2010–2019
Pou nou ka gen lajwa total
Oktòb 2017


Pou lajwa nou ka total

Jezikri se sous tout gerizon, lapè, ak pwogresyon etènèl.

Frè m ak sè m yo, se yon jwa pou m avèk nou la a. E se sou sa m ta renmen pale avèk nou maten an—sou posede yon lajwa total.

Men gwo tit ki te parèt nan yon jounal dènyèman: “Katastwòf ap sakaje peyi a [ak] mond lan.”1. Soti nan siklòn ak inondasyon rive nan vag chalè ak sechrès, soti nan dife fore ak tranblemantè rive nan lagè ak maladi devastan, sanble “tout tè a an boulvès.”2

Dè milyon moun oblije deplase, e yon pakèt lavi boulvèse akoz difikilte sa yo. Kerèl andedan fanmi yo ak kominote yo ansanm avèk konba enteryè kont lakrent, dout ak espwa ki desi kite nou nan dezawa tou. Sa ka difisil pou n santi lajwa Leyi te di ki se objektif lavi a. 3 Nou tout konne mande pafwa: “Ki kote m ka jwenn lapè? Kote rekonfo m ye … ?”4 Nou mande, kijan m ka jwenn lajwa malgre difikilte lavi motèl yo?

Repons lan ka parèt senp, men li fè prèv li depi nan epòk Adan an. Nou jwenn lajwa dirab nan konsantre nou sou Sovè nou an, Jezkiri, ak nan viv levanjil la jan l te demontre l ak ansenye l la. Plis nou aprann sou Jezikri,nou gen lafwa nan li, epi nou suiv li, se plis n ap rive konprann ke l se sous tout gerizon, lapè, ak pwogresyon etènèl. Li envite nou chak pou nou vin jwenn ni,5 yon envitasyon Prezidan Henry B. Eyring konsidere kòm “envitasyon ki pi enpòtan yon moun ka aksepte.”6

Aprann de Jezikri.

Kijan nou vin jwenn ni? Avril ki sot pase a, Prezidan Russell M. Nelson ak Eldè M. Russell Ballard te ankouraje nou pou n te etidye “Kris Vivan” an7 pou nou ka aprann plis apwopo Sovè a. Anpil moun te aksepte defi a e yo te beni. Sa pa fè lontan yon zanmi m te bay chak nan pitit adilt li yo yon kopi dokiman an avèk imaj levanjil pou ilistre chak fraz. Li te ankouraje yo pou yo te ede pitit pitit li yo konprann ni ak memorize li. Kèk tan apre zanmi m nan te pataje yon videyo pitit pitit fi twazan l lan, Laynie, ki t ap resite vèsyon l te memorize a avèk antouzyas ak asirans. M te reyalize ke si yon timoun twazan te rive fè l, m te kapab tou!

Imaj
Laynie, ki te memorize “Kris Vivan an”

Pandan m t ap etidye lavi ak ansèyman Jezikri yo avèk plis atansyon epi aprann “Kris Vivan an,” pa kè a, gratitid mwen ak lanmou m pou Sovè a te ogmante. Chak fraz dokiman enspire sa a gen yon diskou ki apwonfondi konpreyansyon m sou wòl diven li ak misyon terès li a. Sa m te aprann ak sa m te santi pandan moman etid ak refleksyon sa yo konfime ke Jezi se vrèman “limyè, lavi, ak lespwa mond lan.”8 Ansyen ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo ekri oubyen pwononse pou louwe l yo rann temwayaj ke “Li se chemen ki mennen nan bonè nan lavi sa a ak nan lavi etènèl nan mond k ap vini an.”9

Gen lafwa nan Jezikri.

