètriz la te retabli sou tè a, epi apresa, an 1842, Pwofèt Joseph Smith te fè dotasyon pou yon kantite gason ak fi ki te limite. Mercy Fielding Thompson sete yonn ladan yo. Pwofèt la te di l, “[dotasyon] sa a ap retire w nan tenèb pou l mennen w nan limyè mèveye.”1

Jodia, m vle pale de òdonans sali yo—ki ap pote bèl limyè mèveye pou oumenm avèk mwen.

Òdonans ak Alyans

Nan liv Ankre nan lafwa a nou li: “Yon òdonans se yon ak sakre e ofisyèl ki akonpli pa otorite prètiz la. Òdonans[sa yo] [ki] esansyèl pou ekzaltasyon nou … yo rele yo òdonans sali. Nan pami yo gen batèm, konfimasyon, òdinasyon nan Prètriz Mèlkisedèk la (pou gason), dotasyon nan tanp, ak sèlman maryaj.”2

Èldè David A. Bednar te anseye, “Òdonans sali ak egzaltasyon yo ki administre nan Legliz retabli Senyè a … sèvi kòm kanal otorize pou pèmèt benediksyon ak pouvwa syèl yo koule nan lavi nou.”3

Tankou yon pyès ki gen de fas, tout òdonans sali yo akonpaye pa alyans avèk Bondye. Bondye pwomèt nou benediksyon si nou fidèlman onore alyans sa yo.

Pwofèt Amilek te deklare, “Kounyeya … se lè … pou nou prepare pou n rankontre Bondye” (Alma 34:32). Kòman n dwe prepare nou? Nan resevwa òdonans yo diyman. Daprè pawòl Prezidan Russell M. Nelson yo, nou dwe “rete sou chemen alyans la.” Prezidan Nelson te kontinye, “Angajman w pran pou w suiv Sovè a epi apresa pou w kenbe alyans sa yo ap ouvri pòt pou tout benediksyon espirityèl ak privilèj ki disponib pou gason, ak fi, ak timoun tout kote.”4

Tankou anpil nan nou, John ak Bonnie Newman resevwa benediksyon espirityèl Prezidan Nelson pwomèt yo. Yon jou Dimanch aprèmidi, apre l te fin al legliz avèk twa timoun piti l yo, Bonnie te di John, ki pa t manm Legliz la: “M pa ka kontinye fè sa poukont mwen. Ou bezwen deside si w apral legliz mwen an avèk nou oubyen chwazi yon legliz nou ka ale ansanm, paske timoun yo bezwen konnen papa yo renmen Bondye tou.” Nan Dimanch apre a, epi chak Dimanch apresa, non sèlman John te ale; li te sèvi tou, li te jwe pyano pou plizyè pawas, ak branch, ak Primè pandan plizyè ane. M te gen privilèj pou m te rankontre John an Avril 2015, epi nan reyinyon sa a, nou te diskite ke meyè fason pou l ta manifeste amou li pou Bonnie sete pou l te mennen l nan tanp, men sa pa t ap ka fèt san l pa batize.

Apre l te fin asiste nan reyinyon Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pandan 39 an, John te batize an 2015. Yon ane apre, John ak Bonnie te sele nan Tanp Memphis la nan Tennessee, 20 tan apre Bonnie te fin resevwa dotasyon pa li. Robert, pitit gason 47 tan yo a di konsènan papa l “Papa m vrèman, vrèman transfòme depi l fin resevwa prètriz la.” Bonnie te ajoute, “John te toujou yon moun ki kontan ak jwaye, men resevwa òdonans yo ak onore alyans li fè l vin pi janti toujou.”

Sakrifis Ekspyatwa Kris la ak egzanp li

Sa gen kèk ane, Prezidan Boyd K. Packer te avèti, “Bon konpòtman san òdonans levanjil yo p ap rachte ni egzalte limanite.”5 An efè, nou bezwen non sèlman òdonans ak alyans yo pou nou retounen al jwenn Papa nou men nou bezwen pitit Gason l la, Jezikri, ak Ekspyasyon l la tou.

Wa Benjamen te anseye ke se sèlman nan Kris la e atravè non Kris la pitit lèzòm yo kapab sove (gade nan Mozya 3:17; Atik Lafwa:3).

Atravè Sakrifis Ekspyatwa l la, Jezikri te rachte nou anba konsekans Chit Adan an, epi l te rann repantans nou ak egzaltasyon final nou posib. Atravè lavi li, li tabli egzanp pou nou ka resevwa òdonans sali yo—ladan yo “pouvwa Bondye manifeste” (D&A 84:20).

Apre Sovè a te fin resevwa òdonans batèm nan pou l te “akonpli tout lajistis” la (2 Nefi 31:5–6), Satan te tante li. Menmjan an tou, tantasyon nou pa fini apre batèm oubyen sèlman nou, men lè nou resevwa òdonans sakre yo epi nou onore alyans ki asosye yo, sa ranpli nou avèk bèl limyè epi sa ba nou fòs pou nou reziste ak simonte tantasyon.

Avètisman

Ezayi te pwofetize ke nan dènye jou yo, “tè a ap dezonore … paske yo … change òdonans yo” (Ezayi 24:5; gade tou nan D&A 1:15).

