2010–2019
Pwomès ki pi gran ak pi presye yo
Oktòb 2017


Pwomès ki pi gran ak pi presye yo

Gran plan bonè Pè Selès la gen doktrin, òdonans, alyans, ak pwomès ki pi gwo ak pi presye ki ka ede nou vin patisipe pi plis nan nati divin nan.

Youn nan pi gwo konba nou fè fas chak jou se pa kite sousi mond sa a sitèlman domine tan nou ak enèji nou ke nou neglije bagay etènèl ki konte plis yo.1 Pil responsablite ak orè chaje nou yo twò fasilman detounen atansyon nou, sa ki fè nou pa raple nou ni konsantre nou sou priyorite spirityèl ki esansyèl yo. Pafwa, nou eseye kouri si vit ke nou riske bliye ki kote nou prale ak poukisa n ap kouri.

Apot Pyè raple nou ke, pou disip Jezikri yo “pouvwa divin ni ba nou tout sa ki anrapò avèk lavi ak pyete, pa mwayen konesans moun ki aple nou pa pwòp glwa li ak pwòp vèti l la:

“Ki asire nou pwomès ki pi gran ak pi presye yo: pou nou kapab, pa mwayen sa a, vin patisipan nati divin nan, nan kouri pou koripsyon ki egziste nan mond lan atravè konvwatiz.”2

Mesaj mwen an souliyen enpòtan gwo pwomès ki pi presye sa yo Pyè dekri a pou raple nou ki kote nou prale nan vwayaj nou nan mòtalite a ak poukisa. M pral pale tou sou wòl respektif jou Saba a, tanp sakre a, ak fwaye nou jwe tou nan ede nou sonje pwomès spirityèl enpòtan sa yo.

Mwen priye sensèman pou Sentespri a enstwi nou chak pandan n ap reflechi ansanm sou verite enpòtan sa yo.

Idantite divin nou

Gran plan bonè Pè Selès nou an enkli doktrin, òdonans, alyans, ak pwomès ki pi gran ak pi presye yo ki ka fè nou patisipe nan nati divin nan. Plan l lan defini idantite etènèl nou ak chemen nou dwe suiv pou n aprann, chanje, pwogrese, e finalman demere avèk li pou tout tan.

Jan yo eksplike nan “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan”:

“All human beings—male and female—are created in the image of God. Each is a beloved spirit son or daughter of heavenly parents, and, as such, each has a divine nature and destiny. … “Tout kretyen vivan—gason ak fi—te kreye dapre imaj Bondye. Yo chak se yon pitit lespri gason oubyen fi ki soti nan paran selès, epi konsa, yo chak gen yon nati ak yon destine diven. …

“Nan egzistans premòtèl la, pitit gason gason ak pitit fi lespri yo te konnen Bondye epi yo te adore l kòm Papa Etènèl yo epi yo te aksepte plan l lan kote pitit li yo te kabab vin gen yon kò fizik pou yo fè eksperyans terès epi pou yo pwogrese nan direksyon pèfeksyon epi pou yo vin rive alafen nan destine diven yo kòm eritye lavi etènèl.”3

Bondye pwomèt pitit li yo ke, si yo suiv presèp plan l lan ak egzanp Pitit Gason Byeneme l la, si yo respekte kòmandman yo, epi yo pèsevere jiskalafen, enben, pa vèti Redanmsyon Sovè a, yo va “gen lavi etènèl, ki se pi gwo nan tout kado Bondye yo.”4

Renesans spirityèl

Nou pi totalman konprann pwomès ki pi gran ak pi presye yo epi nou kòmanse goute nati divin nan si nou pozitivman reponn apèl Senyè a pou laglwa ak vèti a. Jan Pyè te dekri a, nou ranpli apèl sa a lè nou eseye chape tèt nou anba koripsyon ki nan mond lan.

Pandan n aprale annavan dosilman ak lafwa nan Sovè a, enben, gras ak Ekspyasyon l lan epi pa pouvwa Sentespri a, “yon gwo chanjman [opere] nan nou, oubyen nan kè nou, ki fè nou pa gen okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò, men okontrè pou nou kontinye fè byen nètalkole.”5 Nou vin “nedenouvo nan Bondye, chanje eta chanèl [nou] ak eta chit la, pou [nou] vin nan yon eta lajistis, pou Bondye rachte [nou].”6 “Se poutèt sa, si yon moun nan Kris la, li vin yon nouvo kreyati: ansyen bagay yo pase; epi, tout bagay vin nouvo.”7

Yon chanjman osi konplè konsa nan nati nou jeneralman pa fèt rapidman oubyen yon sèl kou. Tankou Sovè a, noumenm tou nou “pa resevwa toutnèt nan kòmansman, men [nou resevwa lagras sou lagras.”8 “Paske gade, Senyè Bondye di: M pral bay pitit lèzòm liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon, ti mòso isit, ti mòso lòtbò; e moun ki koute enstriksyon m ak konsèy mwen yo beni, paske yo pral aprann lasajès.”9

Òdonans Prètriz yo ak alyans sakre yo esansyèl nan pwosesis kontinyèl renesans spirityèl la; yo se mwayen Bondye chwazi tou pou pèmèt nou resevwa pwomès ki pi gran ak pi presye yo. Òdonans nou resevwa diyman epi nou sonje kontinyèlman yo louvri kanal selès yo ki pèmèt pouvwa divinite a kapab devèse nan lavi nou. alyans nou onore lwayalman yo epi nou toujou sonje yo ba nou yon bi ak asirans benediksyon nan lavi nan mòtalite a ak pou letènite.

