2010–2019
Plan an ak Pwoklamasyon an
Oktòb 2017


Plan an ak Pwoklamasyon an

Pwoklamasyon sou fanmi an se yon rapèl enpòtan Senyè a fè sou verite levanjil yo nou bezwen pou defann nou kont atak fanmi ap sibi aktyèlman yo.

Jan sa evidan nan pwoklamasyon sou fanmi nou an, manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo gen benediksyon pou yo gen yon doktrin unique ak diferant fason pou yo wè mond lan. Nou patisipe e nou menm eksele nan anpil aktivite mond lan, men sou kèk sijè, nou pa bay patisipasyon nou paske n ap chèche suiv ansèyman Jezikri ak Apot li yo, ansyen ak modèn.

I.

Nan yon parabòl, Jezi te dekri moun ki te “tande pawòl la” men ki pa t “pote fwi” paske “traka lavi a ak anvi gen lajan, toufe pawòl la, ki fè yo pa bay anyen menm” (Matye 13:22). Apresa, Jezi te korije Pyè paske l pa t apresye “bagay ki sot nan Bondye yo, men sa k sot nan lèzòm” li te deklare “Paske kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen le mond antye, si l ta pèdi nanm ni?” (Matye 16:23, 26). Nan dènye ansèyman l yo, li te di Apot yo: “Si nou te moun mond lan, mond lan t ap renmen nou, paske nou t ap pou li: men paske nou pa moun mond lan, … mond lan rayi nou” (Jan 15:19; gade tou Jan 17:14, 16).

Menmjan tou, ekri premye Apot yo souvan itilize imaj “mond lan” pou reprezante opozisyon a ansèyman levanjil yo. Apot Pòl te anseye: “Pa konfòme nou ak mond sa a” (Women 12:2), paske, sajès mond lan se yon foli devan Bondye”” (1 Korentyen 3:19). Epi, li te avèti yo: “Fè atansyon, pou nou pa kite pèsonn twonpe nou … ak tradisyon lèzòm, ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen” (Kolosyen 2:8). Apot Jak te anseye ke “amitye mond lan se enmi Bondye … Moun ki vle zanmi mond lan l ap vin enmi Bondye” (Jak 4:4).

Liv Mòmon an souvan itilize imaj sa a sou opozisyon “mond lan”. Nefi te pwofetize destriksyon final “moun ki bati pou yo ka vin popilè devan je mond lan, … ak sa k ap chèche … bagay mond lan” (1 Nefi 22:23; gade 2 Nefi 9:30) tou.” Alma te kondane moun ki te gen “kè yo gonfle … anpil avèk bagay san valè mond lan” (Alma 31:27). Rèv Leyi a montre ke moun k ap chèche suiv bafè a, pawòl Bonde a, y ap rankontre opozisyon mond lan. Moun ki nan “gwo kay byen laj” yo Leyi te wè yo t ap “moke e yo t ap lonje dwèt ” (1 Nefi 8:26–27, 33). Nan vizyon ki te entèprete rèv li a, Nefi te aprann ke mokri sa a ak opozisyon an soti nan “anpil moun sou tè a … mond lan ak sajès li; … lògèy mond lan” (1 Nefi 11:34–36).

Imaj
Foto Prezidan ThomasS. Monson

Ki siyifikasyon avètisman ak kòmandman sa yo nan ekriti yo ki di pou nou pa “fè pati mond lan” oubyen kòmandman modèn pou nou “abandone mond lan” (D&A 53:2). genyen? Prezidan Thomas S. Monson te rezime ansèyman sa yo konsa: “Nou dwe vijilan nan yon mond ki sitèlman elwanye l de tout sa ki spirityèl. Li esansyèl pou nou rejte tout sa ki pa konfòm avèk prensip nou yo, epi nan pwosesis la, pou n refize abandone sa nou dezire plis la: lavi etènèl nan wayòm Bondye a.”1

Bondye te kreye tè sa a selon plan li pou bay pitit lespri l yo yon andwa pou yo fè eksperyans mòtalite a kòm yon etap nesesè pou y al nan laglwa Li dezire pou tout pitit li yo. Pandan ke gen anpil wayòm ak glwa a, pi gwo dezi Pè Selès nou an pou pitit li yo se sa Prezidan Monson rele “lavi etènèl nan wayòm Bondye a,” ki se egzaltasyon an fanmi. Sa se plis pase sali. Prezidan Russell M. Nelson raple nou: “Nan plan etènèl Bondye a, sali se yon zafè endividyèl; men egzaltasyon se yon zafè familyal.”2

Levanjil retabli Jezikri a ak pwoklamasyon enspire sou fanmi an, ke m pral diskite apre, se ansèyman esansyèl pou gide preparasyon nou nan mòtalite a pou egzaltasyon. Menmsi nou oblije viv selon lwa maryaj ak lòt tradisyon yon mond ki an deklen, moun k ap chèche jwenn egzaltasyon yo dwe fè chwa pèsonèl nan lavi familyal yo selon fason Senyè a, kèlkeswa lè sa diferan ak fason pa mond lan.

