2010–2019
“Mwen gen yon travay pou ou”
Oktòb 2017


“M gen yon travay pou ou”

Nou chak gen yon wòl enpòtan pou n jwe nan fè travay Bondye a avanse.

Bondye te di Moyiz: “M gen yon travay pou ou” (Moyiz 1:6). Èske ou janm mande w si Pè Selès la gen yon travay pou ou? Eske gen bagay enpòtan li prepare ou---oumenm pèsonèlman---pou w konpli? Mwen temwaye ke repons la se wi!

Imaj
Girish Ghimire

Ann pran egzan Girish Ghimire, ki te fèt epi elve nan peyi Nepal. Lè l te adolesan, li te etidye nan peyi la Chin, kote yon kanmarad klas te prezante l levanjil Jezikri a. Finalman, Girish te al nan Inivèsite Brigham Young pou l te fè etid li, epi l te rankontre fiti madanm ni. Yo te abite nan Vale Salt Lake la epi yo te adopte de timoun nan Nepal.

Dèzane apre, lè plis pase 1.500 refijye ki te soti nan kan nan Nepal te rive nan Uta,1 Girish te santi l pouse pou l te pwopoze èd li. Paske l te byen metrize lang natif natal li a ak kilti nepalè a, Girish te sèvi kòm entèprèt, enstriktè ak konseye. Apre yo te fin enstale yo nan kominote a, kèk nan refijye ki te sot Nepal sa yo te vin enterese nan levanjil la. Yon branch ki te pale lang Nepal la te òganize, epi nan apre Girish te sèvi kòm prezidan branch lan. Li te pote gwo èk nan tradiksyon Liv Mòmon an nan lang Nepal la tou.

Imaj
Girish Ghimire avèk Liv Mòmon an nan lang Nepalè

Èske nou ka wè kijan Pè Selès la te prepare Girish e kòman l te itilize li?

Bondye gen yon travay pou nou chak

Frè m ak sè m yo, Bondye gen yon travay enpòtan pou nou chak. Pandan yon diskou kote l te adrese sè yo men anfèt li t ap pale avèk nou tout, Prezidan Spencer W. Kimball te anseye: “Anvan nou te vin sou tè a, yo te ba nou kèlke tach … Byenke nou pa sonje detay yo kounyea, sa pa chanje anyen nan reyalite siblim sa a nou te aksepte yon fwa a.”2 Ala yon verite nòb! Pè Selès nou an gen bagay spefisik ak enpòtan pou noumenm avèk mwen akonpli (gade Efezyen 2:10).

Tach diven sa yo pa rezève pou kèk moun privilijye sèlman men yo la pou nou tout---kèlkeswa sèks, laj, nasyonalite, nivo lajan, ran sosyal, oswa apèl nou nan Legliz la. Nou chak gen yon wòl enpòtan pou n jwe nan avansman travay Bondye a (gade Moyiz 1:39).

Gen kèk nan nou gen dwa mande tèt nou si Pè Selès la kapab itiliz nou pou reyalize gwo bagay. Men sonje, li toujou itilize moun òdinè pou akonpli bagay ekstraòdinè (gade 1 Korentyen 1:27–28; D&A 35:13; 124:1). “[Nou] se ajan,” epi “nou gen pouvwa a nan [nou]” pou n “reyalize anpil lajistis” ” (D&A 58:27–28).3

Prezidan Russell M. Nelson eksplike:

“Senyè a prevwa plis bagay pou ou pase w prevwa pou tèt pa w! Yo te rezève w e prezève w pou tan sa a ak kote sa a. …

“Senyè a bezwen w pou chanje mond lan. Si w aksepte epi w suiv volonte l pou ou, w ap wè ke w ka reyalize sa k enposib la!”4

Konsa, kijan nou ka vin konprann ak akonpli travay Bondye gen pou nou an? Kite m pataje kat prensip ki ap ede nou.

Konsantre sou lòt moun

Premyèman, konsantre sou lòt moun. Nou ka suiv Kris la, “ki te mache toupatou ap fè byen” (Travay 10:38; gade 2 Nefi 26:24 tou).

Apre m te retounen fin sot nan yon misyon aplentan, m te sonje bi m te konn genyen chak jou yo. Klèman, m te bezwen kenbe alyans mwen yo, al etidye pou pran yon diplòm, kòmanse yon fanmi, epi al travay. Men m te mande m si pa t gen yon bagay plis pase sa, oubyen menm spesyal, Senyè a te vle m fè. Apre m te fin medite pandan plizyè mwa, m te tonbe sou vèsè sa a: “Si ou vle, w ap sèvi kòm mwayen pou fè anpil byen nan jenerasyon sa a” (D&A 11:8). Lespri a te ede m konprann ke objektif prensipal tach diven yo se pou beni lòt moun epi fè “anpil byen.”

