2010–2019
Se pou nou pafè—alafen
Oktòb 2017


Se pou nou pafè—alafen

Si nou pèsevere, enben, nan etènite a, pèfeksyonman nou ap antye epi total.

Ekriti yo te ekri pou beni nou ak ankouraje nou, e se sa yo fè. Nou di syèl la mèsi pou chak chapit ak chak vèsè yo ba nou. Men èske nou remake ke, tanzantan, gen yon pasaj ki parèt pou raple nou ke nou pa toutafè alawotè? Paregzanp, Diskou sou Mòn nan kòmanse avèk bèl ansèyman apezan, men nan vèsè ki suiv yo, yo di nou—pami tout lòt bagay—non sèlman pou nou pa touye moun men pou nou pa menm an kòlè tou. Yo di nou ke non sèlman nou pa dwe komèt adiltè men nou pa dwe menm gen panse ki pa pwòp nonplis. Si yon moun mande n chemiz nou, nou dwe ba li l e apresa ba l palto a tou. Nou dwe renmen enmi nou, lapriyè pou moun k ap pèsekite nou, fè byen pou moun ki rayi nou.1

Si sa a se etid ekriti ou pou maten an, epi apre ou fin li rive nan pwen sa a, ou vrèman sèten ke w pa pral gen bòn nòt nan kanè levanjil ou a, enben, dènye kòmandman an nan lis sa a ap asireman fini djòb la pou nou: “Se pou nou pafè, menmjan Papa nou … ki nan syèl la pafè a.”2 Apre egzotasyon final sa a, nou anvi retounen sou kabann nou epi rale dra nou kouvri tèt nou. Kalite bi selès sa yo sanble nou pa p janm ka atenn yo. Poutan, nou konnen Senyè a pa p janm ba nou yon kòmandman Li konnen nou pa ka respekte. Ann wè ki kote dilèm sa a ap mennen nou.

Tou patou nan Legliz la, m tande anpil moun k ap lite anba pwoblèm sa a k ap di: “Mwen pa bon ase.” Mwen twò enpafè.” “M pap janm ka alawotè.” Mwen tande l nan bouch tinedjè yo. Mwen tande l nan bouch misyonè. M tande l nan bouch nouvo konvèti. M tande l nan bouch moun ki manm pandan tout lavi yo. Sè Darla Isackson, yon Sen Dènye Jou ki panse, te obsève ke Satan debwouye l jwenn mwayen pou l fè alyans yo ak kòmandman yo sanble malediksyon ak kondanasyon. Pou kèk moun, li fè ideyal ak enspirasyon levanjil yo vin fè yo rayi tèt yo e santi yo mizerab.3

Sa m ap di la a kounyea pa nan okenn fason renye ni diminye okenn nan kòmandman Bondye ba nou yo. Mwen kwè nan pèfeksyon li, e m konnen nou se pitit gason ak pitit fi spirityèl li ki gen potansyèl divin pou nou vin tankou L ye a. Men, m konnen tou, antanke pitit Bondye, nou pa dwe rabese tèt nou ni denigre tèt nou, kòmsi pini tèt nou isit la nan mòtalite a apral fè nou vin moun Bondye vle nou ye nan letènite a. Non! Mwen espere ke, avèk yon dispozisyon pou nou repanti ak yon dezi pou n gen plis ladwati nan kè nou, nou ka pousuiv pwogresyon pèsonèl nou nan yon fason ki pa mande pou n gen maladi lestomak ni tonbe nan anoregzi (pa manje), san nou pa fè depresyon ni detwi amoupwòp nou. Se pa sa Senyè a vle pou timoun Primè yo ni pou okenn lòt moun k ap onètman chante: “M ap eseye vin tankou Jezi.”4

Pou n mete pwoblèm sa a nan kontèks li, kite m raple nou tout ke n ap viv nan yon mond dechi epi, pou kounyeya, nou se yon pèp dechi. Nou nan wayòm telès la; ki eple avèk yon t, non pa avèk yon s. Jan Prezidan Russell M. Nelson te anseye, isit nan mòtalite a, pèfeksyon ankò “an sispan”5

Konsa, mwen kwè pèsonèlman ke Jezi pa t gen entansyon pou diskou l la sou sijè sa a te vin yon mato vèbal pou bat nou pou erè nou yo. Non, mwen panse ke l te fè l avèk entansyon pou rann yon omaj pou kalite moun Bondye Papa Etènèl la ye a ak sa nou ka akonpli avèk li nan letènite. Antouka, mwen rekonesan dèske m konnen ke, malgre enpèksyon m yo, omwen Bondye limenm li pafè—ke omwen li kapab, paregzanp, renmen enmi li, paske twò souvan, akoz “òm natirèl”6 ak fi natirèl la ki nan nou an, oumenm avèk mwen, pafwa nou se enmi sa a. Ala m rekonesan ke omwen Bondye kapab beni moun ki trete L mal paske, san nou pa vle oubyen san nou pa gen entansyon fè sa, nou tout trete L mal pafwa. M rekonesan dèske, omwen, Bondye plen mizèrikòd epi l se patizan lapè paske m bezwen mizèrikòd li epi mond lan bezwen lapè. Natirèlman, tout sa nou di konsènan vèti Papa a, nou di yo pou Sèl Pitit Gason Literal Li a tou, ki te viv e mouri nan menm pèfeksyon sa a.

