2010–2019
Kotidyen etènèl la
Oktòb 2017


Kotidyen etènèl la

Imilite nan zafè idantite nou ak objektif Bondye pou nou se bagay ki esansyèl.

Depi lè m te fin sèvi nan Misyon Angletè a lè m te jènjan, mwen renmen karaktè imoristik Anglè yo. Li pafwa karakterize pa yon apwòch pou moke tèt yo enbleman nan lavi a. Yon egzanp sou sa se jan yo dekri sezon ete a. An Angletè, sezon ete a relativman kout e enprevizib. Jan yon ekriven te di diskrètman: “Mwen renmen ete Anglè a. Se jounen m pi renmen nan ane a.”1 Gen yon pèsonaj nan yon desen anime Anglè m te renmen ke yo te montre ki nan kabann, kote l reveye byen ta le maten an epi l di chyen l yo: “Mezanmi! M panse nou dòmi twòp e nou rate ete a.”2

Gen yon konparezon ant imou sa a ak lavi nou sou bèl tè sa a. Ekriti yo di klèman ke egzistans presye nou nan mòtalite a kout anpil. Nou ka di ke, nan yon pèspektiv etènèl, tan nou pase sou tè a osi pasaje ke ete Anglè a.3

Pafwa yo dekri objektif lòm ak menm egzistans li nan tèm trè enb. Pwofèt Moyiz te elve nan sa nou ka rele yon milye privilejye jodia. Jan yo di nou nan Pèl Gran Pri a, lè l t ap prepare Moyiz pou tach li kòm pwofèt la, Senyè a te ba l yon apèsi sou mond lan ak sou tout pitit lèzòm ki egziste e ki te kreye.4 Reyaksyon etonan Moyiz sete: “Kounyea … m konnen lòm pa anyen, yon bagay m pa t janm te sipoze.”5

Nan apre, nan sa k sanble yon repwòch pou santiman ensiyifyans Moyiz te santi a, Bondye te pwoklame vrè objektif li: “Paske gade, sa a se travay mwen ak laglwa mwen—pou m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.”6

Nou tout egal devan Bondye. Doktrin ni an klè. Nan Liv Mòmon an, nou li: “Tout moun egal devan Bondye” enkli “nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi.”7 Konsa, yo envite tout moun pou yo vin jwenn Senyè a.8

Tout moun ki deklare yo siperyè nan plan Papa a poutèt karakteristik tankou ras, sèks, nasyonalite, lang, oswa sikonstans ekonomik komèt yon fot moral e yo pa konprann desen Senyè a pou tout pitit Papa nou yo.9

Malerezman, nan epòk nou an, nan prèske chak domèn nan sosyete a, nou wè yon etalaj sifizans ak awogans ki simaye pandan ke y ap denigre imilite ak responsablite devan Bondye. Pifò moun nan sosyete a pèdi ankraj yo e yo pa konprann poukisa nou sou tè sa a. Nou raman wè vrè imilite, ki esansèl pou akonpli objektif Senyè a pou nou an.10

Li enpòtan pou nou konprann anplè imilite, ladwati, pèsonalite, ak entèlijans Kris la jan yo rapòte nan ekriti yo. Se yon foli pou n ta souzestime nesesite pou n toujou fè efò chak jou pou n ka akeri kalite ak atribi kretyen sa yo, patikilyèman imilite.11

Ekriti di klèman, byenke lavi sa a relativman kout la, li ekstrèmeman enpòtan tou. Amilèk, ki te konpayon misyonè Alma nan Liv Mòmon an, te di: “Paske, reyèlman, lavi sa a se lè pou lèzòm prepare yo pou rankontre Bondye; wi, reyèlman jou lavi sa a se jou pou lèzòm fè travay yo.”12 Tankou pèsonaj desen anime m nan, nou pa vle pase lavi sa a ap dòmi.

Egzanp imilite ak sakrifis Sovè a pou tout limanite a se evenman ki pi pwofon nan listwa. Sovè a, byenke l se yon manm Divinite a, te dispoze pou l vin sou tè a kòm yon enb ti bebe e kòmanse yon egzistans ki te enkli anseye ak geri frè l ak sè l yo e finalman soufri doulè endeskriptib nan Jetsemani ak sou kwa a pou Sakrifis Ekspyatwa l la te ka pafè. Zak lanmou ak imilite sa a Kris la te fè a, nou rele l kondesandans.13 Li te fè sa pou chak grenn gason ak fi Bondye te kreye oubyen l pral kreye.

