2010–2019
Pwofèt Bondye a
Avril 2018


Pwofèt Bondye a

Yon pwofèt pa kanpe ant noumenm ak Sovè a. Men, olyesa, li kanpe bò kote nou epi li montre nou chemen ki mennen al jwenn Sovè a.

M ap ajoute byenveni m pou Èldè Gerrit Gong ak Èldè Ulisses Soares nan fratènite san parèy Kolèj Douz yo.

Nan soutni Prezidan Russell M. Nelson kòm pwofèt Senyè a e kòm Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou te pran pa nan yon asanble solanèl ki dekrete divinman—solanèl paske evenman k sot pase la yo te prevwa nan syèl yo depi anvan mond lan te kreye. Senyè a, Jezikri, k ap dirije travay li sou tè a, prezante nou jodia, palentèmedyè Prezidan Eyring, pwofèt li, dirijan wen li, a noumenm, pèp alyans li a, pou pèmèt nou manifeste piblikman volonte nou pou n soutni li ak suiv konsèy li.

Pou milyon manm nou yo ki pa prezan la a avèk nou nan Sant Konferans lan, m vle nou konnen Lespri Senyè a ki te prezan nan bilding sa a pandan soutyen Prezidan Nelson an sete egzakteman jan nou te siman prevwa a—ranpli ak puisans spirityèl. Men, asanble divinman kòmande nou sa a se pa nan Sant Konferans sa a sèlman men atravè tout mond lan—nan chapèl an Azi, Afrik, ak Amerik diNò; nan kay nan Amerik Santral ak Amerik diSid ak Ewòp; sou teras kouvri nan Pasifik la ak nan zile lanmè yo. Asanble sa a fèt nan kèlkeswa pati nan mond lan ou ka ye, menmsi koneksyon w lan se jis telefòn pòtab ou. Evèk nou pa gen dwa pa konte men leve nou yo, men yo asireman note yo nan syèl la, paske alyans nou an se avèk Bondye, epi aksyon nou an ekri nan liv lavi a.

Senyè a chwazi pwofèt li

Se Senyè a limenm ki chwazi yon pwofèt. Pa gen okenn kanpay elektoral, okenn deba, okenn aplike pou pozisyon, okenn chirepit, mefyans, konfizyon, oswa pil bri. Mwen menm tou, m konfime ke pouvwa syèl la te avèk nou nan sal wot tanp lan lè nou te antoure Prezidan Nelson nan lapriyè a epi nou te santi apwobasyon total Senyè a sou li.

Chwa Prezidan Nelson pou l sèvi kòm pwofèt Bondye a te fèt sa gen lontan. Pawòl Senyè a te di Jeremi yo aplike pou Prezidan Nelson: “Mwen te konnen w anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman w. Mwen te mete w apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi w pou w te yon pwofèt pou nasyon yo.”1 Twazan desa, Èldè Nelson, nan laj 90 zan, te katriyèm nan senyorite, avèk de nan twa Apot senyò yo ki te pi jèn pase li. Senyè a, ki kontwole lavi ak lanmò, chwazi pwofèt li. Prezidan Nelson, nan laj 93 zan, gen yon sante etonan. Nou espere l ap avèk nou pou yon lòt deseni ou de ankò, men pou kounyeya, n ap eseye pèsyade l pou rete lwen pis eski yo.

Pandan nou soutni pwofèt la kòm wen Senyè a, n ap di klèman ke se sèlman Bondye, Papa Etènèl nou an ak Pitit Gason diven l lan nou adore. Se atravè merit, mizèrikòd, ak lagras Sovè nou an, Jezikri, nou ka antre nan prezans Yo ankò, yon jou.2

Poukisa nou suiv Pwofèt la

Men, Jezi te anseye yon verite enpòtan osijè sèvitè l voye ba nou yo tou. Li te di: “Moun ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m lan tou.”3

Wòl ki pi enpòtan pwofèt Senyè a genyen se anseye nou sou Sovè a ak mennen nou al jwenn ni.

Gen anpil rezon lojik pou n suiv Prezidan Russell M. Nelson. Menm moun ki pa manm legliz nou yo di ke l briyan. Li te vin doktè nan laj 22 zan, yon chirijyen kadyak renome, ak yon pyonye selèb nan devlopman operasyon a kè ouvè.

