2010–2019
Pran Sentespri a kòm Gid Ou
Avril 2018


Pran Sentespri a kòm gid ou

Ala yon don enkonparab moun ki mete lafwa yo nan Jezikri yo resevwa! Don sa a se Sentespri a.

Nan Dimanch Pak sa a, panse nou vire sou Rezirèksyon Senyè a, Jezikri ak tonbo vid la ki bay chak kwayan esperans nan triyonf Kris la sou sèten defèt. Mwen kwè, ansanm avèk Apot Pòl, menmjan Bondye “te leve Kris la nan pami mò yo [se konsa] [Li] pral vivifye kò mòtèl [nou yo] atravè Lespri Li ki abite nan [nou].”1

Mo vivifye a vle di rann vivan. Menmjan Kris la fè kò nou vin vivan ankò apre lamò fizik la, atravè Rezirèksyon l lan, se konsa tou li ka vivifye nou, oubyen fè nou vivan anba lamò espirityèl2 Nan liv Moyiz la, nou li kote Adan te fè eksperyans kalite vivifikasyon sa a: “[Adan] te batize, epi Lespri Bondye te desann sou li, epi konsa li te vin pran nesans nan Lespri a, epi l vin vivifye nan lòm enteryè a.”3

Ala yon don enkonparab moun ki mete lafwa yo nan Jezikri yo resevwa. Don sa a se Sentespri a ki banou sa Nouvo Testaman an rele “lavi nan Kris la.”4. Men èske pafwa nou pran don sa a alalejè, kòmsi se pa anyen?

Frè m ak sè m yo, se yon privilèj ekstraòdinè pou nou “gen …  Sentespri a kòm gid [nou],”5 jan yo demontre nou nan istwa sa a.

Imaj
Ofisye Frank Blair

Pandan Lagè Kore a, ofisye Frank Blair t ap sèvi sou yon bato transpò twoup ki te afekte nan Japon yo.6 Bato a pat ase gwo pou l te gen yon “pastè” atache avèk li, konsa, kapitèn bato a te mande frè Blair pou l te sèvi kòm “pastè” non ofisyèl paske l te wè jenòm sa a te yon moun ki te gen lafwa ak prensip, tout ekipaj la te respekte l anpil.

Imaj
Ofisye Blair

Ofisye Blair te ekri: “Bato nou an te pran nan mitan yon gwo tanpèt. Vag lanmè yo te monte prèske 45 pye [14 m]. M t ap fè patwouy. … epi, nan moman sa a, youn nan twa motè nou yo te sispann fonksyone epi yo te dekouvri yon fann nan mitan bato a. Nou te gen de motè k te rete, men youn ladan yo t ap fonksyone a mwatye sèlman. Nou te nan gwo pwoblèm.”

Ofisye Blair te fini patwouy li epi l ta pral monte nan kabann ni pou l kouche lè kapitèn nan te frape pòt li. Li te mande: “Èske w ka priye pou bato sa a.” Natirèlman, Ofisye Blair te dakò pou l te fè sa.

Nan moman sa a, Ofisye Blair ta ka senpleman di nan priyè l la: “Papa nou ki nan syèl la, tanpri, beni bato nou an epi pwoteje nou,” epi al dòmi apresa. Men, li te priye pou l te konnen si te gen yon bagay li te ka fè pou te ede l asire sekirite bato a. Kòm repons pou priyè frè Blair la, Sentespri a te enspire l pou l t al sou pon bato a pou l te pale avèk kapitèn nan pou l te ka aprann plis sou sitiyasyon an. Li te dekouvri ke kapitèn nan t ap eseye detèmine a ki vitès pou l te fè rès motè ki te rete yo vire. Ofisye Blair te retounen nan kabin ni pou l t al priye ankò.

Li te mande: “Kisa m ka fè pou m ede rezoud pwoblèm motè yo?”

Kòm repons, Sentespri a te chichote l ke l te dwe mache al fè tou bato a pou l te ka wè si l te ka jwenn plis enfòmasyon toujou. Li te retounen kot kapitèn nan ankò epi l te mande l pèmisyon pou l te fè tou pon bato a. Apresa, avèk yon kòd sekirite mare nan tay li, li te sòti al nan tanpèt la.