Papa nou ki nan syèl la pa vle pitit li yo dekouraje ni abandone rechèch yo pou laglwa selès la. Lè nou reyèlman panse a Bondye Papa a, ak Kris la, Pitit la, a kiyès Yo ye, ak sa Yo akonpli pou nou, sa ranpli nou avèk reverans ak emèveyman, rekonesans, ak imilite.

Imilite esansyèl pou n ede Senyè a etabli Legliz li a

Alma te poze yon kesyon nan epòk li a ki byen apwopriye jodia: “Si nou te santi yon chanjman nan kè nou, e si nou te anvi chante nan lanmou redanmtè a, m vle mande, èske nou kapab santi sa kounyeya?”14 Alma kontinye: “Si nou te gen pou nou mouri kounyeya, èske nou ta kapab di, …. nou te gen ase imilite?”15

Chak fwa m li istwa Alma, pitit la, ki te renonse a wòl li kòm chèf deta pou l t al preche pawòl Bondye ,16 sa toujou enpresyone m. Sa evidan ke Alma te gen yon temwayaj pwofon sou Bondye Papa a ak Jezikri e li te santi l responsab devan Yo totalman e san rezèv. Li te fikse priyorite ak imilite kòrèk pou l te renonse a plas li ak pozisyon li paske l te reyalize ke sèvi Senyè a te pi enpòtan.

Sa gen anpil valè lè nou gen ase imilite nan lavi nou pou n ede etabli Legliz la. Yon egzanp nan istwa Legliz la trè klè sou sa. An Jen 1837, pandan l te nan tanp Kirtland nan, Pwofèt Joseph te jwenn enspirasyon pou l te aple Apot Heber C. Kimball pou l t al pwoklame levanjil Jezikri a an “Angletè … epi louvri pòt sali a pou nasyon sa a.”17 Apot Orson Hyde ak kèk lòt moun te gen tach pou te akonpaye li. Repons Èldè Kimball la te remakab. “Lide ke yo te chwazi m pou yon misyon si enpòtan konsa a te prèske twòp pou m te sipòte. … M te prèske santi m prèske kraze anba fado yo te mete sou zepòl mwen an.”18 Men, li t al fè misyon an ak yon lafwa, yon angajman, ak yon imilite absoli.

Pafwa imilite se aksepte apèl lè nou santi n pa alawotè. Pafwa imilite se sèvi fidèlman lè nou santi nou ta ka ranpli yon tach ki pi gwo pase sa. Dirijan enb yo montre nou atravè diskou yo ak egzanp yo ke se pa kote n ap sèvi a ki enpòtan men, se fason nou sèvi fidèlman an ki konte.19 Pafwa imilite se simonte santiman blese a lè nou gen enpresyon ke kèk dirijan oswa lòt moun trete nou mal.

23 Jiyè  1837, Pwofèt Joseph te reyini avèk Èldè Thomas B. Marsh, ki te Prezidan Kolèj Douz yo. Èldè Marsh te aparaman santi l kontrarye paske Pwofèt la te aple de manm nan kowòm ni an pou yo t al Angletè san konsilte li. Lè Joseph te rankontre avèk Èldè Marsh la, yo te mete tou santiman amètim yo de kote, epi Pwofèt la te resevwa yon revelasyon remakab. Se seksyon 112 Doktrin ak Alyans yo.20 Li bay direksyon ekstraòdinè ki soti nan syèl la konsènan imilite ak travay misyonè Vèsè 10 la di: “Rete enb; epi Senyè Bondye w la ap pran men ou pou dirije ou, epi l ap ba ou repons pou priyè ou yo.”21

Revelasyon sa a te vini egzakteman jou Èldè Kimball, Hyde, ak John Goodson, plen imilite, te pwoklame Retablisman levanjil Jezikri a nan Chapèl Vauxhall la nan Preston, an Angletè.22 Sete premye fwa nan dispansasyon sa a ke misyonè te pwoklame levanjil retabli a andeyò Amerik di Nò. Travay misyonè yo te mennen anpil batèm moun konvèti prèske imedyatman e sa te fè n jwenn anpil kantite manm fidèl.23