Anpil moun ap rekonèt sajès li ak bon jijman li: nèf deseni aprantisaj sou lavi ak lanmò, yon lavi san egoyis, renmen ak anseye pitit Bondye yo nan tout kwen tè a, ak eksperyans plen matirite l antanke yon moun ki gen 10 pitit, 57 pitit pitit, ak 118 pitit pitit pitit (dènye chif sa a chanje souvan; gen yon aryè pitit gason l ki te fèt Mèkredi k sot pase a).

Imaj
Prezidan Russell M. Nelson avèk yon nouvo aryè pitit gason l

Moun ki konnen l byen konn pale de Prezidan Nelson k ap fè fas ak difikilte lavi yo ak lafwa ak kouraj. Lè kansè te pran lavi pitit fi 37 tan l lan, Emily, ki te kite yon mari eman ak senk timoun piti, m te tande l di: “M sete papa li, yon doktè, ak yon Apot Senyè Jezikri, men m te oblije bese tèt mwen e rekonèt “Non pa volonte pa m, men volonte pa w.’”4

Yon santinèl sou tou a

Byenke nou admire tout kalite nòb sa yo, poukisa nou suiv Prezidan Nelson? Poukisa nou suiv pwofèt la? Paske Senyè a, Jezikri, rele l e deziyen l pou l vin santinèl li anlè fò a.

Imaj
Carcassonne, France

Carcassonne se yon bèl vil remakab an Frans ki kanpe depi epòk Moyen-Age la. Tou elve l yo kanpe anlè mi k ap pwoteje l yo, yo te bati pa santinèl ki te konn kanpe sou tou sa yo lajounen kou lannuit, pou kenbe je yo sou distans lan ap veye enmi an. Lè santinèl la te wè yon enmi ap apwoche, vwa avètisman li te pwoteje pèp Carcassonne la anba danje k te genyen ke yo pa t ka wè a.

Yon pwofèt se yon santinèl sou tou a, k ap pwoteje nou kont danje spirityèl nou gen dwa pa wè.

Senyè a te di Ezekyèl: “Mwen mete w kòm santinèl pou veye pou pèp Izrayèl la; se poutèt sa, oud we tande pawòl la nan bouch mwen, epi avèti yo pou mwen.”5

Nou souvan pale de nesesite pou n suiv pwofèt la, men ann reflechi sou fado lou sa a Senyè a mete sou zepòl pwofèt li a: “Si w pa pale pou avèti mechan an …, [epi] mechan sa a … mouri nan inikite li; … se ou menm m ap rann responsab lanmò li.”6

Yon pi gwo temwayaj pèsonèl

Nou anbrase Prezidan Nelson jan nou t ap anbrase Pyè oubyen Moyiz si nou te viv nan epòk pa yo a. Bondye te di Moyiz: “M ap ede w lè w gen pou w pale, epi m ap anseye w kisa pou w di.”7 Nou koute pwofèt Senyè a avèk lafwa ke pawòl li yo “soti nan pwòp bouch pa [Senyè a].”8

Èske sa se lafwa avèg? Non, se pa sa l ye. Nou chak gen yon temwayaj spirityèl konsènan verasite Retablisman levanjil Jezikri a. Pa pwòp chwa pa nou ak volonte nou, nou leve men nou maten an, pou n deklare dezi nou pou n soutni pwofèt Senyè a avèk “konfyans [nou], lafwa [nou], ak priyè [nou]”9 ak pou n suiv konsèy li. Antanke Sen Dènye Jou, nou gen privilèj pou n resevwa yon temwayaj pèsonèl pou n konn si apèl Prezidan Nelson an soti nan Bondye. Byenke madanm mwen, Kathy, konn Prezidan Nelson pèsonèlman depi prèske trantan e li pa gen okenn dout sou divinite apèl li a, apre yo te fin mete l apa a, madanm mwen te kòmanse li tout diskou konferans jeneral li te fè pandan 34 dènye ane yo, pandan l t ap priye pou l te resevwa yon asirans pi pwofon sou wòl li kòm pwofèt la. M pwomèt nou ke n ap resevwa temwayaj siplemantè sa a si nou diyman ak enbleman chèche li.

Poukisa nou si dispoze pou n suiv vwa pwofèt nou an? Pou moun k ap chèche lavi etènèl ak dilijans yo, vwa pwofèt la pote sekirite spirityèl nan moman trè boulvèse.

N ap viv nan yon planèt ki gen dè milyon vwa k ap pale fò. Entènèt, telefòn selilè, yon kantite divètisman san limit ap fòse atire atansyon nou e tout ap eseye mete enfliyans yo sou nou, ak espwa ke n ap achte pwodui yo ak adopte prensip yo.