Nou ka reflechi sou desizyon enpòtan pou n pran nan lavi nou yo—tankou ki etid pou n fè, ki metye pou n chwazi, oubyen ki kote n ap abite—nan optik pou ede lòt moun.

Yon fanmi te demenaje al nan yon lòt vil. Olye l te chwazi yon kay nan yon katye moun rich, fanmi sa a te santi yo ke l te dwe al abite nan yon katye ki te gen gwo pwoblèm sosyal ak ekonomik. Atravè ane yo, Senyè a te itilize yo pou soulaje anpil moun ak pou devlope pawas yo a ak pieu yo a.

Yon doktè te gen yon klinik ki t ap mache trè byen men, li te santi l pouse pou l te konsakre yon jou pa semèn pou bay swen gratis pou moun ki pa t gen asirans maladi. Paske mesye sa a ak madanm ni te dispoze pou yo fè byen pou lòt moun nan, Senyè a te ba yo mwayen pou yo te soulaje dè santèn moun ki te nan bezwen pandan ke yo t ap elve yon gwo fanmi.

Dekouvri ak devlope don spirityèl nou yo

Dezyèmman, dekouvri ak devlope don spirityèl yo. Pè Selès la ba nou don sa yo pou ede nou idantifye, akonpli, ak apresye travay Li gen pou nou an.

Kèk nan nou ka mande: “Èske m gen yon don?” Ankò, repons la se wi! “Lespri Bondye a bay chak gason [ak fi] yon don … pou tout moun kapab pwofite” (D&C 46:11–12; italik ajoute).5 Gen yon kantite don spirityèl yo pale nan ekriti yo (gade 1 Korentyen 12:1–11, 31; Mowoni 10:8–18; D&A 46:8–26), men gen anpil lòt.6 Nou kapab mansyone kòm egzanp: gen konpasyon, eksprime espwa, gen bon rapò avèk moun, byen òganize nou, pale oubyen ekri ak konviksyon, anseye klè, ak travay di.

Konsa, kijan nou ka dekouvri don nou yo? Nou ka al nan benediksyon patriyakal nou, mande moun ki pi byen konnen nou, e pèsonèlman idantifye kisa nou tou natirèlman konn fè e renmen fè. Pi enpòtan toujou, nou ka mande Bondye (gade Jak 1:5; D&A 112:10). Li konn don nou, paske se Limenm ki ba nou yo (gade D&A 46:26).

Lè nou fin dekouvri don nou yo, nou gen responsablite pou n devlope yo (gade Matye 25:14–30). Menm Jezikri “pat resevwa toutnèt nan kòmansman, men, li te kontinye pran gras sou gras, jiskaske l te resevwa toutnèt” (D&A 93:13).

Imaj
Foto Sovè a pa Ben Simonsen

Yon jenòm te reyalize kèk ilistrasyon pou l te ka fè pwomosyon valè relijye. Sa m pi renmen an se yon pòtre Sovè a, youn ki kwoke lakay mwen. Frè sa a te devlope ak itilize don atistik li. Pè Selès la te travay palentèmedyè li pou enspire lòt moun pou yo te amelyore lavi disip yo.

Pafwa nou gen enpresyon ke nou pa gen okenn don ki patikilyèman enpòtan. Yon jou, yon sè dekouraje te mande: “Senyè, ki misyon pèsonèl mwen?” Senyè a te reponn ni: “Remake lòt moun.” Sete yon don spirityèl! Depi lè sa a, li jwenn lajwa nan remake moun yo souvan bliye, epi Bondye te sèvi avèk li pou l te beni anpil moun. Pandan ke kèk nan don nou yo gen dwa parèt ensiyifyan nan je mond lan, yo esansyèl pou Bondye ak pou travay Li.7

Itilize advèsite

Twazyèman, itilize advèsite. Eprèv nou yo ede nou dekouvri travay Pè Selès la gen pou nou an e prepare nou pou li. Alma eksplike: “Apre anpil tribilasyon, Senyè a … te fè m tounen yon zouti nan men l” (Mozya 23:10).8 Tankou Sovè a, ke sakrifis ekspyatwa l la pèmèt li sekouri nou an (gade Alma 7:11–12), nou ka itilize konesans nou akeri nan eksperyans difisil yo pou soulaje, fòtifye ak beni lòt moun.