Si nou etidye lavi ak ansèyman Kris la nan yon pakèt fason, lafwa nou nan Li ap ogmante. N ap vin konnen ke L renmen nou chak pèsonèlman epi li konprann nou pafètman. Pandan 33 zan l yo nan mòtalite a, li te soufri rejeksyon, pèsekisyon, grangou, swaf ak fatig;10 solitid, vyolans vèbal ak fizik, e alafen, yon terib lanmò nan men moun pechè.11 Nan Jaden Jetsemani an ak sou kwa Kalvè a, Li te santi tout lapenn nou, tout afliksyon, tantasyon, maladi ak enfimite nou yo.12

Kèlkeswa sa nou te soufri, Li se sous gerizon an. Moun ki fè eksperyans vyolans, sou nenpòt kalite fòm, tankou abi, gwo dèy, maladi kwonik, obyen pwoblèm andikap, fos akizasyon, pèsekisyon, oubyen domaj spirityèl peche oubyen enkonpreyansyon ka lakoz, yo tout ka geri pa Redanmtè mond lan. Men, Li pap antre san envitasyon. Nou dwe vin jwenn ni epi pèmèt Li opere mirak Li yo.

Nan yon bèl jou prentan, m te kite pòt la louvri pou te pwofite yon ti lè frèch. Yo ti zwazo te vole antre nan pòt la epi apre, li te reyalize se pat la l te vle ale. Li te vole dezesperaman nan tout sal la, li te frape nan fenèt anvit la san rete, nan tantativ li pou l te chape a. M te eseye gide l dousman al nan pòt ki te louvri a, men li te pè anpil epi li te kontinye ap vole. Li te finalman al poze anlè rido fenèt yo, tou fatige. M te pran yon bale epi m te dousman lonje pwent la kote tizwazo a te poze a. Pandan m te kenbe tèt bale a tou pre pye li, tizwazo a te eseye kanpe sou bale a. Tou dousman, m te mache al nan pot louvri a pandan m te kenbe bale a osi dwat m te kapab. Osito nou te rive nan pòt la, tizwazo a te vole byen vit al nan libète.

Menmjan ak zwazo sa a, pafwa nou pè fè konfyans paske nou pa konprann lanmou absoli Bondye ak dezi l pou ede nou. Men si nou etidye plan Pè Selès la ak misyon Jezikri a, n ap konprann ke sèl objektif yo se pwogrè ak bonè etenèl nou.13 Yo kontan ede nou lè nou mande, chèche e frape.14 Lè nou egzèse lafwa epi nou enbleman ouvri tèt nou pou repons Yo, nou vin libere anba kontrent enkonpreyansyon ak dout nou yo, e yo ka vin montre nou chemen pou nou suiv la.

Jezikri tou se sous lapè. Li envite nou pou nou “Apiye sou bra fèm [ni]”15 epi li pwomèt “lapè …ki depase tout konpreyansyon,”16 yon santiman ki vini lè Lespri L “pale lapè nan nanm nou”17 kèlkeswa difikilte n ap simonte. Keseswa yo se pwoblèm pèsonèl, pwoblèm familyal, oubyen pwoblèm kominotè, lapè ap vini si nou kwè Sèl Pitit Gason Bondye a gen pouvwa pou soulaje doulè nanm nou yo.

Imaj
Snježana Podvinski, yon manm nan peyi Croatie

Snjezana Podvinski, youn nan yon ti kantite Sen nan Karlovac, nan Croatie yo, te apiye sou Sovè a lè mari l ak toude paran l yo te mouri nan lespas 6 mwa ane pase. Akable anba chagren, men avèk yon temwanyaj ke fanmi ka viv pou tout tan, li te depanse tout ekonomi li pou l te vwayaje al nan tanp, kote li te sele avèk mari l ak paran li. Li te di ke jou sa yo nan tanp lan sete yon limyè nan lavi li. Akoz temwanyaj fèm ni sou Jezikri ak sou sakrifis ekspyatwa L la, li te santi lapè e li te jwenn gerizon, ki te yon fos tou pou moun ki te antoure li.