Tout pil kantite enfòmasyon ak opinyon aparaman san fen sa yo raple nou avètisman nan ekriti yo pou n pa “kite kouran nenpòt doktrin trennen nou ale,”10 “balote pa van yo,”11 e enfliyanse pa “twonpri ak riz” moun ki “chita ap tann pou twonpe nou yo.”12

Ankre nanm nou nan Senyè Jezikri mande pou n koute moun li voye yo. Suiv pwofèt la nan yon mond an boulvèsman se tankou vlope nou nan yon dra cho ak rekonfòtan nan yon jou gwo fredi.

N ap viv nan yon mond kote gen anpil larezon, deba, agiman, lojik, ak eksplikasyon. Kesyone tèt nou se yon bagay pozitif nan si anpil domèn nan lavi nou, sa k ap pèmèt fakilte entelektyèl nou gide yon miltitid chwa ak desizyon n ap rankontre chak jou.

Men, vwa Senyè a souvan vini san eksplikasyon.13 Lontan anvan save akademik yo te etidye enpak enfidelite sou konjwen ak timoun ki konfyan, Senyè a te deklare: “Piga nou fè adiltè.”14 Plis pase apiye sou konpreyansyon entelektyèl la poukont li, nou apresye don Sentespri a.

Pa etone

Imaj
Nowe k ap preche

Byenke l pale byen janti, vwa pwofèt la se ap souvan yon vwa k ap mande nou pou n chanje, pou n repanti, ak retounen al jwenn Senyè a. Lè koreksyon nesesè, annou pa retade. Epi nou pa bezwen panike lè vwa avètisman pwofèt la an kontradiksyon avèk opinyon popilè epòk la. Enkwayan ki agase toujou lanse flèch anflame yo nan moman men kote pwofèt la kòmanse pale. Si nou enbleman suiv konsèy pwofèt Senyè a, mwen pwomèt nou yon benediksyon sekirite ak lapè adisyonèl.

Imaj
Samyèl, Lamanit la, ap pwofetize

Pa etone si pafwa opinyon pèsonèl nou pa toujou imedyatman an amoni avèk ansèyman pwofèt Senyè a. Moman sa yo se moman aprantisaj, imilite, kote nou ka mete nou sou jenou nou pou n priye. N ap avanse pa lafwa, avèk konfyans nan Bondye, konesan ke, avèk letan, n ap resevwa plis klate espirityèl nan men Pè Selès nou an. Gen yon pwofèt ki dekri don enkonparab Sovè a tankou “volonte Pitit la soumèt anba volonte Papa a.”15 Soumèt volonte nou anba volonte Bondye, anfèt, se pa yon soumisyon ditou men, se kòmansman yon viktwa gloriye.

Gen moun ki pral eseye diseke pawòl pwofèt yo nan fason egzajere, kote y ap eseye detèmine kisa k vwa pwofesik li ak kisa k se opinyon pèsonèl li.

An 1982, dezan apre l te fin aple kòm Otorite Jeneral, Frè Russell M. Nelson te di: “Mwen pa janm mande tèt mwen ‘kilè pwofèt la pale kòm pwofèt ou pa?’ Sa k enterese m se ‘Kijan m ka vin plis menmjan avèk li?” Epi li te ajoute: “[Filozofi] pa m se sispann mete pwen dentèwogasyon dèyè deklarasyon pwofèt yo men, mete pwen desklamasyon pito.”16 Sa se fason yon moun enb ak spirityèl te chwazi pou l te òganize lavi li. Kounyeya, 36zan apre, li se pwofèt Senyè a.

Ogmante lafwa nou nan Sovè a

Nan lavi pèsonèl mwen, m dekouvri ke si m byen etidye pawòl pwofèt Bondye yo nan yon espri lapriyè, ak pasyans, spirityèlman konfòme volonte m ak ansèyman enspire l yo, lafwa m nan Senyè Jezikri toujou grandi.17 Si nou chwazi pou n mete konsèy li yo akote epi nou deside ke nou konnen pi byen, lafwa nou ap soufri epi pèspektiv etènèl nou ap bouche. Mwen pwomèt nou si nou rete detèmine pou n suiv pwofèt la, lafwa nou nan Sovè a ap ogmante.