Apre yo te fin revoke yon direktè resous imèn plen eksperyans, li t al li benediksyon patriyakal li epi l te santi l enspire pou l te kreye yon konpayi pou ede lòt pwofesyonèl jwenn travay. (Li te menm ede m jwenn travay lè fanmi m te retounen sot sèvi yon misyon.) Senyè a te itilize eprèv li a kòm yon tranplen pou beni lòt moun, pandan ke l te ba l yon karyè pi siyifikan.

Yon koup te pèdi yon tibebe ki potko fèt. Ak kè brize, yo te deside pou yo te onore pitit fi yo a nan ofri konsèy ak soutyen materyèl pou ede paran k ap travèse menm sitiyasyon sa yo. Senyè a te travay atravè koup sa a gras ak konpasyon pwofon li, ke l te devlope atravè advèsite.

Fè Bondye konfyans

Epi katriyèmman, fè Bondye konfyans. Lè nou mande L ak lafwa avèk yon entansyon reyèl, L ap revele nou tach diven Li gen pou nou yo.9 Lè nou dekouvri yo, L ap ede nou ranpli tach sa yo. “Tout bagay prezan devan je m” (D&A 38:2; gade Abraram 2:8 tou),epi nan moman egzat la, l ap louvri pòt nesesè yo pou nou necessary for us (see Revelasyon 3:8). Li te menm voye Pitit Gason l lan, Jezikri, pou nou ka apiye sou Li pou n ka jwenn fòs odela kapasite natirèl nou (gade Filipyen 4:13; Alma 26:12).

Yon frè, ki te enkyè akoz desizyon gouvènman lokal yo, te santi l pouse pou l te poze kandidati li. Malgre yon pwosesis kanpay entimidan, li te egzèse lafwa e l te fè tout sa l te kapab pou l te ka reyisi. Alafen, li pa t gen eleksyon an men li te santi Senyè a te ba l gidans ak fòs pou l te ka soulve pwoblèm enpòtan ak itil yo nan kominite a.

Yon manman selibatè, k ap elve timoun ki andikape mantal, mande tèt li si l ap ka janm byen pran swen bezwen fanmi an. Malgre sa difisil, li santi Senyè a ba l fòs pou akonpli misyon enpòtan sa a byen.

Yon mo avètisman

An menm tan Bondye ap ede nou ranpli tach diven nou yo, advèsè a ap travay pou detounen nou e anpeche nou viv yon lavi ki gen sans.

Peche se petèt pi gwo pyèdachopman nou, ki bese kapasite pou n santi Sentespri a e anpeche nou resevwa fòs espirityèl yo. Pou n akonpli travay Pè Selès la gen pou nou an, nou bezwen eseye ret pwòp (gade 3 Nefi 8:1). Èske nou viv yon fason pou Bondye ka travay atravè nou?

Satan ap chèche distrè nou avèk bagay ki mwens enpòtan tou. Senyè a te avèti youn nan premye dirijan Legliz yo: “Lide w te sou bagay tè a plis, olye pou l te sou mwen … epi sou ministè kote ou te resevwa apèl la” ” (D&A 30:2). Èske nou sitèlman preyokipe pa bagay mond lan ke nou bliye tach Bondye ba nou yo?

Anplis, Satan dekouraje nou avèk santiman enkapasite. Li fè tach nou an parèt difisil oswa entimidan. Sepandan, nou ka fè Bondye konfyans! Li renmen nou. Li vle nou reyisi. Li “prale devan nou; l ap avèk nou, li p ap abandone nou]” (Detewonòm 31:8; gade tou Som 32:8; Pwovèb 3:5–6; Matye 19:26; D&A 78:18).

Satan gen dwa pèsyade nou pou n konsidere travay nou mwens valab pase travay yo bay lòt moun. Men, chak tach Bondye ba nou enpòtan, e n ap jwenn lajwa si nou “rejwi nan sa Senyè a kòmande nou an (Alma 29:9).

Lè Bondye manifeste atravè nou menm, advèsè a ka tante pou l pèsyade nou ke merit la se gras ak noumenm. Men, nou ka suiv egzanp imilite Sovè a nan pa aksepte elòj y ap fè pou nou yo men glorifye Papa a (gade Matye 5:16; Moyiz 4:2). Lè yon jounalis te eseye felisite Mè Theresa paske l te konsakre lavi li nan ede pòv yo, li te reponn: “Se travay Bondye. Mwen tankou … yon kreyon nan men li. … Se li ki panse. Se li ki ekri. Kreyon an pa gen anyen pou wè ak sa. Se pèmisyon sèlman yo bay kreyon an pou itilize l.”10

Konklizyon

Frè ak sè byeneme m yo, m envite nou chak pou n “lage tèt nou nan men Bondye … tankou enstriman lajistis” ” (Women 6:13). Lage tèt nou ba li vledi kite l konnen nou bezwen l itilize nou, pandan n ap chèche direksyon li, ak aksè nan fòs li.

