2010–2019
Prètriz la ak pouvwa ekspyatwa Sovè a
Oktòb 2017


Prètriz la ak pouvwa ekspyatwa Sovè a

Pou objektif Pè Selès la kapab akonpli, pouvwa ekspyatwa Kris la dwe disponib pou pitit Bondye yo. Prètriz la bay opòtinite sa yo.

Annou imajine yon fize y ap manevre nan yon baz lansman pou l ka prepare pou dekolaj. Kounyeya, vizyalize alimaj la. Gaz la, ki brile nan yon fason kontwole, konvèti an gaz cho ki jayi, pou founi pouse nesesè pou pwopilse fize a nan lespas la. Finalman, ann vizyone chajman an, oubyen kagezon an, ki sou tèt fize a. Chajman an pran veritab valè li sèlman lè l rive kote l dwe ye a epi l fonksyone a jan l ta dwe a. Ou pa oblije yon ekspè nan zafè fize pou w konprann ke, yon satelit kominikasyon mondyal ki byen chè, pa gen okenn valè si l chita nan yon depo. Misyon yon fize se senpleman pou l delivre yon chajman.

Aswè a mwen ta renmen konpare prètriz nou detni an avèk yon fize epi opòtinite pou n benefisye pouvwa ekspyatwa Sovè a avèk chajman yon fize delivre a.

Akoz sakrifis ekspyatwa l la, Jezikri gen pouvwa ak otorite pou rachte tout limanite. Pou rann pouvwa ekspyasyon an aksepsib, li delege yon pòsyon pouvwa ak otorite sa a bay lòm sou tè a. Pouvwa ak otorite delege sa a rele prètriz. Li pèmèt detantè prètriz yo ede Pè Selès la ak Jezikri nan travay yo pou reyalize sali ak egzaltasyon pitit Bondye yo. Li fè sa paske l bay pitit li yo opòtinite pou yo resevwa benediksyon pouvwa ekspyatwa Sovè a.

Pouvwa ekspyatwa Jezikri a esansyèl paske okenn nan nou pa ka retounen nan fwaye selès nou an san èd. Nan mòtalite a, nou inevitabman fè erè e vyole lwa Bondye yo. Nou vin tache anba peche e yo pa ka pèmèt nou retounen al viv nan prezans Bondye. Nou bezwen pouvwa ekspyatwa sovè a pou n ka rekonsilye avèk Pè Selès la. Jezikri te kase chenn lanmò fizik yo, pou te pèmèt rezirèksyon pou tout moun. Li ofri padon pou peche nou, sou kondisyon pou nou obeyi lwa ak òdonans levanjil li yo. Gras avèk li, n ap jwenn egzaltasyon. Opòtinite pou n benefisye pouvwa ekspyatwa Sovè a se chaj ki pi enpòtan nan kreyasyon an.

Pou objektif Pè Selès la akonpli, pouvwa ekspyatwa Kris la bezwen aksesib pitit Bondye yo. Prètriz la bay opòtinite sa yo.1 Li se fize a. Prètriz la esansyèl paske òdonans ak alyans nesesè yo sou tè a administre sèlman pa otorite li. Ki bi prètriz la t ap genyen si l pa ta ba nou opòtinite pou n benefisye pouvwa ekspyatwa Sovè a? Èske l t ap senpleman yon fize eksplozif konplèks ki atire atansyon? Bondye vle pou prètriz la itilize pou plis pase yon klas nan jou Dimanch oubyen kòm yon opòtinite pou sèvi. Li la pou l delivre chaj la.

Ti defo nan yon fize kapab lakoz misyon an echwe. Jwen frajil ak yon feblès nan materyo a kapab lakoz yon fize mal fonksyone. Metaforikman, pou pwoteje prètriz la kont jwen frajil ak feblès materyo, Bondye pwoteje jan l ap transmèt ak jan l ap itilize.2 Transmisyon prètriz la pwoteje pa kle prètriz yo, ki se dwa pou prezide yo bay lòm.3 Menmjan tou, itilizasyon prètriz la sovgade non sèlman pa kle prètriz yo men pa alyans detantè prètriz yo fè tou. Yon gason resevwa otorite prètriz la endividyèlman epi li pa endepandan de li;4 prètriz la se pa yon sous pouvwa otonòm ki konsa konsa.