Pati apre yo nan revelasyon an se yon gid pou travay misyonè nan epòk pa nou an. Yo di, anpati, “Nenpòt moun ou voye nan non mwen … y ap gen pouvwa pou yo louvri pòt wayòm mwen an pou nenpòt nasyon ou voye yo … toutotan yo imilye devan mwen, epi yo rete nan pawòl mwen, epi yo koute vwa Lespri m.”24

Imilite ki te mache ak travay misyonè enkwayab sa a te pèmèt Senyè a etabli Legliz li a nan yon fason remakab.

Erezman, nou kontinyèlman ap wè sa nan Legliz la jodia. Manm yo, ansanm ak jenerasyon k ap grandi a, bay tan yo e repòte etid yo ak travay pou y al fè misyon. Anpil manm senyò kite travay e fè lòt sakrifis pou yo ka sèvi Bondye nan kèlkeswa domèn yo aple yo. Nou pa kite pwoblèm pèsonèl distrè nou ni detounen nou nan akonpli objektif Li.25 Sèvis nan Legliz la mande imilite. Nou sèvi enbleman nan apèl nou avèk tout kè nou, tout pouvwa nou, ak tout fòs nou. Nan chak nivo nan Legliz la, li enpòtan pou n konprann vèti kretyen ki se imilite a.

Imilite chak jou esansyèl pou ede nou prepare pou n al rankontre Bondye

Sosyete nou an jodia pa bay onore Senyè a ak soumèt anba volonte li26 otan valè ke jan l te ye nan lepase. Kèk lidè Kretyen nan lòt relijyon kwè ke n ap viv nan yon mond anti Kretyen.27

Pandan dè jenerasyon, vèti imilite ki te baze sou relijyon an ak vèti sivik ki se modesti ak diskresyon an sete prensip dominan.

Nan mond jodia, yo plis mete aksan sou lògèy, agrandisman, ak sa yo rele “otantisite,” ki pafwa mennen nan yon mank vrè imilite a. Gen moun ki sigjere ke vèti moral ki mennen nan bonè yo jodia mande pou nou “otantik, solid, pwodiktif—epi sitou, pa konte sou okenn lòt moun … paske desten nou … nan pwòp men nou.”26

Ekriti yo bay yon apwòch diferan. Yo sigjere ke nou dwe vrè disip Jezikri. Sa enplike etabli yon santiman responsablite puisan devan Bondye ak yon apwòch enb de lavi a. Wa Benjamen te anseye ke lòm natirèl se enmi Bondye epi li te di nou bezwen soumèt nou “anba enfliyans Sentespri a.” Li eksplike, pami lòt bagay, ke sa mande pou nou vin “obeyisan, dou, enb, pasyan, ranpli avèk amou.”29

Gen moun ki defini otantisite a kòm yon selebrasyon lòm natirèl ak kalite ki opoze ak imilite, jantiyès, mizèrikòd, padon, ak koutwazi. Nou ka selebre karaktè unique endividyèl nou antanke pitit Bondye san n pa itilize otantisite kòm yon ekskiz pou konpòtman ki pa kretyen nou.

Nan rechèch imilite nou an, nou rankontre dè obstak modèn sou entènèt ki anpeche nou evite lògèy. Men de egzanp sou sa: apwòch egoyis ki se chèche vin “sant atansyon” an ak atake lòt moun nan poste pwopo pou soulve diskisyon nan medya sosyal yo. Yon egzanp ankò se “fos imilite” a. Se yon “deklarasyon [oswa yon foto] aparaman senp oubyen oto derizyon ke veritab bi li se atire atansyon sou yon bagay moun nan fyè de li.”30 Pwofèt yo toujou ba nou mizangàd kont lògèy e patikilyèman kont bagay vanite yo nan mond lan.31

Deteryorasyon jeneralize nan deba sivik yo se yon preyokipasyon tou. Prensip etènèl libabit la mande pou nou respekte anpil chwa ke nou pa dakò avèk yo. Konfli ak kontansyon kounyeya souvan depase “limit desans ki pi elemantè a.”32 Nou bezwen plis modesti ak imilite.

