2010–2019
Pen vivan ki soti nan syèl la
Oktòb 2017


Pen vivan ki soti nan syèl la

Si nou vle demere nan Kris la epi nou vle l demere nan nou, enben, sentete se sa nou dwe chèche.

Jou apre Jezi te mirakilezman nouri 5.000 moun yo nan Galile a avèk “senk pen ak de ti pwason,”1 sèlman an, Li te pale avèk moun yo ankò nan Kapènawòm. Sovè a te wè anpil ladan yo pa t sitèlman enterese nan tande ansèyman l yo pase yo te ye nan jwenn manje ankò.2 Konsa, li te eseye konvenk yo sou pi gwo valè ki genyen nan “manje ki sibziste jis nan lavi etènèl la, Pitit Gason lòm nan ap ba yo a.”3 Jezi te deklare:

“Mwen se pen ki bay lavi a.

“Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, atousa yo te mouri.

“Sa a se pen ki soti nan syèl la, si yon moun manje li, li pa p mouri.

“Mwen se pen ki bay lavi a ki soti nan syèl la: Si yon moun manje pen sa a, l ap viv pou tout tan; epi pen m ap ba li a se kò mwen, ke m ap bay pou mond lan ka jwenn lavi.”4

Sans sa Sovè a te vle ba yo a, moun ki t ap tande l yo pa t konprann ni ditou, yo te pran deklarasyon l lan literalman. Avèk degoutans sou sa yo te tande a, yo te mande tèt yo: “Kijan mesye sa a fè kapab ban nou chè li pou nou manje?”5 Jezi te pouse pwen an pi lwen toujou:

“An verite, an verite, m di nou, Si nou pa manje kò Pitit Gason lòm nan, si nou pa bwè san li, nou p ap gen lavi nan nou.

“Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, l ap gen lavi etènèl; epi m ap leve l nan dènye jou a.

“Paske kò m se yon manje tout bon, e san mwen se yon bwason tout bon.”6

Apresa li te eksplike yo sans pwofon metafò l la:

“Moun ki manje kòm, e ki bwè san m, l ap fè youn avè m, e m ap fè youn avè l tou.

“Menmjan Papa ki vivan an voye m nan, e se Papa a ki ban m lavi a; konsa tou moun ki manje mwen, m ap ba yo lavi.”7

Moun ki t ap koute l yo te toujou pa t ka kapte sa Jezi t ap di yo a, epi “anpil nan yo … , lè yo te tande l di sa, yo te di: Pawòl sa a twò rèd: kimoun ki ka tande li? … [Epi] apati moman sa a, anpil nan disip yo te vire do yo ale, epi yo pa t mache avèk li ankò.”8

Manje kò li ak bwè san li se yon fason frapan pou eksprime kijan nou dwe totalman fè Sovè a antre nan lavi nou—andedan noumenm—pou n ka fè youn avèk li. Kijan sa fèt?

Premyèman, nou konprann ke, nan sakrifye kò li ak san l lan, Jezi te ekspye pou peche nou e li venk lanmò, fizik ak spirityèl.9 Enben, klèman, nou manje kò li e nou bwè san li lè nou resevwa pouvwa ak benediksyon Ekspyasyon l yo.

Doktrin Kris la di sa pou nou fè pou n ka resevwa gras ekspyatwa li. Se kwè nan Kris la epi gen lafwa nan li, repanti epi batize, epi resevwa Sentespri a, “epi lè sa a nou pral gen padon pou peche nou yo nan dife ak nan Sentespri a.”10 Sa se pòt la, aksè nou nan gras ekspyatwa Sovè a ak aksè nan chemen etwat ak kwense ki mennen nan wayòm ni an.

“Se poutèt sa, si nou kenbe fèm [sou chemen sa a], nou fè yon festen ak pawòl Kris la, e si nou pèsevere jiska lafen, gade Papa a di: N ap gen lavi etènèl.