Paregzanp, Bondye pwomèt nou, selon fidelite nou, nou ka gen konpayi konstan twazyèm manm Divinite a, ki se Sentespri a,10 ke pa mwayen Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a nou ka resevwa e toujou kenbe remisyon pou peche nou,11 ke nou ka resevwa lapè nan mond sa a,12 ke Sovè a te kase chenn lanmò yo epi li te pote laviktwa sou tonbo a,13 epi fanmi kapab ansanm pou tout letènite.

Jan nou ka konprann, tout benediksyon ki pi gran ak pi presye Papa nou ki nan syèl la ofri pitit li yo, nou pa ka konte yo ni dekri yo konplètman. Sepandan, menm lis anpati sou benediksyon l promèt yo m sot prezante yo ta dwe fè nou chak santi nou “emèveye”14 epi fè nou “pwostène pou n adore Papa a”15 nan non Jezikri.

Sonje pwomès yo

Prezidan Lorenzo Snow te avèti nou: “Nou twò gen tandans pou nou bliye gwo bi lavi a, rezon k fè Pè Selès la voye nou isit la nan mòtalite a, osibyen ke apèl sakre nou te resevwa a; epi konsa, olye nou elve nou anlè ti bagay pasaje yo … , nou twò souvan kite tèt nou desann nan nivo mond lan san nou pa chèche jwenn èd divin Bondye te enstitiye a, ki limenm sèl kapab ede nou simonte [bagay pasaje sa yo].”16

Jou Saba a ak tanp sakre a se de sous èd divin spesifik Bondye enstitiye pou ede nou elve nou anwo nivo ak koripsyon mond lan. Nou gen dwa panse toudabò ke objektif prensipal Jou Saba a ak ale nan tanp lan liye men yo chak distenk. Men, mwen kwè ke de objektif sa yo presizeman menm bagay la epi yo travay ansanm pou fòtifye nou spirityèlman kòm endividi ak nan fwaye nou.

Saba a

Apre Bondye te fin kreye tout bagay, Li te repoze nan setyèm jou a epi li te kòmande pou yon jou pa semèn se jou repo pou ka ede pèp li a sonje li.17 Saba a se tan Bondye, yon tan sakre li spesifikman mete apa pou adore li ak pou resevwa ak sonje pwomès ki pi gran ak pi presye l yo.

Senyè a mande nou nan dispansasyon sa a:

“Pou nou kapab pwoteje tèt nou kont salte mond lan, nou dwe ale nan kay priyè a pou nou ofri sakreman nou nan jou sen mwen an;

“Paske an verite, se yon jou ki tabli pou nou repoze nou apre travay nou yo, epi pou nou bay Bondye Ki Pi Wo a devosyon nou.”18

Konsa, nan jou Saba a, nou adore Papa a nan non Pitit Gason an nan patisipe nan òdonans yo ak nan aprann kòman pou nou resevwa, sonje, ak renouvle alyans nou. Nan jou sakre l la, panse nou, aksyon nou, ak konpòtman nou se siy nou montre Bondye ak yon endikatè lanmou nou pou li.19

Yon lòt objektif jou Saba a se ede nou detache rega nou sou bagay mond lan pou nou ka elve l nan benediksyon letènite yo. Pandan n ap retire nou nan pil woutin regilye lavi okipe nou yo nan moman sakre sa a, nou ka “Gade Bondye epi viv”20 nan resevwa ak sonje pwomès ki pi gran ak pi presye ki ap pèmèt nou vin patisipan nan nati divin yo.

Tanp sakre a

Senyè a toujou kòmande pèp li pou yo bati tanp, lye sakre kote Sen ki diy ka akonpli seremoni ak òdonans sakre pou tèt pa yo ak pou moun ki mouri yo. Tanp yo se lye ki pi sakre ki egziste nan tout lye adorasyon. Yon tanp se literalman kay Senyè a, yon espas sakre ki spesifikman mete apa pou adore Bondye ak pou resevwa ak sonje pwomès ki pi gran ak pi presye l yo.

Senyè a kòmande nou nan dispansasyon sa a: “Òganize tèt nou; prepare tout bagay ki nesesè; epi etabli yon kay, men yon kay priyè, yon kay jèn, yon kay lafwa, yon kay pou aprann, yon kay laglwa, yon kay lòd, yon kay pou Bondye.”21 Bi prensipal adorasyon nan tan plan se pou patisipe nan òdonans ak aprann kijan pou nou resevwa ak sonje alyans. Nan tanp lan, nou panse diferamman, nou aji diferamman epi nou abiye diferamman pase nan tout lòt kote nou frekante.