Alma avèti kont “gonfle kò nou avèk lògèy kè nou,” nan “sipoze ke youn pi bon pase lòt,” ak nan pèsekite moun enb k ap “mache dapre lòd sen Bondye a.”33

Mwen wè yon bonte sensè pami moun tout relijyon ki enb e ki santi yo responsab devan Bondye yo. Anpil nan yo suiv ansèyman pwofèt Nouvo Testaman an, Miche, ki te deklare: “Ki lòt bagay Senyè a mande ou, pase pou w pratike lajistis, epi renmen mizèrikòd, epi mache enbleman avèk Bondye w la?”34

Lè nou vrèman enb, nou priye pou n jwenn padon epi nou padone lòt moun. Jan nou li nan Mozya a, Alma te anseye ke, osi souvan nou repanti, Senyè a ap padone peche nou.35 Yon lòtbò, jan yo di nan Priyè Senyè a,36 lè nou pa padone erè lòt moun, nou mete tèt nou sou kondanasyon.37 Gras ak Ekspyasyon Jezikri a, peche nou padone atravè repantans. Lè nou pa padone moun ki ofanse nou, nou anfèt rejte Ekspyasyon Sovè a. Kenbe rankin e refize padone e refize abòde relasyon nou avèk lòt moun nan yon fason kretyen vrèman mete nou sou kondanasyon. Kenbe rankin se pwazon pou nanm nou.38

Kite m avèti nou kont tout fòm awogans tou. Pa lentèmedyè pwofèt Mowoni, Senyè a fè nou wè yon kontras flagran ant moun awogan ak moun enb: “Moun sòt moke, men yo gen pou yo kriye; epi lagras mwen ase pou moun ki dou yo.” Pi lwen, Senyè a deklare: “M bay lèzòm feblès pou yo kapab gen imilite; epi lagras mwen ase pou tout moun ki gen imilite devan m; paske, si yo gen imilite devan m, epi yo gen lafwa nan mwen, lè sa a m ap fè bagay ki fèb vin fò pou yo.”39

Imilite mande tou pou nou rekonesan pou pil benediksyon ak asistans divin nou yo. Imilite se pa yon gwo akonplisman grandyoz rekonesab ni se pa simonte yon gwo difikilte. Se yon siy fòs spirityèl. Se asirans trankil ke jou apre jou e chak èdtan nou ka konte sou Senyè a, sèvi li a akonpli objektif li. Mwen priye pou ke, nan mond plen kontansyon sa a, nou kontinyèlman chèche gen vrè imilite chak jou. Gen yon powèm ki di sa nan fason sa a:

Tès grandè a se fason

Yon moun rankontre kotidyen etènèl la.40

Mwen rann temwayaj sèten mwen konsènan Sovè a ak Ekspyasyon L lan ak enpòtans pou nou enbleman sèvi Li chak grenn jou a. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Kathy Lette, nan “Town and Country Notebook,” ed. Victoria Marston, Country Life, Jen 7, 2017, 32; italik ajoute.

  2. Annie Tempest, “Tottering-by-Gently,” Country Life, Okt. 3, 2012, 128.

  3. Gade Som 90:4. Kèseswa ane nou long oubyen kout sou tè a, lavi nou brèf nan yon pwendvi etènèl. “Tout espas tan se tankou yon sèl jou pou Bondye, epi se sèlman lèzòm ki mezire tan” (Alma 40:8). Apot Pyè te deklare: “Men, byeneme, gen yon bagay nou pa dwe inyore, sèke, pou Senyè a, yon jou se tankou mil an, epi mil an se tankou yon jou” (2 Pyè 3:8).

  4. Gade Moyiz 1:6–9. Se Kris l ak ap pale avèk otorite divin ni (gade Enseignements des presidents de l’église: Joseph Fielding Smith [2013], 47, referans 11).

  5. Moyiz 1:10.

  6. Moyiz 1:39.

  7. 2 Nefi 26:33;gade tou Doktrin ak Alyans 1:34–35; 38:16; Deklarasyon Ofisyèl 2.

  8. Doktrin ak Alyans 20:37 kòmanse: “Tout moun ki bese tèt yo devan Bondye.” Apresa li bay kondisyon pou batèm yo. Gade Matye 11:28 tou.