Nan lavi mòtèl sa a, nou pa gen okenn souvni de sa k te pase anvan nesans nou, epi kounyeya n ap rankontre opozison. Nou pwogrese epi nou vin gen plis matirite spirityèl si nou chwazi pou n obeyi kòmandman Bondye yo pa yon seri chwa kòrèk n ap fè. Chwa sa yo enkli alyans ak òdonans yo ak repantans lè nou fè move chwa. Men, si nou manke lafwa nan plan Bondye a epi nou dezobeyi oubyen nou delibereman pa fè sa yo mande nou yo, nou renonse a pwogresyon ak matirite sa a. Liv Mòmon an anseye: “Lavi sa a se moman pou lèzòm prepare yo pou y al rankontre Bondye” (Alma 34:32).

II.

Sen Dènye Jou ki konprann plan sali Bondye a gen yon konpreyansyon san parèy ki ede yo wè rezon pou kòmandman Bondye yo, nati enchanjab òdonans li mande yo, ak wòl fondamantal Sovè nou an, Jezikri. Ekspyasyon Sovè nou an libere nou anba lanmò epi, si nou repanti, li sove nou anba peche. Avèk pèspektiv sa a sou mond lan, Sen Dènye jou yo gen priyorite ak pratik distenktif epi yo gen benediksyon fòs pou yo reziste anba fristrasyon ak doulè lavi mòtèl yo.

Inevitableman, konpòtman moun k ap eseye suiv plan sali Bondye yo ka soulve yon enkonpreyansyon oubyen menm konfli nan mitan manm fanmi oswa zanmi yo ki pa kwè nan prensip sa yo. Konfli sa yo ap toujou egziste. Chak jenerasyon ki chèche suiv plan Bondye te toujou rankontre difikilte. Nan ansyen tan an, pwofèt Ezayi te bay Izrayelit yo fòs, li te rele yo “noumenm ki konn sa ki dwat, … ki gen lwa m nan nan kè nou.” Li te di yo: “Nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou, nou pa bezwen pè lè moun ap joure nou” (Ezayi 51:7; gade 2 Nefi 8:7) tou. Men, kèlkeswa lakoz konfli avèk moun ki pa konprann plan Bondye a oubyen ki pa kwè ladan l yo, yo toujou kòmande moun ki konprann ak kwè ladan l yo pou yo chwazi fason Senyè a olye de fason mond lan.

III.

Yo souliyen plan levanjil chak fanmi dwe suiv pou prepare yo pou lavi etènèl ak egzaltasyon an nan pwoklamasyon Legliz la te pibliye an 1995 la, “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan.”3 Natirèlman, deklarasyon l yo klèman diferan avèk kèk lwa ak pratik ak diskou aktyèl nan mond n ap viv la. Nan epòk nou an, diferans ki pi evidan yo se konkibinaj (moun ki abite ansanm san yo pa marye), se maryaj ant moun menm sèks, ak elve timoun andedan kalite relasyon sa yo. Moun ki pa kwè nan egzaltasyon oubyen ki pa aspire a egzaltasyon epi ki totalman kite mond lan konvenk yo, yo konsidere pwoklamasyon sou fanmi sa a tankou jis yon deklarasyon yo bay sou yon seri règ ki ta dwe chanje. Yon lòtbò, Sen Dènye Jou yo yomenm, afime ke pwoklamasyon sou fanmi an defini kalite relasyon familyal kote pati ki pi enpòtan nan pwogresyon etènèl nou kapab rive.

Nou wè yon akseptasyon rapid ki plis anplis ap ogmante nan piblik la konsènan moun k ap viv ansanm san marye ak maryaj ant moun menm sèks. Sipò medya yo bay moun sa yo, sistèm edikasyon an, e menm règleman travay yo poze gwo difikilte pou Sen Dènye Jou yo. Nou dwe eseye balanse egzijans konpetisyon ki mande pou n suiv lwa levanjil yo nan lavi pèsonèl nou ak ansèyman pèsonèl nou yo, pandan ke n ap chèche montre lanmou pou tout moun nan.4 Lè nou fè sa, byenke nou pa bezwen pè yo, n ap pafwa rankontre sa Ezayi rele “repwòch lèzòm.”