Pandan l te kanpe sou pon aryè bato a, li te wè ke gwo elis yo te sòti nan dlo a chak fwa bato a te anlè yon vag. Sete youn sèlman k t ap mache byen, epi l t ap vire byen vit. Apre obsèvasyon sa yo, Ofisye Blair te priye ankò. Li te resevwa yon repons klè ki te di l ke sèl bon motè k t ap travay kòrèkteman an te anba twòp presyon e yo ta dwe fè l ralanti. Konsa, li te retounen kot kapitèn nan epi l te ba l konsèy sa a. Kapitèn nan te etone, li te di l enjenyè bato a te fèk sot di l pou l te fè egzakteman lekontrè sa l di l la—pou l te ogmante vitès bon motè a pou l te ka soti nan tanpèt la. Men, kapitèn nan te chwazi suiv sigjesyon Ofisye Blair la epi l te ralanti vitès motè a. Bonè nan maten, bato a te an sekirite nan dlo kalm.

Nan lespas dezèdtan apre, motè k te an bon eta a te sispann travay konplètman. Gras avèk motè k t ap travay ademi ki te rete a, bato a te fini pa rive nan pò a.

Kapitèn nan te di Ofisye Blair, “Si nou pat ralanti motè sa a lè nou te fè l la, li t ap tonbe anpàn nan mitan tanpèt la.”

San motè sa a, pa t ap gen okenn fason pou n te dirije bato a. Bato a t ap chavire epi l t ap koule. Kapitèn nan te remèsye jèn ofisye Sen Denyè Jou a epi l te di ke l te konnen paske l te suiv enspirasyon espirityèl Ofisye Blair yo, sa te sove bato a ak lavi ekipaj la.

Bon, istwa sa a toutafè spektakilè. Malgre l pa tèlman pwobab ke n ap twouve nou nan yon sitiyasyon osi dezespere, istwa sa a gen kèk direksyon enpòtan sou fason nou ka resevwa gidans Lespri a pi souvan.

Premyèman, konsènan revelasyon, nou dwe byen regle reseptè nou an sou frekans syèl la. Ofisye Blair t ap mennen yon lavi pwòp ak fidèl. Si l pat obeyisan, li pa t ap gen konfyans espirityèl ki te nesesè pou l te priye jan l te fè a pou pwoteksyon bato a e pou l te resevwa direksyon byen presi sa yo. Nou chak dwe fè efò pou n konfòme lavi nou avèk kòmandman Bondye yo pou l ka dirije nou.

Pafwa nou pa ka tande siyal syèl la voye ba nou yo paske nou pa diy. Repantans ak obeyisans se fason pou nou rejwenn kominikasyon klè ankò. Nan Ansyen Testaman an, tradiksyon pou repanti a se “retounen” oubyen “fè demi tou.”7 Lè nou santi nou lwen Bondye, nou sèlman bezwen pran desizyon pou nou vire do bay peche, fè demi tou epi vin fè fas a Sovè a, epi n ap jwenn ni k ap tann nou avèk bra l louvri. Li vle gide nou, e se sèlman yon priyè nou bezwen fè pou n ka jwenn gidans sa a ankò.8

Dezyèmman, Ofisye Blair pat jis mande Senyè a pou l te rezoud pwoblèm ni an. Li te mande kisa l te dwe fè pou l te kontribye nan solisyon an. Menmjan tou, nou gen dwa mande, “Senyè, kisa m bezwen fè pou m ka patisipe nan solisyon pwoblèm mwen an?” Olye ke nou  fè lis pwoblèm nou yo lè n ap lapriyè epi nou mande Senyè a pou l rezoud yo pou nou, nou dwe chèche  ki pi bon mwayen pou n resevwa èd Senyè a epi  pran angajman pou nou aji konfòm avèk gidans Lespri a.

