2010–2019
Jènfi nan travay la
Avril 2018


Jѐnfi yo nan travay la

Chak jènfi nan Legliz la ta dwe santi ke l gen valè, ke l gen opòtinite pou l sèvi, epi santi l gen yon bagay ki gen valè pou l kontribye nan travay sa a.

Ane pase, nan sesyon jeneral prètriz konferans la, Evèk Gérald Caussé te pale avèk gason yo nan Legliz la, li te dekri kijan detantè Prètriz Aawon ak Mèlchizedèk yo se asosye enseparab nan akonplisman travay sali a.1 Mesaj sa a te yon gwo benediksyon ki te ede jènjan ki detni  Prètriz Aawon yo reyalize ki wòl yo jwe nan bati wayòm Bondye a sou tè sa a. Sèvis ansanm yo ranfòse Legliz la epi l pote pi plis konvèsyon ak angajman nan kè jènjan yo lè yo wè valè kontribisyon y ap bay yo ak jan travay sa a mayifik.

Jodi a m ta renmen ajoute mesaj mwen an nan fen mesaj sa a pou m di konbyen jènfi yo nan Legliz la egalman enpòtan ak esansyèl nan akonplisman travay Senyè a nan fanmi yo ak nan Legliz Li a.

Menmjan ak Evèk Caussé, m te viv nan yon ti branch Legliz la pandan pifò pati nan adolesans mwen, epi souvan yo te konn mande m pou m ranpli kèk tach ak apèl ki ta dwe nòmalman ranpli pa moun adilt. Paregzanp, noumenm nan pwogram jèn yo te konn souvan pran chaj pou nou te òganize ak fè aktivite ak evenman spesyal nou yo. Nou te konn ekri pyès teyat, nou te fòme yon gwoup chantè pou aktivite branch nou nou yo epi nou te konn totalman patisipe nan chak reyinyon. Yo te aple m kòm dirijan mizik  nan branch la, epi m te dirije chan nan reyinyon sentsèn nan chak semèn. Sete yon bèl eksperyans pou yon jèn 16 zan kanpe devan tout moun nan branch la chak Dimanch pou dirije yo chante kantik yo? M te santi yo te bezwen m epi m te konnen m te gen yon kontribisyon pou m te bay. Moun te konte sou mwen pou m te la, epi m te kontan santi m itil. Eksperyans sa a te ede m bati temwayaj mwen nan Jezikri, epi menmjan sa te ye pou Evèk Caussé a, sa te ankre lavi m nan sèvis levanjil la.

Chak manm ta dwe konnen konbyen li  itil. Chak moun gen yon bagay enpòtan pou l kontribye epi gen talan ak kapasite unique ki  ede fè travay sa a avanse. Jènjan nou yo gen devwa Prètriz Aawon an ki dekri nan Doktrin ak Alyans yo, ki   trè  vizib. Sa gen dwa mwens evidan pou Jènfi yo nan Legliz la, pou paran yo, ak dirijan yo ke, apati moman yo batize a, jènfi yo gen responsablite ki liye avèk alyans yo pou yo, “kriye ak moun k ap kriye yo; wi, konsole moun ki bezwen konsolasyon, e pou nou sèvi kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, e tout kote nou ta kapab ye, menm jistan lè nou mouri.”2 Jènfi yo gen opòtinite pou yo ranpli responsablite sa yo nan pawas ak branch yo ak lè y ap sèvi nan prezidans klas yo, nan konsèy jèn yo, ak nan lòt apèl. Chak jènfi nan Legliz la ta dwe santi l gen valè, jwenn okazyon pou l sèvi epi santi ke l gen yon bagay ki gen valè pou l kontribye nan travay sa a.

Nan Manyèl Enstriksyon 2 a, nou aprann, ke travay sali a andedan pawas nou yo enkli “travay misyonè pou manm, kenbe konvèti yo, reyaktive manm inaktif yo, travay tanp ak istwa familyal, ak anseye levanjil la.”3 Travay sa a dirija pa evèk fidèl nou yo, ki detni kle prètriz pou pawas yo a. Depi plizyè ane, prezidans nou an ap poze kesyon sa a, “Nan kiyès nan domèn sa yo nou mansyone a jènfi nou yo pa ka patisipe?” Repons la sèke yo gen yon bagay pou yo kontribye nan tout domèn sa yo nan travay sa a.