Lafwa nan Jezikri menm pote plis don pase gerizon ak lapè. Jan Prezidan Henry B. Eyring te pataje: “Mwen rekonesan pou anpil fason Senyè a te vizite m avèk Konsolatè a lè m te bezwen lapè. Men Papa nou ki nan Syèl la sousye non sèlman pou konfo nou men plis toujou pou pwogresyon espirityèl nou.”18

Gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, ki gen ladann don redanmsyon ak rezirèksyon yo, nou kapab repanti, chanje, epi pwogrese etènèlman. Gras ak pouvwa Li bannou lè nou obeyisan an, nou kapab vin plis pase sa nou t ap kapab ye poukont pa nou. Nou gen dwa pa totalman konprann kijan, men chak moun ki te santi lafwa yo nan Kris la ogmante, yo resevwa plis konpreyansyon sou idantite ak objektif diven yo tou, sa ki mennenn yo fè chwa ki konfòm ak konesans sa a.

Malgre yon mond k ap eseye rabese nou pou fè nou rive nan nivo “senp animal,”19 konesans nou pou n konnen Bondye se Papa nou an asire nou ke nou gen potansyèl diven ak pwomès wayal. Malgre yon mond k ap di nou lavi sa a se fen tout bagay, konnen ke Sèl Pitit Gason Literal Bondye a te rann posib pou nou rachte ak resisite bannou esperans pwogresyon etènèl.

Suiv egzanp Jezikri

Pandan n ap aprann plis sou Jezikri a, n ap devlope pigwo afwa nan Li e nou tou natirèlman vin gen dezi pou n suiv egzanp Li. Kenbe komandman L yo vin pigran dezi nou. Kè nou anvi soulaje soufrans lòt moun, jan L te fè, epi nou vle yo fè eksperyans lapè ak bonè nou jwenn nan.

Poukisa l si puisan po n eseye fè sa L te fè? Paske lè nou mete lafwa nou an aksyon, Sentespri a rann temwanyaj de verite etènèl la.20 Jezi kòmande disip Li yo pou yo kenbe komandman yo paske li konnnen ke, si nou suiv egzanp Li, n ap komanse fè eksperyans lajwa, e si nou kontinye sou chemen li, nap rive jwen yon lajwa konplè. Li te eksplike: “Mwen di nou bagay sa yo pou nou ka gen lajwa nan nou, e pou lajwa sa a kapab total.”21

Èske temwanyaj nou bati sou woch fondasyon Jezikri ak levanjil Li a? Lè tanpèt lavi yo tonbe sou nou, èske nou dezespereman chèche èd nan liv oubyen yon mesaj sou entènèt? Si nou pran tan pou nou edifye ak ranfòse konesans nou ak temwanyaj nou sou Jezikri, sa ap pote bonjan benefis nan moman eprèv ak difikilte yo. Li ekriti yo chak jou epi medite sou pawòl pwofèt vivan yo, angaje nou nan priyè pèsonèl sensè, pran sentsèn chak semèn, rann sèvis jan Sovè a t ap fè---chak nan senp aktivite sa a yo ap tounen yon blòk debaz pou yon lavi jwaye.

Kisa k ba nou lajwa? Lè nou wè moun nou renmen yo apre yon jounen byen long? Satisfaksyon yon travay byen fèt? Limyè nan je yon moun lè n ede l pote fado li? Pawòl yon kantik ki touche kè nou anpil? Yon bon zanmi ki ba nou lamen? Pran yon ti moman pou nou reflechi sou benediksyon nou yo epi apresa chèche fason pou n pataje yo. Si nou lonje lamen pou sèvi ak soulaje frè n ak sè nou yo nan vwazinaj nou oubyen atravè mond sa a ki si an boulvès la, n ap jwen pi gwo lapè ak gerizon e menm pwogresyon.

Vini jwenn ni. Mwen temwanye ke si nou santre lavi nou sou Jezikri, n ap jwen lajwa nan sikonstans nou yo, kèlkeswa sa yo ka ye. Anfèt, “Li, sèl Limenm,”22 se repons lan. Chèche tan, epi pran tan pou nou vin konnen Jezikri atravè etid dilijan, pandan n ap devlope pi gwo lafwa nan Li, e eseye pou nou vin plis sanble avèk li. Si nou fè sa, noumenm tou n ap santi n ka di, avèk Layine: “Nou remesye Bondye pou kado san parèy Pitit Gason diven Li an.”23 Nan non sakre ak beni Jezikri, amèn.