Sen Dènye Jou ki konvèti yo kwè ke pwoklamasyon sou fanmi an, ki te pibliye sa gen prèske yon ka syèk, e ki tradui nan yon pil kantite lang kounyeya, se aksan Senyè a remete sou verite levanjil nou bezwen defann kont atak fanmi yo ap sibi aktyèlman yo. De egzanp sou sa se maryaj ant moun menm sèks ak moun k ap viv ansanm san marye (konkibinaj). Apèn ventan apre pwoklamasyon sou fanmi an, Lakou Siprèm Etazini an otorize maryaj ant moun menm sèks, sa ki rejte maryaj tradisyonèl ant yon gason ak yon fi ki egziste depi dè milye dane a. Pousantaj chokan timoun nan Etazini ki fèt pami yon manman ki pa marye avèk papa a vin gradyèlman plis ogmante: 5 pousan an 1960,5 32 pousan an 1995,6 e kounyeya plis pase 40 pousan.7

IV.

Pwoklamasyon sou fanmi an kòmanse pa deklare: “Maryaj ant yon gason ak yon fi se bagay Bondye òdone epi fanmi se pwen santral nan plan Kreyatè a pou destine etènèl pitit li yo.” Li afime tou ke “Maskilen ak feminen se yon karakteristik esansyèl pou moun ki premòtèl, ki mòtèl, epi se yon idantite ak yon objektif etènèl.” Li deklare pi lwen ke “Bondye kòmande pou pouvwa sakre pwokreyasyon yo sèvi sèlman ant gason ak fi ki marye legalman.”

Pwoklamasyon an konfime devwa kontinyèl mari ak madanm nan genyen pou yo miltipliye ak ranpli tè a ak “responsablite solanèl yo pou youn renmen ak pran swen lòt epi pou yo renmen ak pran swen pitit yo”: “Se dwa timoun pou yo pran nesans nan relasyon maryaj, epi pou yon papa ak yon manman ki onore alyans maryaj avèk fidelite total elve yo.” Li solanèlman mete moun ki maltrete konjwen yo oubyen pitit yo angad, epi li afime ke “bonè nan lavi familyal kapab akonpli pi souvan lè l fonde sou ansèyman Lesenyè Jezikri.” Finalman, li mande pou ofisyèlman yo ankouraje moun vote “lwa ki destine pou pou sovgade ak fòtifye fanmi an kòm inite fondamantal sosyete a.”

An 1995, yon Prezidan Legliz la ak 14 lòt Apot Senyè a te pibliye deklarasyon doktrinal enpòtan sa yo. Antanke youn nan pami sèt ki rete sèlman nan Apot sa yo, m santi m gen obligasyon pou m pataje sa k te mennen nan pwoklamasyon sou fanmi an pou enfòmasyon tout moun ki konsidere li.

Sa gen plis pase 23 zan, dirijan Legliz yo te resevwa enspirasyon ki te fè yo konnen l te nesesè pou yo te fè yon pwoklamasyon sou fanmi an. Sete yon sipriz pou kèk moun ki te panse ke tout moun te byen konprann verite doktrinal konsènan maryaj ak fanmi yo epi yo pa t bezwen redeklare yo.8 Sepandan, nou te santi konfimasyon an epi nou t al travay. Manm Kolèj Douz yo te idantifye sijè e diskite sou yo pandan prèske ennan. Yo te pwopoze yon tèks, ke yo te repase, e korije. Nan lapriyè, nou te sipliye Senyè a san rete pou l te akòde nou enspirasyon Li konsènan sa nou ta dwe di ak ki fason nou ta dwe di l. Nou tout te aprann liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon,” jan Senyè a pwomèt la (D&A 98:12).