Paregzanp, dènyèman m te rankontre plizyè jènfi nan zòn Las Vegas la ki te resevwa apèl pou yo te sèvi kòm konsiltan istwa familyal ak tanp nan pawas la. Yo te gen anpil antouzyas poutèt yo te kapab anseye ak ede manm nan pawas yo jwenn zansèt yo. Yo te gen konesans valab nan enfòmatik, yo te aprann kijan pou yo itilize FamilySearch, epi yo te kontan pou yo pataje konesans sa a avèk lot moun. Sa te klè ke yo te gen temwayaj ak yon konpreyansyon sou enpòtans pou nou chèche non zansèt nou ki mouri yo pou òdonans sali esansyèl yo ka akonpli pou yo nan tanp.

Sa gen kèlke mwa, m te gen opòtinite pou m te teste yon ide avèk de jènfi 14 zan. M te jwenn kopi de ajanda reyèl konsèy pawas epi m te bay Emma ak Maggie, yo chak yon kopi. M te mande yo pou yo te li ajanda yo pou yo te wè si te gen nenpòt bagay nan konsèy pawas la yo ta kapab kontribye. Emma te wè te gen yon nouvo fanmi ki te vin abite nan zòn pawas la, epi l te di li te ka ede yo enstale yo ak debale zafè yo. Li te panse l ta ka fè zanmi avèk timoun yo nan fanmi an epi mennen yo al konn nouvo lekòl yo a. Li te remake te gen yon dine k ta pral fèt nan pawas la, epi l te santi te gen anpil fason l ta ka ofri sèvis li.

Maggie te wè te gen plizyè moun aje nan pawas la ki te bezwen vizit ak amitye. Li te di li t ap renmen vizite yo ak ede  t bon manm aje sa yo. Li te santi li ta p kapab ede anseye manm yo nan pawas la kijan pou yo te itilize kont rezo sosyal yo. Pa t vrèman gen yon bagay nan ajanda sa a de jèn fi sa yo pa t ap kapab fè pou ede!

Èske moun ki chita nan konsèy pawas yo, oubyen ki gen nenpòt apèl nan pawas la, konsidere jèn fi yo kòm resous valab pou ede ranpli pil bezwen ki gen andedan pawa nou yo? Abityèlman gen yon lis byen long sou sitiyasyon ki mande yon moun pou sèvi, e souvan, nou panse se sèl adilt yo nan pawas la ki ka satisfè bezwen sa yo. Menmjan yo envite detantè prètriz Aawon nou yo pou yo travay avèk papa yo ak lòt gason yo nan prètriz Mèlkisedèk la, yo ka fè apèl a jènfi nou yo pou yo rann sèvis ak reponn bezwen manm pawas yo avèk manman yo oubyen lòt sè egzanplè. Yo kapab, yo enterese, yo dispoze pou yo fè plis pase sèlman al Legliz chak Dimanch!

Imaj
Jènfi k ap ede pote acha
Imaj
Jènfi k ap sèvi
Imaj
Jènfi k ap ede avèk konpitè
Imaj
Jènfi k ap pase mòp
Imaj
Jènfi k ap dirije mizik
Imaj
Jènfi k ap anseye
Imaj
Jènfi ki mete mayo Men Edan
Imaj
Jènfi k ap akeyi moun nan legliz la