Nou resevwa Prètriz Aawon ak Prètriz Mèlkisedèk la pa alyans.5 Bondye detèmine tèm yo epi lòm aksepte. Nan tèm jeneral, detantè prètriz yo fè alyans pou yo ede Bondye nan travay Li. Nan kòmansman dispansasyon sa a, Jezikri te eksplike ke alyans prètriz la “konfime sou nou pou byen nou, epi pa sèlman pou byen nou, men, pou byen tout mond lan … paske yo pa vin jwenn mwen.”6

Sa anseye ke bi prètriz la se pou envite lòt moun vin jwenn Kris la nan ede yo resevwa levanjil retabli a. Nou gen prètriz la pou n ka ede pitit Pè Selès yo jwenn soulajman anba fado peche epi vin menmjan avèk li. Atravè prètriz la, pouvwa Bondye manifeste nan lavi tout moun ki fè ak kenbe alyans levanjil yo e ki resevwa òdonans asosye yo.7 Se nan fason sa a chak moun vin jwenn Kris la, li pirifye, epi l rekonsilye avèk Bondye. Pouvwa ekspyatwa Kris la aksesib atravè prètriz la, ki delivre chaj la.

Alyans avèk Bondye yo serye e solanèl. Yon moun dwe prepare tèt li, aprann, epi antre nan alyans sa yo avèk entansyon pou onore yo. Yon alyans vin tounen yon angajman yon moun pran. Pou m di menmjan ak atis Anglè a, Robert Bolt, yon moun fè yon alyans sèlman lè l dispoze pou bay tout limenm nan yon pwomès. Li etabli yon lyen idantite ant verasite pwomès la ak pwòp vèti pa li. Lè yon moun fè yon alyans, li kenbe tèt li, jan l t ap kenbe dlo nan men l an ki an fòm yon gode. Epi, si l ouvri dwèt li, li pa dwe espere ke l ap jwenn ni ankò. Yon moun ki kraze yon alyans pa ka ofri tèt li ankò ni l pa gen garanti pou l ofri.8

Yon detantè Prètriz Aawon fè alyans pou l evite mal, pou l ede lòt moun rekonsilye yo avèk Bondye, e prepare l pou l resevwa Prètriz Mèlkisedèk la.9 Responsablite sakre sa yo ranpli lè l ap anseye, lè l ap batize e fòtifye manm Legliz yo, epi envite lòt moun pou aksepte levanjil la. Sa yo se “fonksyon” fize l la. Anretou, Bondye pwomèt esperans, padon, ministè zanj, ak kle levanjil repantans ak batèm yo.10

Yon detantè Prètriz Mèlkisedèk fè alyans pou l ranpli responsablite ki asosye avèk Prètriz Aawon yo ak pou mayifye apèl li nan Prètriz Mèlkisedèk la.11 Li fè sa nan kenbe kòmandman ki asosye avèk alyans la. Kòmandman sa yo gen ladan yo “koute pawòl lavi etènèl yo avèk atansyon” nan viv “dapre chak pawòl ki soti nan bouch Bondye,12 pou rann temwayaj konsènan Jezikri ak travay dènye jou a,13 nan pa vante tèt li,14 epi nan vin zanmi Sovè a, konfye nan Li tankou yon zanmi ta fè.15

An retou, Bondye pwomèt ke yon detantè Prètriz Mèlkisedèk ap resevwa kle pou konprann mistè Bondye yo. L ap vin pafè pou l ka kanpe nan prezans Bondye. L ap kapab ranpli wòl li nan travay sali a. Jezikri ap prepare chemen devan an detantè prètriz la epi l ap mache avèk li. Sentespri a ap nan kè detantè prètriz la epi zanj yo ap la pou sipòte li. Kò l ap fòtifye ak renouvle. L ap vin eritye benediksyon Abraram yo epi, ansanm ak madanm ni, ko eritye avèk Jezikri nan wayòm Pè Selès la.16 Sa yo se “gwo pwomès ekstrèmeman presye.”17 Nou pa ka imajine pi gwo pwomès pase sa.

A tout moun ki resevwa Prètriz Mèlkisedèk la, Bondye afime pwomès alyans li yo avèk yon sèman.18 Sèman sa a apatni ak Prètriz Mèlkisedèk la sèlman,19 epi se Bondye ki fè sèman an, se pa detantè prètriz la.20 Paske sitiyasyon unique sa a enplike pouvwa ak otorite divin, Bondye itilize yon sèman, kote l anplwaye langaj ki pi puisan l kapab, pou asire nou de nati etènèl ak enkontounab pwomès Li yo.

Gen konsekans grav ki soti nan kraze alyans prètriz yo ak vire do ba yo.21 Lè yon moun neglijan oubyen endiferan nan yon apèl prètriz, se tankou l entwodui yon feblès materyo nan konpozan yon fize. Li mete alyans prètriz la andanje paske sa ka fè misyon l echwe. Dezobeyi kòmandman Bondye yo kraze alyans lan. Yon moun ki kraze alyans tout tan, e ki pa repanti, benediksyon yo te pwomèt li yo anile.