Imaj
Foto Prezidan GordonB. Hinckley

Pandan pwosesis revelasyon sa a, yo te prezante tèks ki te pwopoze a devan Premye Prezidans lan, ki sipèvize ak deklare ansèyman ak doktrin Legliz la. Apre Premye Prezidans lan te fin fè dènye chanjman yo, pwoklamasyon sou fanmi an te anonse pa Prezidan Legliz la, Gordon B. Hinckley. Nan konferans fi yo jou 23 Septanm  1995 la, li te prezante pwoklamasyon an avèk pawòl sa yo: “Avèk tout fo rezonman yo prezante kòm verite yo, avèk tout twonpri sou prensip yo ak valè yo, avèk tout tantasyon ak pouse pou nou tonbe tikal pa tikal nan salte mond lan, nou santi n pouse pou n lanse yon avètisman.”9

Mwen temwaye ke pwoklamasyon sou fanmi an se yon deklarasyon verite etènèl, se volonte Senyè a pou pitit li yo. Li se baz ansèyman ak pratik Legliz la depi 22 zan e l ap kontinye rete sa nan lefiti. Konsidere l pou sa l ye a, anseye li, viv li, epi n ap beni pandan n ap dirije nou vè lavi etènèl la.

Sa gen karantan, Prezidan Ezra Taft Benson te anseye ke “chak jenerasyon gen tès pa l ak okazyon pa l pou l fè prèv li.”10 Mwen kwè atitid nou anvè pwoklamasyon sou fanmi an ak fason n ap itilize li se youn nan tès jenerasyon sa a. Mwen priye pou tout Sen Dènye Jou yo rete fèm devan tès sa a.

M ap fini avèk ansèyman Prezidan Gordon B. Hinckley te bay dezan apre yo te fin anonse pwoklamasyon sou fanmi an. Li te di: “Mwen wè yon fiti mayifik nan yon mond ekstrèmeman ensèten. Si nou atache n ak valè nou yo, si nou bati sou eritaj yo kite pou nou an, si nou mache nan obeyisans devan Senyè a, si nou senpleman viv levanjil la, n ap ekstrèmeman beni. Y ap konsidere nou kòm yon pèp apa ki jwenn kle yon bonè tou patikilye.”11

Mwen temwaye konsènan verite ak enpòtans etènèl pwoklamasyon sou fanmi an, ke Senyè a, Jezikri te revele bay Apot li yo pou egzaltasyon pitit Bondye yo, li yo (gade Doktrin ak Alyans 131:1–4), nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Thomas S. Monson, “Stand in Holy Places,” Liahona, Nov. 2011, 83.

  2. Russell M. Nelson, “Salvation and Exaltation,” Liahona, Me 2008, 10.

  3. Gade “The Family: A Proclamation to the World,” Liahona, Nov. 2010, 129.

  4. Gade Dallin H. Oaks, “Love and Law,” Liahona, Nov. 2009, 26–29.

  5. Gade “‘Disastrous’ Illegitimacy Trends,” Washington Times, Des. 1, 2006, washingtontimes.com.

  6. Gade Stephanie J. Ventura and others, “Report of Final Natality Statistics, 1996,” Monthly Vital Statistics Report, Jen 30, 1998, 9.

  7. Gade Brady E. Hamilton ak lòt, “Births: Provisional Data for 2016,” Vital Statistics Rapid Release, Jen 2017, 10.

  8. Prezidant Jeneral Jènfi nou an te trè byen eksprime sa ventan apre: “Nou pa t menm te reyalize lè sa a nan ki pwen nou ta pral dezespereman bezwen deklarasyon fondamantal sa yo nan mond jodia kòm baz pou pèmèt nou evalye chak nouvo van doktrin pwofàn k ap vin jwenn nou soti nan medya, entènèt, savan, televizyon ak fim, e menm lejislatè yo. Pwoklamasyon sou fanmi an vin tounen referans nou pou n jije filozofi mond lan yo, e, mwen temwaye ke prensip yo deklare yo nan deklarasyon sa a osi vrè jodia ke yo te ye lè nou te resevwa yo nan men yon pwofèt Bondye sa gen prèske ventan an” (Bonnie L. Oscarson, “Defansè Pwoklamasyon sou Fanmi an,” Liahona, Me 2015, 14–15).

  9. Gordon B. Hinckley, “Stand Strong against the Wiles of the World,” Ensign, Nov. 1995, 100.

  10. Ezra Taft Benson, “Our Obligation and Challenge” (diskou yo te bay nan seminè pou reprezantan rejyonal yo, Sept. 30, 1977), 2; nan David A. Bednar, “On the Lord’s Side: Lessons from Zion’s Camp,” Liahona, Jiyè 2017, 19.

  11. Enseignements des presidents de l’église: Gordon B. Hinckley (2016), 186; gade tou Gordon B. Hinckley, “Look to the Future,” Ensign, Nov. 1997, 69.