M ap prese di nou ke konsantre nou sou akonplisman Papa a ak Pitit la olye sou echèk nou yo p ap banou okenn jistifikasyon si n ap mennen yon lavi endisipline oubyen rabese prensip nou yo. Non, depi nan kòmansman an, levanjil la sete “pou pèfeksyon sen yo, … jiskaske … nou … rive vin yon moun pafè, nan totalite plenitid Kris la.”7 Mwen senpleman sigjere ke omwen, youn nan objektif yon ekriti oswa yon kòmandman se petèt pou raple nou tou senpleman konbyen “totalite plenitid Kris la”8 reyèlman mayifik, pou ka enspire nan nou yon pi gwo amou ak admirasyon pou Li ak yon pi gwo dezi pou n vin sanble avèk Li.

Mowoni te sipliye nou: “Wi, vin jwenn Kris la, e pèfeksyone nou nan li … . “Renmen Bondye avèk tout pouvwa nou, panse nou, ak fòs nou epi … nou kapab vin pafè nan Kris la atravè gras Li.9 Sèl espwa nou pou n gen vrè pèfeksyon an se resevwa li antanke yon kado ki soti nan syèl la---nou pa ka “merite” l pa pwòp fòs pa nou. Konsa, Kris la sove nou non sèlman anba chagren ak peche ak lanmò men anba pwòp kritike tèt pèsistan nou tou.

Kite m itilize youn nan parabòl Sovè a pou m di sa nan yon fason yon ti jan diferan. Yon sèvitè te dwe mèt li yon montan 10.000 dola. Lè l te tande sèvitè a t ap priye l pou l gen pasyans ak mizèrikòd pou li, “mèt sèvitè sa a te ranpli ak konpasyon epi … l te elimine … dèt la pou li.” Men, menm sèvitè sa a pa t padone yon sèvitè parèy li ki te dwe l 100 dola. Lè l te tande sa, mèt la te mande sa l te padone a: “èske w pa ta dwe gen pitye pou zanmi sèvitè w la, menmjan m te gen pitye pou ou a?”10

Gen kèk diferans dopinyon nan pami moun save yo konsènan valè lajan yo mansyone la a, —e padone m referans sa a ak lajan Ameriken an—men, pou n rann kalkil la fasil, si ti montan dèt lòt la pa t padone a sete, kite m di, $100 dola nan valè lajan nou an jodia, enben, dèt 10.000 dola sa a mèt la te efase pou sèvitè l la te ka prèske $1 bilyon—oubyen plis!

Pou yon dèt pèsonèl, montan sa a se yon montan astwonomik—ki totalman depase konpreyansyon nou. (Okenn moun pa ka depanse tout lajan sa a!). Pou objektif parabòl sa a, sa ta sipoze enkonpreyansib; sa ta sipoze depase kapasite nou pou n asimile li, san pale de kapasite nou pou peye li. Se paske istwa sa a se pa yon istwa osijè de sèvitè ki t ap goumen nan Nouvo Testaman an. Se yon istwa osijè noumenm, fanmi imen dechi a—debitè nan mòtalite a, transgresè, ak prizonye. Nou chak se yon moun ki dwe, epi vèdik la se enprizonman pou nou chak. Epi, nou tout t ap gen pou sou kondanasyon sa a si se pa t pou gras Wa nou an ki libere nou paske Li renmen nou epi “li santi konpasyon pou nou.”11

Jezi itilize yon mezi enkonpreyansib la a paske Ekspyasyon L lan se yon kado enkonpreyansib Li ba nou nan yon pri enkonpreyansib. Pou mwen, sa se omwen yon pati nan siyifikasyon kòmandman Jezi ba nou pou nou pafè a. Petèt nou gen dwa poko ka atenn pèfeksyon 10.000 dola Papa a ak Pitit la atenn nan, men sa pa twò egzajere pou yo mande nou pou n vin pi sanble avèk yo nan ti bagay yo, pou nou pale ak aji, renmen ak padone, repanti ak amelyore nou omwen nan nivo pèfeksyon 100 dola a, sa ki klèman alapòte nou.