Kòm toujou, nou ka gade sou Jezikri, egzanp pafè nou an. Nan lavi premòtèl la, Pè Selès la te mande: “Kiyès pou m voye?”

Epi Jezi te reponn: “Men mwen, voye m” (Abraram 3:27; gade Ezayi 6:8 tou).

Jezikri te aksepte wòl yo te preòdone l kòm Sovè nou ak Redanmtè nou an epi Li te prepare L pou li epi li te ranpli Li. Li te fè volonte Papa a (gade Jan 5:30; 6:38; 3 Nefi 27:13)) e li te ranpli misyon divin L yo.

Si nou suiv egzanp Kris la epi nou soumèt tèt nou bay Bondye, mwen temwaye ke l ap itilize nou pou fè travay Li a avanse ak pou beni lòt moun. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Refugee Processing Center, “Admissions and Arrivals,” ireports.wrapsnet.org/Interactive-Reporting.

  2. Spencer W. Kimball, “The Role of Righteous Women,” Ensign, Nov. 1979, 102.

  3. Prezidan Gordon B. Hinckley ankouraje nou: “Kwè nan noumenm. Kwè nan kapasite nou pou akonpli gran … bagay. … Nou se pitit Bondye, ki gen kapasite enfini” (Enseignements des presidents de l’église: Gordon B. Hinckley [2016], 77).

  4. Russell M. Nelson, Accomplishing the Impossible: What God Does, What We Can Do (2015), 147.

  5. Prezidan Dieter F. Uchtdorf te di:

    Pè Selès nou an wè vrè potansyèl nou. Li konn bagay osijè nou ke nou menm nou pa konnen. Li pouse nou pandan lavi nou pou nou ranpli mezi kreyasyon nou. …

    Anno upran rezolisyon pou n suiv Sovè a e travay ak dilijans pou nou ka vin moun nou te destine pou n vin ye a. Ann koute chichotman Sentespri yo epi obeyi yo. Si nou fè sa, Pè Selès la ap revele nou dè bagay ke nou pa t janm konnen osijè tèt nou. L ap eklere chemen ki devan nou an e louvri je nou pou n ka wè talan nou pa konnen nou genyen e nou pa menm imajine nou genyen. (“Of Regrets and Resolutions,” Liahona, Nov. 2012, 22, 23).

  6. Èldè Bruce R. McConkie te eksplike: “Don spirityèl yo inonbrab ak enfini nan varyete yo. Sa yo di nou nan pawòl revele yo se senpleman ilistrasyon sou devèsman san limit gras divin yon Bondye byenveyan akòde moun ki renmen li e k ap sèvi li” (A New Witness for the Articles of Faith [1985], 371).

  7. Èldè Marvin J. Ashton te anseye:

    “Pa aza, kite m mansyone kèk don ki pa toujou evidan oswa remakab men ki trè enpòtan. Pami yo, gen petèt don pa w yo---don ki pa evidan men ki trè reyèl ak trè valab.

    “Annou repase kèk nan don ki mwens flagran yo: don pou mande; don pou koute; don pou tande ak itilize ti vwa dous la; don pou kriye; don pou evite kontansyon; don amabilite; don pou evite repetisyon initil; don pou chèche sa ki jis; don pou pa kondane; don pou vire vè Bondye pou gidans; don pou w yon disip; don pou sousye pou lòt moun; don pou w ka medite; don pou fè priyè; don pou rann yon temwayaj puisan; ak don pou resevwa Sentespri a” (“There Are Many Gifts,” Ensign, Nov. 1987, 20).

  8. Pòl te anseye: [Bondye] konsole nou nan tout tribilisyon nou, pou ke, gras ak gras ak konsolasyon nou resevwa noumenm nan men Bondye, nou ka konsole moun ki nan afliksyon yo tou” (2 Korentyens 1:4).

  9. Èldè Richard G. Scott eksplike: “Bondye gen yon plan presi pou lavi nou. L ap revele nou kèk pati nan plan sa a si nou chèche ak lafwa, avèk yon obeyisans konstan” (“How to Live Well amid Increasing Evil,” Liahona, Me 2004, 102).

  10. Mother Teresa, in Edward W. Desmond, “Interview with Mother Teresa: A Pencil in the Hand of God,” Time, Des. 4, 1989, time.com.