M te vin pi totalman konprann relasyon ant fize “prètriz” la ak chaj “opòtinite pou benefisye pouvwa ekspyatwa Kris la” sa gen kèk ane. Pandan yon fen semèn, m te gen de tach pou m te akonpli. Youn sete pou kreye premye pieu nan yon peyi, epi lòt la sete entèvyouve yon jenòm epi, si tout bagay te annòd, pou m te retabli benediksyon prètriz la ak tanp pou li. Mesye 30 tan sa a te antre Legliz la lè l te adolesan. Li te sèvi yon misyon onorab. Men lè l te retounen sot nan misyon an, li te pèdi wout li, epi li te vin pa t manm legliz la ankò. Apre kèk ane, “li te rantre nan limenm,”22 epi, ak èd detantè prètriz plen lanmou ak bon manm, li te repanti epi yo te vin reyadmèt li pa batèm nan Legliz la ankò.

Nan apre, li te mande pou yo te retabli prètriz li ak benediksyon tanp yo. Nou te pran randevou pou Samdi a 10:00 di maten nan chapèl la. Lè m te rive pou premye entèvyou yo, li te deja la. Li te sitèlman bezwen gen prètriz la ankò, li pa t ka tann.

Pandan entèvyou a, m te montre l lèt ki te eksplike ke Prezidan Thomas S. Monson te pèsonèlman etidye aplikasyon l lan epi l te otorize entèvyou a. Jenòm ki te parèt si brav sa a te kriye. Apresa m te di l ke dat entèvyou nou an pa t ap gen okenn siyifikasyon ofisyèl nan lavi li. Li te parèt etone. M te enfòme l ke, apre m te fin retabli benediksyon l yo, sete sèlman dat premye batèm, konfimasyon, òdinasyon nan prètriz, ak dat dotasyon l yo sèlman ki t ap parèt sou rejis manm li. Li te kriye ankò.

M te mande l pou l te li yon pasaj li nan Doktrin ak Alyans yo:

“Gade, yon moun ki repanti nan peche l, moun sa a padone, epi mwenmenm Senyè a m pa sonje peche yo ankò.

“Men jan n ap konnen si yon moun repanti nan peche li yo—gade, l ap konfese yo epi l ap abandone yo.”23

Dlo te plen je l yon twazyèm fwa. Epi, m te mete men m sou tèt li epi nan non Jezikri, pa otorite Prètriz Mèlkisedèk la, e avèk otorizasyon Prezidan Legliz la, m te retabli prètriz li ak benediksyon tanp li yo.

Lajwa nou te santi a te pwofon. Li te konnen ke, yon fwa ankò, li te otorize pou l te detni ak egzèse Prètriz Bondye a. Li te konnen benediksyon tanp yo t ap opere totalman ankò. Pye l te parèt lejè epi te gen yon limyè ki t ap radye nan li. Mwen te fyè de li anpil e m te santi konbyen Pè Selès la te fyè de li tou.

Nan apre, pieu a te òganize. Te gen anpil Sen fidèl plen antouzyas ki te asiste epi yo te soutni yon bèl prezidans pieu. Men, pou mwenmenm, okazyon istorik pou òganize premye pieu sa a nan yon peyi a te eklipse pa lajwa m te santi nan retabli benediksyon yo pou jenòm sa a.

Mwen vin reyalize ke objektif òganize yon pieu, oubyen itilize prètriz Bondye a nan tout sans, se pou ede Pè Selès la ak Jezikri nan travay Yo, pou founi opòtinite pou redanmsyon ak egzaltasyon chak pitit Bondye. Tankou fize a ki gen bi pou delivre yon chajman an, prètriz la delivre levanjil Jezikri a, ki pèmèt tout moun fè alyans e resevwa òdonans asysoye yo. Konsa, “san Ekspyatwa Kris la”24 kapab aplike nan lavi nou pandan n ap fè eksperyans enfliyans sanktifyan Sentespri a e resevwa benediksyon Bondye pwomèt yo.

Anplis obeyi lwa ak òdonans levanjil yo pou tèt pa nou, m envite nou pou n fè ak kenbe alyans prètriz yo. Resevwa sèman Bondye ak pwomès li. Mayifye responsablite nou nan prètriz la pou ede Pè Selès la ak Jezikri. Itilize prètriz la pou bay yon lòt moun opòtinite pou l benefisye pouvwa ekspyatwa Sovè a! Si w fè sa, oumenm ak fanmi w ap jwenn gwo benediksyon. Mwen temwaye ke Redanmtè a vivan e L ap dirije travay sa a, nan non Jezikri, amèn.