“…  Gade, sa se doktrin Kris la, e se sèl vrè doktrin Papa a, ak Pitit Gason an, ak Sentespri a, ki se yon sèl Bondye a, san finisman.”11

Senbòl sentsèn Soupe Senyè a bèl pou nou kontanple. Pen an ak dlo a reprezante kò ak san limenm ki se Pen Lavi a ak Dlo Vivan an,12 ki doulourezman raple nou pri l te peye pou rachte nou an. Lè nou kase pen an, nou sonje soufrans kò dechire Sovè a. Èldè Dallin H. Oaks te di yon fwa: “Paske li kase epi dechire pou nou, chak moso pen unique, menmjan moun ki manje l yo unique tou. Nou tou gen peche diferan pou n repanti pou yo. Nou tout gen bezwen diferan pou n fòtifye atravè Ekspyasyon Senyè Jezikri a, ke nou sonje nan òdonans sa a.”13 Lè nou bwè dlo a, nou panse ak san l te vèse nan Jetsemani ak sou kwa a ak pouvwa sanktifyan li.14 Konesan ke “okenn bagay ki pa pwòp pa ka antre nan wayòm ni an” nou pran rezolisyon pou n pami “moun ki te lave rad yo nan san [Sovè a], poutèt lafwa yo, ak repantans pou tout peche yo, ak fidelite yo jiska lafen.”15

Mwen pale de resevwa gras ekspyatwa Sovè a pou efase peche nou ak tach peche ki nan nou. Men, osans figire, manje kò li ak bwè san li gen yon pi gwo siyifikasyon toujou, ki se enkòpore kalite ak karaktè Kris la nan nou, chase lòm natirèl epi vin Sen “pa mwayen ekspyasyon Kris, Senyè a.”16 Lè n ap pran pen ak dlo sentsèn nan chak semèn, nou dwe reflechi sou fason nou ta dwe totalman e konplètman enkòpore pèsonalite Kris la ak egzanp lavi san peche l la nan lavi pa nou ak nan noumenm. Jezi pa t ap kapab ekspye pou peche nou si Limenm li pa t san peche. Etandone lajistis pa t gen okenn dwa sou li, Li te ka ofri tèt li nan plas nou pou satisfè lajistis epi konsa ofri nou mizèrikòd. Lè n ap sonje ak onore sakrifis ekspyatwa l la, nou dwe medite sou lavi san peche l la tou.

Sa sigjere ke nou dwe travay di pou ranpli pati pa nou an. Nou pa ka kontante n rete jan nou ye a men, nou dwe konstamman ap pwogrese jiskaske nou rive nan “mezi wotè pafè Kris la.”17 Tankou papa Wa Lamoni nan Liv Mòmon an, nou dwe dispoze pou n abandone tout peche nou18 epi konsantre sou sa Senyè a atann nan men nou, endividyèlman e kolektivman.

Sa pa gen lontan, yon zanmi te rakonte m yon eksperyans li te fè pandan l t ap sèvi kòm prezidan misyon. Li te fè yon operasyon ki te mande plizyè semèn pou l te geri. Pandan tan sa a, li te pase anpil tan ap li ak medite sou ekriti yo. Yon aprèmidi pandan l t ap medite pawòl Sovè a ki nan chapit 27 nan 3 Nefi, yo dòmi te pran li. Li rakonte nan apre:

“M te fè yon rèv kote m te wè yon gwo vizyon byen klè sou lavi m. Yo te montre m peche mwen, move chwa m yo, tan … kote m te konn trete moun avèk enpasyans, plis tout lè m te manke di oubyen manke fè yon bagay m te dwe di oubyen fè … Yo te ban m [yon] gwo [revizyon sou] lavi m jis nan kèk grenn minit sèlman, men sa te parèt pi long anpil. M te reveye, tou etone epi … m te mete m ajenou tousuit bò kabann nan e m te kòmanse priye, pou m te mande padon, m te devèse santiman kè m jan m pa t janm te konn fè anvan.

