Konferans Jeneral
Fè Fas a Siklòn Espirityèl Nou yo ak Kwayans nan Kris la
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Fè Fas a Siklòn Espirityèl Nou yo ak Kwayans nan Kris la

Nou fè fas a siklòn espitityèl nou yo pi byen lè nou kwè nan Kris la epi nou obeyi kòmandman L yo.

Nan sis dènye ane sa yo, mwenmenm ak madanm mwen, Ann, te abite Texas tou pre Gult Coast la, kote pi gwo siklòn ki pase sou Etazini yo te kite anpil destriksyon e anpil moun te menm pèdi lavi yo. Malerezman, nan dènye mwa sa yo nou pa t epaye anba evènman devastan sa yo. Nou ofri tout lanmou nou ak priyè nou pou tout moun ki te afekte nan kèlkeswa fason an. An 2017, nou te pèsonèlman viv pasaj siklòn Harvey a, ki te bat rekò a avèk prèske 150 santimèt lapli ki te tombe.

Se lwa natirèl nan lanati yo ki gouvène fòmasyon siklòn. Tanperati oseyan an dwe mwens pase 27 degre Celsius pou pi piti, avèk yon epesè omwen 50 mèt anba sifas oseyan an. Lè van an rankontre avèk dlo tyèd oseyan an, li fè dlo a vaporize epi monte nan atmosfè a, kote li vin tounen likid. Lè sa a nyaj yo fòme, epi van yo pwodui yon chema an spiral sou tout sifas oseyan an.

Imaj
Siklòn

Siklòn yo enòm anpil, yo gendwa pi gwo pase 15.240 mèt (50.000 pye) oubyen plis nan atmosfè a epi yo gendwa pi laj pase 200 kilomèt. Sa ki enteresan, se fason siklòn yo kòmanse febli lè yo rive sou tè a paske yo pa sou dlo tyèd yo bezwen pou ba yo fòs la ankò.1

Ou gendwa pa janm fè fas ak yon ouragan destriktè fizikman. Men, nou chak konn travèse, epi n ap gen pou n travèse siklòn espirtityèl ki menase lapè nou e ki mete lafwa nou aleprèv. Nan mond jodia, yo sanble y ap ogmante nan frekans ak entansite. Erezman, Sovè a montre nou kijan pou nou simonte yo jwayezman. Lè nou viv levanjil Jezikri a, nou gen asirans tankou chante a di a “lè fènwa vide sou nou epi menase lapè nou pou detwi nou, gen espwa k ap tann nou pi devan.”2

Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Sen yo kapab kontan nan tout sikonstans. Nou ka santi lajwa menm lè n ap pase yon move jounen, yon move semèn, e menm yon move ane!

“ … Lajwa nou santi a pa gen anyen pou l wè avèk sikonstans lavi nou men li depann de kisa ki se fokis nan lavi nou.

“Lè lavi nou santre sou … Jezikri ak levanjil Li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oswa sa k pa rive—nan lavi nou.”3

Menm jan lwa natirèl lanati yo gouvène siklòn yo, lwa divin yo gouvène fason nou santi lajwa nan siklòn espirityèl nou yo tou. Lajwa oubyen tristès nou santi lè n ap afwonte tanpèt lavi yo asosye avèk lwa Bondye etabli yo. Prezidan Nelson te di, “Yo rele yo kòmandman, men yo osi vrè ke lwa avyasyon, lwa gravitasyon, [ak] lwa ki gouvène batman kè nou yo.”

Prezidan Nelson te kontinye, “Sa vin rezime nan yon fòmil ki senp: Si w vle gen kè kontan, kenbe kòmandman yo.”4

Dout se enmi lafwa ak lajwa. Menm jan dlo tyèd oseyan an se teren repwodiksyon pou siklòn yo, dout se teren repwodiksyon pou siklòn espirityèl. Menmjan kwayans se yon chwa a, dout se yon chwa tou. Lè nou chwazi pou nou doute, nou chwazi kite objè aji sou nou, nou bay advèsè a pouvwa sou nou, konsa nou vin fèb e vilnerab.5

Satan ap chèche mennen nou nan teren repwodiksyon dout la. Li ap chèche andisi kè nou pou nou pa kwè.6 Teren repwodiksyon dout la ka parèt atiran paske dlo tyèd yo sanble yo pezib, epi yo pa mande pou nou viv “dapre chak pawòl ki soti nan bouch Bondye.”7 Nan dlo sa yo, Satan tante nou pou nou relache vijilans espitityèl nou. Mank atansyon sa a ka pwovoke yon mank nan konviksyon espirityèl nou, kote nou pa “ni cho ni frèt.”8 Si nou pa ankre nan Kris la, dout ak tout atirans li yo ap mennen nou nan endiferans kote nou pa p jwen ni mirak, ni lajwa ki dire, kote nou pa p ka “viv ak kè poze.”9