Lè nou reflechi sou wòl jènfi nou yo pral genyen pou yo asime nan yon avni trè pwòch, nou ta ka mande tèt nou ki kalite eksperyans nou ta ka bayo kounyeya ki ta ka ede yo nan preparasyon yo pou yo vin misyonè, enstriktè levanjil, dirijant nan òganizasyon oksilyè yo nan Legliz la, travayè nan tanp, madanm, manman, gid spirityèl egzanp ak zanmi. Yo ka kòmanse ranpli anpil nan wòl sa yo depi kounyeya. Yo souvan mande jèn yo pou yo ede anseye leson nan Jou Dimanch nan klas pa yo. Kounyeya, jènfi yo gen opòtinite pou yo akonpli sèvis  nan tanp ki te konn ranpli anvan sa pa travayè oubyen volontè nan tanp yo lè y al nan tanp avèk gwoup jèn yo pou fè batèm pou mò yo. Kounyeya, yo envite tifi nan laj Primè nou yo pou yo asiste nan reyinyon preparasyon sou prètriz ak tanp yo, pou ede yo konprann ke yo menm tou yo se patisipan enpòtan nan travay prètriz la dirije yo. Y ap aprann ke gason yo, fi yo, jèn yo ak timoun yo, tout se moun ki benefisye benediksyon prètriz epi yo tout ka jwe yon wòl aktif nan fè travay Senyè a avanse.

Evèk yo, nou konnen responsablite nou souvan lou, men, menmjan yonn nan pi gwo priyorite nou se prezide sou kowòm prètriz Aawon yo , Manyèl Enstriksyon  2  a eksplike ke “evèk la ak konseye l yo dwe bay direksyon prètriz pou òganizasyon jènfi yo tou. Yo dwe veye sou yo jènfi yo ak fòtifye yo endividyèlman, pandan y ap travay ansanm avèk paran yo ak dirijan jènfi yo nan efò sa a.” Li di ke “Evèk la ak konseye l yo dwe patisipe regilyèman nan reyinyon, pwojè sèvis, ak aktivite Jènfi yo.”4 Nou rekonesan pou evèk ki pran tan pou yo vizite klas jènfi yo e ki kreye opòtinite pou jènfi yo vin plis pase senp obsèvatè nan travay la. Nou rekonesan dèske yo asire yo ke jènfi yo se patisipan ki apresye nan reponn bezwen manm pawas yo! Opòtinite pou sèvi nan fason siyifikan sa yo beni yo plis pase aktivite pou yo sèlman distrè yo.

Pou nou menm, jènfi yo nan Legliz la, peryòd adolesans nou yo ka okipe anpil e souvan difisil. Nou remake ke pi plis nan nou ap lite avèk pwoblèm estim tèt, anksyete, gwo strès, e petèt menm depresyon. Detounen panse nou olye nou chita ap panse ak pwoblèm nou yo gen dwa pa rezoud tout pwoblèm sa yo menm sèvs ka souvan aleje fado nou e fè pwoblèm nou yo parèt mwens difisil. Youn nan pibon fason pou nou ogmante santiman valè pèsonèl nou se montre, atravè sousi nou ak sèvis nou pou lòt moun, ke nou gen anpil bagay devalè pou nou kontribye.5 Mwen ankouraje noumenm jènfi yo pou nou leve men nou pou n pòte n volontè epi mete men pou n travay lè nou wè bezwen bò kote nou. Si nou ranpli responsablite alyans nou yo epi nou patisipe nan bati wayòm Bondye a, benediksyon ap vide nan lavi nou, epi n ap dekouvri lajwa pwofon ak dirab ki gen nan lavi disip la.

Frè m ak sè m yo, jènfi nou yo ekstraòdinè. Yo gen talan, antouzyas san limit, yo gen enèji, epi yo plen konpasyon ak atansyon. Yo vle rann sèvis. Yo bezwen konnen yo gen valè epi yo esansyèl nan travay sali a. Menmjan jènjan yo prepare nan Prètriz Aawon an pou pi gwo sèvis pandan y ap avanse al nan Prètriz Mèlkisedèk la, jènfi nou yo ap prepare pou yo vin manm pi gran òganizasyon fi sou tè a—Sosyete Sekou. Ansanm, bèl jènfi ak jènjan solid ak fidèl sa yo ap prepare pou yo vin madanm ak mari, manman ak papa ki pral elve fanmi ki diy pou wayòm selès Bondye a.

Mwen temwaye ke travay Pè Selès nou an se reyalize  imòtalite ak lavi etènèl pou pitit Li yo.6 Jènfi presye nou yo gen yon wòl enpòtan pou yo jwe nan ede akonpli gran travay sa a. Nan non Jezikri, amèn