“Anvan rèv la, m pa t konnen si m te gen yon si gwo bezwen pou m repanti konsa. Fot mwen ak feblès mwen yo te toudenkou vin si klè pou mwen ke vid ant moun m te ye a ak sentete ak bonte Bondye te sanble l te lajè dè milyon kilomèt. Nan priyè m jou aprèmidi sa a, m te eksprime pwofon rekonesans mwen pou Pè Selès la ak pou Sovè a pou sa yo te fè pou mwen ak pou relasyon m te genyen avèk madanm mwen ak pitit mwen yo. Pandan m te sou jenou m nan, m te santi amou Bondye ak mizèrikòd li nan yon fason reyèl tou, malgre santiman endiyite m nan. …

“Mwen kapab di ke m pa t menm moun nan ankò depi jou sa a. … Kè m te chanje. … Sa k te rive apre sèke m te vin gen plis konpasyon pou lòt moun, ak yon pi gwo kapasite pou renmen pwochen m, ansanm avèk yon santiman ijans pou m preche levanjil la. … M te ka vin aplike prensip lafwa, lesperans, ak don repantans nou jwenn nan Liv Mòmon an plis pase jamè anvan.”19

Li enpòtan pou nou rekonèt ke revelasyon trè klè sa a bon frè sa a sou peche l ak enpèfeksyon l yo pa t dekouraje li ni mennen l nan dezespwa. Wi, li te santi yon chòk ak remò. Li te grandman santi l te bezwen repanti. Sa te fè l vin gen imilite, men l te santi rekonesans, lapè ak lespwa tou---vrè espwa---gras ak Jezikri, “pen vivan ki soti nan syèl la.”20

Zanmi m nan te pale de vid li te remake nan rèv li a ant lavi li ak sentete Bondye. Sentete se vrè mo a. Manje kò Kris la ak bwè san li vledi chèche sentete. Bondye kòmande: “Se pou ou sen; paske mwenmenm mwen sen.”21

Enòk konseye nou: “Ansenye pitit ou yo sa, pou yo konnen tout moun ki tout kote dwe repanti, san sa yo p ap kapab eritye wayòm Bondye a nan okenn fason, paske okenn bagay ki pa pwòp pa kapab rete, oubyen rete nan prezans li; paske nan langaj Adan, Lòm Sentete a se non li, epi non Sèl Pitit Literal la se Pitit Gason Lòm nan, Jezikri menm.”22 Lè m te piti, m te konn mande tèt mwen poukisa yo te souvan fè referans a Jezi nan Nouvo Testaman an kòm Pitit Gason lòm nan alòske, an reyalite, li se Pitit Gason Bondye, men deklarasyon Enòk la montre klèman ke referans sa yo se aktyèlman rekonèt divinite li ak sentete li—Li se Pitit Lòm Senteste a, Bondye Papa a.

Si nou anvi demere nan Kris la epi pou l demere nan nou,23 enben, sentete se sa nou dwe chèche, nan kò an nan lespri.24 Nou chèche l nan tanp lan, ki gen “Sentete pou Senyè a” ekri sou li. Nou chèche l nan maryaj nou, nan fanmi nou, ak nan fwaye nou. Nou chèche l chak semèn lè nou fè yon delis ak jou sakre Senyè a.25 Nou chèche l menm nan detay lavi chak jou yo: pale nou, abiyman nou, panse nou. Jan Prezidan Thomas S. Monson te deklare: “Nou se pwodui tout sa nou li, tout sa nou gade, tout sa nou tande ak tout sa nou panse.”26 Nou chèche sentete lè nou pran kwa nou sou zepòl nou chak jou.27

Sè Carol F. McConkie te obsève: “Nou konsyan de miltitid eprèv, tantasyon, ak tribilasyon ki ka detounen nou de tout sa ki gen vèti ak diy pou louwanj devan Bondye yo. Men, eksperyans nou nan mòtalite a ofri nou posiblite pou n chwazi sentete. Trè souvan, se sakrifis nou fè pou n kenbe alyans nou yo ki sanktifye nou e fè nou vin sen.”28 Epi, sou “sakrifis nou fè yo”, mwen ka ajoute sèvis nou rann yo tou.