Menmjan siklòn yo febli lè yo rive sou tè a, lafwa ap ranplase dout lè nou bati fondasyon nou sou Kris la. Lè sa a, n ap kapab gade siklòn espirityèl yo nan pwòp pèspektif yo, epi kapasite nou pou nou simonte yo a ap ogmante. Konsa, “lè dyab la voye gwo van li yo, wi, pik li yo nan toubiyon an, wi, lè tout lagrèl li yo ak gwo siklòn li yo vin bat nou, li p ap gen pouvwa sou nou pou l trennen nou desann nan gouf mizè ak malè etènèl la, poutèt sou wòch nou bati a, ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a.”10

Prezidan Nelson te ansenye:

Lafwa nan Jezikri se fondasyon tout kwayans ak kanal pouvwa diven.

Senyè a pa mande yon lafwa pafè pou nou ka gen aksè nan pouvwa pafè Li. Men Li mande nou pou nou kwè.”11

Depi konferans jeneral avril la, mwenmenm ak fanmi m chèche fòtifye lafwa nou nan Jezikri ak nan Ekspyasyon L la pou ede nou “fè pwoblèm [nou] yo vin tounen opòtinite pou pwogresyon san parèy.”12

Pitit pitit fi nou, Ruby, beni avèk yon karaktè solid, yon volonte pou l pran bagay yo anchaj. Lè l te fèt, ezofaj li pa t tache avèk lestomak li. Menm antanke yon ti bebe, Ruby, avèk èd paran li, te afronte eprèv sa a avèk yon detèminasyon etonan. Ruby gen senkan kounyeya. Byenke l ankò byen jèn, li se yon gwo ekzanp sou moun ki pa kite sikonstans yo detèmine bonè li. Li toujou kontan.

Mwa me ki sot pase a, Ruby te afronte yon lòt siklòn nan lavi l ak lafwa. Li te fèt avèk yon men ki pa t byen devlope tou e ki te bezwen operasyon pou rekonstwi li. Avan operasyon difisil sa a, nou te vizite l epi nou te ba l yon bèl desen ki mayifikman dekri men yon timoun ki kenbe men Sovè a avèk tandrès. Lè nou te mande l si li te santi l enkyèt, li te reponn, “Non, mwen kontan!”

Imaj
Ruby avèk tablo men Sovè a

Nou te mande l, “Kòman fè sa?”

Ruby te deklare, “Paske m konnen Jezi ap kenben men mwen.”

Gerizon Ruby sete yon mirak, epi li kontinye gen kè kontan. Gade kijan pite lafwa yon timoun fè kontras avèk foli dout ki ka souvan tante nou lè n ap vyeyi!13 Men nou tout ka chwazi pou nou vin tankou timoun epi chwazi pou nou mete enkredilite nou sou kote. Se yon chwa ki senp.

Yon papa atansyone te priye Sovè a ak dilijans, li te di, “Si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou.”14

Jezi te di l:

“Tout bagay posib pou moun ki met konfyans yo nan Bondye.

“Menm lè a, papa tibway la … di byen fò, ak dlo nan je: Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m pou m sa gen plis konfyans toujou.”15

Papa enb sa a te chwazi avèk sajès pou l te mete konfyans li nan Kris la olye pou l te suiv dout li. Prezidan Nelson te di “Se sèl enkwayans ou ki ka anpeche Bondye beni w avèk mirak pou w deplase montay nan lavi w yo.”16

Gade kijan Bondye gen mizerikòd pou L plase limit la sou nivo kwayans men pa sou nivo konesans!

Alma te ansenye:

“Moun ki kwè nan pawòl Bondye a [yo beni].”17

“[Paske] Bondye gen mizèrikòd pou tout moun ki kwè nan non l; se poutèt sa, li vle premyèman, pou w kwè.”18

Wi, premyèman, Bondye vle pou nou kwè nan Li.

Nou fè fas a siklòn espitityèl nou yo pi byen lè nou kwè nan Kris la epi nou obeyi kòmandman L yo. Kwayans nou ak obeyisans nou lye nou avèk yon pouvwa ki depase pouvwa pa nou pou nou simonte “[kèlkeswa] sa k rive—oswa sa k pa rive—nan lavi nou.”19 Wi, Bondye “beni [nou] imedyatman” paske nou kwè epi nou obeyi.20 Wi, amezi tan pase, kondisyon nou ap chanje al nan yon eta lajwa epi “nou vin vivan nan Kris” la lè nou egzèse lafwa nan Li epi nou kenbe kòmandman L yo.21

Frè m ak sè m yo, ann chwazi jodiya pou nou “pa doute, men kwè.”22 “Bon fason an se kwè nan Kris la.”23 Li “ekri non nou… nan pla men [Li].”24 Li se Sovè nou ak Redanmtè nou ki kanpe devan pa pòt nou, ap frape.25 Nan non Jezikri, amèn.