  9. Gade Doktrin ak Alyans 20:37.

  10. Nou konnen ke, si nou pa repanti, ni resevwa òdonans yo, nou p ap suiv chemen alyans ki prepare nou pou letènite a, “lè sa a nuit tenèb la pral rive epi okenn travay p ap kapab fèt” (Alma 34:33).

  11. Gade 3 Nefi 27:27.

  12. Alma 34:32.

  13. Gade 1 Nefi 11:26–33; 2 Nefi 9:53; Jakòb 4:7; Doktrin ak Alyans 122:8.

  14. Alma 5:26.

  15. Alma 5:27.

  16. Gade Alma 4:19.

  17. Joseph Smith, nan Heber C. Kimball, “History of Heber Chase Kimball by His Own Dictation,” ca. 1842–1856, Heber C. Kimball Papers, 54, Bibliyotèk Istwa Legliz la; gade tou Orson F. Whitney, Life of Heber C. Kimball, an Apostle; the Father and Founder of the British Mission (1888), 116.

  18. Heber C. Kimball, “History of Heber Chase Kimball by His Own Dictation,” 54; gade tou Orson F. Whitney, Life of Heber C. Kimball, 116.

  19. Prezidan J. Reuben Clark Jr. te anseye: “Nan sèvis Senyè a, se pa kote nou sèvi a ki konte men se fason nou sèvi a. Nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, yon moun pran plas yo aple l ofisyèlman an, plas ke li pa ni chèche ni refize” (nan Conference Report, Avr. 1951, 154).

  20. Gade The Joseph Smith Papers, Documents, Volume 5: October 1835–January 1838, ed. Brent M. Rogers and others (2017), 412–17. Vilate Kimball te rapòte nan yon lèt li te adrese a mari li, Heber C. Kimball, ke l te kopye revelasyon an nan “liv Èldè Marshs la jan l te soti nan bouch Joseph la” (Vilate Murray Kimball to Heber C. Kimball, Sept. 6, 1837, in The Joseph Smith Papers, Documents, Volume 5: Oktòb 1835–Janvye 1838, 412).

  21. Doktrin ak Alyans 112:10; italik ajoute.

  22. Gade Orson F. Whitney, Life of Heber C. Kimball, 136–37.

  23. Gade Orson F. Whitney, Life of Heber C. Kimball, 149.

  24. Doktrin ak Alyans 112:21–22; italik ajoute.

  25. “Byenke nou pa mande pou yo relve nou nan yon apèl, si sitiyasyon nou chanje, li toutafè kòrèk pou nou enfòme moun ki banou apèl la epi apresa kite desizyon an nan men yo” (Boyd K. Packer, “Called to Serve,” Ensign, Nov. 1997, 8).

  26. Gade “Imilite,” mam chapit 6 nan Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Sèvis Misyonè (2004), 120.

  27. Gade Charles J. Chaput, Strangers in a Strange Land (2017), 14–15; gade tou Rod Dreher, The Benedict Option (2017).

  28. Carl Cederstrom, “The Dangers of Happiness,” New York Times, Jiyè 19, 2015, SR8.

  29. Mozya 3:19.

  30. English Oxford Living Dictionaries, “humblebrag,” oxforddictionaries.com.

  31. Nan kèk fason, sa repete deskripsyon Alma te fè sou moun yo ki te akeri “tout kalite bagay ki koute chè yo te genyen nan travay yo; … [men] yo te … gonfle kè yo avèk lògèy” (Alma 4:6). Yo di nou ke “fos modesti” se toujou yon fòm vante tèt.

  32. David Brooks, “Finding a Way to Roll Back Fanaticism,” New York Times, Out 15, 2017, A23.

  33. Alma 5:53, 54.

  34. Miche 6:8.

  35. Gade Mozya 26:30.

  36. Gade Matye 6:12, 15.

  37. Gade Mozya 26:31.

  38. Jan Nelson Mandela te di: “Lè nou gen rankin se tankou nou bwè yon pwazon avèk espwa ke sa ap tiye enmi nou yo” (nan Jessica Durando, “15 of Nelson Mandela’s Best Quotes,” USA Today, Dec. 5, 2013, usatoday.com).

  39. Etè 12:26, 27; italik ajoute.

  40. Edmund Vance Cooke, “The Eternal Everyday,” Impertinent Poems (1907), 21.