Nou konnen ke “lè n ap sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvi Bondye nou ye.”29 Epi Senyè a raple nou ke sèvis sa a se esans lavi li ak karaktè li: “Paske Pitit Gason Lòm nan pa t vini pou moun te sèvi li, men pou l te sèvi, e bay lavi l kòm ranson pou anpil moun.”30 Prezidan Marion G. Romney te eksplike sajman: “Sèvis se pa yon bagay nou andire sou tè sa a pou nou kapab merite dwa pou n viv nan wayòm selès la. Sèvis se veritab matyè pou fè yon lavi egzalte nan wayòm selès la.”31

Zakari te pwofetize ke, nan epòk rèy milenyòm Senyè a, menm klòch ki sou cheval yo pral gen enskripsyon sa a sou yo “Sentete pou Senyè a.”32 Nan espri sa a, Sen pyonye yo nan vale sa yo te ekri rapèl sa a: “Sentete pou Senyè a” sou bagay ki te aparaman òdinè oubyen banal osibyen ke sa ki te pi dirèkteman asosye avèk lafwa ak relijyon yo. Yo te ekri l sou kèp ak plat sentsèn yo, yo te enprime l sou sètifika òdinasyon nan Swasanndis yo, ak sou yon banyè Sosyete Sekou. “Sentete pou Senyè a” te ekri sou vit magazen ZCMI an tpi, Enstitisyon Koperativ Komèsyal Siyon an. Li te ekri sou tèt yon mato ak sou yon tanbou. “Sentete pou Senyè a” te ekri sou manch pòt an metal kay Prezidan Brigham Youn nan. Referans sou sentete nan kote aparaman inabityèl oubyen enprevi sa yo ka sanble yo dwòl pou kèk moun, men yo jis montre nan ki pwen atachman nou pou sentete bezwen konstan ak toujou prezan.

Imaj
Kèp sentsèn
Imaj
Plato sentsèn
Imaj
Vit magazen ZCMI la
Imaj
Mato
Imaj
Tanbou
Imaj
Manch pòt

Manje kò Senyè a ak bwè san li vledi retire nan lavi nou tout sa ki pa konsistan avèk yon karaktè kretyen ak fè kalite pa l yo vin pa nou. Sa se pi gwo siyifikasyon repantans, non sèlman nou abandone peche pase yo men nou “tounen kè nou ak volonte nou bay Bondye”33” tou epi nou avanse devan. Jan sa te rive pou zanmi m nan, nan rèv revelasyon l lan, Bondye ap montre nou defo nou ak echèk nou, men L ap ede nou fè feblès yo tounen fòs tou.34 Si nou mande l sensèman: “kisa m manke?”35 Li pap kite nou devine kisa, men, avèk amou, l ap reponn pou bonè nou. Epi l ap ba nou espwa.

Se yon bagay ki mande anpil efò, e sa t ap ekstrèmeman dekourajan si nou te poukont nou nan eseye chèche sentete a. Verite gloriye a sèke nou pa poukont nou. Nou gen amou enfini Bondye, gras Kris la, rekonfò ak gidans Sentespri a, ak konpayi ak ankourajman Sen parèy nou yo nan kò Kris la. Annou pa kontante n de kote nou ye a, men, annou pa dekouraje nonplis. Jan kantik senp men pwofon sa a mande nou:

Pran tan pou nou vin sen, evite mond lan ak foli li;

pase plis tan an sekrè, sèl avèk Jezi.

Si w chèche Jezi, w ap vin tankou li;

Nan konduit ou, zanmi w yo va wè resanblans lan.36

Mwen rann temwayaj konsènan Jezikri, “Pen vivan ki soti nan syèl la,”37 epi “moun ki manje kò li, epi ki bwè san li, y ap gen lavi etènèl,”38 nan non Jezikri, amèn.