2010–2019
Èske jou mirak yo sispann?
Oktòb 2017


Èske jou mirak yo sispann?

Konsantrasyon siprèm nou ta dwe sou mirak spirityèl ki disponib pou tout pitit Bondye yo.

Sa gen ennan, pandan m te nan yon tach nan Kalifòni, m te akonpye yon prezidan pieu pou l t al vizite Clark ak Holly Fales ak fanmi yo lakay yo. Yo te di m ke yo te fèk sot viv yon mirak. Lè nou te rive, Clark te gen difikilte pou l te kanpe pou l te akeyi nou paske li te gen yon aparèy òtopedik nan do li, youn nan kou li, ak nan bra li.

De mwa anvan sa, Clark, pitit gason li Ty, ak apeprè 30 lòt jènjan ak dirijan te pati al nan yon aktivite pieu, ki sete monte rive sou 14,180-pye (4, 322 m) nan tèt Mòn Shata a, youn nan pi gwo mòn nan Kalifòni. Nan dezyèm jou monte rèd sa a, pifò nan yo te rive nan tèt mòn nan---yon akonplisman fòmidab ki te posib gras ak dè mwa preparasyon.

Youn nan premye moun ki te rive nan tòp la sete Clark. Apre yon ti poze tou pre pwent tèt mòn nan, li te leve pou l t al mache. Pandan l te kòmanse mache, li te trebiche epi l te tonbe sou do sou lòtbò falèz la, li te fè yon chit lib anviwon 40 pye (12 m) epi san l pa t ka kontwole l li te tonbe sou yon pant glas sou yon lòt 300 pye (91 m). Mirakilezman, Clark te siviv men li te blese grav e l pa t kapab bouje.

Sete jis kòmansman an nan yon pakòt mirak fanmi Clark te gen pou l te wè pandan evenman trajik sa a. Pami premye moun ki te rive jwenn ni yo, kòm “pa aza” te gen yon gwoup randonè ki te gen gid sekouris nan montay avèk yo ansanm ak espesyalis ijans medikal. Yo te imedyatman trete Clark pou chòk epi yo te ba l vètman pou te kenbe l cho. Kòm “pa aza”, gwoup sa a t ap teste yon nouvo aparèy kominikasyon tou, epi yo te voye yon demann èd ijans apati yon zòn kote telefòn selilè pa t menm te ka jwenn sinyal. Yo te voye yon ti elikoptè imedyatman nan Mòn Shata a, ki te prèske inèdtan distans. Apre de tantativ aterisaj danjere nan yon altitid ki te depase kapasite aparèy la, e pandan l t ap lite kont van vyolan, pilòt la te fè yon twazyèm tantativ final. Amezi elikoptè a t ap pwoche sou yon ang diferan, kòm “pa aza” van yo te chanje epi avyon an te ateri jis pou tan ki te nesesè pou gwoup la te prese foure Clark rapidman e penibman nan ti konpatiman dèyè chèz pilòt la.

Lè yo te evalye Clark nan yon lopital, tès yo te revele ke l te sibi plizyè frakti nan kou li, nan do li, bò kòt li, ak nan ponyèt li; li te gen yon poumon ki te pèfore; ak yon pakèt blesi ak grafiyen. Kòm “pa aza” te gen yon chirijyen espesyalize ki te nan lopital la jou sa a; li te vin nan lopital la sèlman kèk grenn fwa nan ane a. Nan apre, doktè sa a te di li pa t janm wè okenn moun siviv anba sitèlman domaj konsa nan kolòn vètebral li ak kawotid li. Non sèlman yo se panse Clark pa t ap viv men yo te panse l pa t ap janm ka retwouve fonkson nòmal li ankò. Chirijyen an, ki te di l se yon ate, te deklare ke ka Clark la te ale alenkont tout sa lasyans di osijè blesi newolojik e se sèl kòm yon mirak li ta ka dekri l.

Lè Clark ak Holly te fin rakonte istwa ekstraòdinè sa a, li te difisil pou m te pale. Sete non sèlman poutèt mirak ki te si klè sa yo men poutèt yon lòt pi gwo toujou. M te gen yon enpresyon pwofon---yon temwayaj spirityèl- ke Holly ak chak nan senk bèl timoun yo ki te chita nan salon an bò kot paran yo a te gen sitèlman lafwa ke yo t ap ka aksepte kèlkeswa sa rezilta a t ap ye jou sa a e yo t ap kontinye pwogrese espirityèlman. Clark ak Holly ansanm ak de pi gran pitit yo,Ty ak Porter, la avèk nou jodia nan Sant Konferans lan.

Lè m ap medite sou eksperyans fanmi Fales la, sa fè m reflechi anpil sou sitiyasyon si anpil lòt moun. E pil Sen Dènye Jou plen lafwa, ki resevwa benediksyon prètriz, ki gen moun ap priye pou yo san rete, ki kenbe alyans yo, e ki ranpli ak espwa yo, men ki pa janm wè mirak fèt pou yo yo? Omwen, pa nan fason yo konprann yon mirak la. Omwen pa nan fason lòt moun sanble yo resevwa mirak yo.