Frè m ak sè m yo, aleksepsyon Jezi, pa janm gen okenn moun ki viv lavi yo san fay nan vwayaj terès sa a n ap fè a, konsa, pandan nou nan mòtalite a, annou eseye pote amelyorasyon konstan san nou pa obsede pa sa espesyalis konpòtman yo rele “pèfeksyonism toksik” la.”12 Nou dwe evite egzijans aleksè sa a pou tèt nou, pou lòt moun, e m ka ajoute, pou sila yo ki aple pou sèvi nan Legliz la—sa ki, pou Sen Dènye Jou yo, vledi tout moun, paske nou tout aple pou n sèvi yon kote.

Konsènan bagay sa a, Leo Tolstoy te ekri istwa yon prèt youn nan manm pawas li yo te kritike paske l te jije ke l pa t viv osi pafè ke l te dwe viv, epi l te di ke prensip pè egare sa a t ap preche yo dwe siman te fo tou.

Kòm repons pou kritik sa a, prèt la te di: “Gade lavi m jodia epi konpare l ak lavi m t ap mennen anvan an. W ap wè m ap eseye viv selon verite m ap pwoklame a.” Paske l pa t kapab viv selon ideyal wo l t ap anseye yo, prèt la admèt ke l te echwe. Men li di:

“Atake m, [si w vle,] se mwenmenm ki met sa sou tèt mwen, men [pa] atake … chemen m vle suiv la. … Si m konn chemen pou m retounen lakay la [men] m ap mache tou sou nan chemen an li, èske sa vledi se pa bon chemen an senpleman paske m ap mache de bò ladan l?

“… Pa kontan pou w di, ‘Gade li! … gade l k ap ranpe nan yon marekaj!’ Non, pa ri, men bay … èd ou [a tout moun k ap eseye mache sou chemen pou retounen al jwenn Bondye a.]”13

Frè m ak sè m yo, chak grenn nan nou aspire a mennen yon lavi pi kretyen pase sa nou souvan ap viv la. Si nou admèt sa onètman epi nou eseye amelyore nou, nou pa ipokrit; nou se imen. Se pou nou refize kite foli nou yo nan mòtalite a, ak defo inevitab ke menm pi bon gason ak pi bon fi bò kote nou yo ka komèt yo vin rann nou sinik pou fè nou doute verite levanji l yo, verasite Legliz la, espwa nou nan demen, oubyen posiblite pou nou vin gen pyete a. Si nou pèsevere, enben, pèfeksyon nou pral total e konplè an letènite yo---sa ki se siyifikasyon pèfeksyon14 nan Nouvo Testaman an.

Mwen temwaye konsènan gran destine sa a, ki disponib pou nou gras ak Ekspyasyon Senyè a, Jezikri, ki Limenm te kontinye “gras sou gras”15 jiskaske nan imòtalite Li 16 Li te resevwa yon plenitid glwa selès pafè.17 Mwen temwaye ke nan moman sa a e chak èdtan, ak mak klou yo nan men li, l ap lonje men li pou ba nou menm gras sa a, pou soutni nou ak ankouraje nou, pandan l ap refize abandone nou jiskaske nou retounen lakay an sekirite nan bra Paran Selès nou yo. Pou yon moman pafè konsa, m ap kontinye eseye, menmsi se maladwatman. M ap fè sa nan non moun ki se Pèfeksyon an limenm, nan non Limenm ki pa janm maladwa ni enkapab la men ki renmen nou tout ki maladwa a, nan non Senyè a, Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Matye 5:1–47.

  2. Matye 5:48.

  3. Gade Darla Isackson, “Satan’s Counterfeit Gospel of Perfectionism,” Meridian Magazine, June 1, 2016, ldsmag.com.

  4. “I’m Trying to Be like Jesus,” Children’s Songbook, 78–79.

  5. Gade Russell M. Nelson, Perfection Pending,” Ensign, Nov. 1995, 86–88.

  6. Mozya 3:19.

  7. Efezyen 4:12–13.

  8. Efezyen 4:13.

  9. Mowoni 10:32; italik ajoute.

  10. Gade Matye 18:24–33.

  11. Doktrin ak Alyans 121:4.

  12. Gade Joanna Benson and Lara Jackson, “Nobody’s Perfect: A Look at Toxic Perfectionism and Depression,” Millennial Star, Mar. 21, 2013, millennialstar.org.

  13. “The New Way,” Leo Tolstoy: Spiritual Writings, sel. Charles E. Moore (2006), 81–82.

  14. Pou yon lekti entriktif sou siyifikasyon mo grèk yo itilize nan Nouvo Testaman an pou tradui mo pafè a (“teleios”), gade diskou konferans jeneral Oktòb 1995 Prezidan Russell M. Nelson an ki rele “Perfection Pending” (Ensign, Nov. 1995, 86–87).

  15. Doktrin ak Alyans 93:13.

  16. Gade Lik 13:32.

  17. Gade Doktrin ak Alyans 93:13.