Youn nan bi prensipal tanp lan se pou ede nou detache rega nou sou bagay mond lan pou nou ka gade benediksyon letènite yo. Pandan yon ti bout moman, lwen bagay mond lan nou familye avèk yo a, nou ka “gade Bondye epi viv”22 nan resevwa pwomès ki pi gran ak pi presye ki ap pèmèt nou vin patisipan nan nati divin yo.

Tanpri note ke jou Saba a ak tanp lan se respektivman yon moman sakre ak yon espas sakre ke yo spesifikman mete apa pou adore Bondye ak pou resevwa ak sonje pwomès ki pi gran ak pi presye l yo pou pitit li yo. Jan Bondye te enstitiye sa, objektif prensipal de sous èd divin sa yo se egzanteman menm nan: pou nou konsantre atansyon nou sou òdonans ak alyans levanjil retabli Sovè a nan yon fason pi puisan ak pi repete.

Fwaye nou

Sa k enpòtan, yon fwaye dwe se konbinezon siprèm tan ak espas kote moun yo ak fanmi yo pi byen sonje pwomès ki pi gran ak pi presye Bondye yo. Kite fwaye nou pou n al pase tan nan reyinyon jou Dimanch yo ak pou nou antre nan espas sakre tanp yo se yon bagay ki enpòtan men li pa sifi. Se sèlman lè nou pote espri ak fòs nou resevwa nan aktivite sakre sa yo andedan fwaye nou ke nou ka konsantre sou gran objektif lavi etènèl yo epi simonte koripsyon ki nan mond sa a. Eksperyans Saba nou yo ak eksperyans tanp nou yo dwe vin katalizè espirityèl ki antre nan noumenm ak nan fanmi nou ak nan fwaye nou rapèl konstan sou leson kle nou aprann yo, avèk prezans ak pouvwa Sentespri a, avèk yon konvèsyon kontinyèl e pi pwofon anvè Senyè a, Jezikri, epi avèk “esperans pafètman klè”23 nan pwomès etènèl Bondye yo.

Jou Saba a ak tanp lan kapab ede nou etabli “yon fason pi ekselan”24 nan fwaye nou pandan n ap “reyini tout bagay fè youn nan Kris la, ni sa ki nan syèl la, ni sa ki sou tè a; nan Limenm.”25 Sa nou fè avèk moman sakre l la nan fwaye nou epi sa nou aprann nan espas sakre yo enpòtan anpil pou nou ka vin patisipan nan nati divin ni.

Pwomès ak benediksyon

Nou fasilman gen dwa kite woutin ak preyokipasyon monden yo domine nou nan mòtalite a. Dèmi, manje, abiye, travay, jwe, fè egzèsis, ak anpil lòt aktivite òdinè yo nesesè epi yo enpòtan. Men alafen, sa nou devni se rezilta konesans nou sou Pè Selès la, sou Pitit Gason l lan, ak sou Sentespri a ak dispozisyon nou pou nou aprann nan men yo; se pa senpleman sòm total okipasyon kotidyen nou yo ke nou akimile pandan tout yon lavi a.

Levanjil la sitèlman plis pase yon lis kontwòl woutin sou aktivite diskrè ke nou akonpli; men, li se yon bèl tapi verite “byen kowòdone”26 e byen koud ansan, ki prepare pou ede nou vin plis sanble ak Papa nou ki nan Syèl la ak Senyè a, Jezikri, sètadi patisipan nan nati divin nan. Vrèman, nou avegle “paske n ap gade odela mak la”27 lè nou kite reyalite spirityèl siprèm sa a kouvri pa sousi, preyokipasyon, ak frivolite mond lan.

Si nou saj epi nou envite Sentespri a pou l gide nou,28 mwen pwomèt ke l ap anseye nou sa ki vrè. “L ap temwaye de Kris la [epi] l ap eklere lespri nou pou montre nou volonte li”29 si nou efòse nou pou n akonpli destine etènèl nou epi vin patisipan nan nati divin nan.

Mwen rann temwayaj ke pwomès ki pi gran ak pi presye ki mache avèk òdonans ak alyans nou yo asire. Se Senyè a ki te deklare:

“M ba nou direksyon kouman nou kapab aji devan mwen, pou sa kapab tounen pou sali nou.

“Mwen menm Senyè a m anba obligasyon lè nou fe sa m di; men, lè nou pa fè sa m di, nou pa gen pwomès.”30

Mwen temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la vivan epi li se otè plan sali a. Jezikri se Sèl Pitit Literal li, Sovè nou ak Redanmtè nou. Li vivan. Epi mwen temwaye ke plan ap pwomès Papa a, Ekspyasyon Sovè a, ak konpayi Sentespri a rann posib pou nou gen “lapè nan mond sa a, ak lavi etènèl nan mond k ap vini an.”31 Konsènan bagay sa yo mwen temwaye nan non sakre Senyè a, Jezikri, amèn.