E moun k ap soufri anba gwo afliksyon---fizikman, mantalman, emosyonèlman- pandan dèzane oubyen dè dizèn ane oubyen pandan tout lavi yo nan mòtalite a? E moun ki mouri jèn anpil yo?

Sa gen de mwa sèlman, de koup marye ki te gen rekòmandasyon tanp yo, ki te gen twa timoun nan misyon aplentan ak senk lòt timoun ant de koup sa yo, te monte nan yon ti avyon pou yon vòl tou kout. Mwen sèten ke yo te priye anvan vòl la pou yo te ka rive an sekirite epi siman yo te priye anpil anpil lè avyon an te rankontre gwo pwoblèm mekanik anvan l te tonbe a. Okenn nan yo pa t siviv. E yo menm?

Èske bon moun ak fanmi yo gen rezon pou yo poze kesyon Mòmon te poze a: “Èske jou mirak yo sispann?”1

Konesans limite mwen pa ka eksplike poukisa pafwa gen yon entèvansyon divin ki fèt e pa genyen l yon lòt fwa. Men petèt nou gen dwa pa konprann sa yon mirak ye.

Souvan nou dekri yon mirak kòm yon gerizon san lasyans medikal pa ka eksplike l oubyen kòm yon danje katastwofik nou evite paske nou koute yon enspirasyon byen klè. Sepandan, definisyon yon mirak se “yon evenman nou benefisye, ki vini atravè pouvwa diven ke moun mòtèl pa konprann”2 ki ba nou yon pèspektiv elaji sou kesyon ki gen nati pi etènèl. Definisyon sa a pèmèt nou wè wòl vital lafwa jwe nan resevwa yon mirak tou.

Mowoni te anseye: “Ni tou, nan okenn tan, okenn moun pa fè mirak jistan yo te gen lafwa.”3 Amon te pwoklame: “Bondye te fè yon mwayen pou lòm kapab fè gwo mirak avèk lafwa; se poutèt sa, li vin tounen yon gwo benefis pou pwochen l yo.”4 Senyè a te revele Joseph Smith, “Paske m se Bondye, … epi m pral montre mirak … pou tout moun ki kwè nan non mwen.”5

Wa Nebikadneza te mande Shadrak, Mechak ak Abèd Nego pou yo te adore stati annò li te mete kanpe kòm yon bondye a, li te fè yo menas sa a: “Si nou pa adore, m ap fè jete nou … nan mitan founèz dife tou limen an.” Apresa li te moke yo, l te di: “Ki Bondye k pral delivre nou anba menm m?”6

Twa disip devwe sa yo te di: “Si se sa, Bondye nou an n ap sèvi a kapab delivre nou anba founèz dife a. …. Men si l pa delivre nou, nou vle w konnen, O wa, ke nou pap sèvi bondye w yo.”7

Yo te gen konfyans total ke Bondye te ka sove yo, “men, si L pa t fè l” yo te gen lafwa total nan plan l lan.

Menmjan tou, Èldè David A. Bednar yon fwa te mande yon jenòm ki te mande l yon benediksyon prètriz: “Si se volonte Pè Selès la pou w mouri e travèse nan mond dèzespri a pandan w jèn nan, pou w al kontinye ministè ou, èske w gen lafwa pou w soumèt ou anba volonte li e pou w pa geri?”8 Èske nou gen lafwa “pou nou pa geri” anba afliksyon terès nou yo pou nou ka geri etènèlman?

Yon kesyon kritik pou nou poze se: “Ki kote nou plase lafwa nou?” Si lafwa nou santre sou senpleman anvi soulaje lapenn ak soufrans nou, oubyen èske l santre byen fèm sou Bondye Papa a ak plan sakre l la ak nan Jezikri ak nan Ekspyasyon an? Lafwa nan Papa a ak Pitit la pèmèt nou konprann ak aksepte volonte Yo pandan n ap prepare nou pou letènite.

Jodia mwen temwaye de mirak. Lefèt ke nou se yon pitit Bondye a se yon mirak.9 Resevwa yon kò selon imaj ak resanblans Li se yon mirak.10 Don yon Sovè a se yon mirak.11 Ekspyasyon Jezikri a se yon mirak.12 Posiblite pou lavi etènèl la se yon mirak.13

Pandan ke l bon pou n priye ak travay pou n jwenn pwoteksyon fizik ak gerizon pandan egzistans nou nan mòtalite a, konsantrasyon siprèm nou ta dwe sou mirak spirityèl ki disponib pou tout pitit Bondye yo. Kèlkeswa ras nou, kèlkeswa nasyonalite nou, kèlkeswa sa nou fè, si nou repanti, kèlkeswa sa yo ta fè nou---nou tout gen aksè nan mirak sa yo. N ap viv yon mirak, e gen plis mirak toujou k ap tann nou. Nan non Jezikri, amèn.