Pwofèt Joseph Smith te resevwa yon avètisman menmjan an, ki te di l ke gen moun ki “apwoche[Senyè a] avèk bouch yo, … [epi ]kòm doktrin, yo preche kòmandman lèzòm, yo gen yon aparans sentete, men, yo nye pouvwa sentete a” (Istwa—Joseph Smith 1:19).

Pòl te avèti tou ke anpil moun ta pral gen “yon aparans sentete, men yo pa kwè nan … pouvwa Bondye tout bon vre: pa mele ak moun konsa.” (2 Timote 3:5). M ap repete, pa mele ak moun konsa.

Pakèt distraksyon ak tantasyon lavi yo tankou “lou devoran” (Matye 7:15). Se vrè bèje a ki pral prepare, pwoteje, ak avèti brebi yo ak twoupo a lè lou sa yo ap apwoche (gade nan Jan 10:12). Kòm apranti bèje k ap chèche imite lavi pafè Bon Bèje a, èske nou pa alafwa gadyen nanm nou ak nanm lòt moun? Avèk konsèy pwofèt, vwayan ak revelatè yo nou fèk sot soutni yo, epi avèk pouvwa ak don Sentespri a, nou ka wè lou yo k ap vini si nap veye epi si nou prepare. An kontras, lè nou se yon bèje neglijan pou nanm pa nou ak nanm lòt moun, riske gen viktim. Neglijans lakoz moun viktim. M envite nou chak pou nou vin yon bèje fidèl.

Eksperyans ak temwayaj

Sentsèn nan se yon òdonans ki ede nou rete sou chemen an, epi pran sentsèn avèk diyite se prèv ke kenbe alyans ki asosye avèk tout lòt òdonans yo. Sa gen kèk ane, pandan madanm mwen Anita avèk mwen t ap sèvi nan Misyon Little Rock la nan Arkansas, mwen te sòti al anseye avèk de jèn misyonè. Pandan leson an, bon frè nou t ap anseye a te di, “M tal nan Legliz nou an; poukisa nou oblije manje pen ak bwè dlo chak Dimanch?” Nan legliz pa m nan, nou fè sa defwa pa ane, pou Pak ak Nwèl, epi sa trè siyifikatif.”

Nou te eksplike l ke nou resevwa kòmandman pou nou “reyini ansanm souvan pou nou pran pen ak diven”(Mowoni 6:6; gade tou nan D&A 20:75). Nou te li Matye 26 ak 3 Nefi 18 awotvwa pou li. Li te di ke l te toujou pa t wè pou ki rezon nou fè sa.

Apresa, nou te fè konparezon sa a: “Imaje w fè yon gwo aksidan machin. Ou frape epi w pèdi konesans. Yon moun kouri vini, epi l wè w san konesans, li telefone anbilans. Yo pran swen ou epi ou vin reprann konesans.”

Nou te mande frè sa a, “Lè w vin ka rekonèt kote ou ye, ki kesyon w ap poze?”

Li te reponn, “M t ap bezwen konnen kijan m fè rive kote m ye a, epi kiyès ki te jwenn mwen. M t ap anvi remèsye l chak jou poutèt li te sove lavi m.”

Nou te fè bon frè sa a konnen kijan Sovè a te sove lavi nou epi kijan nou bezwen remèsye l chak jou, toulèjou!

Apresa nou te mande, “Kounyeya w konnen ke l te bay lavi l pou ou ak pou nou an, chak konbyen tan w ta renmen manje pen an ak bwè dlo a ki se anblèm kò Li ak san L la?”

Li te di, “M konprann, m konprann. Men, yon dènye bagay. Legliz nou an pa vivan tankou pa m nan.”

Nou te reponn, “Kisa w t ap fè si Sovè a, Jezikri ta mache antre nan pòt lakay ou?”

Li te di, “Imedyatman, m t ap mete m ajenou.”

Nou te mande, “Èske se pa sa w santi lè w antre andedan chapèl Sen Dènye Jou yo—reverans pou Sovè a?”

Li te di, “M konprann, M konprann, m konprann!”

Li te vin legliz la jou dimanch Pak sa a epi l te kontinye vini.

M envite nou chak pou n mande tèt nou, “Ki òdonans, ansanm avèk sentsèn nan, m bezwen resevwa, epi ki alyans m bezwen kenbe ak onore?” M pwomèt ke sinou patisipe nan òdonans yo epi nou onore alyans ki asosye yo, sa ap pote limyè mèveye pou nou ak pwoteksyon nan mond k ap grandi nan fènwa sa a. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Ansèyman Prezidan Legliz yo: Joseph Smith (2007), 414.

  2. Ankre nan lafwa(2004), 109; gade Manyèl 2: Administrasyon Legliz la (2010) tou, 2.1.2.

  3. David A. Bednar, “Toujou kenbe remisyon peche nou,” Liahona, Me 2016, 60.

  4. Russell M. Nelson, “Pandan n ap avanse ansanm, Liahona, Avr. 2018, 7.

  5. Boyd K. Packer, “Sèl vrè Legliz la,” Ensign, Nov. 1985, 82.