Sovè a te di: “Tout pwofèt yo … temwaye de mwen.”18

Yon pwofèt pa kanpe ant noumenm ak Sovè a. Olyesa, li kanpe bò kote nou pou montre nou chemen ki mennen al jwenn Sovè a. Pi gwo responsablite yon pwofèt ak kado ki pi presye l ba nou se temwayaj asire li, konesans sèten li ke Jezi se Kris la. Tankou Pyè nan ansyen tan an, pwofèt nou an deklare: “[Li] se Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an.”19

Gen yon jou k ap vini kote, lè n ap gade dèyè nan mòtalite nou, nou pral rejwi dèske nou te mache sou tè a nan tan k te gen yon pwofèt vivan. Jou sa a, mwen priye pou nou kapab di:

Nou te koute li.

Nou te kwè li.

Nou te etidye pawòl li avèk pasyans ak lafwa.

Nou te priye pou li.

Nou te kanpe bò kote li.

Nou te ase enb pou nou suiv li.

Nou te renmen li.

M ap rann nou temwayaj solanèl mwen ke Jezi se Kris la, Sovè nou ak Redanmtè nou, epi Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt li sou tè a. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Jeremi 1:5.

  2. Gade 2 Nefi 2:8.

  3. Matye 10:40.

  4. Paj 235; souvni pèsonèl tou.; also see Spencer J. Condie, Russell M. Nelson: Father, Surgeon, Apostle (2003), 235.

  5. Ezekyèl 33:7.

  6. Ezekyèl 33:8.

  7. Egzòd 4:12.

  8. Doctrine and Covenants 21:5.

  9. Doktrin ak Alyans 107:22.

  10. Efezyen 4:14.

  11. Jak 1:6.

  12. Efezyen 4:14.

  13. Prezidan Dallin H. Oaks te di fwa:

    “Nan yon entèvyou an 1988 … M te eksplike bay pwendvi m sou tantativ pou jwenn rezon imen pou eksplike revelasyon divin yo:

    “Si nou li ekriti yo avèk kesyon sa a nan lespri nou: “Poukisa Senyè a kòmande bagay sa a,” n ap wè ke plis pase yon fwa sou san, n ap jwenn dè rezon. Sa pa nan abitid Senyè a pou l bay rezon k fè l fè yon bagay. Noumenm [mòtèl] nou ka jwenn rezon pou revelasyon yo. Nou ka jwenn rezon pou kòmandman yo. Lè nou fè sa, nou poukont nou. Gen moun ki chèche jwenn rezon pou [revelasyon] yo … epi ki vin reyalize ke yo te grandman twonpe yo. Gen yon leson pou n tire nan sa. … m te pran desizyon depi lontan pou m te mete lafwa nan kòmandman yo epi m pa gen okenn lafwa nan rezon k fè yo pwopoze yo.’…

    “‘… Pou mwenmenm, tout rezon n bay sanble yon risk initil. … Annou pa repete erè k te fèt nan lepase yo, … nan eseye jwenn rezon pou revelasyon yo. Rezon yo, an gran pati, se nan nati imèn yo soti. Revelasyon se sa nou soutni kòm volonte Senyè a epi, se la tout sekirite chit’” (Life’s Lessons Learned [2011], 68–69).

  14. Egzòd 20:14.

  15. Mozya 15:7.

  16. Russell M. Nelson, nan Lane Johnson, “Russell M. Nelson: A Study in Obedience,” Tambuli, Jan. 1983, 26.

  17. Prezidan Henry B. Eyring te di: “Yon lòt erè se kwè ke chwa pou aksepte oubyen pa aksepte konsèy pwofèt yo se pa lòt bagay ke deside si wi ou non n ap aksepte bon konsèy epi benefisye nan yo oubyen rete kote nou ye a. Men, chwa pou n pa aksepte konsèy pwofèt yo chanje teren kote nou kanpe a. Li vin pi danjere. Lè nou pa aksepte konsèy pwofèt yo, sa diminye pouvwa nou pou aksepte konsèy enspire yo nan lefiti. Pi bon moman pou te deside pou ede Nowe bati ach la sete premye fwa l te mande a. Chak fwa l te mande apresa, chak refi yo te sèlman diminye sansiblite a Lespri a. Epi konsa, chak fwa, demann ni an te parèt pi ensansi, jiskaske lapli a te rive. Epi lè sa a, li te vin twò ta” (“Finding Safety in Counsel,” Ensign, May 1997, 25).

  18. 3 Nefi 20:24.

  19. Matye 16:16 gade Jan 6:69 tou.