2010–2019
Se pou youn renmen lòt jan m te renmen nou an
Oktòb 2017


Se pou youn renmen lòt menmjan li renmen nou an

Si nou sèvi lòt epi nou padone lòt avèk lanmou sensè, nou kapab geri e resevwa fòs pou nou simonte pwòp pwoblèm pa nou yo.

Pandan Dènye Soupe a, Sovè a te bay disip li yo yon nouvo kòmandman, li te di yo:

“Men m ap banou yon kòmandman nouvo: se pou nou youn renmen lòt; se pou nou youn renmen lòt menmjan m renmen nou an.

“Si nou youn renmen lòt, lè sa a, tout moun va konnen se disip mwen nou ye.”1

Disip yo te resevwa nan men Sovè a yon nouvo kòmandman pou fè yon bagay anplis, yon bagay pi gran, e yon bagay pi diven. Nouvo kòmandman ak envitasyon sa a rezime nan fraz kle “menmjan m renmen nou an.”

Renmen se aksyon; renmen se sèvis.

“Lanmou se yon santiman devouman, sousi ak afeksyon pwofon. Pi gwo egzanp lanmou Bondye pou pitit Li yo se nan Sakrifis Ekspyatwa enfini Jezikri a.”2 “Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. pou k tout moun ki mete konfyans yo nan li, yo pap pèdi lavi yo, okontrè y ap gen lavi ki pap janm fini an.”3 Lanmou pou Bondye ak pou pwochen nou se yon karakteristik disip Jezikri.”4

Sa gen kèk ane, lè pi gran pitit pitit gason m nan Jose te gen katran, li t ap jwen avèk madanm mwen. Pandan yo t ap ri epi pase yon bon tan ansanm, pitit pitit gason m nan te mande: “Granmè, èske w renmen mwen?”

Li te reponn: “Wi, Jose, mwen renmen ou.”

Apresa li te poze l yon lòt kesyon: “Kijan w fè konnen w renmen m?”

Li te eksplike l sa l te santi epi li te di l tou tout sa l te fè ak tout sa l dispoze fè pou li.

Nan apre, madanm mwen te poze Jose menm kesyon yo, epi li te poze l kesyon pwofon sa a: “Kijan w fè konnen w renmen m?”

Avèk yon repons inosan men sensè, li te di: “Mwen renmen w paske m santi l andedan kè mwen.” Konpotman eman Jose te gen pou granmè l la jou sa a ak toujou a demontre ke lanmou sa a se yon konbinezon aksyon osibyen ke santiman pwofon.

Wa Benjamen te ansenye: “E gade, m di nou bagay sa yo pou nou kapab aprann lasajès; pou nou kapab aprann lè n ap sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvi Bondye nou ye.”5

Nan mond jodia kote gen si anpil moun k ap soufri akoz tout kalite sitiyasyon diferan, voye yon mesaj tèk akonpaye pa yon emoji amizan oubyen poste yon bèl foto avèk mo “Mwen renmen w” lan se bon bagay ki gen anpil valè. Men sa anpil nan nou dwe fè se mete aparèy mobil nou yo dekote epi ale, an pèsòn, pou ede lòt moun ki nan gwo bezwen. Lanmou san sèvis se tankou lafwa san zèv; li mouri anfèt.

Renmen se padone

Amou pi Kris la, ki se charite,6 enspire nou non sèlman pou nou aji ak rann sèvis men pou nou gen fòs pou n padone tou, kèlkeswa sitiyasyon an. Kite m pataje avèk nou yon eksperyans ki te chanje chanje lavi mn. Ted ak Sharon, paran Cooper, ki la a jodia, ban m pèmisyon pou m rakonte sa k te pase fanmi yo sa gen plis pase nevan. M ap rakonte eksperyans lan dapre pwendvi Ted, Papa Cooper:

21 Out  2008 la sete premye jou lekòl, epi twa pigran frè Cooper yo, Ivan, Garrett, ak Logan, yo tout te nan stasyon bus la ap tann bus lekol la. Cooper, ki te gen katran  te sou bekann ni, madanm mwen Sharon, t ap mache.

Madanm mwen te lotbo lari a epi l te fè Cooper siy pou l te travèse. Nan menm moman an, yon machin ki te vire agoch trè lantman te frape Cooper.

Mwen te resevwa apèl telefòn yon vwazen ki te di m machin te frape Cooper. Mwen te kouri byen vit ale nan arè bus la pou m te wè li. Cooper te kouche sou zèb la, li pa t ka respire men pa t gen okenn blesi vizib.