Gen yon twazyèm leson enpòtan nan istwa Ofisye Blair la. Èske l  t ap ka priye avèk yon asirans si kalm konsa si l pa t deja konn resevwa direksyon nan men Lespri a anvan sa? Se pa lè tanpèt la rive pou n ap chèche wè si n ta jwenn don Sentespri a epi chèche konprann kijan pou n itilize li. Jenòm sa a te klèman ap suiv yon modèl li te deja itilize plizyè fwa anvan sa, enkli  lè l te yon misyonè aplentan. Nou bezwen Sentespri a pou gide nou nan dlo trankil, pou nou kapab fasilman rekonèt vwa li nan mitan tanpèt ki pi vyolan an.

Kèk moun ka met nan tèt yo ke nou pa ta dwe atann pou n jwenn gidans Lespri a chak jou paske “li pa nesesè pou [Bondye] kòmande nou nan tout bagay,” amwenske “nou se yon sèvitè parese. 9 Sepandan, yo te bay ekriti sa a pou kèk nan premye misyonè yo ki te mande Joseph Smith pou l te resevwa  yon revelasyon ke yomenm yo ta dwe resevwa pèsonèlman. Nan vèsè anvan an, Senyè a te di yo pou yo te ale nan chan misyon an “ selon jan yo pral deside ant mwenmenm avèk yo .”10

Misyonè sa yo te vle yon revelasyon byen spesifik konsènan plan vwayaj yo. Yo pa t ko aprann chèche pwòp direksyon pa yo nan zafè pèsonèl yo. Senyè a kalifye atitid sa a pou sa l ye a: laparès. Premye manm Legliz yo te siman tèlman kontan  dèske yo te gen yon vrè pwofèt ke yo te riske pa aprann kijan pou yo te resevwa revelasyon pou tèt pa yo. Otonomi spirityèl se tande vwa Senyè a atravè Lespri li pou lavi pèsonèl nou.

Alma te konseye pitit gason l lan pou l te: “mande Senyè a konsèy nantout sa w ap fè.”11 Viv nan fason sa a—sa nou souvan rele “viv pa Lespri a”—se yon gwo privilèj. Li pote yon santiman serenite ak asirans ansanm ak fwi Lespri yo, fwi tankou lanmou, lajwa, ak lapè.12

Kapasite Ofisye Blair pou l te resevwa revelasyon  an te sove limenm ak konpayon l yo sou bato a anba yon siklòn ki t ap fè raj. Gen lòt kalite siklòn k ap fè raj jodia. Parabòl pyebwa lavi a nan Liv Mòmon an13 bay yon bèl ilistrasyon sou fason pou nou atenn sekirite spirityèl nan yon mond konsa. Rèv sa pale de gouf tenèb ki te leve toudenkou pou pote destriksyon espirityèl sou manm Legliz ki t ap mache sou chemen pou retounen al jwenn Bondye a.14

Imaj
Rèv Leyi a

Lè m ap reflechi sou imaj sa a, mwen imajine nan lespri m dè foul moun k ap avanse sou chemen sa a, kèk ladan yo te gripe ba fè a byen fèm, men gen lòt ki te siman ap sèlman ap suiv mak pye moun ki te devan yo. Dènye fason sa a mande yon ti kal refleksyon ak efò. Ou gen dwa sèlman fè ak panse sa lòt moun ap fè ak panse. Sa fonksyone trè byen nan tan solèy. Men, tanpèt twonpri yo ak gouf mansonj yo leve san avètisman. Nan sityasyon sa yo, rekonèt vwa Sentespri a se yon zafè lavi oswa lanmò spirityèl.

Pwomès puisan Nefi a sèke “nenpòt moun ki koute pawòl Bondye, epi … ki kenbe l fèm … li p ap janm peri; ni tou tantasyon ak flèch dife advèsè a pa kapab vegle je yo pou mennen yo nan destriksyon.”15

Sa pa ase pou n suiv tras pye moun ki devan nou yo. Nou pa ka jis panse ak fè sa lòt moun ap panse ak fè; nou dwe viv yon lavi ki gide. Nou chak dwe kenbe pwòp ba fè pa nou byen fèm. Lè sa a, nou ka adrese nou a Senyè a avèk imilite ak konfyans, konesan ke “l ap pran men [nou] pou dirije [nou], epi l ap ba [nou] repons pou priyè [nou] yo.”16 Nan non Jezikri, amèn.