Mwen te met ajenou bò kot Cooper a e m t ap di bagay ankouranjan tankou “Tout bagay ap OK. Kenbe la.” Nan moman sa a, dirijan gwoup granprèt mwen an, Nathan, te parèt avèk madanm ni. Madanm nan te sigjere nou bay Cooper yon benediksyon prètriz. Nou te mete men nou sou tèt Cooper. Mwen pa sonje sa m te di nan benediksyon an, men, mwen klèman sonje m te santi prezans lòt moun bò kote nou, epi, sete nan moman sa a m te konnen Cooper t apral mouri.

Yo te transpòte Cooper pa elikoptè ale lopital la men alafen Cooper te mouri. Mwen te santi Pè Selès la t ap di m ke responsablite terès mwen an te fini epi se li k ta pral pran swen Cooper kounyea.

Nou te gen posiblite pou n te pase yon ti tan avèk Cooper nan lopital la. Anplwaye yo te prepare li yon fason pou nou te kapab kenbe l nan bra nou pou n te di l orevwa epi yo te kite nou pase plis tan avèk li, ak kenbe li jan nou te vle.

Sou wout pou nou retounen lakay la, madanm mwen ki te akable anba chagren, avèk mwen, youn te gade lòt epi nou te kòmanse pale de tigason ki t ap kondi machin nan. Nou pa t konnen li, malgre ke l t ap viv nan katye a epi li te fè pati fwontyè pawas nou an.

Jou apre a te trè pou nou paske nou tout te konpletman anvayi avèk chagren. Mwen te mete ajenou e m te fè priyè ki te pi sensè   mwen te janm fè. Mwen te mande Papa nou ki nan Syèl la nan non Sovè m nan pou l te retire chagren ki te anvayi m nan. Li te fè sa.

Nan apre, nan jounen sa a, youn nan konseye nan prezidans pye nou an te fè aranjman pou nou t al rankontre jenòm nan---ki t ap kondui machin nan---avèk paran li lakay konseye a. Sharon avèk mwen te tann pou tigason an ak paran l te rive. Lè pòt la te ouvri, nou te rankontre yo pou la premyè fwa. Evèk mwen an, ki te la tou, te di m nan zòrèy: “Al jwenn ni.” Sharon avèk mwen te ba l yon akolad. Nou te kriye ansanm pandan yon moman byen long. Nou te di l nou te konnen sa k te rive a sete yon aksidan.

Sete yon mirak pou Sharon avèk mwen, pou nou toulède te santi sa n te santi a e nou toujou santi l jiska jodia. Avèk gras Bondye,nou te rive pran gran chemen an, chemen ki te evidan an, epi renmen jenòm sa a.

Nou te vin tre pwòch limenm avèk fanmi l amezi ane yo t ap pase. Li te fè nou patisipe nan tout etap enpòtan nan lavi li. Nou te menm al nan tanp avèk li lè l t ap prepare l pou misyon li.7

Frè m ak sè m yo, Ted konnen san okenn dout ke Papa nou ki nan Syèl la renmen nou. Li konnen posede kapasite pou nou padone, epi libere tèt nou anba fado nan fason sa a, osi dous ke resevwa padon. Dousè sa a soti nan suiv egzanp pi gran Egzanp nou an. Nan Liv Momon, Alma te deklare apwopo Sovè a: “Epi, li prale pou l soufri lapenn, afliksyon ak tout kalte tantasyon; e sa pral fèt pou pawòl la kapab akonpli, pawòl ki di li pral pran lapenn ak maladi pèp li a sou tèt pa li.”8

Frè m ak sè m yo, ala yon istwa mèveye sou lanmou reyèl ak padon. Noumenm, menmjan an tou, nou kapab gen lajwa ak bonè pandan n ap sèvi ak padone lòt moun. Georgy, yon lòt pitit pitit gason nou, toujou ap mande: “Ki kalite fanmi nou ye?” Epi li toujou reponn: “Nou se yon fanmi jwaye!”

Prezidan Thomas  S. Monson te ba nou konsèy sa a: “Annou egzamine lavi nou epi pran desizyon pou nou suiv egzanp Sovè a nan vin janti, emab, ak charitab.”9

Mwen konnen Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason L lan, Jezikri, renmen nou epi yo vle pou nou youn ede lòt epi pou youn renmen lòt, jan yo renmen nou an. Epi, m konnen ke nan sèvi ak padone lòt moun avèk yon lanmou sensè, nou kapab geri epi nou ka resevwa fòs pou nou simonte pwòp difikilte pa nou yo. E mwen deklare sa, nan non Jezikri, amèn.